Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 31

“Nou pap abandone”!

“Nou pap abandone”!

“Kidonk, nou pap abandone.” — 2 KOR. 4:16.

KANTIK 128 Andire jiska lafen

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa kretyen yo dwe fè pou yo fini kous pou lavi a?

KRETYEN yo nan yon kous pou lavi. Kit nou fèk kòmanse nan kous la kit nou nan kous la depi plizyè ane, nou bezwen kontinye kouri jiskaske nou fini kous la. Konsèy apot Pòl te bay kretyen nan vil Filip yo ka ankouraje nou pou n fini kous la. Gen kèk moun nan kongregasyon premye syèk la ki t ap sèvi Jewova depi plizyè ane lè yo te resevwa lèt apot Pòl la. Yo t ap kouri byen, men Pòl te fè yo sonje nesesite pou yo kontinye kouri avèk andirans. Li te vle yo kontinye suiv egzanp li pou yo “kouri pou [yo] ka jwenn rekonpans lan”. — Flp. 3:14.

2. Poukisa konsèy Pòl te bay kretyen nan vil Filip yo te byen tonbe?

2 Konsèy Pòl te bay kretyen nan vil Filip yo te byen tonbe. Kongregasyon an t ap fè fas ak pwoblèm depi nan kòmansman. Tout bagay te kòmanse lè Pòl ak Silas te rive nan vil Filip ozanviwon ane 50 epòk nou an, lè yo te obeyi envitasyon Bondye te ba yo pou yo “vin Masedwàn” nan (Tra. 16:9). Lè yo te rive, yo te jwenn yon dam ki rele Lidi “ki t ap koute. [...] Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute” bon nouvèl la (Tra. 16:14). San pèdi tan, li te batize ansanm ak moun lakay li. Men, Dyab la te kòmanse ba yo pwoblèm tousuit. Gen yon seri mesye nan vil la ki te trennen Pòl ak Silas devan chèf nan vil la e yo te lage fo akizasyon sou do yo kòmkwa yo t ap simen latwoublay. Se sa k fè yo te bat Pòl ak Silas, yo te mete yo nan prizon e annapre yo te fè yo kite vil la (Tra. 16:16-40). Èske yo te kite sa? Jamè! Ki sa frè ak sè ki te nan nouvo kongregasyon yo te fòme a te fè? Yo te bay bèl egzanp paske yo te andire tou. Pa gen dout, bèl egzanp Pòl ak Silas te bay la te ankouraje yo anpil.

3. Ki sa Pòl te vin konprann, e ki kesyon nou pral egzamine?

3 Pòl te pran detèminasyon pou l pa abandone (2 Kor. 4:16). Men, li te konnen pou l fini kous pou lavi a, li t ap bezwen ret konsantre sou objektif la. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Pòl? Egzanp ki moun ki gen lafwa nan epòk nou an ki montre nou ka andire kèlkeswa pwoblèm nou rankontre? E ki jan esperans nou gen pou lavni an ka fè nou gen plis detèminasyon pou nou pa janm abandone?

FASON EGZANP PÒL KA EDE NOU

4. Ki jan Pòl te fè rete aktif malgre sitiyasyon l t ap viv la?

4 Reflechi sou jan sa pa t fasil pou Pòl lè l t ap ekri kretyen nan vil Filip yo. Li te nan prizon nan yon kay nan vil Wòm. Li pa t gen anpil posiblite pou l preche. Epoutan, li te toujou okipe nan bay moun ki vin vizite l yo temwayaj e nan ekri lèt pou kongregasyon ki byen lwen yo. Menm jan an tou jodi a, anpil kretyen ki oblije ret lakay yo pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo pataje bon nouvèl la ak moun ki vin wè yo lakay yo. Epitou, yo ekri lèt ki ankourajan pou yo voye bay moun ki pa fasil pou yo jwenn lakay yo.

