Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 34

Ou gen yon plas nan kongregasyon Jewova a!

Ou gen yon plas nan kongregasyon Jewova a!

“Menm jan kò a se youn, alòske li gen anpil manm, e tout manm ki nan kò a, byenke yo anpil, yo fòme yon sèl kò, se konsa sa ye tou pou Kris la.” — 1 KOR. 12:12.

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki onè Jewova fè nou?

SE YON gwo onè sa ye pou n fè pati kongregasyon Jewova a! Nou santi n anpè e nou gen anpil kè kontan lefètke n ap adore Jewova ansanm ak frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. Ki plas ou nan kongregasyon an?

2. Ki egzanp apot Pòl te itilize nan plizyè lèt Jewova te pouse l ekri?

2 Gen anpil bagay nou ka aprann konsènan plas nou nan kongregasyon an nan yon egzanp apot Pòl te itilize nan plizyè lèt Jewova te pouse l ekri. Nan chak lèt sa yo, apot Pòl te konpare kongregasyon an ak kò yon moun. Epitou, li te konpare chak moun ki nan yon kongregasyon ak divès pati ki nan kò a. — Wom. 12:4-8; 1 Kor. 12:12-27; Efe. 4:16.

3. Bay twa leson nou pral egzamine nan atik sa a.

3 Nan atik sa a, nou pral egzamine twa leson enpòtan nou kapab aprann nan egzanp apot Pòl te itilize a. Premyèman, nou pral wè nou chak gen yon plas * nan kongregasyon Jewova a. Dezyèmman, nou pral aprann sa n kapab fè si n twouve l difisil pou n jwenn plas nou nan kongregasyon an. E twazyèmman, nou pral wè rezon ki fè nou bezwen ret okipe nan travay Jewova bay nou chak nan kongregasyon an.

NOU CHAK GEN YON WÒL POU N JWE NAN KONGREGASYON JEWOVA A

4. Ki sa nou aprann nan Women 12:4, 5?

4 Premye leson nou ka aprann nan egzanp apot Pòl la, sèke nou chak gen yon plas enpòtan nan fanmi Jewova a. Men sa Pòl te di nan kòmansman egzanp lan: “Menm jan kò nou gen plizyè pati, men tout pati yo pa jwe menm wòl, se konsa tou, nou menm, byenke nou anpil, nou se yon sèl kò ann inyon avèk Kris, men nou chak nou se manm ki ini youn ak lòt.” ​(Wom. 12:4, 5). Ki sa Pòl te vle di menm? Nou chak gen wòl pa nou nan kongregasyon an, epoutan nou chak enpòtan.

Nou tout pa jwe menm wòl nan kongregasyon an, men nou chak enpòtan. (Gade paragraf 5-12.) *

5. Ki “kado” Jewova bay kongregasyon an?

5 Lè w ap panse ak moun ki gen plas yo nan kongregasyon an, petèt, premye moun ki vin nan lespri w se frè ki alatèt yo (1 Tes. 5:12; Ebre 13:17). Se vre, Jewova sèvi ak Kris pou L bay “gason kòm kado” nan kongregasyon L lan (Efe. 4:8). Gason kòm kado sa yo gen ladan l manm Kolèj santral la, frè k ap ede Kolèj santral la, manm Komite filyal yo, siveyan sikonskripsyon yo, frè k ap sèvi kòm enstriktè nan lekòl òganizasyon an fè yo, ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo. Se lespri sen ki nome frè sa yo pou yo pran swen mouton Jewova yo ki gen anpil valè e pou yo ankouraje kongregasyon an. — 1 Pyè 5:2, 3.

6. Selon 1 Tesalonisyen 2:6-8, ki sa frè lespri sen nome yo fè anpil efò pou yo fè?

6 Lespri sen nome frè sa yo pou yo fè divès kalite travay. Menm jan divès pati nan kò a, tankou men yo ak pye yo, travay pou yo ede tout kò a, se menm jan an tou frè lespri sen nome yo travay di pou byen tout kongregasyon an. Yo pap chèche jwenn glwa nan men moun. Okontrè, yo fè anpil efò pou yo ankouraje frè ak sè yo. (Li 1 Tesalonisyen 2:6-8.) Nou di Jewova mèsi pou frè kalifye sa yo ki met enterè lòt moun anvan enterè pa yo!

