Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 30

Ann bay plas nou gen nan fanmi Jewova a anpil valè

Ann bay plas nou gen nan fanmi Jewova a anpil valè

“Ou fè l vin yon tikras pi ba pase zanj yo, e ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn.” — SÒM 8:5.

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

SA NOU PRAL WÈ *

1. Lè n ap reflechi ak tout sa Jewova kreye, ki kesyon ki ka vin nan lespri nou?

LÈ NOU reflechi sou tout sa Jewova kreye yo, nou ka santi nou menm jan ak David youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo. Men sa l te di nan yon priyè: “Lè m wè syèl ou a, bagay ou fè ak men w yo, lalin nan ak zetwal ou fè yo, mwen di tèt mwen: Ki sa lòm ye pou w ap sonje l, e ki sa pitit lòm ye pou w ap pran swen l?” ​(Sòm 8:3, 4). Menm jan ak David, nou ka reflechi sou jan nou piti lè nou konpare tèt nou ak linivè, e sa ka vrèman touche nou lefètke Jewova panse ak nou. E jan nou pral wè sa, nonsèlman Jewova te enterese nan Adan ak Èv, premye moun li te kreye yo, men tou, li te fè yo fè pati fanmi l.

2. Ki objektif Jewova te genyen pou premye pitit li te gen sou tè a?

2 Adan ak Èv se te premye pitit Jewova te gen sou tè a, e antanke Papa yo ki nan syèl la, li te renmen yo anpil. Li te bay mesyedam yo responsablite antanke moun ki fè pati fanmi an. Men sa Bondye te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.” ​(Jen. 1:28). Li te vle yo fè pitit e pou yo byen pran swen tè a kote yo te abite a. Si Adan ak Èv te obeyisan e yo te fè sa Jewova te mande yo fè, yo menm ak pitit yo te vin genyen yo t ap rete nan fanmi Bondye a pou toutan.

3. Poukisa nou kapab di Jewova te bay Adan ak Èv yon plas enpòtan nan fanmi l?

3 Adan ak Èv te gen yon plas enpòtan nan fanmi Jewova a. Jan sa parèt nan Sòm 8:5, men sa David di konsènan lòm Jewova kreye: “Ou fè l vin yon tikras pi ba pase zanj yo, e ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn.” An reyalite, Jewova pa t bay lèzòm menm pouvwa, menm entèlijans ak menm kapasite ak zanj yo (Sòm 103:20). Sepandan, lèzòm “yon tikras pi ba” sèlman pase zanj yo ki gen anpil pisans. Sa vrèman estrawòdinè! Jewova te vrèman bay premye paran nou yo posiblite pou yo te gen yon bèl vi.

4. Ki sa k te rive Adan ak Èv poutèt yo te dezobeyi Jewova, e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

 4 Malerezman, Adan ak Èv te pèdi plas yo te genyen nan fanmi Jewova a. Sa te lakòz gwo pwoblèm pou desandan yo t ap vin genyen yo, jan nou pral wè sa nan atik sa a. Men, objektif Jewova genyen an pa chanje. Li vle moun ki obeyisan yo ret pitit li pou toutan. Toudabò, ann wè ki jan Jewova onore nou. Apre sa, nou pral wè ki sa nou ka fè depi kounye a pou n montre nou vle fè pati fanmi Bondye a. Finalman, nou pral wè ki benediksyon pitit Jewova yo ki sou tè a pral jwenn pou toutan.

FASON JEWOVA ONORE LÈZÒM

Ki fason Jewova onore nou? (Gade paragraf 5-11.) *

5. Lefètke Bondye kreye nou pòtre ak li, ki jan nou kapab onore l?

5 Jewova onore nou lefètke li fè nou pòtre ak li (Jen. 1:26, 27). Piske nou fèt pòtre Bondye, nou ka aprann demontre anpil nan bèl kalite li genyen yo. Pa egzanp, nou ka demontre lanmou, konpasyon, fidelite ak jistis (Sòm 86:15; 145:17). Lè nou chèche gen yon seri kalite konsa, nou onore Jewova e nou montre nou genyen l rekonesans (1 Pyè 1:14-16). Lè nou aji yon fason ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi, sa fè nou kontan anpil. E piske Jewova fè nou pòtre ak li, li ban nou kapasite pou nou vin kalite moun li vle gen nan fanmi l.

