Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 33

Rezirèksyon an montre lanmou, sajès ak pasyans Bondye genyen

Rezirèksyon an montre lanmou, sajès ak pasyans Bondye genyen

“Pral gen yon rezirèksyon.” — TRAVAY 24:15.

KANTIK 151 L ap rele yo

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa Jewova te kreye lòt moun?

GEN yon lè Jewova te poukont li. Men, sa pa t fè l tris. Jewova pa bezwen gen moun avè l pou l kontan. Men, li te vle lòt moun pwofite lavi. Se lanmou ki te pouse Jewova kreye. — Sòm 36:9; 1 Jan 4:19.

2. Ki efè sa Jewova te kreye yo te gen sou Jezi ak zanj yo?

2 Toudabò, Jewova te kreye Jezi, Pitit li a. Annapre, Li te sèvi ak premye Pitit sa a pou l “kreye tout lòt bagay” san wete plizyè milyon zanj (Kol. 1:16). Jezi te vrèman kontan travay ansanm ak Papa l (Pwo. 8:30). Zanj yo tou te kontan anpil. Se yo menm ki te la lè Jewova ak Jezi t ap fè syèl la ak tè a. Ki jan zanj yo te reyaji? Apre tè a fin fèt, zanj yo “te pran rele tèlman yo te gen lajwa”, e pa gen dout yo te kontinye gen kè kontan chak fwa Jewova te fin kreye yon bagay, san wete lè Jewova te fin fè dènye chedèv la, anpalan de lèzòm (Jòb 38:7; Pwo. 8:31, nòt). Lanmou ak sajès Jewova parèt nan chak bagay li kreye. — Sòm 104:24; Wom. 1:20.

3. Jan sa parèt nan 1 Korentyen 15:21, 22, ki sa k vin posib grasa sakrifis ranson Jezi a?

3 Jewova te vle pou lèzòm viv pou toutan sou bèl planèt li te kreye a. Lè Adan ak Èv te peche kont Jewova, Papa yo ki te renmen yo a, peche ak lanmò te blayi sou tout tè a (Wom. 5:12). Ki sa Jewova te fè? Menm kote a, li te di ki jan l pral delivre lèzòm (Jen. 3:15). Jewova te deside bay Jezi, Pitit li a, kòm ranson, sa ki t ap pèmèt pitit Adan ak Èv yo libere anba peche ak lanmò. Konsa, Li t ap bay chak moun posiblite pou yo chwazi sèvi L e pou jwenn lavi ki pap janm fini an. — Jan 3:16; Wom. 6:23; li 1 Korentyen 15:21, 22.

4. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

4 Gen anpil kesyon nou ka poze anrapò ak pwomès Bondye fè pou moun mouri retounen viv ankò. Pa egzanp, ki fason petèt rezirèksyon an pral fèt? Èske n ap ka rekonèt moun pa nou yo ki mouri lè yo retounen viv ankò? Ki jan rezirèksyon an pral fè nou gen kè kontan? Epi, ki jan lè nou medite sou rezirèksyon an sa ap fè nou vin gen rekonesans pou lanmou, sajès ak pasyans Jewova genyen? Ann egzamine chak kesyon sa yo.

KI FASON PETÈT REZIRÈKSYON AN PRAL FÈT?

5. Poukisa li lojik pou n kwè tout moun pap resisite anmenmtan?

5 Lè Jewova pral sèvi ak Pitit li a pou l resisite plizyè milyon moun, nou ka atann yo tout pap resisite anmenmtan. Sa k fè n di sa? Se paske, si tout moun sa yo ta resisite anmenmtan, bagay yo t ap tèt anba. Alòske nou konnen Jewova pa janm fè anyen nan dezòd. Li konnen kote ki pa gen lòd moun pa ka viv anpè (1 Kor. 14:33). Jewova te montre l gen sajès ak pasyans lè l t ap travay ansanm ak Jezi pou l te prepare tè a tikras pa tikras anvan l kreye lèzòm. Pandan Rèy mil an an, Jezi pral montre l gen menm kalite sa yo tou lè li pral ede moun k ap pase Amagedon vivan yo prepare tè a pou yo akeyi moun ki pral resisite yo.

