Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 32

Se pou nou gen anpil lanmou

Se pou nou gen anpil lanmou

“Men sa m ap kontinye mande nan priyè mwen: Se pou lanmou nou ogmante chak jou pi plis.” — FLP. 1:9.

KANTIK 106 Ann demontre nou gen lanmou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Kiyès ki te bay èd yo pou vin gen kongregasyon ki te nan vil Filip la?

LÈ APOT Pòl, Silas, Lik ak Timote te rive nan vil Filip, ki te anba dominasyon Wòm, yo te jwenn anpil moun ki te enterese nan mesaj Wayòm nan. Kat frè sa yo, ki te chofe anpil nan sèvis Jewova, te bay èd yo pou vin gen yon kongregasyon, e tout disip yo te kòmanse reyini ansanm, petèt lakay Lidi, yon dam ki te akeyan ki te vin kwè nan Bondye. — Tra. 16:40.

2. Ki difikilte kongregasyon an pa t pran tan pou l jwenn?

2 Kongregasyon sa a, ki te fèk fòme, pa t pran tan pou l te fè fas ak yon difikilte. Satan t ap pouse yon seri moun ki ènmi laverite pou yo opoze avèk fòs ak aktivite predikasyon kretyen fidèl sa yo t ap fè. Yo te arete Pòl ak Silas, yo te bat yo ak baton e yo te mete yo nan prizon. Lè yo te sot nan prizon, yo te vizite nouvo disip yo e yo te ankouraje yo. Annapre, Pòl, Silas ak Timote te kite vil la, men, sanble Lik te rete. Ki sa frè ak sè nan nouvo kongregasyon sa a t apral fè? Grasa èd lespri sen Jewova, nouvo kwayan sa yo te kontinye chofe nan sèvis Jewova a (Flp. 2:12). Pòl te gen bonjan rezon pou l fyè de yo!

3. Sou ki sa Pòl te priye, jan sa parèt nan Filipyen 1:9-11?

3 Anviwon dizan annapre, Pòl te ekri kongregasyon ki nan vil Filip la yon lèt. Pandan n ap li lèt sa a, nou ka wè byen fasil ki jan Pòl te renmen frè yo. Men sa l te ekri: “M anvi wè nou tout ak yon afeksyon ki sot nan fon kè m tankou afeksyon Kris Jezi genyen an.” (Flp. 1:8). Nan lèt li te ekri yo a, li te fè yo konnen li priye pou yo. Li te mande Jewova pou l ede yo vin gen plis lanmou, pou yo rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, pou yo san defo, pou yo pa fè lòt moun bite e pou yo kontinye plen ak fwi jistis. Se sèten n ap dakò jodi a nou ka jwenn byenfè nan pawòl sa yo Pòl te di ak tout kè l. Donk, annou li sa Pòl te ekri kretyen nan vil Filip yo. (Li Filipyen 1:9-11.) Apre sa nou pral egzamine sa l te di yo e nou pral wè ki jan nou ka aplike yo chak.

SE POU N GEN ANPIL LANMOU

4. a) Selon 1 Jan 4:9, 10, ki jan Jewova montre li renmen nou? b) Jis nan ki pwen nou dwe renmen Bondye?

4 Jewova montre li renmen nou anpil lè l te voye Pitit Gason l lan sou tè a vin mouri pou peche nou. (Li 1 Jan 4:9, 10.) Lanmou san enterè Bondye te montre pou nou an pouse nou pou nou renmen l tou (Wom. 5:8). Jis nan ki pwen nou dwe renmen Bondye? Jezi te reponn kesyon sa a lè l te di yon Farizyen: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” (Mat. 22:36, 37). Nou pa vle anyen anpeche nou renmen Bondye ak tout kè nou. Epitou, nou vle pou lanmou nou gen pou li a vin pi plis chak jou. Pòl te di kretyen nan vil Filip yo lanmou yo dwe “ogmante chak jou pi plis”. Ki sa nou ka fè pou nou vin gen plis lanmou pou Bondye?

5. Ki jan nou ka vin gen plis lanmou pou Jewova?

5 Pou nou renmen Bondye, nou bezwen konnen l. Men sa Bib la di: “Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Apot Pòl te fè konnen lanmou nou gen pou Bondye a ta dwe vin pi plis toutpandan n ap vin gen yon “konesans egzak [...] avèk yon konpreyansyon total” sou Bondye (Flp. 1:9). Lè nou te fèk kòmanse etidye Labib, lanmou nou te vin gen pou Bondye a te baze sou yon konesans ki limite sou kalite estrawòdinè li genyen yo. Apre sa, plis nou aprann konnen Jewova, se plis n ap renmen l. Se poutèt sa li enpòtan anpil pou nou etidye Labib regilyèman e pou nou byen medite sou sa nou li yo. — Flp. 2:16.

