Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 32

Mache avèk Bondye w la ak imilite toutpandan w rekonèt limit ou

Mache avèk Bondye w la ak imilite toutpandan w rekonèt limit ou

“Mache avèk Bondye w la toutpandan w rekonèt limit ou.” — MICHE 6:8.

KANTIK 31 Mache avèk Bondye

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa David te di konsènan imilite Jewova gen lakay li?

ÈSKE N ka di toutbonvre Jewova gen imilite? Wi. Men sa David te di yon lè: “Ou sove m ak boukliye w la, e grasa imilite w mwen vin yon moun enpòtan.” ​(2 Sam. 22:36; Sòm 18:35). Petèt David t ap panse ak jou pwofèt Samyèl te vin kay papa l pou l vide luil sou tèt moun ki t ap vin wa peyi Izrayèl la. Se David ki te pi piti nan uit mesye yo, aktout sa, se li Jewova te chwazi pou ranplase wa Sayil. — 1 Sam. 16:1, 10-13.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Se sèten David t ap dakò ak pawòl youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te di konsènan Jewova: “Li bese pou l gade syèl la ak tè a, li leve malere a nan pousyè a. Li leve pòv la [...] pou l ka fè l chita pami gwo potanta yo.” ​(Sòm 113:6-8). Nan atik sa a, toudabò nou pral wè kèk leson enpòtan sou imilite lè nou egzamine fason Jewova montre l gen kalite sa a. Annapre nou pral wè sa nou ka aprann nan egzanp wa Sayil, pwofèt Dànyèl ak Jezi nan sa ki gen rapò ak rekonèt limit nou.

KI SA NOU KAPAB APRANN NAN EGZANP JEWOVA?

3. Ki jan Jewova aji avèk nou, e ki sa sa montre?

3 Jewova montre li gen imilite nan fason l aji ak adoratè l yo ki enpafè. Nonsèlman li aksepte adorasyon n ap ba li a, men tou, li konsidere n kòm zanmi l (Sòm 25:14). Pou Jewova aksepte nou kòm zanmi l, li deside bay Pitit Gason l lan kòm sakrifis pou peche nou. Se pa ti mizèrikòd ak konpasyon li gen pou nou!

4. Ki sa Jewova ban nou, e poukisa?

4 Ann wè yon lòt fason Jewova montre l gen imilite. Antanke Kreyatè, Jewova te ka fè nou san l pa ban nou kapasite pou n chwazi fason n ap mennen vi nou. Men, li pa t fè sa. Li te fè nou pòtre ak li e li ban nou libète pou nou deside. Menm lè nou toupiti devan Jewova, li vle nou sèvi l ak tout kè nou paske nou renmen l e nou rekonèt lè nou obeyi l se pou byen nou (Det. 10:12; Eza. 48:17, 18). Nou vrèman gen rekonesans dèske Jewova gen imilite!

Yo montre Jezi ki nan syèl la. Gen kèk nan moun ki pral dirije ansanm avè l ki kanpe bò kote l. Y ap gade yon pakèt zanj. Gen kèk zanj k ap desann sou tè a pou y al fè travay yo voye yo fè. Jewova bay tout zanj ki parèt nan foto a otorite. (Gade paragraf 5.)

5. Ki jan Jewova aprann nou gen imilite? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

5 Jewova aprann nou ki jan pou n gen imilite nan fason l aji avèk nou. Jewova se Sila a ki gen plis sajès nan tout linivè. Aktout sa, li dispoze koute opinyon lòt moun. Pa egzanp, Jewova te kite Pitit Gason l lan ede l lè l t ap kreye tout bagay (Pwo. 8:27-30; Kol. 1:15, 16). Aktout Jewova Toupisan, li bay lòt moun otorite. Pa egzanp, li met Jezi Wa nan Wayòm nan, e li pral bay 144 000 moun ki pral dirije ansanm ak Jezi yo kèk otorite tou (Lik 12:32). Yon bagay ki sèten, Jewova te bay Jezi fòmasyon pou l Wa e pou l Gran Prèt (Ebre 5:8, 9). Li bay moun ki pral dirije ak Jezi yo fòmasyon tou, men li pa fin ba yo travay pou yo fè apre sa pou l ap kontwole tout ti detay ki gen nan travay la. Okontrè, li gen konfyans y ap fè sa l mande yo fè a. — Rev. 5:10.