6. Ki jan Jewova te onore lèzòm lè l t ap prepare tè a?

6 Jewova te prepare yon kote espesyal pou nou pou n abite. Byen lontan anvan Jewova te kreye premye moun nan, li te prepare tè a pou lèzòm (Jòb 38:4-6; Jer. 10:12). Piske Jewova bon e li donan, li ban nou anpil bon bagay pou fè kè n kontan (Sòm 104:14, 15, 24). Detanzantan, li te pran tan pou l reflechi sou sa l te kreye yo e li “te wè yo bon”. (Jen. 1:10, 12, 31.) Li onore lèzòm lefètke li te ba yo “pouvwa sou” tout bèl bagay li te kreye sou tè a (Sòm 8:6). Bondye vle pou lèzòm vin pafè e pou yo gen kè kontan pandan y ap pran swen bèl bagay li kreye yo pou toutan. Èske w toujou di Jewova mèsi pou bèl pwomès sa a li fè a?

7. Ki jan Jozye 24:15 montre lèzòm gen libète pou yo deside?

7 Jewova ban nou libète pou nou deside. Nou kapab chwazi ki sa n vle fè nan lavi nou. (Li Jozye 24:15.) Kapasite pou nou chwazi a rele libète pou nou deside. Bondye nou an ki renmen nou kontan lè nou chwazi sèvi l (Sòm 84:11; Pwo. 27:11). Nou kapab byen sèvi ak libète n genyen pou n deside a plizyè fason. Ann wè ki egzanp Jezi te bay.

8. Bay youn nan fason Jezi te sèvi ak libète l genyen pou l deside a.

8 Nou suiv egzanp Jezi lè nou chwazi met enterè lòt moun anvan enterè pa nou. Yon lè, pandan Jezi ak apot li yo te fatige anpil, yo t al yon kote apa pou yo te ka pran yon ti repo. Men, yo pa t rive repoze. Gen yon foul moun ki te jwenn yo, e yo te vrèman swaf pou Jezi anseye yo. Men, Jezi pa t fache. Okontrè, li te gen pitye pou moun yo. Donk, ki sa Jezi te fè? Li te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. (Mak 6:30-34.) Menm jan ak Jezi, lè nou sèvi ak tan nou ak fòs nou pou nou ede lòt moun, nou fè Papa nou ki nan syèl la jwenn glwa (Mat. 5:14-16). Epitou, nou montre Jewova nou vle fè pati fanmi l.

9. Ki sa paran yo dwe sonje?

9 Jewova bay lèzòm kapasite pou yo fè pitit ak responsablite pou yo aprann pitit yo renmen l epi sèvi l. Si w se yon paran, èske w montre w gen rekonesans pou kado espesyal sa a? Byenke Jewova bay zanj yo anpil bèl kapasite, li pa ba yo privilèj pou yo fè pitit. Donk, si w se yon paran, ou bezwen gen rekonesans pou privilèj ou genyen pou w leve pitit ou. Jewova bay paran yo yon gwo responsablite: yo gen pou yo leve pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4; Det. 6:5-7; Sòm 127:3.) Òganizasyon Bondye a gen anpil zouti ki baze sou Bib la, tankou piblikasyon, videyo, mizik ak yon seri atik sou Entènèt ki la pou ede paran yo. Li klè, Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason l lan renmen jèn nou yo anpil (Lik 18:15-17). Lè paran yo konte sou Jewova e yo fè tout sa yo kapab pou yo pran swen pitit yo ki gen anpil valè pou yo, sa fè kè Jewova kontan. Paran ki fè sa bay pitit yo posiblite pou yo vin fè pati fanmi Jewova a pou toutan!

10-11. Ki posiblite Jewova ban nou grasa ranson an?

10 Jewova te bay Pitit li pi renmen an pou n ka vin fè pati fanmi L ankò. Jan nou te wè sa nan  paragraf 4, Adan ak Èv te pèdi plas yo te genyen nan fanmi Jewova a, e yo te lakòz pitit yo pèdi plas yo t ap genyen an tou (Wom. 5:12). Adan ak Èv te chwazi dezobeyi Bondye, se sa k fè yo te merite pou Jewova mete yo deyò nan fanmi l. Men, ki sa k t ap rive pitit yo t ap vin genyen yo? Jewova renmen lèzòm, se sa k fè li te pran dispozisyon pou pitit Adan ak Èv ki obeyisan yo vin fè pati fanmi l. Li te fè sa grasa sakrifis Jezi Kris, sèl Pitit Gason li fè a (Jan 3:16; Wom. 5:19). Grasa sakrifis Jezi a, Bondye adopte 144 000 moun ki fidèl kòm pitit li. — Wom. 8:15-17; Rev. 14:1.