Moun k ap pase Amagedon vivan yo pral bezwen aprann moun ki pral resisite yo ki sa Wayòm Bondye a ye epi ede yo konnen sa Jewova mande. (Gade paragraf 6.) *

6. Selon Travay 24:15, kiyès k ap pami moun Jewova ap resisite yo?

6 Sa k pi enpòtan an, moun k ap pase Amagedon vivan yo pral bezwen aprann moun ki pral resisite yo ki sa Wayòm Bondye a ye epi ede yo konnen sa Jewova mande. Poukisa? Se paske pifò moun ki pral resisite yo se “moun ki enjis”. (Li Travay 24:15.) Yo pral bezwen fè anpil chanjman nan pèsonalite yo pou yo ka benefisye ranson Kris la. Imajine tout travay sa pral mande pou yo anseye plizyè milyon moun ki pa konn anyen sou Jewova. Èske chak moun pral gen yon moun pou fè etid ak yo, jan nou fè sa jodi a? Èske moun sa yo pral fè pati yon kongregasyon e yo pral resevwa fòmasyon pou yo ka anseye lòt moun k ap resisite annapre yo? N ap bezwen tann pou n wè. Men, nou konnen nan fen Rèy mil an Kris la “tè a pral plen konesans sou Jewova”. (Eza. 11:9.) Pandan Rèy mil an an, se vre n ap gen anpil travay pou n fè, sepandan, travay sa yo ap ban nou anpil kè kontan!

7. Poukisa pèp Bondye a ap bezwen mete yo nan plas moun ki pral resisite yo lè y ap anseye yo?

7 Pandan Rèy mil an Kris la, tout pitit Jewova yo ki sou tè a pral bezwen kontinye fè chanjman nan pèsonalite yo pou yo ka fè l plezi. Konsa, yo pral kapab ede moun k ap resisite yo goumen kont move tandans yo gen lakay yo epi ede yo viv ann amoni ap prensip Jewova yo (1 Pyè 3:8). Se sèten, moun k ap resisite yo pral wè jan sèvitè Jewova yo gen imilite e jan yo pa sispann fè efò pou yo fè Jewova plezi. Yo pral met ansanm ak pèp Jewova a k ap “travay pou pwòp delivrans” yo. — Flp. 2:12.

ÈSKE N AP KA REKONÈT MOUN K AP RESISITE YO?

8. Poukisa li lojik pou n panse n ap rekonèt fanmi nou ak zanmi nou lè yo resisite?

8 Nou gen anpil rezon pou n kwè moun ki pral akeyi fanmi yo ak zanmi yo ap kapab rekonèt yo. Pa egzanp, lè n konsidere fason Jewova te resisite moun nan tan lontan, li lojik pou n panse lè Jewova pral fè rezirèksyon an, moun yo ap gen menm aparans lan, y ap pale menm jan an, e y ap panse menm fason yo te konn panse anvan yo te mouri. Sonje Jezi te konpare lanmò ak lè yon moun ap dòmi, e l te konpare rezirèksyon an ak lè yon moun leve nan dòmi (Mat. 9:18, 24; Jan 11:11-13). Lè yon moun leve nan dòmi, li toujou gen menm aparans lan, menm vwa a ak menm memwa li te genyen lè l t ap dòmi an. Ann pran egzanp Laza. Li te gentan gen kat jou depi l mouri, donk kò l te gentan dekonpoze. Men, lè Jezi te resisite Laza, sè l yo te rekonèt li menm kote a, e pa gen dout Laza te rekonèt yo tou. — Jan 11:38-44; 12:1, 2.

9. Poukisa moun k ap resisite yo pap resisite ak yon sèvo e ak yon kò ki pafè?

9 Jewova pwomèt nan Paradi a pap gen okenn moun anba gouvènman Kris la k ap di: “Mwen malad.” ​(Eza. 33:24; Wom. 6:7). Se sa k fè, moun Jewova pral resisite yo ap gen yon kò ki an sante. Sepandan, yo pap pafè menm kote a. Si se ta sa, fanmi yo ak zanmi yo ta gendwa pa rekonèt yo. Sanble, se tikras pa tikras lèzòm ap vin pafè pandan Rèy mil an Kris la. Se nan fen Rèy mil an an Jezi pral remèt Papa l Wayòm nan. Lè sa a, Wayòm nan ap gentan fin fè tout sa l gen pou l fè, sa gen ladan l fè lèzòm vin pafè. — 1 Kor. 15:24-28; Rev. 20:1-3.

KI JAN REZIRÈKSYON AN PRAL FÈ NOU GEN KÈ KONTAN?

10. Ki efè rezirèksyon an pral gen sou ou?

10 Imajine jan w pral santi w lè w pral akeyi moun ou renmen yo ki te mouri! Èske w ap ri oswa w ap kriye, tèlman w ap kontan? Èske w ap tèlman kontan w ap chante pou w bay Jewova louwanj? Se sèten nou pral santi nou gen yon gwo lanmou pou Papa nou an ak Pitit li a, yo menm ki renmen nou e ki fè rezirèksyon an posib.

11. Selon pawòl Jezi te di ki nan Jan 5:28, 29, ki byenfè moun ki obeyi Bondye yo pral jwenn?

11 Imajine jan moun k ap resisite yo pral kontan, lè yo voye ansyen pèsonalite a jete epi yo rive viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis. Moun ki rive fè chanjman sa yo pral kapab viv pou toutan nan Paradi a. Yon lòt bò, Bondye pap pèmèt moun ki refize chanje yo e ki anpeche gen lapè kontinye viv nan Paradi a. — Eza. 65:20; li Jan 5:28, 29.