Nou montre nou imite Jewova lè nou bay lòt moun fòmasyon e nou ba yo kèk responsablite. (Gade paragraf 6-7.) *

6-7. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Papa nou ki nan syèl la konsènan bay lòt moun otorite?

6 Si Papa nou ki nan syèl la, ki pa bezwen èd nan men pèsonn, bay lòt moun otorite, èske nou pa gen plis rezon toujou pou nou fè menm bagay la? Pa egzanp, èske w se yon chèf fanmi oswa yon ansyen nan kongregasyon an? Suiv egzanp Jewova lè w bay lòt moun travay pou yo fè san w pa bezwen ap kontwole tout sa y ap fè. Lè nou imite Jewova, nonsèlman travay la ap fèt, men tou, n ap fòme lòt moun e n ap ede yo vin gen plis asirans (Eza. 41:10). Ki lòt bagay ankò moun ki resevwa otorite yo ka aprann nan men Jewova?

7 Bib la montre Jewova enterese nan sa zanj yo panse (1 Wa 22:19-22). Nou menm paran, ki jan nou ka imite egzanp Jewova? Pafwa, nou ka mande pitit nou pou yo di sa yo panse sou fason yon travay ta dwe fèt. E lè sa apwopriye, fè sa yo di a.

8. Ki jan Jewova te aji avèk pasyans ak Abraram ak Sara?

8 Jewova montre l gen imilite tou nan fason l aji avèk pasyans. Pa egzanp, Jewova te aji avèk pasyans lè kèk nan sèvitè l te poze l kesyon avèk respè sou desizyon l te pran. Jewova te koute Abraram lè Abraram te di li pa panse se yon bon desizyon pou l detwi Sodòm ak Gomò (Jen. 18:22-33). Epi, sonje jan Jewova te aji ak Sara, madanm Abraram. Li pa t fache lè Sara te ri pwomès li te fè lè l te di l ap vin ansent nan vyeyès li (Jen. 18:10-14). Okontrè, li te trete Sara avèk respè.

9. Ki sa paran yo ak ansyen yo ka aprann nan egzanp Jewova?

9 Nou menm paran e nou menm ansyen, ki jan nou ka suiv egzanp Jewova? Kòman nou reyaji lè pitit nou oswa lòt moun nan kongregasyon an pa dakò ak desizyon nou pran? Èske premye sa nou fè se montre se desizyon nou pran an ki bon? Oswa, èske nou chèche konprann sa yo di a? Lè moun ki gen otorite imite Jewova, fanmi yo ak kongregasyon an jwenn anpil byenfè. Nou sot wè ki jan nou ka aprann gen imilite grasa egzanp Jewova bay. Kounye a, ann wè ki sa nou ka aprann sou fason pou n rekonèt limit nou grasa lòt egzanp nou jwenn nan Bib la.

KI SA NOU KA APRANN NAN EGZANP LÒT MOUN?

10. Ki jan Jewova sèvi ak egzanp lòt moun pou l anseye nou?

10 Antanke “Gran Pwofesè nou”, Jewova met yon seri egzanp nan Pawòl li a pou anseye nou (Eza. 30:20, 21). Lè nou medite sou istwa ki nan Bib la, nou aprann anpil bagay konsènan moun ki demontre yon seri bèl kalite ki fè Bondye plezi, tankou rekonèt limit nou. Nou aprann anpil bagay tou lè nou egzamine sa k te rive moun ki pa t demontre bèl kalite sa yo. — Sòm 37:37; 1 Kor. 10:11.