5. Selon pawòl Pòl te ekri nou jwenn nan Filipyen 3:12-14, ki sa k te ede l kite je l fikse sou objektif la?

5 Pòl pa t kite anyen distrè l, kit se bon bagay oswa move bagay li te fè nan tan lontan. Anfèt, li te fè konnen li enpòtan anpil pou l “bliye bagay ki dèyè yo” pou l ka “lanse dèyè bagay ki devan yo” sètadi pou l byen fini kous la. (Li Filipyen 3:12-14.) Ki bagay konsa ki te ka distrè Pòl? Premyèman, sa l te reyalize nan relijyon Jidayis la te estrawòdinè. Epoutan, li te konsidere bagay sa yo kòm “yon pil fatra”. (Flp. 3:3-8.) Dezyèmman, li pa t kite santiman ki te fè l santi l koupab lefètke l te konn pèsekite kretyen yo anpeche l fè sa ki byen. E twazyèmman, li pa t met nan tèt li li deja fè ase pou Jewova. Pòl te gen yon sèvis ki te bay bon rezilta malgre yo te mete l nan prizon, yo te bat li, yo te kalonnen l ak kout wòch epi bato te koule avè l, san wete li te konn pa gen manje pou l manje ak rad pou l mete (2 Kor. 11:23-27). Men, malgre tout sa Pòl te reyalize ak sa l te sibi, li te konnen li dwe kontinye sèvi Jewova. Nou dwe fè menm bagay la tou.

6. Bay kèk nan “bagay ki dèyè” nou ka bezwen bliye.

6 Ki jan nou ka suiv egzanp Pòl pou n “bliye bagay ki dèyè yo”? Gen kèk nan nou ki ka bezwen konbat santiman ki fè nou santi nou koupab akoz peche nou te fè nan tan lontan. Si sa ta rive, li ta bon pou nou fè yon pwogram pou nou byen egzamine sakrifis ranson Kris te bay la. Si nou etidye sijè ankourajan sa a, nou medite sou li epi nou priye, n ap ka sispann santi nou koupab san nesesite. Nou ka menm sispann pini tèt nou pou peche Jewova deja padone nou yo. Annou wè yon lòt leson nou ka aprann nan men Pòl. Gen kèk moun ki gendwa abandone yon karyè ki te ka fè yo fè anpil kòb pou yo ka fè plis pou Wayòm nan. Nan ka sa a, èske nou kapab bliye bagay ki dèyè yo lè nou pa ret ap reflechi sou yon seri avantaj materyèl nou kite dèyè, sa ki t ap montre nou regrèt yo (Nonb 11:4-6; Ekl. 7:10)? “Bagay ki dèyè yo” gen ladan yo bon bagay nou te fè oswa pwoblèm nou te jwenn nan tan lontan. Nòmalman, lè nou reflechi sou fason Jewova te beni nou e li te ede nou nan ane ki pase yo, sa ka fè nou santi nou pi pre Papa nou an. Men, nou pa ta renmen vin twò satisfè ak tèt nou pou nou panse nou fin travay. — 1 Kor. 15:58.

Nan kous pou lavi a, nou pa dwe distrè e nou dwe rete konsantre sou objektif nou. (Gade paragraf 7.)

7. Selon 1 Korentyen 9:24-27, ki sa k nesesè pou nou genyen kous pou lavi a? Bay yon egzanp.

7 Pòl te byen konprann lè Jezi te di: “Fè gwo efò.” (Lik 13:23, 24). Pòl te konnen se pandan tout vi l li bezwen fè gwo efò, menm jan Kris te fè sa. Se sa k fè li te konpare lavi nou antanke kretyen ak yon kous. (Li 1 Korentyen 9:24-27.) Yon moun k ap patisipe nan yon kous pa kite anyen distrè l, sa k enterese l se fini kous la. Pa egzanp, jodi a, gen kous ki konn fèt nan mitan vil, kote ki gen biznis ak lòt bagay ki ta kapab distrè moun k ap kouri yo. Men, fè yon ti reflechi, èske yon moun ki nan yon kous t ap kanpe pou l gade bèl bagay ki nan vitrin yon magazen? Li pa t ap janm fè sa si l vle genyen! Menm jan an tou, nan kous pou lavi a, nou pa dwe kite anyen distrè nou. Si nou rete konsantre sou objektif nou e nou chofe nan sèvis Jewova a, menm jan ak Pòl, n ap jwenn rekonpans lan!