11 Mete sou sa, gen plizyè milyon lòt moun ki fidèl k ap fè volonte Bondye ak tout kè yo. Yo gen espwa pou yo vin fè pati fanmi Bondye a apre dènye eprèv la nan fen Rèy mil an an (Sòm 25:14; Wom. 8:20, 21). Grasa esperans sa a, depi kounye a, yo rele Jewova, Kreyatè yo a, “Papa”. (Mat. 6:9.) Moun k ap resisite yo tou pral gen posiblite aprann sa Jewova vle yo fè. Moun ki chwazi suiv direksyon li bay pral vin fè pati fanmi l tou.

12. Ki kesyon nou pral reponn kounye a?

12 Jan nou wè sa, Jewova deja fè anpil bagay pou l onore lèzòm. Li deja adopte moun li chwazi pou al nan syèl yo antanke pitit li, e li bay moun ki fè pati “gwo foul” la posiblite pou yo vin pitit li nan monn nouvo a (Rev. 7:9). Ki sa nou ka fè depi kounye a pou nou montre Jewova nou vle fè pati fanmi l pou toutan?

MONTRE JEWOVA OU VLE FÈ PATI FANMI L

13. Ki sa nou kapab fè pou n vin fè pati fanmi Bondye a? (Mak 12:30).

13 Sèvi Jewova ak tout kè w pou w montre w renmen l. (Li Mak 12:30.) Pami tout sa Bondye kontan ban nou yo, petèt youn nan kado ki gen plis valè li ban nou se kapasite pou nou adore l. Nou montre Jewova nou renmen l lè nou “obeyi kòmandman l yo”. (1 Jan 5:3.) Youn nan kòmandman Jewova vle nou obeyi, se kòmandman Jezi te bay pou nou fè disip epi batize yo (Mat. 28:19). Li te ban nou lòd tou pou youn renmen lòt (Jan 13:35). Jewova ap pèmèt moun ki obeyi l yo fè pati fanmi l k ap adore l sou tout tè a. — Sòm 15:1, 2.

14. Ki jan nou ka montre nou renmen lòt moun? (Matye 9:36-38; Women 12:10).

14 Montre nou renmen lòt moun. Lanmou se kalite ki pi enpòtan Jewova gen lakay li (1 Jan 4:8). Jewova te montre li renmen nou anvan menm nou konnen l (1 Jan 4:9, 10). Nou imite l lè nou montre nou renmen lòt moun (Efe. 5:1). Youn nan pi bèl fason nou ka montre nou renmen lòt moun se lè nou ede yo aprann konnen Jewova pandan gen tan toujou. (Li Matye 9:36-38.) Lè nou fè sa, nou ba yo posiblite pou yo vin konnen ki sa yo bezwen fè pou yo vin fè pati fanmi Bondye. Apre yon moun fin batize, nou dwe kontinye renmen l epi respekte l (1 Jan 4:20, 21). Ki jan nou ka fè sa? Youn nan bagay nou ka fè se montre nou fè l konfyans. Pa egzanp, si nou pa konprann rezon ki fè l fè yon bagay, nou pap kouri panse se nan move entansyon li fè l. Okontrè, n ap onore frè nou yo lè nou konsidere yo siperyè nou. — Li Women 12:10; Flp. 2:3.

15. Pou ki moun nou dwe montre mizèrikòd ak byenveyans?

15 Montre mizèrikòd ak byenveyans pou tout moun. Si nou vle fè pati fanmi Jewova a pou toutan, nou dwe aplike sa nou aprann nan Pawòl Bondye a nan lavi nou. Pa egzanp, Jezi te montre nou dwe gen mizèrikòd ak byenveyans pou tout moun, menm pou ènmi nou (Lik 6:32-36). Pafwa, nou gendwa twouve l difisil pou n fè sa. Si sa ta rive, nou dwe aprann panse epi aji menm jan ak Jezi. Lè nou fè tout sa nou kapab pou n obeyi Jewova e pou n imite Jezi, nou montre Papa nou ki nan syèl la nou vle fè pati fanmi l pou toutan.

16. Ki jan nou ka pwoteje repitasyon fanmi Jewova a?

16 Pwoteje repitasyon fanmi Jewova a. Nan yon fanmi, sa konn rive yon ti frè suiv egzanp gran frè l. Pa egzanp, si gran frè a aplike prensip ki nan Bib la nan lavi l, l ap yon bon egzanp pou ti frè a. Men, si gran frè a lage kò l nan fè sa k pa bon, ti frè a ka suiv move egzanp li bay. Se menm bagay la pou fanmi Jewova a. Si yon kretyen ki te fidèl vin aposta oubyen li chwazi mennen yon vi ki imoral oswa li lage kò l nan fè magouy, lòt moun ka gen tandans suiv move egzanp li bay. Donk, moun ki aji konsa sal repitasyon fanmi Jewova a k ap adore l (1 Tes. 4:3-8). Nou pa dwe suiv move egzanp e nou pa dwe kite anyen kraze relasyon nou gen ak Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou.