11. Ki leson nou ka aprann nan move egzanp Sayil te bay la?

11 Ann reflechi ak sa k te rive wa Sayil. Okòmansman, se te yon jèn gason ki te rekonèt limit li. Nonsèlman li te rekonèt limit li men tou, li te menm pè aksepte plis responsablite (1 Sam. 9:21; 10:20-22). Epoutan, rive yon lè, li te vin awogan e li te pran dwa ki pa pou li. Li te kòmanse montre l gen defo sa a tousuit apre l vin wa. Yon lè, li te pèdi pasyans pandan l t ap tann pwofèt Samyèl. Olye Sayil te rekonèt limit li e l te tann pou Jewova aji an favè pèp la, li te ofri sakrifis yo boule nèt la alòske l pa t gen dwa fè sa. Se sa k fè, Sayil te pèdi favè Jewova e l te vin pèdi pouvwa l antanke wa (1 Sam. 13:8-14). N ap montre nou se moun ki gen sajès si nou pran leson nan egzanp sa a ki sèvi nou avètisman e si nou evite pran dwa ki pa pou nou.

12. Ki jan Dànyèl te montre l rekonèt limit li?

12 Kontrèman ak move egzanp wa Sayil te bay la, ann wè bèl egzanp pwofèt Dànyèl te bay. Antanke sèvitè Bondye, Dànyèl te montre pandan tout vi l, li se yon moun ki gen imilite e ki rekonèt limit li paske l te toujou ap chèche direksyon Jewova. Pa egzanp, lè Jewova te sèvi ak Dànyèl pou l esplike yon rèv Nebikadneza te fè, Dànyèl pa t fè konnen se grasa entèlijans li li te esplike rèv la. Okontrè, li te bay Jewova tout glwa a e l te fè konnen se Jewova ki te fè l konprann rèv la (Dàn. 2:26-28). Ki leson nou aprann? Si frè ak sè yo renmen tande diskou nou fè oswa si nou jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an, nou bezwen sonje bay Jewova tout glwa a. Nou dwe rekonèt limit nou lè nou admèt nou pa t ap janm rive fè tout sa si Jewova pa t ede n (Flp. 4:13). Lè nou aji konsa, n ap imite bèl egzanp Jezi te bay. Nan ki sans?

13. Ki sa nou aprann nan pawòl Jezi te di nan Jan 5:19, 30 anrapò ak rekonèt limit nou?

13 Jezi se Pitit Bondye e li te pafè, poutan, li te depann de Jewova. (Li Jan 5:19, 30.) Li pa t janm chèche pran pouvwa a nan men Papa l ki nan syèl la. Filipyen 2:6 fè konnen Jezi “pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l”. Jezi, antanke Pitit Bondye, ki te soumèt devan Papa l, te konn limit li e li te respekte otorite Papa l.

Jezi te konn limit li e li te respekte sa. (Gade paragraf 14.)

14. Ki jan Jezi te reyaji lè yo te mande l yon bagay li pa t gen otorite pou l bay?

14 Ann wè ki jan Jezi te reyaji lè disip Jak ak Jan ansanm ak manman yo te vin kote l pou yo mande l yon privilèj li pa t gen otorite pou l ba yo. San ezite, Jezi te di se Papa l ki nan syèl la sèlman ki ka deside kiyès k ap chita adwat Jezi ak agoch li nan Wayòm nan (Mat. 20:20-23). Jezi pa t konn pran dwa ki pa pou li. Li te rekonèt limit li. Li pa t janm fè sa Jewova pa t ba l dwa fè (Jan 12:49). Ki jan nou ka imite bèl egzanp Jezi te bay?

Ki jan nou ka imite Jezi nan fason l te montre li rekonèt limit li? (Gade paragraf 15-16.) *

15-16. Ki jan nou ka suiv konsèy Bib la bay ki nan 1 Korentyen 4:6 la?

15 Nou imite egzanp Jezi te bay anrapò ak rekonèt limit nou lè nou suiv konsèy Bib la bay nan 1 Korentyen 4:6 ki di: “Pa ale pi lwen pase sa ki ekri.” Donk, lè yo mande nou konsèy, nou pa dwe janm fòse moun aksepte opinyon pa nou oswa annik di premye bagay ki pase nan lespri nou. Okontrè, nou ta dwe atire atansyon sou konsèy nou jwenn nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Konsa, n ap montre nou konn limit nou. Lè nou rekonèt limit nou, nou montre nou rekonèt ‘dekrè Jewova yo jis’, li menm ki Toupisan. — Rev. 15:3, 4.