6. Selon 1 Jan 4:11, 20, 21, nan ki sans lanmou nou ka ogmante?

6 Kokenn lanmou Bondye gen pou nou ap pouse nou renmen frè nou yo. (Li 1 Jan 4:11, 20, 21.) Petèt nou ka panse l ap fasil pou nou kontinye renmen frè n ak sè n yo. Nou ka panse sa paske n ap adore Jewova e n ap fè tout sa n kapab pou nou imite bèl kalite li genyen yo. Nou suiv egzanp Jezi ki tèlman renmen nou, sa fè l bay lavi l pou nou. Epoutan, pafwa nou ka twouve l difisil pou nou obeyi kòmandman ki di pou youn renmen lòt la. Ann fè yon ti pale sou yon bagay ki te pase nan kongregasyon ki te nan vil Filip la.

7. Ki sa nou aprann nan konsèy Pòl te bay Evodi ak Sentich la?

7 Evodi ak Sentich se de sè ki te travay anpil nan sèvis Bondye e ki t ap sèvi “kòtakòt” ak apot Pòl. Epoutan, petèt yo te gen yon mezantant e sa te fè yo vin frèt youn ak lòt. Nan lèt Pòl te ekri kongregasyon kote sè sa yo te ye a, li te site non Evodi ak Sentich dirèkteman e li te ba yo yon konsèy klè “pou yo gen menm panse”. (Flp. 4:2, 3.) Pòl te wè l nesesè pou l di tout kongregasyon an pou yo “kontinye fè tout bagay san plenyen, san diskisyon”. (Flp. 2:14.) Pa gen dout, konsèy dirèk Pòl te bay la pa t sèlman ede sè fidèl sa yo, li te ede tout kongregasyon an pou yo chèche gen plis lanmou youn pou lòt.

Poukisa nou bezwen kontinye byen wè frè nou yo? (Gade paragraf 8.) *

8. Ki sa k ka fè l difisil pou nou renmen frè nou yo, e ki sa k ka ede nou?

8 Pafwa li difisil anpil pou nou renmen frè n ak sè n yo paske nou fè menm jan ak Evodi ak Sentich: nou gen tandans konsantre sou enpèfeksyon yo. Nou tout fè erè chak jou. Si nou konsantre sou defo lòt moun, l ap pi difisil pou n renmen yo. Pa egzanp, si yon frè bliye ede nou netwaye Sal Wayòm nan, petèt nou ka fache. Si kounye a, nou kòmanse konsantre sou tout lòt erè l te fè, n ap vin fache plis toujou e n ap renmen l mwens. Si sa ta rive nou, li ka bon pou nou reflechi sou pwen ki vin apre a: Jewova konnen ni defo pa nou ni defo frè nou an. Men, malgre sa, li pa sispann renmen ni nou menm ni frè nou an. Se pou rezon sa a nou bezwen imite Jewova lè nou renmen frè nou yo e lè nou konsantre sou bèl kalite yo genyen. Lè nou fè anpil efò pou nou renmen frè nou yo, sa fè inite nou genyen an vin pi fò. — Flp. 2:1, 2.

“BAGAY KI PI ENPÒTAN YO”

9. Ki sa nou ka di ki pami “bagay ki pi enpòtan yo” Pòl te mansyone lè l te ekri kretyen nan vil Filip yo?

9 Jewova te enspire Pòl pou l di kretyen nan vil Filip yo pou yo “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”. (Flp. 1:10.) Men kèk nan bagay ki pi enpòtan yo: Onore non Jewova, reyalizasyon objektif li yo, ak lapè ak inite nan kongregasyon an (Mat. 6:9, 10; Jan 13:35). Lè nou bay bagay sa yo plis enpòtans nan lavi nou, n ap montre nou renmen Jewova.

10. Ki sa nou dwe fè pou Jewova wè nou kòm moun ki san defo?

10 Pòl te di nou dwe “san defo”. Sa pa vle di nou dwe pafè. Nou pa ka san defo nan menm nivo Jewova Dye san defo a. Men, si nou fè tout sa nou kapab pou nou gen plis lanmou e pou nou rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, Jewova ap wè nou kòm moun ki san defo. Youn nan fason nou ka montre nou gen lanmou se lè nou fè tout sa nou kapab pou nou pa fè lòt moun bite.