7. Ki benediksyon anpil frè ak sè ki nan sèvis aplentan jwenn?

7 Gen frè ak sè nan kongregasyon an ki gendwa ap sèvi kòm misyonè, pyonye espesyal oswa pyonye pèmanan. Toupatou sou tè a, gen anpil frè ak sè ki chwazi bay tout tan yo nan travay preche ak travay fè disip la. Lefètke yo fè sa, yo ede anpil moun vin disip Kris Jezi. Byenke, an jeneral, sèvitè aplentan sa yo pa gen gwo mwayen, Jewova beni yo anpil (Mak 10:29, 30). Nou renmen frè ak sè sa yo anpil, e nou kontan dèske yo fè pati kongregasyon an!

8. Poukisa chak moun k ap preche bon nouvèl la gen anpil enpòtans pou Jewova?

8 Èske se sèlman frè nome yo ak frè ak sè ki nan sèvis aplentan yo ki gen yon plas nan kongregasyon an? Non! Chak moun k ap preche bon nouvèl la gen enpòtans ni pou Bondye ni pou kongregasyon an (Wom. 10:15; 1 Kor. 3:6-9). Anfèt, youn nan prensipal objektif kongregasyon an se fè disip pou Jezi Kris, Seyè nou an (Mat. 28:19, 20; 1 Tim. 2:4). Tout moun k ap preche bon nouvèl la, kit yo deja batize kit yo poko batize, yo tout ap fè anpil efò pou yo bay travay sa a priyorite. — Mat. 24:14.

9. Poukisa sè nou yo gen anpil valè pou nou?

9 Jewova montre li onore sè yo lefètke li ba yo yon plas enpòtan nan kongregasyon an. Li bay tout sè k ap sèvi l fidèlman yo anpil valè, nou vle pale de madan marye yo, manman pitit yo, vèv yo ak sè ki selibatè yo. Nan Bib la, nou jwenn anpil bèl egzanp fi ki te fè Bondye plezi. Yo pale de yo kòm moun ki te gen sajès, lafwa, ki te chofe nan travay fè disip la, ki te gen kouraj, ki te renmen bay e ki te fè bèl aksyon (Lik 8:2, 3; Tra. 16:14, 15; Wom. 16:3, 6; Flp. 4:3; Ebre 11:11, 31, 35). Nou di Jewova mèsi anpil dèske nan kongregasyon nou yo gen yon seri medam ki gen bèl kalite sa yo lakay yo!

10. Poukisa frè n ak sè n ki aje yo gen anpil valè pou nou?

10 Se yon benediksyon sa ye lefètke n gen anpil frè ak sè aje nan òganizasyon an. Gen kèk kongregasyon ki gen frè ak sè aje ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova fidèlman. Gen lòt frè ak sè aje ki ka pa gen lontan depi yo aprann laverite. Anpil nan frè ak sè nou yo ki aje gendwa ap lite anba divès pwoblèm sante akoz laj. Sa vin fè yo limite nan sa yo ka fè nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an. Aktout sa, frè ak sè sa yo fè sa yo kapab nan travay predikasyon an e yo bay tout yo menm nan ankouraje lòt moun epi bay fòmasyon. Nou aprann anpil bagay nan eksperyans yo fè. Se pa ti bèl yo bèl nan je Jewova ak nan je pa nou! — Pwo. 16:31.

11-12. Ki jan jèn ki nan kongregasyon w lan ankouraje w?

11 Ki sa n ka di konsènan jèn nou yo? Yo jwenn anpil pwoblèm, nonsèlman paske y ap grandi nan monn sa a Satan Ledyab ap dirije a, men tou, paske fason monn sa a panse gen enfliyans sou yo (1 Jan 5:19). Aktout sa, sa ankouraje n lè n wè yo ap fè kòmantè nan reyinyon, lè y ap patisipe nan travay fè disip la ak lè yo met kran sou yo pou yo defann lafwa yo. Nou menm jèn, nou gen yon plas enpòtan nan kongregasyon Jewova a! — Sòm 8:2.

12 Sepandan, li difisil pou kèk nan frè n ak sè n yo kwè yo kapab itil kongregasyon an. Ki sa k ka ede nou chak konprann nou gen yon plas nan kongregasyon an? Ann wè ki sa.

REKONÈT OU GEN YON PLAS NAN KONGREGASYON AN

13-14. Ki sa k fè kèk moun gendwa santi yo pa gen valè nan kongregasyon an?

13 Ann wè dezyèm leson nou kapab aprann nan egzanp apot Pòl la. Li pale de yon pwoblèm anpil moun genyen jodi a. Yo twouve l difisil pou yo kwè yo gen anpil valè nan kongregasyon an. Men sa Pòl te ekri: “Si pye a ta di: ‘Poutèt mwen pa yon men, mwen pa fè pati kò a’, sa pa t ap fè l pa fè pati kò a poutèt sa. E si zòrèy la ta di: ‘Poutèt mwen pa yon je, mwen pa fè pati kò a’, sa pa t ap fè l pa fè pati kò a poutèt sa.” ​(1 Kor. 12:15, 16). Ki leson Pòl te vle nou aprann?

