Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 35

Respekte plas chak moun nan kongregasyon Jewova a

Respekte plas chak moun nan kongregasyon Jewova a

“Je a pa ka di men an: ‘Mwen pa bezwen w.’ Oubyen tou, tèt la pa ka di pye yo: ‘Mwen pa bezwen nou.’” — 1 KOR. 12:21.

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jewova bay chak sèvitè l ki fidèl?

JEWOVA bay chak sèvitè l ki fidèl yon plas nan kongregasyon an paske li renmen yo. Byenke nou tout pa gen menm wòl, nou chak enpòtan e nou tout bezwen youn lòt. Apot Pòl ede n konprann leson enpòtan sa a. Ki jan?

2. Selon Efezyen 4:16, poukisa nou bezwen bay youn lòt valè epi travay ansanm?

2 Jan vèsè tèm atik sa a baze sou li a montre sa, Pòl te fè konnen aklè pa gen youn nan nou ki ka di yon lòt sèvitè Jewova menm jan avè l: “Mwen pa bezwen [w].” ​(1 Kor. 12:21). Si nou vle gen lapè nan kongregasyon an, nou dwe bay youn lòt valè e nou dwe travay ansanm. (Li Efezyen 4:16.) Lè nou travay nan tèt ansanm, gen anpil kè kontan nan kongregasyon an e youn pouse lòt gen lanmou.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Ki jan nou kapab montre nou gen respè pou frè ak sè yo nan kongregasyon an? Nan atik sa a, nou pral wè ki jan ansyen yo ka montre yo gen respè pou lòt frè ki ansyen menm jan avèk yo. Nou pral wè tou, ki jan nou tout nou ka montre nou bay frè n ak sè n ki pa marye yo anpil valè. Epitou, nou pral wè ki jan nou ka montre nou gen respè pou moun ki pa pale lang nou an byen.

MONTRE NOU GEN RESPÈ POU FRÈ KI ANSYEN MENM JAN AVÈK NOU

4. Ki konsèy apot Pòl te bay nan Women 12:10 tout ansyen dwe suiv?

4 Se Jewova ki nome tout ansyen ki nan kongregasyon an pa mwayen lespri sen. Poutan, yo tout pa gen menm don ak kapasite (1 Kor. 12:17, 18). Gen nan yo ki gendwa fèk nome e ki manke eksperyans. Gen lòt menm ki gendwa pa ka fè tout sa yo ta renmen akoz laj ak pwoblèm sante. Aktout sa, okenn ansyen pa dwe panse yon lòt ansyen pa itil, pou l ta di l: “Mwen pa bezwen [w].” Okontrè, chak ansyen dwe suiv konsèy apot Pòl te bay nou jwenn nan Women 12:10. — Li vèsè a.

Ansyen yo montre yo respekte ansyen parèy yo lè yo koute sa y ap di avèk anpil atansyon. (Gade paragraf 5-6.)

5. Ki jan ansyen yo montre yo respekte ansyen parèy yo, e poukisa li enpòtan pou yo fè sa?

5 Ansyen yo montre yo respekte ansyen parèy yo lè yo koute sa y ap di avèk anpil atansyon. Sa enpòtan sitou lè gwoup ansyen an reyini pou yo pale sou yon seri sijè ki enpòtan anpil. Poukisa? Men sa Toudegad 1ye oktòb 1988 (fransè) di: “Ansyen yo rekonèt Kris ka sèvi ak lespri sen pou l pouse nenpòt frè ki fè pati gwoup ansyen an atire atansyon yo sou prensip ki baze sou Bib la ki ka ede yo fè fas ak kèlkeswa sitiyasyon an oswa pran yon desizyon enpòtan (Tra. 15:6-15). Okenn frè nan gwoup ansyen an pa dwe panse se avè l sèlman lespri sen sèvi.”

6. Ki sa ki ede ansyen yo travay nan tèt ansanm, e ki jan sa bon pou kongregasyon an lè yo fè sa?

6 Yon ansyen ki respekte lòt ansyen menm jan avè l pap toujou chèche kouri pran lapawòl anvan nan reyinyon ansyen yo. Li pa domine konvèsasyon yo genyen nan reyinyon yo e li pa panse se opinyon pa l ki toujou bon. Okontrè, li fè konnen sa l panse avèk imilite toutpandan li respekte limit li. Li koute sa lòt ansyen yo ap di. Sa k pi enpòtan an, li veye pou sa l ap di a baze sou Bib la e li suiv enstriksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay (Mat. 24:45-47). Lè ansyen yo montre yo gen lanmou ak respè youn pou lòt lè y ap pale sou yon bagay, lespri sen ap ede yo e l ap gide yo pou yo rive pran desizyon k ap fòtifye kongregasyon an. — Jak 3:17, 18.

