Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 35

Ann “kontinye fòtifye” youn lòt

Ann “kontinye fòtifye” youn lòt

“Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt.” — 1 TES. 5:11.

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

SA NOU PRAL WÈ *

1. Selon 1 Tesalonisyen 5:11, nan ki travay nou tout ap patisipe?

 ÈSKE kongregasyon w lan te janm konstwi oswa repare yon Sal Wayòm? Si n te fè sa, se sèten ou sonje premye reyinyon ou te asiste nan nouvo lokal la. Ou te gen Jewova anpil rekonesans. Petèt ou te tèlman kontan, ou te prèske kriye lè w t ap chante premye kantik la. Sal Wayòm nou yo ki byen konstwi fè Jewova jwenn louwanj. Men, nou fè Jewova jwenn plis louwanj toujou lè n patisipe nan yon lòt kalite konstriksyon. Travay sa a gen plis valè pase yon konstriksyon. Sa mande pou n ankouraje moun ki vin nan lokal sa yo kote n ap adore Jewova. Se sa apot Pòl te gen nan lespri l lè l te ekri pawòl nou jwenn nan 1 Tesalonisyen 5:11 lan, vèsè atik la baze sou li a. — Li vèsè a.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Apot Pòl bay bonjan egzanp antanke moun ki te konn ki jan pou l ankouraje kwayan parèy li. Li te konn mete l nan plas yo. Nan atik sa a, nou pral wè fason li te ede frè l ak sè l yo 1) pou yo te andire eprèv, 2) pou yo te viv anpè youn ak lòt, e 3) pou yo te fè lafwa yo gen nan Jewova a vin pi solid. Ann wè ki jan nou kapab suiv egzanp li, e konsa n ap ka ankouraje frè n ak sè n yo jodi a. — 1 Kor. 11:1.

PÒL TE EDE FRÈ L AK SÈ L YO POU YO ANDIRE EPRÈV YO TE JWENN

3. Ki jan Pòl te montre l gen ekilib?

3 Pòl te renmen frè l ak sè l yo anpil. Li te konn jwenn difikilte tou. Se sa k fè li te ka demontre konpasyon pou kwayan parèy li lè yo t ap andire eprèv e li te kapab mete l nan plas yo. Yon lè, Pòl pa t gen senkòb e l te oblije chèche travay pou l pran swen tèt li ak moun ki te ansanm avè l yo (Tra. 20:34). Travay li se te fè tant. Lè l te rive Korent, okòmansman, li te konn fè tant ansanm ak Akila ak Prisil. Men, “chak saba” li te konn preche Juif yo ak Grèk yo. Apre sa, lè Silas ak Timote te vini, “Pòl [te] kòmanse vin okipe anpil nan preche pawòl la”. (Tra. 18:2-5.) Pòl pa t janm bliye sa k te pi enpòtan nan lavi l se te sèvi Jewova. Piske Pòl te konn travay di, li te kapab ankouraje frè l ak sè l yo. Li te fè yo sonje pou yo pa kite presyon lavi a ak obligasyon yo genyen pou yo pran swen fanmi yo fè yo neglije “bagay ki pi enpòtan yo”, sa vle di, tout sa ki gen rapò ak adorasyon yo t ap bay Jewova a. — Flp. 1:10.

4. Ki jan Pòl ak Timote te ede kwayan parèy yo fè fas ak pèsekisyon?

4 Yon ti tan apre kongregasyon Tesalonik la te vin fòme, moun ki te fèk vin kretyen yo te jwenn gwo opozisyon. Lè yon foul opozan ki te fache anpil pa t ka jwenn Pòl ak Silas, yo te “trennen […] kèk frè al devan chèf yo nan vil la”, yo t ap di byen fò: “Mesye sa yo ap aji kont dekrè Seza yo.” ​(Tra. 17:6, 7). Èske w ka imajine jan moun sa yo ki te fèk vin kretyen dwe te pè lè mesye yo nan vil la te leve kanpe kont yo? Yo te ka ralanti nan sèvis y ap bay Jewova a, men, Pòl pa t vle sa rive. Menm lè li menm ak Silas te oblije kite vil la, yo te veye pou nouvo kongregasyon an jwenn bonjan èd. Men sa Pòl te fè kretyen Tesalonik yo sonje: “Nou te voye Timote, frè nou an, […] pou l ka fè nou vin djanm e pou l ka konsole nou pou lafwa nou vin pi anfòm, dekwa pou tribilasyon sa yo pa brannen pèsonn.” ​(1 Tes. 3:2, 3). Sanble Timote te konn jwenn pèsekisyon nan vil Lis, kote l te fèt la. Li te wè ki jan Pòl te ankouraje frè yo nan zòn nan. Piske Timote te wè jan Jewova te ede yo, li te kapab bay nouvo frè ak sè sa yo asirans tout bagay t ap anfòm pou yo tou. — Tra. 14:8, 19-22; Ebre 12:2.