14 Si w ap konpare tèt ou ak lòt moun nan kongregasyon an, ou gendwa pa wè jan w gen valè. Gen moun nan kongregasyon an ki gendwa gen kapasite pou yo byen anseye, pou yo byen òganize oubyen ki gendwa konn kòman pou yo ankouraje moun. Petèt, ou gendwa santi ou pa rive nan nivo yo. Sa montre ou gen imilite e w rekonèt limit ou (Flp. 2:3). Men, fè atansyon. Si w toujou ap konpare tèt ou ak moun ki ka fè yon seri bagay ou pa ka fè, sa ka dekouraje w. Jan Pòl te di sa, ou gendwa kòmanse santi ou pa gen okenn plas nan kongregasyon an. Ki sa k ka ede w venk santiman sa yo?

15. Selon 1 Korentyen 12:4-11, ki jan nou ta dwe konsidere nenpòt don nou ta genyen?

15 Sonje sa: Jewova te sèvi ak lespri sen pou l bay kèk nan kretyen premye syèk yo divès kalite don. Men, yo tout pa t resevwa menm don. (Li 1 Korentyen 12:4-11.) Jewova pa t bay tout kretyen yo menm don ak menm kapasite, men, yo chak te gen valè pou li. Jodi a, nou pa resevwa yon seri don pa mwayen lespri sen. Sepandan, menm prensip la toujou valab. Nou tout gendwa pa gen menm kapasite, men nou tout nou gen anpil valè pou Jewova.

16. Ki konsèy apot Pòl te bay nou bezwen suiv?

16 Nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt frè ak sè yo, okontrè, nou dwe suiv konsèy Bondye te pouse apot Pòl ekri a, ki di: “Men, se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Gal. 6:4.

17. Ki byenfè n ap jwenn si nou suiv konsèy Pòl te bay la?

17 Si nou suiv konsèy Bondye te fè apot Pòl ekri a e nou egzamine aksyon nou yo, nou gendwa kòmanse wè nou gen yon seri don ak kapasite lòt moun pa genyen. Pa egzanp, yon ansyen gendwa pa fin twò fò nan fè bèl diskou, men, li gendwa maton nan travay fè disip la. Oubyen, li gendwa pa fò nan kesyon òganize menm jan ak kèk lòt ansyen, men, li gendwa se yon ansyen ki renmen moun, e sa fè frè ak sè yo santi yo alèz pou y al kote l lè yo bezwen bon konsèy ki soti nan Bib la. Oubyen tou, li gendwa se yon ansyen yo konnen ki renmen akeyi moun (Ebre 13:2, 16). Lè nou rive wè kapasite nou genyen yo, sa ap fè n kontan fè sa n kapab pou kongregasyon an. E n ap gen mwens tandans pou n anvye lòt frè ak sè ki pa gen menm don ak nou.

18. Ki sa k ka ede nou anseye pi byen?

18 Kèlkeswa plas nou nan kongregasyon an, nou tout dwe fè efò pou n amelyore sèvis nou e pou n anseye pi byen. Jewova bay bonjan fòmasyon pa mwayen òganizasyon l lan pou l ede nou fè sa. Pa egzanp, nan reyinyon ki fèt lasemèn yo, nou jwenn fòmasyon sou fason nou kapab vin pi efikas nan travay predikasyon an. Èske w byen aplike sa w aprann yo?

19. Ki sa w ka fè pou w atenn objektif ou genyen pou w asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan?

19 Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan se yon lòt bèl pwogram fòmasyon. Se frè ak sè ki nan sèvis aplentan ki gen ant 23 ak 65 an ki ka asiste lekòl sa a. Petèt ou ka di tèt ou ou pap janm ka atenn objektif sa a. Men olye w konsantre sou rezon ki fè w pap ka asiste lekòl sa a, konsantre pito, sou tout rezon w genyen ki fè w vle pran fòmasyon sa a. Apre sa, chèche wè sa w ka fè pou w kalifye. Si w konte sou Jewova epi w fè anpil efò bò kote pa w, sa k te gendwa parèt enposib pou ou a gendwa vin yon reyalite.