MONTRE NOU GEN RESPÈ POU FRÈ N AK SÈ N KI PA MARYE YO

7. Ki jan Jezi te wè moun ki pa marye yo?

7 Jodi a, nan kongregasyon an gen plizyè moun ki marye e gen ladan yo ki gen pitit. Konsa tou, gen anpil frè ak sè ki pa marye. Ki jan nou dwe wè frè ak sè ki selibatè yo? Nou dwe wè yo menm jan Jezi te wè yo. Pandan Jezi t ap viv sou tè a, li pa t marye. Li te ret selibatè e li te konsantre sou asiyasyon l san l pa t kite anyen distrè l. Jezi pa t janm fè konnen yon kretyen dwe marye oswa ret selibatè. Men, li te di gen kèk kretyen ki t ap chwazi pa marye (Mat. 19:11, 12). Jezi te gen respè pou moun ki pa t marye yo. Li pa t panse selibatè yo gen mwens valè oswa yo manke yon bagay nan lavi yo poutèt yo pa marye.

8. Selon 1 Korentyen 7:7-9, ki sa Pòl te ankouraje kretyen yo fè?

8 Menm jan ak Jezi, apot Pòl te ret selibatè pandan l t ap patisipe nan travay fè disip la. Pòl pa t janm di li mal pou yon kretyen marye. Li te rekonèt se chak moun ki dwe deside sa l ap fè. Men, li te ankouraje kretyen yo reflechi ak posiblite pou yo ret selibatè pandan y ap sèvi Jewova. (Li 1 Korentyen 7:7-9.) Pa gen dout, Pòl pa t fè kretyen ki selibatè yo santi yo manke yon bagay. Li te bay Timote, yon jèn frè selibatè, gwo responsablite * (Flp. 2:19-22). Se sa k fè li pa t ap bon pou n panse yon frè pi kalifye oswa mwens kalifye senpleman paske li marye oswa li pa marye. — 1 Kor. 7:32-35, 38.

9. Ki sa n ka di konsènan maryaj ak seliba?

9 Ni Jezi, ni Pòl pa t janm fè konnen yon kretyen dwe marye oswa ret selibatè. Kidonk, ki sa nou kapab di lè yon kretyen chwazi marye oswa l chwazi ret selibatè? Gen yon bèl kòmantè sou sa nan Toudegad 1ye oktòb 2012 (fransè). Men sa l di: “An reyalite, [maryaj ak seliba] se kado Bondye bay. [...] Jewova pa panse [moun ki selibatè yo] dwe wont oswa tris.” Kidonk, nou dwe respekte frè ak sè nan kongregasyon an ki selibatè.

Ki sa nou pap fè si nou respekte santiman frè ak sè ki selibatè yo? (Gade paragraf 10.)

10. Ki sa nou pap fè si nou respekte frè n ak sè n ki selibatè yo?

10 Ki jan nou kapab montre nou respekte santiman frè ak sè ki selibatè yo ak rezon ki fè yo ret selibatè? L ap bon pou n sonje, gen kèk frè ak sè ki fikse objektif pou yo pa marye. Gen lòt menm ki ta byen renmen marye, men yo poko ka jwenn moun pa yo a. E gen lòt tou, mari yo oswa madanm yo mouri. Kèlkeswa rezon an, èske frè ak sè nan kongregasyon an bezwen mande frè ak sè ki selibatè yo poukisa yo pa marye, oubyen èske yo ta dwe di yo y ap ede yo jwenn yon moun? Se vre, gen frè ak sè ki selibatè ki kapab mande lòt moun ede yo jwenn yon moun. Men, ki jan y ap santi yo si nou ta fè sa san yo pa mande nou (1 Tes. 4:11; 1 Tim. 5:13)? Ann wè ki sa kèk frè ak sè selibatè ki fidèl di.

11-12. Ki bagay lè nou fè yo ki gendwa dekouraje selibatè yo?

11 Gen yon siveyan sikonskripsyon ki selibatè e ki vrèman efikas nan asiyasyon l ki fè konnen gen anpil avantaj lè yon moun selibatè. Men, li di li konn twouve sa dekourajan lè frè ak sè ki gen bon entansyon mande l: “Poukisa w pa marye?” Men sa yon frè selibatè k ap travay nan yon biwo filyal fè konnen: “Pafwa, kèk frè ak sè konn fè m santi yo gen pitye pou selibatè yo. Sa ka fè moun wè seliba a kòm yon chay olye yo wè l kòm yon don.”