17. Ki sa nou pa dwe met nan tèt nou, e poukisa?

17 Met konfyans nou nan Jewova olye n met konfyans nou nan bagay materyèl. Jewova pwomèt l ap ban nou manje, rad ak kote pou n rete si nou chèche Wayòm li an an premye e si nou aplike prensip li yo ki jis (Sòm 55:22; Mat. 6:33). Lè nou sonje sa, nou pap met nan tèt nou bagay materyèl monn sa a ofri yo ap pwoteje nou e y ap fè nou viv ak kè kontan. Nou konnen sèl fason nou kapab santi nou anpè toutbon se lè nou fè volonte Jewova (Flp. 4:6, 7). Menmsi nou gen mwayen pou n achte anpil bagay, nou dwe reflechi pou n wè si n vrèman gen tan oswa fòs pou n sèvi ak bagay sa yo e pou n pran swen yo. Epitou, èske nou pa t ap vin twò atache ak bagay nou posede yo? Nou dwe sonje Bondye ban nou responsablite nan fanmi l. Sa vle di, nou pa dwe kite anyen fè nou distrè. Se sèten nou pa ta renmen sanble ak jèn gason ki te pèdi okazyon li te jwenn pou l sèvi Jewova ak posiblite pou Jewova adopte l kòm pitit li, paske li te twò atache ak kèk grenn bagay li te posede sou tè a! — Mak 10:17-22.

SA PITIT JEWOVA YO PRAL JWI POU TOUTAN

18. Ki gwo onè ak benediksyon moun ki obeyisan yo pral jwenn pou toutan?

18 Moun ki obeyisan yo pral jwenn pi gwo onè a, anpalan de privilèj pou yo kontinye renmen Jewova e pou yo adore l nètale! Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral kontan pran swen bèl planèt sa a Jewova te kreye yon fason ki pafè pou yo abite. Talè konsa, Wayòm Bondye a pral fè tè a ak tout sa ki sou li vin bèl ankò. Jezi pral rezoud tout pwoblèm Adan ak Èv te lakòz lè yo te deside kite fanmi Bondye a. Jewova pral resisite plizyè milyon moun e l ap ba yo posiblite pou yo viv pou toutan ak yon sante pafè sou tè a k ap vin yon paradi (Lik 23:42, 43). Lè moun ki fè pati fanmi Jewova k ap adore l sou tè a vin pafè, yo chak pral gen “glwa ak onè” David te ekri nan youn nan sòm yo. — Sòm 8:5.

19. Ki sa nou dwe sonje?

19 Si w fè pati “gwo foul moun” nan, ou gen yon bèl esperans. Bondye renmen w, li vle w fè pati fanmi l. Kidonk, fè tout sa w kapab pou w fè kè l kontan. Se pou pwomès Bondye fè yo nan lespri w ak nan kè w chak jou. Montre w gen rekonesans pou privilèj ou genyen pou w adore Papa nou ki nan syèl la nou renmen anpil, epi bay esperans ou genyen pou w louwe l pou toutan an anpil valè!

KANTIK 107 Modèl lanmou Bondye bay la

^ § 5 Pou yon fanmi mache byen, chak moun nan fanmi an dwe konnen sa l dwe fè, e li dwe kolabore ak lòt moun nan fanmi an. Papa a pran latèt avèk lanmou, manman an ede l, e timoun yo obeyi paran yo. Se menm bagay la tou nan fanmi Jewova a. Bondye nou an gen yon objektif pou nou, e si nou viv ann amoni ak objektif sa a n ap vin fè pati fanmi Jewova a k ap adore l e n ap ret nan fanmi sa a pou toutan.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Piske lèzòm fèt pòtre Bondye, sa fè yon mari ak madanm demontre lanmou ak konpasyon youn pou lòt ak pou pitit gason yo. Mari ak madanm nan renmen Jewova. Yo montre yo bay posiblite yo genyen pou yo fè pitit la anpil valè lè yo leve pitit gason yo yon fason pou yo renmen Jewova e pou yo sèvi l. Paran yo sèvi ak videyo pou esplike pitit yo poukisa Jewova te bay Jezi kòm ranson. Yo montre yo tou nan Paradi ki pral genyen an nou pral pran swen tè a ak bèt yo pou toutan.