5. Ki jan yon ansyen te ede yon frè ki rele Bryant?

5 Ki fason ankò Pòl te bay kwayan parèy li yo fòs? Lè Pòl ak Banabas t ap retounen Lis, Ikónyòm ak Antyòch, “yo te nome ansyen nan chak kongregasyon”. (Tra. 14:21-23.) Pa gen dout, frè yo te nome yo te ankouraje kongregasyon yo, menm jan ansyen yo fè sa jodi a. Men sa yon frè ki rele Bryant fè konnen: “Lè m te gen 15 an, papa m te kite kay la e manman m te eskominye. Mwen te santi yo abandone m e m te dekouraje.” Ki sa k te ede Bryant andire sitiyasyon difisil sa a? Men sa l di: “Yon ansyen ki rele Tony, te konn pale avè m lè m al nan reyinyon ak nan lòt moman ankò. Li te pale avè m konsènan kèk moun ki te fè fas ak eprèv, epoutan, ki te gen kè kontan. Li te li Sòm 27:10 avè m, e l te konn pale souvan konsènan wa Ezekyas ki te ret fidèl, menm lè papa l pa t bay bon egzanp.” Ki efè sa te gen sou Bryant? Men sa Bryant di: “Grasa ankourajman Tony te ban m, mwen te vin antre nan sèvis aplentan e m te jwenn anpil kè kontan nan sèvis la.” Nou menm ansyen, gade pou n wè ki moun ki ka bezwen nou di yo “bèl ti pawòl” pou ankouraje yo menm jan ak Bryant. — Pwo. 12:25.

6. Ki jan Pòl te sèvi ak istwa lavi lòt moun pou l ankouraje frè l ak sè l yo?

6 Pòl te fè kwayan parèy li yo sonje gen “yon gwo nyaj temwen” ki te andire difikilte grasa fòs Jewova te ba yo (Ebre 12:1). Pòl te konprann jan istwa lavi moun sa yo ki te rive andire tout kalite difikilte te kapab ankouraje frè l ak sè l yo epi ede yo ret konsantre sou “vil ki pou Bondye vivan an”. (Ebre 12:22.) Se menm bagay la tou jodi a. Kiyès ki pa jwenn fòs lè y ap li istwa kote Jewova te ede Jedeyon, Barak, David, Samyèl ak anpil lòt moun ankò (Ebre 11:32-35)? E ki sa nou ka di konsènan frè ak sè ki gen anpil lafwa nan epòk nou an? Nan syèj mondyal la, souvan nou resevwa lèt frè ak sè ki fè konnen lafwa yo te vin pi djanm apre yo te fin li istwa lavi youn nan sèvitè fidèl Jewova nan epòk nou an.

PÒL TE MONTRE FRÈ L AK SÈ L YO FASON POU YO FÈ LAPÈ YOUN AK LÒT

7. Ki sa nou aprann nan konsèy Pòl te bay nou jwenn nan Women 14:19-21 an?

7 Nou bay frè n ak sè n yo fòs lè n fè efò pou gen lapè nan kongregasyon an. Menm lè nou pa toujou wè bagay yo menm jan, nou pa kite sa met divizyon nan mitan nou. Epitou, nou montre nou rezonab lè pa gen yon prensip biblik ki montre aklè fason yon bagay dwe fèt. Ann pran yon egzanp. Nan kongregasyon ki te nan vil Wòm nan te gen Juif ak moun lòt nasyon ki te vin kretyen. Lè Lwa Moyiz la pa t la ankò, yo pa t gen pou yo suiv yon seri lwa sou kesyon manje ankò (Mak 7:19). Depi lè sa a, gen yon seri Juif ki te vin kretyen ki te santi yo lib pou yo manje tout kalite manje. Men, gen lòt Juif ki te vin kretyen ki pa t wè l nòmal pou yo fè sa. Te vin gen divizyon nan kongregasyon an sou kesyon sa a. Pòl te montre jan sa enpòtan pou yo kontinye viv anpè. Men sa l te di: “Li pi bon pou w pa manje vyann oswa pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite.” ​(Li Women 14:19-21.) Konsa, Pòl te ede kwayan parèy li yo wè jan diskisyon sa yo te kapab met divizyon nan mitan frè ak sè yo e menm nan mitan kongregasyon an. Epitou, li te menm dispoze chanje fason l te konn aji pou l pa fè lòt moun bite (1 Kor. 9:19-22). Menm jan an tou, nou kapab ankouraje lòt moun e nou kapab fè efò pou kontinye gen lapè si nou evite fè diskisyon sou yon seri bagay kote se chak moun ki pou deside poukont yo.