12 Men sa yon sè selibatè ki nan Betèl di: “Gen frè ak sè ki panse tout selibatè ap chèche yon moun pou yo marye, oswa yo met nan tèt yo moun ki selibatè yo wè tout ti moman detant ant frè ak sè kòm yon okazyon pou yo jwenn yon moun pou yo marye. Yon lè, Betèl te ban m yon asiyasyon ki te mande pou m deplase al nan yon lòt kote nan peyi a. Mwen te rive nan lè reyinyon an nan aswè. Sè m te ret lakay li a te di m gen de frè nan kongregasyon an ki nan laj mwen. Li te di m se pa kare l ap kare m. Men, kou m fè sa m rive nan Sal la, sè a rale m pou l fè m fè konesans ak de frè yo. M pa bezwen di jan nou toule twa a te jennen!”

13. Ki egzanp ki te ankouraje yon sè selibatè?

13 Men sa yon lòt sè selibatè ki nan Betèl di: “Mwen konn frè ak sè ki gen bon ti laj e ki pa marye. Yo se moun ki ekilibre, yo gen objektif yo vle atenn, yo dispoze ede lòt moun e yo gen kè kontan. Yo se bonjan èd pou kongregasyon an. Yo wè seliba a yon fason ki ekilibre. Yo pa panse yo pi bon pase lòt moun lefètke yo ret selibatè, ni tou, yo pa met nan tèt yo yo pa ka gen kè kontan lefètke yo pa marye e yo pa gen pitit.” Se yon bèl bagay lè w nan yon kongregasyon kote w santi yo respekte w e yo ba w valè. Ou santi se pa pitye frè ak sè yo gen pou ou, ni yo pa anvye w. Yo pa ni meprize w ni fè w santi w pi bon pase yo. Ou konnen yo renmen w.

14. Ki jan nou kapab montre nou respekte selibatè yo?

14 Frè n ak sè n ki selibatè yo ap kontan si nou konsantre sou bèl kalite yo genyen olye n fè yo santi nou gen pitye pou yo lefètke yo selibatè. Okontrè, l ap bon pou n montre yo nou kontan wè jan yo fidèl. Konsa, yo pap janm santi se kòmsi n ap di yo: “Mwen pa bezwen w.” ​(1 Kor. 12:21). Olye de sa, y ap wè nou respekte yo e nou bay plas yo gen nan kongregasyon an anpil enpòtans.

MONTRE NOU GEN RESPÈ POU MOUN KI PA PALE LANG NOU AN BYEN

15. Ki chanjman kèk frè ak sè fè pou yo ka fè plis nan travay predikasyon an?

15 Nan dènye ane sa yo, gen anpil pwoklamatè ki te fikse objektif pou yo aprann yon lòt lang pou yo ka fè plis nan travay predikasyon an. Pou yo te rive fè sa, sa te mande pou yo fè kèk chanjman nan lavi yo. Frè ak sè sa yo kite kongregasyon kote yo pale lang manman yo pou y al sèvi nan kongregasyon ki pale lòt lang ki bezwen plis pwoklamatè (Tra. 16:9). Yo pran desizyon sa a pou yo kapab fè plis nan sèvis Jewova a. Se vre, sa ka pran anpil ane pou yo rive pale lang y ap aprann nan byen, sepandan, yo itil kongregasyon sa yo anpil. Bèl kalite ak eksperyans yo genyen ankouraje frè ak sè yo anpil. Nou renmen frè ak sè sa yo pou sakrifis yo fè!

16. Ki sa k ap ede ansyen yo konnen si wi ou non yon frè ka sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl?

16 Gwoup ansyen an pa ta dwe deside yo pap rekòmande yon frè pou l sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl jis paske frè sa a poko fin alèz nan lang yo pale nan kongregasyon an. Ansyen yo ap verifye si wi ou non yon frè kalifye pou l sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl selon sa Bib la di sou sa, men yo pap baze sou jan frè a alèz oswa l pa alèz pou l pale lang kongregasyon an. — 1 Tim. 3:1-10, 12, 13; Tit 1:5-9.