SÈVI AK KAPASITE W GENYEN POU W FÒTIFYE KONGREGASYON AN

20. Ki sa nou kapab aprann nan Women 12:6-8?

20 Nou jwenn twazyèm leson nou ka aprann nan egzanp apot Pòl la nan Women 12:6-8. (Li vèsè yo.) Nan vèsè sa yo, yon lòt fwa ankò, Pòl montre frè ak sè yo nan kongregasyon an gen divès kalite don. Men fwa sa a, li montre jan li enpòtan pou n sèvi ak kèlkeswa don nou genyen an pou n fòtifye kongregasyon an.

21-22. Ki leson nou kapab aprann nan egzanp David ak Felice?

21 Ann pran egzanp yon frè n ap bay non David. David t ap sèvi nan yon peyi etranje, epi, li te vin jwenn envitasyon pou l al sèvi nan Betèl nan peyi l. Aktout frè yo te fè l konnen se pa paske l pa t byen fè travay li ki fè yo te chanje l asiyasyon, David te di: “Mwen te pase plizyè mwa kè m pa t kontan paske mwen te panse mwen pa t byen fè travay mwen nan asiyasyon m nan. Gendelè, mwen te konn anvi kite Betèl.” Ki sa k te ede David vin gen kè kontan ankò? Yon frè ki te ansyen menm jan avè l te fè l sonje, fòmasyon Jewova ban nou nan chak asiyasyon fè nou vin pi itil nan nouvo asiyasyon nou vin genyen. David te vin rann li kont li te dwe sispann konsantre sou sa k fin pase, epi konsantre pito sou sa l kapab fè kounye a.

22 Frè Felice Episcopo te viv yon sitiyasyon menm jan an. Li menm ak madanm li te gradye nan Lekòl Galaad nan ane 1956 e yo t al nan sèvis sikonskripsyon nan peyi Bolivi. Nan ane 1964, yo te vin gen yon pitit gason. Men sa Felice te di: “Li te difisil anpil pou n kite asiyasyon nou te renmen an. Mwen dwe admèt mwen te fè yon ane dekouraje. Men, grasa èd Jewova, mwen te vin wè bagay yo yon lòt jan e m te pran responsablite mwen te vin genyen antanke paran.” Èske w santi w menm jan ak David oswa Felice? Èske w santi w dekouraje paske w pa gen privilèj ou te gen anvan yo? Si se sa, kè w ap pi kontan si w bay lespri w yon lòt direksyon epi w konsantre sou sa w kapab fè kounye a pou w sèvi Jewova e pou w ede frè w ak sè w yo. Si w ret okipe e w sèvi ak don ak kapasite w genyen yo pou w ede lòt moun, w ap gen kè kontan toutpandan w ap fòtifye kongregasyon an.

23. Ki sa nou dwe pran tan pou n fè, e sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

23 Nou chak gen valè nan je Jewova. Li vle nou fè pati fanmi l. Si nou pran tan pou n medite sou sa nou kapab fè pou n ankouraje frè n ak sè n yo e n fè anpil efò pou nou jwe wòl pa nou, se sèten n ap plis santi nou gen plas nou nan kongregasyon an. Men, ki sa nou ka di sou fason nou wè lòt moun nan kongregasyon an? Ki jan nou ka montre nou renmen yo e nou respekte yo? Nan atik ki vin apre a nou pral pale sou sijè enpòtan sa a.

KANTIK 24 Vini sou mòn Jewova a

^ § 5 Nou tout bezwen santi Jewova ban nou valè. Men, pafwa nou gendwa ap mande tèt nou ki jan nou kapab itil li. Atik sa a pral ede n wè nou chak gen yon plas enpòtan nan kongregasyon an.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Lè n ap pale de plas nou genyen nan kongregasyon Jewova a, sa gen rapò ak fason nou chak kapab fòtifye kongregasyon an. Sa pa gen anyen pou l wè ak ras nou, kantite kòb nou genyen, nan ki fanmi nou fèt, abitid nou oswa nivo edikasyon nou.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Twa foto ki montre sa k fèt anvan reyinyon yo, pandan reyinyon yo ak apre reyinyon yo. Foto 1: Yon ansyen ki kontan salye yon moun ki vin asiste reyinyon, yon jèn frè k ap teste aparèy sonorizasyon an, epi yon sè k ap pale ak yon sè ki aje. Foto 2: Jèn kou granmoun k ap leve men yo pou yo fè kòmantè nan etid Toudegad. Foto 3: Yon mari ak madanm k ap patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan. Yon manman k ap ede pitit li mete kòb nan bwat ofrann nan. Yon jèn frè k ap verifye piblikasyon yo, epi yon frè k ap ankouraje yon sè ki aje.