11. Sa k fè nou dwe evite fè moun bite?

11 Konsèy pou nou evite fè lòt moun bite a se yon konsèy ki vrèman fèm. Ki jan nou ka fè yon moun bite? Nou ka fè sa nan sa nou chwazi pou detann nou, nan sa nou chwazi met sou nou oswa menm nan travay nou chwazi fè. Petèt sa nou chwazi fè a pa gen anyen mal ladan l. Men, si sa blese konsyans yon frè nou oswa yon sè nou e li fè l bite, se yon bagay ki grav. Jezi te di li t ap pi bon pou yo ta mare yon wòch moulen nan kou nou, tankou wòch moulen bourik yo konn vire a, epi yo lage nou nan fon lanmè pase pou nou ta fè youn nan ti mouton l yo bite! — Mat. 18:6.

12. Ki sa nou aprann nan egzanp yon mari ak madanm ki pyonye bay?

12 Ki sa yon mari ak madanm ki pyonye te fè pou yo suiv konsèy Jezi a? Yo te nan yon kongregasyon ki gen yon mari ak madanm ki fèk batize. Lè nouvo sa yo t ap grandi, paran yo te strik avèk yo e yo pa t gen dwa fè yon pakèt bagay. De moun sa yo te kwè kretyen pa dwe al nan sinema, menm lè fim y al gade a pa yon move fim. Yon lè, yo te aprann mesyedam ki pyonye yo t al gade yon fim, e sa te choke yo anpil. Lè mari ak madanm ki pyonye a te aprann sa, yo te sispann al nan sinema, jiskaske mesyedam ki te fèk batize yo rive fòme konsyans yo epi pi byen konprann sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14). Lefètke mari ak madanm ki pyonye a te aji konsa e yo pa t wè tèt yo sèlman, yo te montre se pa nan bouch sèlman yo renmen nouvo frè ak sè sa yo, men aksyon yo te pwouve sa tou. — Wom. 14:19-21; 1 Jan 3:18.

13. Ki jan nou ta ka lakòz yon moun tonbe nan peche?

13 Yon lòt fason nou ka fè yon moun bite se lè nou lakòz li tonbe nan peche. Ki jan sa ka rive? Ann imajine yon sitiyasyon. Gen yon etidyan Labib ki te pran anpil tan e ki te fè anpil efò pou l rive sispann esklav alkòl. Li rann li kont li dwe sispann bwè alkòl nèt. Li fè chanjman nan lavi l byen rapid e li batize. Annapre, gen yon frè ki envite l nan yon ti fèt lakay li e ki ofri l yon bwason ki gen alkòl ladan l epi li di l: “Kounye a ou se yon kretyen, ou gen lespri sen Jewova. Youn nan aspè nan fwi lespri a se metriz. Si w gen metriz, ou ta dwe kapab bwè yon ti alkòl.” Se pa ti tris sa t ap tris si nouvo frè sa a ta suiv move konsèy sa a epi li tonbe nan bwè ankò!

14. Ki jan reyinyon yo ede nou suiv konsèy nou jwenn nan Filipyen 1:10 la?

14 Reyinyon yo ede nou aplike enstriksyon yo bay nan Filipyen 1:10 la nan anpil domèn. Premyèman, sa ki di nan reyinyon yo fè nou sonje sa k pi enpòtan nan je Jewova. Dezyèmman, yo montre nou jan pou n aplike sa nou aprann yo yon fason pou nou ka san defo. E twazyèmman, yo pouse nou pou nou “gen lanmou” e pou nou “fè bèl aksyon”. (Ebre 10:24, 25.) Plis frè nou yo ankouraje nou, se plis nou vin pi renmen Bondye e nou vin pi renmen frè nou yo. Lè nou renmen Bondye ak frè nou yo ak tout kè nou, n ap fè tout sa nou kapab pou nou pa fè frè nou yo bite.