16 Nonsèlman nou onore Jewova lè nou rekonèt limit nou, men gen lòt rezon ankò ki pouse n fè sa. Kounye a, nou pral wè ki jan lè n gen imilite ak lè n rekonèt limit nou sa ap fè nou gen kè kontan e sa ap ede nou viv anpè ak lòt moun.

BYENFÈ N JWENN LÈ N GEN IMILITE AK LÈ N REKONÈT LIMIT NOU

17. Sa k fè moun ki gen imilite e ki rekonèt limit yo gen kè kontan?

17 Lè nou gen imilite e nou rekonèt limit nou, li pi fasil pou n gen kè kontan. Sa k fè sa? Lè nou rekonèt limit nou n ap gen rekonesans e n ap apresye nenpòt èd nou resevwa nan men lòt moun. Pa egzanp, panse ak lè Jezi te geri dis moun ki te gen lèp yo. Se youn nan yo sèlman ki te retounen vin di Jezi mèsi poutèt li te geri l anba maladi repiyan sa a, yon bagay mesye a pa t ap janm ka fè poukont li. Mesye sa a ki te gen imilite e ki te rekonèt limit li te gen rekonesans pou èd li te resevwa a e li te bay Bondye glwa pou sa. — Lik 17:11-19.

18. Ki jan lè nou gen imilite e nou rekonèt limit nou sa ede n antann nou ak lòt moun (Women 12:10)?

18 Li fasil pou moun ki gen imilite e ki rekonèt limit yo antann yo ak lòt moun e li pi fasil pou yo gen bon zanmi. Sa k fè sa? Yo admèt lòt moun gen bèl kalite e yo fè yo konfyans. Moun ki gen imilite e ki rekonèt limit yo kontan lè lòt moun fè yon bon travay, yo pa renka pou yo felisite yo e pou yo onore yo. — Li Women 12:10.

19. Bay kèk rezon ki fè nou dwe evite gen ògèy.

19 Yon lòt bò, moun ki gen ògèy twouve l difisil pou yo felisite lòt moun, yo prefere se lòt moun ki fè lwanj pou yo. Yo gen tandans konpare tèt yo ak lòt moun e yo renmen fè konpetisyon. Olye yo fòme lòt moun e yo ba yo otorite, yo gen tandans di: “Si w vle yon travay byen fèt, [fason yo vle a] se ou ki pou fè l.” Souvan, yon moun ki gen ògèy se yon moun ki gen anbisyon e ki jalou sò lòt moun (Gal. 5:26). Moun pa ret zanmi moun sa yo. Si n rann nou kont nou gen ògèy, nou bezwen priye Jewova ak tout kè nou pou l ede n “bay lespri nou yon lòt direksyon” pou defo sa a pa vin fè pati pèsonalite nou. — Wom. 12:2.

20. Poukisa nou dwe gen imilite e nou dwe rekonèt limit nou?

20 Nou gen anpil rekonesans pou egzanp Jewova ban nou! Nou wè jan l gen imilite nan fason li aji ak sèvitè l yo, e nou vle imite l. Mete sou sa, nou vle imite bèl egzanp yon seri moun nan Bib la ki te gen privilèj mache avèk Bondye te bay. Se pou nou toujou bay Jewova onè ak glwa li merite (Rev. 4:11). Si nou fè sa, nou menm tou, n ap ka zanmi Papa nou ki nan syèl la nètale, paske li renmen moun ki gen imilite e ki rekonèt limit yo.

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

^ § 5 Yon moun ki gen imilite se yon moun ki gen mizèrikòd ak konpasyon. Donk, nou gen rezon di Jewova gen imilite. Atik sa a pral montre nou ka aprann gen imilite grasa egzanp Jewova bay. Nou pral wè tou sa nou ka aprann nan egzanp wa Sayil, pwofèt Dànyèl ak Jezi nan sa ki gen rapò ak rekonèt limit nou.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen ki pran tan pou l montre yon jèn frè fason pou l jere kat tèritwa kongregasyon an. Apre sa, ansyen an pa ret ap kontwole tout sa frè a ap fè, okontrè, li kite l fè travay la poukont li.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki mande yon ansyen si l ta dwe aksepte envitasyon pou l al asiste yon maryaj k ap fèt nan yon legliz. Ansyen an pa bay opinyon pa l, men, li montre l kèk prensip nan Bib la.