FASON NOU KA KONTINYE SÈVI JEWOVA MALGRE PWOBLÈM

8. Bay twa pwoblèm nou pral egzamine.

8 Kounye a, annou egzamine twa pwoblèm ki ka fè nou ralanti. Premye a se bagay ki pa rive lè nou t ap tann yo rive a. Dezyèm nan se lè fòs nou ap bese. Twazyèm nan se lè nou jwenn yon seri eprèv ki dire anpil. Nou ka aprann anpil leson sou fason lòt moun te rive fè fas ak pwoblèm sa yo. — Flp. 3:17.

9. Lè bagay yo pa rive nan moman nou t ap tann yo, ki efè sa ka gen sou nou?

9 Lè bagay yo pa rive nan moman nou t ap tann yo. Nòmalman n ap tann bon bagay Jewova pwomèt yo. Anfèt, lè Abakouk, yon pwofèt Jewova, te fè konnen jan l swaf pou Jewova retire mechanste ki te genyen nan Jida, Jewova te di l pou l “kontinye tann”. (Aba. 2:3.) Men, lè sa nou t ap tann yo sanble poko ap rive, sa ka fè nou pa chofe menm jan an. Nou ka menm vin dekouraje (Pwo. 13:12). Sa te rive nan kòmansman 20yèm syèk la. Nan moman sa a, anpil kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl te espere resevwa rekonpans yo nan syèl la an 1914. Lè sa pa t rive, ki sa moun ki fidèl yo te fè lè yo te wè sa yo t ap tann nan pa t reyalize?

Royal ak Pearl Spatz pa t wè sa yo t ap tann nan reyalize nan ane 1914, men yo te kontinye rete fidèl pandan plizyè dizèn ane. (Gade paragraf 10.)

10. Ki sa yon mari ak madanm te fè lè sa yo t ap tann nan pa t rive nan moman yo t ap tann li an?

10 Ann pran egzanp de moun fidèl ki te nan yon sitiyasyon konsa. Frè Royal Spatz te gen 20 an lè l te batize an 1908. Li te gen konviksyon sa pa t ap pran anpil tan pou l resevwa rekonpans lan. Anfèt, an 1911, lè l t ap mande sè Pearl pou l marye avè l, li te di l: “Ou konnen sa k pral rive an 1914. Si n ap marye, li t ap pi bon pou n fè sa san pèdi tan!” Èske mesyedam sa yo te abandone kous pou lavi a lè yo pa t resevwa rekonpans yo nan syèl la an 1914? Non, paske prensipal objektif yo se te pou yo kontinye fè volonte Bondye fidèlman, se pa t pou yo gen yon rekonpans. Yo te detèmine pou yo kouri nan kous la avèk andirans. E vrèmanvre, Royal ak Pearl te rete aktif e yo te ret fidèl jiskaske yo te fini lavi yo sou tè a plizyè dizèn ane annapre. Se sèten se pa ti anvi ou anvi wè moman kote Jewova pral defann non l, li pral pwouve se fason l dirije a ki bon e li pral reyalize tout pwomès li fè yo. Nou mèt gen asirans bagay sa yo pral rive nan moman Jewova fikse. Annatandan, annou rete okipe nan sèvis n ap bay Bondye nou an, ann pa janm kite sa nou t ap tann yo fè nou dekouraje oswa fè nou ralanti paske yo pa rive nan moman nou t ap tann yo a.

Menm lè Arthur Secord te fin granmoun, li te vle kontinye fè tout sa l kapab. (Gade paragraf 11)

11-12. Poukisa nou ka kontinye sèvi Jewova fidèlman menmsi fòs nou ap bese? Bay yon egzanp.