12. Ki fason Jewova pral beni tout moun sou tè a?

12 Anba dominasyon Wayòm nan, tout sèvitè Bondye yo pral wè pawòl ki nan Pwovèb 10:22 yo reyalize. Men sa vèsè a di: “Se benediksyon Jewova bay ki fè moun rich, e li pa bay okenn doulè avè l.” Jewova pral sèvi ak lespri sen pou l vide benediksyon sou pèp li a. Tikras pa tikras y ap vin gen menm pèsonalite ak Kris jiskaske yo vin pafè (Jan 13:15-17; Efe. 4:23, 24). Chak jou sante yo ap vin pi bon e y ap vin pi bon moun. Ala bèl lavi a pral bèl (Jòb 33:25)! Donk, lè w medite sou esperans rezirèksyon an, ki jan sa kapab ede w depi kounye a?

MONTRE NOU GEN REKONESANS POU LANMOU JEWOVA

13. Ki jan Sòm 139:1-4 montre jis nan ki pwen Jewova konnen nou byen, e ki jan rezirèksyon an pral montre sa?

13 Jan nou te wè sa pi wo a, lè Jewova resisite moun yo, l ap reba yo memwa ak pèsonalite yo te genyen an. Fè yon ti reflechi sou tout sa sa vle di. Jewova tèlman renmen nou li sonje tout sa n gen nan panse nou, santiman nou, pawòl nou ak aksyon nou. Lè Jewova ap resisite yon moun, l ap fasil pou l fè moun nan tounen jan l te ye a. Wa David te konnen jis nan ki pwen Jewova byen konnen nou chak. (Li Sòm 139:1-4.) Ki jan w santi w lè w rive konprann jis nan ki pwen Jewova konnen nou?

14. Ki jan n ta dwe santi n lè nou rann nou kont jis nan ki pwen Jewova konnen nou?

14 Lè nou medite sou jan Jewova konnen nou byen, nou pa ta dwe enkyete nou. Poukisa? Se paske nou gen anpil valè nan je l. Chak moun se yon moun apa pou Jewova. Li sonje tout sa nou te viv nan lavi nou ki fè nou vin moun nou ye a. Sa vrèman ban nou asirans! Nou pa ta dwe janm santi n poukont nou. Chak jou, chak minit, Jewova bò kote nou e l ap chèche okazyon pou l ede nou. — 2 Kwo. 16:9.

MONTRE NOU GEN REKONESANS POU SAJÈS JEWOVA

15. Ki jan esperans rezirèksyon an montre aklè Jewova gen sajès?

15 Se yon gwo danje sa ye lè yon moun pè lanmò. Moun ki anba kontwòl Satan sèvi ak menas sa a pou yo fòse yon moun trayi zanmi l epi fè yon seri bagay li konnen ki pa bon. Men yo pa ka fòse nou fè sa k pa bon. Nou konnen si ènmi nou yo touye nou, Jewova ap reban nou lavi (Rev. 2:10). Nou gen konviksyon pa gen anyen yo ka fè pou anpeche nou ret atache ak Jewova (Wom. 8:35-39). Se pa ti sajès Jewova montre l genyen lefètke l ban nou esperans rezirèksyon an! Grasa esperans sa a, nou pa pè si moun k ap soutni Satan yo ta menase y ap touye nou si nou pa fè sa yo mande nou fè. Anplis de sa, esperans sa a ban nou anpil kouraj pou n ret fidèl ak Jewova.

Èske desizyon nou pran yo montre nou gen konfyans nan pwomès Jewova fè pou l ban nou sa n bezwen pou n viv? (Gade paragraf 16.) *

16. Ki kesyon ou bezwen poze tèt ou, e ki jan repons kesyon sa yo ap ede w konnen jis nan ki pwen ou fè Jewova konfyans?

16 Si moun ki rayi Jewova yo ta menase w y ap touye w, èske w ap gen konfyans Jewova ap resisite w? Ki jan w ap fè konnen? Youn nan bagay ou ka fè se mande tèt ou: ‘Èske m montre aklè m fè Jewova konfyans nan ti desizyon m ap pran chak jou?’ ​(Lik 16:10). Yon lòt kesyon ou ka poze tèt ou se: ‘Èske fason m ap viv montre m gen konfyans nan pwomès Jewova fè pou l ban m sa m bezwen pou m viv si m mete Wayòm nan an premye?’ ​(Mat. 6:31-33). Si repons pou kesyon sa yo se wi, konnen w montre ou gen konfyans nan Jewova, e w ap pare lè w gen pou fè fas ak kèlkeswa eprèv ou ta ka jwenn alavni. — Pwo. 3:5, 6.