17. Ki desizyon paran yo konn bezwen pran lè fanmi yo deplase al viv nan yon lòt peyi?

17 Gen kèk fanmi kretyen ki al viv nan lòt peyi pou yo chape anba sitiyasyon difisil ki gen nan peyi yo oswa pou y al travay. Sa vin fè pitit yo al nan lekòl ki pale lang peyi kote yo ye a. Paran yo gendwa bezwen aprann lang peyi sa a tou pou yo ka jwenn travay. Ki sa y ap fè si gen yon kongregasyon oswa yon gwoup nan lang manman yo? Nan ki kongregasyon fanmi an ta dwe asiste reyinyon yo? Èske yo ta dwe al nan kongregasyon kote yo pale lang peyi kote y al viv la, oswa nan sa ki pale lang peyi kote yo soti a?

18. Ann amoni ak Galat 6:5, ki jan n ap montre nou respekte desizyon chèf fanmi an pran?

18 Se chèf fanmi an ki dwe deside nan ki kongregasyon fanmi l ap asiste reyinyon. Piske se yon desizyon pèsonèl, se chèf fanmi an ki dwe chèche konnen sa ki pi bon pou fanmi l. (Li Galat 6:5.) Nou bezwen respekte desizyon chèf fanmi an pran an. Kèlkeswa desizyon l pran, nou dwe aksepte l, nou dwe akeyi fanmi an nan kongregasyon an, epi montre nou renmen yo. — Wom. 15:7.

19. Sou ki sa chèf fanmi an bezwen reflechi epi priye?

19 Gen fanmi ki gendwa nan yon kongregasyon kote yo pale lang peyi kote yo soti a, men, timoun yo gendwa pa alèz nan lang sa a. Si kongregasyon an nan yon zòn kote yo pale lang peyi kote y ap viv la, li ka difisil pou timoun yo konprann reyinyon yo e yo ka pa fè pwogrè nan laverite. Sa k fè sa? Se paske timoun yo gendwa nan yon lekòl ki itilize lang peyi kote y ap viv la. Lè sa a, chèf fanmi an bezwen priye pou l konn ki sa pou l fè pou l ede pitit li vin pi pwòch Jewova ak pèp li a. Paran yo ap bezwen aprann pitit yo pale lang peyi kote yo soti a oubyen y ap bezwen al nan yon kongregasyon ki pale lang pitit yo byen konprann nan. Kèlkeswa desizyon chèf fanmi an pran, kongregasyon li chwazi asiste reyinyon ak fanmi l lan dwe respekte desizyon l pran an epi fè fanmi an santi yo renmen yo.

Ki jan n ap montre nou bay moun k ap aprann yon lòt lang anpil valè? (Gade paragraf 20.)

20. Ki jan nou ka montre nou respekte frè ak sè nou yo k ap aprann pale yon lòt lang?

20 Jan nou sot wè sa, nan anpil kongregasyon, ap toujou gen frè ak sè k ap fè efò pou yo aprann yon nouvo lang. Li ka difisil pou yo di sa k nan panse yo. Si nou pa ret ap gade fason yo pale lang y ap aprann nan, n ap rive wè jan yo renmen Jewova ak jan yo anvi sèvi l. Si nou konsantre nou sou bèl kalite yo genyen, n ap renmen yo anpil e n ap respekte yo. Nou pap fè yo panse nou pa bezwen yo jis paske yo pa pale lang pa nou an byen.

NOU GEN ANPIL VALÈ POU JEWOVA

21-22. Ki gwo onè nou genyen?

21 Nou gen anpil rekonesans dèske Jewova bay nou chak yon plas nan kongregasyon l lan. Kit nou se yon gason oswa yon fi, kit nou marye oswa nou selibatè, kit nou jèn oswa nou granmoun, kit nou alèz nan yon lang oswa nou pa pale l byen, nou tout gen anpil valè pou Jewova e pou frè ak sè nou yo. — Wom. 12:4, 5; Kol. 3:10, 11.

22 Se pou nou kontinye aplike tout bèl leson nou jwenn nan egzanp apot Pòl te bay ki gen rapò ak kò moun. Sa ap ede nou chèche jwenn plis okazyon pou n montre nou bay plas nou ak plas lòt moun nan kongregasyon Jewova a anpil valè.

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

^ § 5 Pèp Jewova a gen divès kalite moun ladan l e yo chak gen wòl pa yo nan kongregasyon an. Atik sa a pral ede n wè rezon ki fè l enpòtan pou n respekte chak moun ki nan kongregasyon Jewova a.

^ § 8 Nou pa konnen si Timote te janm marye.