11 Lè fòs nou ap bese. Kontrèman ak yon moun ki nan yon kous, nou pa bezwen gen fòs fizik pou nou vin gen plis lafwa nan Jewova e pou nou chofe nan sèvis li. Anfèt, gen anpil moun fòs yo ap bese ki toujou anfòm nan domèn espirityèl e ki kontinye fè tout sa yo kapab (2 Kor. 4:16). Pa egzanp, lè frè Arthur Secord * te gen 88 an, li te gentan fè 55 an ap sèvi nan Betèl. Fòs li te vin ap bese e li pa t viv sante. Yon fwa, te gen yon enfimyè ki te pwoche bò kot kabann li kouche a pou l pran swen l. Enfìmyè a te gade l e li te di l avèk anpil afeksyon: “Frè Secord, ou te travay anpil pou Jewova.” Men, Arthur Secord pa t ret konsantre sou sa l te konn fè. Li te gade enfimyè a, li souri, epi li di: “Wi, se vre. Men, se pa sa n te fè ki enpòtan, se sa n ap fè kounye a ki konte.”

12 Petèt, ou gen anpil ane depi w ap sèvi Jewova, e kounye a sante w k ap bese anpeche w fè tout sa w te konn fè. Si sa ta rive, pa pèdi espwa. Ou mèt gen asirans Jewova bay sèvis fidèl ou te konn fè nan tan lontan anpil valè (Ebre 6:10). Kounye a, ou bezwen sonje se pa kantite bagay ou fè nan sèvis Jewova a k ap montre jis nan ki pwen ou renmen l. Okontrè, nou montre jis nan ki pwen nou renmen Jewova lè nou montre nou pozitif e lè nou fè tout sa fòs nou pèmèt nou fè (Kol. 3:23). Jewova konprann limit nou e li pa mande nou fè plis pase sa nou kapab fè. — Mak 12:43, 44.

Anatoly ak Lidiya Melnik te andire fidèlman malgre pakèt difikilte yo te rankontre. (Gade paragraf 13)

13. Ki sa k te rive Anatoly ak Lidiya, e kòman sa ankouraje nou kontinye sèvi Jewova menm lè nou jwenn anpil eprèv?

13 Lè eprèv yo dire anpil. Gen kèk sèvitè Jewova ki te jwenn eprèv ak pèsekisyon pandan plizyè dizèn ane. Pa egzanp, Anatoly Melnik * te gen sèlman 12 an lè yo te arete papa l e yo te mete l nan prizon epi yo te voye l ann egzil nan Siberi, nan yon distans plis pase 7 000 kilomèt, lwen fanmi l ki te nan Mòldavi. Ennan annapre, yo te voye Anatoly, manman l, ak gran paran l yo ann egzil nan peyi Siberi. Rive yon lè, yo te vin ka asiste reyinyon nan yon lòt bouk, men yo te dwe mache 30 kilomèt nan nèj nan tanperati ki frèt anpil anpil. Annapre, frè Melnik te pase twazan nan prizon, lwen Lidiya, madanm li, ak pitit fi yo ki te gen ennan. Malgre Anatoly ak fanmi l te pase plizyè ane difisil, yo te kontinye sèvi Jewova fidèlman. Kounye a, Anatoly gen 82 an e l ap sèvi kòm manm Komite filyal nan Azi santral. Menm jan ak Anatoly ak Lidiya, se pou nou fè tout sa n kapab pou n sèvi Jewova e se pou n kontinye andire jan nou te konn fè sa. — Gal. 6:9.

ANNOU RET KONSANTRE SOU ESPERANS NOU GENYEN POU LAVNI AN

14. Ki sa Pòl te rann li kont li dwe fè pou l atenn objektif li?

14 Pòl te gen konfyans li t ap fini kous la e li t ap atenn objektif li. Antanke yon kretyen Bondye te chwazi pou al nan syèl, li te gen espwa li t ap “jwenn rekonpans lan”. Men, pou l te atenn objektif sa a, li te rann li kont li te dwe kontinye “kouri”. (Flp. 3:14.) Pòl te fè yon bèl konparezon pou ede kretyen nan vil Filip yo ret konsantre sou objektif yo genyen.