MONTRE NOU GEN REKONESANS POU PASYANS JEWOVA

17. a) Ki jan rezirèksyon an montre Jewova gen pasyans? b) Ki jan n ka montre nou gen rekonesans pou pasyans Jewova?

17 Jewova deja konnen ki jou ak ki lè li pral met fen nan monn mechan sa a (Mat. 24:36). Jewova pap pèdi pasyans kòmkwa pou l ta aji anvan lè. Se vre li gen yon gwo anvi pou l resisite moun ki mouri yo, men, li gen pasyans (Jòb 14:14, 15). L ap ret tann jiskaske moman l deside a rive pou l reba yo lavi (Jan 5:28). Nou gen bonjan rezon pou n gen rekonesans pou pasyans Jewova. Fè yon ti reflechi: Se paske Jewova gen pasyans ki fè anpil moun, san wete nou menm, gentan “rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Jewova vle pou pifò moun posib rive jwenn lavi ki pap janm fini an. Donk, ann montre nou gen rekonesans pou pasyans li. Ki jan? Lè n fè tout sa n kapab pou n chèche moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an” e lè nou ede yo aprann renmen Jewova epi vin sèvi l (Tra. 13:48). Konsa, y ap benefisye pasyans Jewova menm jan avè n.

18. Poukisa nou dwe pran pasyans ak lòt moun?

18 Jewova pral tann avèk pasyans jiskaske Rèy mil an an fini pou n vin pafè. Annatandan, Jewova dispoze padone nou. Kidonk, nou gen bonjan rezon pou n chèche sa ki bon lakay lòt moun e pou n pran pasyans ak yo. Ann pran egzanp yon sè ki gen mari l ki te sispann asiste reyinyon paske mari a te soufri gwo strès. Sè a di: “Sa te fè m mal anpil. Nou te oblije kanpe tout pwojè fanmi an te genyen.” Men, aktout sa, sè sa a ki renmen mari l te pran pasyans avè l. Li te konte sou Jewova pou l te ka kontinye avanse. Menm jan ak Jewova, li pa t ret ap panse ak pwoblèm nan, men li te konsantre pito sou bèl kalite mari a genyen. Men sa sè a di ankò: “Mari m gen anpil bèl kalite, e l ap travay tikras pa tikras pou l geri.” Sa enpòtan anpil pou n pran pasyans ak fanmi nou oswa moun nan kongregasyon an k ap fè efò pou yo konbat gwo pwoblèm yo genyen!

19. Ki detèminasyon nou dwe pran?

19 Jezi ak zanj yo te gen kè kontan lè tè a te fèk fin kreye. Men, imajine jan yo pral kontan wè tè a chaje ak moun ki pafè, ki renmen Jewova e k ap sèvi l. Imajine lajwa moun Jewova chwazi pou al dirije ak Kris nan syèl la pral genyen lè yo wè bèl travay yo fè e jan lèzòm ap byen pwofite travay sa a (Rev. 4:4, 9-11; 5:9, 10). Epi imajine moman kote moun pral kriye paske kè yo kontan, men se pa paske yo nan lapenn, moman kote maladi, soufrans ak lanmò pral disparèt pou toutan (Rev. 21:4). Pandan n ap tann moman sa a rive, ann pran detèminasyon pou n imite Papa nou an ki gen lanmou, sajès ak pasyans. Si n fè sa, n ap kontinye gen kè kontan kèlkeswa eprèv nou ta jwenn (Jak 1:2-4). Èske nou pa ta dwe gen rekonesans lefètke Jewova pwomèt nou “pral gen yon rezirèksyon”? — Tra. 24:15.

KANTIK 141 Lavi se yon mirak

^ § 5 Jewova se yon Papa ki gen lanmou, sajès ak pasyans. Kalite sa yo parèt nan fason li kreye tout bagay ak nan pwomès li fè pou l rebay moun ki mouri yo lavi. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan kèk kesyon nou kapab genyen sou rezirèksyon an, e nou pral wè fason nou kapab montre nou gen rekonesans pou lanmou, sajès ak pasyans Jewova gen lakay li.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon Endyen ki fèt ann Amerik ki te mouri sa gen plizyè santèn ane ki resisite pandan Rèy mil an Kris la. Yon frè ki pase Amagedon vivan ki kontan aprann mesye sa a sa l dwe fè pou l ka benefisye ranson Kris la.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap fè patwon l konnen gen plizyè jou nan semèn nan li pa ka fè siplemantè, paske li rezève moman sa yo pou l fè yon seri aktivite ki gen rapò ak adorasyon l ap bay Jewova a. Men, li dispoze fè siplemantè nan lòt jou si gen ijans.