KONTINYE FÈ EFÒ POU NOU “PLEN AK FWI JISTIS”

15. Ki sa sa vle di pou nou “plen ak fwi jistis”?

15 Pòl te priye ak tout kè l pou kretyen nan vil Filip yo “plen ak fwi jistis”. (Flp. 1:11.) Pa gen dout nan sa, yo t ap demontre yo gen “fwi jistis” sa a lè yo gen lanmou pou Jewova ak pèp li a, epitou lè yo pale ak lòt moun sou lafwa yo nan Jezi Kris e sou bèl esperans yo te genyen an. Yon lòt ekspresyon ki nan Filipyen 2:15 se “klere tankou flanbo nan monn nan”. Ekspresyon sa a byen tonbe paske Jezi te di disip li yo se “limyè pou monn nan”. (Mat. 5:14-16.) Mete sou sa, li te bay disip li yo lòd pou yo “fè disip” e li te di yo t ap “temwen [...] rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Mat. 28:18-20; Tra. 1:8.) Nou pwodui “fwi jistis” la lè nou fè tout sa nou kapab nan travay sa a ki enpòtan anpil.

Pandan Pòl te prizonye anndan lakay li nan vil Wòm, li te ekri lèt pou l voye bay kongregasyon ki nan vil Filip la. Pandan tan sa a, Pòl te byen pwofite okazyon l te jwenn pou l preche sòlda ki t ap siveye l yo ak moun ki te konn vin wè l. (Gade paragraf 16.)

16. Ki jan Filipyen 1:12-14 montre nou ka briye tankou flanbo menm lè nou nan sitiyasyon ki difisil? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

16 Nan kèlkeswa sitiyasyon an, nou ka klere tankou flanbo. Pafwa, yon bagay ki ka sanble anpeche nou preche bon nouvèl la ka tounen yon bèl okazyon pou nou preche. Pa egzanp, apot Pòl te prizonye anndan lakay li nan vil Wòm lè l te ekri kretyen nan vil Filip yo. Men, menm lè l te nan prizon, li pa t sispann preche moun ki t ap veye l yo ak moun ki te vin wè l yo. Pòl te fè tout sa l kapab pou l preche pandan l te nan sitiyasyon sa a, e sa te bay frè yo asirans ak kouraj “pou yo pale pawòl Bondye a san yo pa pè”. — Li Filipyen 1:12-14; 4:22.

Toujou chèche fason pou nou preche nan tout okazyon. (Gade paragraf 17.) *

17. Ki jan kèk frè ak sè te fè rive preche menm lè sa difisil?

17 Anpil nan frè ak sè nou yo gen posiblite demontre menm kouraj apot Pòl te genyen an. Y ap viv nan peyi kote yo pa ka preche ni an piblik ni kay an kay. Se sa k fè yo chèche lòt mwayen pou yo preche bon nouvèl la (Mat. 10:16-20). Nan youn nan peyi sa yo, gen yon siveyan sikonskripsyon ki te ankouraje pwoklamatè yo pou yo chak preche fanmi yo, vwazen yo, kamarad lekòl yo, kòlèg travay yo ak moun yo konnen. Nan dezan, kantite kongregasyon ki te gen nan sikonskripsyon sa a te ogmante anpil. Nou gendwa pap viv nan yon peyi kote nou pa ka preche alèz. Men, nou ka aprann yon bèl leson nan men frè ak sè nou yo: si nou toujou fè tout sa nou kapab pou nou preche, Jewova ap ban nou fòs pou nou kontinye preche menm lè sa difisil. — Flp. 2:13.

18. Ki detèminasyon nou dwe pran?

18 Kounye a, plis pase nenpòt lòt lè, annou pran detèminasyon pou nou suiv konsèy nou jwenn nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Filip yo. Nou dwe rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, nou dwe san defo, nou dwe evite fè lòt moun bite e nou dwe pwodui fwi jistis la. Lè sa a, n ap gen anpil lanmou e n ap onore Jewova, Papa nou an.

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

^ § 5 Jodi a, plis pase nenpòt lòt lè, nou bezwen chèche gen plis lanmou pou frè nou yo. Lèt Pòl te ekri kretyen nan vil Filip yo ede nou wè fason nou ka vin gen anpil lanmou menm lè nou jwenn difikilte.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan netwayaj Sal Wayòm nan, David, youn nan frè yo, fè yon ti kanpe sou netwayaj la pou l pale ak yon frè ak pitit gason l. Sa fè Jakson, frè k ap travay la, pa kontan. Li di tèt li: ‘Poukisa David ret ap pale olye l travay.’ Annapre, Jakson wè jan David ap ede yon sè aje avèk jantiyès. Sa touche Jakson e sa fè l sonje pou l plis konsantre sou bèl kalite David yo pito.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan yon peyi kote Temwen yo pa alèz pou yo preche, yon frè ap pataje mesaj Wayòm nan ak yon moun li konnen san lòt moun pa remake anyen. Annapre, pandan frè a nan poz nan travay li, l ap bay yon kòlèg travay li temwayaj.