8. Ki sa Pòl te fè lè te vin gen yon gwo pwoblèm ki te ka fè pa gen lapè nan kongregasyon an?

8 Pòl bay yon bèl egzanp nan fason pou n kontinye viv anpè ak moun ki pa dakò ak nou sou yon seri kesyon enpòtan. Pa egzanp, gen kèk moun nan kongregasyon premye syèk la ki t ap ensiste pou moun lòt nasyon ki vin kretyen yo sikonsi, petèt pou Juif yo pa t kritike yo (Gal. 6:12). Pòl pa t dakò menm ak ide sa a, men, olye l te ensiste pou se sa l di ki fèt, avèk imilite, li t al kot apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm pou yo te ka konn sa pou yo fè (Tra. 15:1, 2). Fason Pòl te aji a te ede kretyen sa yo pou yo kontinye gen kè kontan ak lapè nan kongregasyon an. — Tra. 15:30, 31.

9. Ki jan nou ka suiv egzanp Pòl?

9 Si ta vin gen yon gwo mezantant, n ap fè efò pou gen lapè lè n chèche konsèy nan men moun Jewova mete pou pran swen kongregasyon an. Souvan, nou kapab jwenn konsèy ki baze sou Bib la nan piblikasyon nou yo oswa nan enstriksyon òganizasyon an bay. Si n suiv enstriksyon sa yo olye n vle se sa nou di ki fèt, n ap travay pou gen lapè nan kongregasyon an.

10. Ki sa Pòl te fè ankò pou te ka gen lapè nan kongregasyon an?

10 Pòl te fè efò pou gen lapè lefètke l pa t konsantre sou defo frè l ak sè l yo, okontrè, li te pale konsènan bèl kalite yo genyen. Pa egzanp, nan fen lèt li te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te site non anpil moun e nan pifò ka li te di yon ti pawòl ki pozitif sou moun nan oswa li te bay yon ti enfòmasyon sou li. Nou kapab imite Pòl lè n pale konsènan bèl kalite frè n ak sè n yo genyen. Lè n fè sa, nou ede frè n ak sè n yo pou yo vin pi pwòch youn ak lòt, e sa fè vin gen plis lanmou nan kongregasyon an.

11. Lè gen mezantant, ki sa n ka fè pou vin gen lapè ankò?

11 Pafwa, menm kretyen ki gen matirite ka pa antann yo oswa yo ka fè kont youn ak lòt. Sa te rive Pòl ak bon zanmi l Banabas. Pòl pa t dakò ditou ak Banabas ki te vle mennen Mak ansanm avèk yo nan vwayaj misyonè yo t apral fè a. Lè sa a, yo te “pete yon sèl lobo” e yo chak te fè wout pa yo (Tra. 15:37-39). Men, Pòl ansanm ak Banabas ak Mak te rezoud pwoblèm yo te genyen an, sa ki montre lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an te gen anpil enpòtans pou yo. Annapre, Pòl te di bon bagay sou Banabas ak Mak (1 Kor. 9:6; Kol. 4:10). Nou menm tou, nou bezwen rezoud kèlkeswa pwoblèm nou ta ka genyen ak lòt moun nan kongregasyon an epi konsantre sou bèl kalite yo genyen. Konsa, n ap fè efò pou gen lapè ak tèt ansanm. — Efe. 4:3.

PÒL TE EDE FRÈ L AK SÈ L YO GEN YON LAFWA SOLID

12. Ki difikilte konsa frè n ak sè n yo jwenn?

12 Nou ankouraje frè n ak sè n yo lè n ede yo gen yon lafwa solid nan Jewova. Gen nan yo, moun nan fanmi yo ki pa kwayan, oubyen tou, kòlèg travay yo oswa kamarad lekòl yo ap pase nan rizib. Gen lòt ankò ki gen gwo pwoblèm sante oswa ki santi yo dekouraje akoz yon bagay yo te fè yo. Gen lòt menm ki gen plizyè ane depi yo batize, e yo gen lontan depi y ap tann lafen an vini. Sitiyasyon sa yo kapab pase lafwa kretyen yo anba eprèv jodi a. Frè ak sè nan kongregasyon premye syèk la te viv yon seri sitiyasyon menm jan an. Ki sa Pòl te fè pou l te ka ankouraje yo?