15. Ki jan Pòl te sèvi ak egzanp sitwayènte a pou l ankouraje kretyen nan vil Filip yo pou yo kontinye “kouri” nan kous la?

15 Pòl te fè kretyen ki nan vil Filip yo sonje sitwayènte yo se nan syèl la li ye (Flp. 3:20). Poukisa yo te dwe sonje sa? Nan epòk sa a, se te yon gwo bagay pou yon moun te sitwayen women *. Men, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te gen yon sitwayènte ki gen plis valè toujou ki t ap pèmèt yo jwenn pi gwo avantaj lontan. Vin sitwayen women pa t anyen devan sitwayènte kretyen yo te genyen an! Se poutèt sa Pòl te ankouraje kretyen nan vil Filip yo pou yo “aji kòm sitwayen yon fason ki diy pou bon nouvèl konsènan Kris la”. (Flp. 1:27, nòt.) Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo bay yon bèl egzanp, paske y ap kouri pou yo atenn objektif yo genyen pou yo viv pou toutan nan syèl la.

16. Kit nou gen esperans pou nou viv nan syèl la, kit nou gen esperans pou nou viv sou tè a, ki sa nou dwe kontinye fè ann amoni ak Filipyen 4:6, 7?

16 Si nou gen esperans pou nou viv pou toutan nan syèl la oswa sou tè a k ap vin yon paradi, nou dwe kontinye kouri pou nou atenn objektif sa a. Kèlkeswa sitiyasyon nou, nou pa dwe gade bagay ki dèyè yo, ni nou pa dwe kite anyen fè nou sispann sèvi Jewova (Flp. 3:16). Nou ka gen lontan depi n ap tann pou pwomès Jewova yo reyalize, oswa petèt nou pa jèn ankò e fòs nou ap bese. Nou ka te andire eprèv ak pèsekisyon pandan anpil ane. Kèlkeswa sitiyasyon nou, “pa enkyete nou pou anyen”. Okontrè, fè Bondye konn demann nou yo ak siplikasyon nou fè yo, e l ap ban nou yon lapè ki depase tout sa nou ka panse. — Li Filipyen 4:6, 7.

17. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Menm jan ak yon moun ki nan yon kous ki met tout fòs li deyò lè l prèske rive nan dènye liy dwat la, se pou nou rete konsantre nèt sou objektif nou genyen pou nou fini kous pou lavi a. Depi fòs nou ak sitiyasyon nou pèmèt nou, se pou n fè tout sa nou kapab pou n ka benefisye bèl bagay k ap tann nou pi devan yo. Ki sa nou dwe fè pou nou kouri nan bon direksyon an nan yon vitès nou kapab kenbe? Atik ki vin apre a pral ede nou pou nou fikse bonjan priyorite e pou nou “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”. — Flp. 1:9, 10.

KANTIK 79 Anseye yo pou yo kenbe fèm

^ § 5 Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou vle kontinye fè tout sa n kapab epi amelyore antanke kretyen. Apot Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo pa janm abandone! Lèt li te ekri kretyen nan vil Filip yo gen bonjan ankourajman pou ede nou andire nan kous pou lavi a. Atik sa a ap montre nou fason pou n aplike pawòl Bondye te enspire Pòl pou l ekri yo.

^ § 11 Gade byografi frè Secord ki gen tit La part que j’ai prise à l’extension du vrai culteki te parèt nan Toudegad 1ye fevriye 1966 (fransè).

^ § 13 Gade byografi frè Melnik ki gen tit Enseigné depuis l’enfance à aimer Dieuki te parèt nan Reveye n! 22 oktòb 2004 (fransè).

^ § 15 Kòm vil Filip te anba dominasyon Wòm, moun nan vil la te gen kèk dwa sitwayen women yo te genyen. Se sa k fè egzanp Pòl la te vle di anpil bagay pou moun ki t ap koute l yo.