Menm jan ak apot Pòl, ki jan w ka ankouraje lòt moun? (Gade paragraf 13.) *

13. Ki jan Pòl te ede kretyen yo t ap pase nan rizib pou kwayans yo?

13 Pòl te sèvi ak Ekriti yo pou l te fòtifye lafwa frè l ak sè l yo. Pa egzanp, kretyen juif yo te ka pa konn sa pou yo di moun nan fanmi yo ki pa kwayan ki te konn fè konnen relijyon juif la pa kanmarad relijyon kretyen an. Pa gen dout, lèt Pòl te ekri kretyen ebre yo te vrèman ankouraje yo (Ebre 1:5, 6; 2:2, 3; 9:24, 25). Yo te kapab sèvi ak bonjan rezònman Pòl te fè yo pou yo te ka konn sa pou yo di moun ki te opoze ak yo. Jodi a, nou kapab ede frè n ak sè n y ap pase nan rizib yo konn ki jan pou yo sèvi ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la pou yo esplike rezon ki fè yo gen konviksyon yo genyen an. E si y ap pase jèn nou yo nan rizib poutèt yo kwè nan kreyasyon an, nou kapab ede yo jwenn enfòmasyon nan bwochi La vie a-t-elle été créée? Ak nan bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie pou yo montre poukisa yo kwè se kreye yo te kreye lavi.

Menm jan ak apot Pòl, ki jan w ka ankouraje lòt moun? (Gade paragraf 14.) *

14. Aktout Pòl te okipe nan travay preche ak anseye a, ki sa l te fè?

14 Pòl te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo demontre lanmou nan “bèl aksyon” y ap fè (Ebre 10:24). Li te ede frè l ak sè l yo nonsèlman nan pawòl li, men tou, nan aksyon l. Pa egzanp, lè kwayan parèy li yo t ap fè fas ak yon gwo grangou nan Jide, li te ede yo jwenn sa yo te bezwen (Tra. 11:27-30). Anfèt, menm lè Pòl te okipe nan travay preche ak anseye a, li te toujou chèche fason pou l ede moun ki nan bezwen (Gal. 2:10). Lè l te fè sa, li te ede kwayan parèy li yo gen plis konfyans Jewova t ap pran swen yo. Jodi a, lè nou dispoze bay tan nou, fòs nou ak kapasite nou genyen pou nou ede nan travay pote sekou lè gen katastwòf, nou menm tou, nou fòtifye lafwa frè n ak sè n yo. Se menm bagay la tou, lè nou fè ofrann regilyèman pou travay mondyal la. Lè n aji fason sa a ak lòt fason ankò, nou ede frè n ak sè n yo gen konfyans Jewova pap janm abandone yo.

Menm jan ak apot Pòl, ki jan w ka ankouraje lòt moun? (Gade paragraf 15-16.) *

15-16. Ki jan nou ta dwe aji ak moun lafwa yo febli?

15 Pòl te kontinye ede frè ak sè lafwa yo te vin febli. Li te gen konpasyon pou yo e l te konn pale avèk yo yon fason ki ankourajan e ki pozitif (Ebre 6:9; 10:39). Pa egzanp, nan lèt li te ekri kretyen ebre yo, li te itilize mo “nou” an souvan, konsa, li te montre li menm tou li te bezwen aplike konsèy li te bay yo (Ebre 2:1, 3). Menm jan ak Pòl, nou pa sispann ede moun lafwa yo vin febli. Okontrè, nou ankouraje yo lè n montre nou gen bonjan sousi pou yo. Konsa, nou montre nou renmen yo toutbon. Fason nou pale ak yo, epitou ton vwa nou kapab fè sa n ap di a ankouraje yo.

16 Pòl te bay frè ak sè yo asirans Jewova konnen bèl aksyon yo fè (Ebre 10:32-34). Nou kapab suiv egzanp Pòl lè n ede yon kwayan parèy nou lafwa l febli. Nou ka mande l rakonte n ki jan l te vin nan laverite, oswa n ka ankouraje l reflechi sou sitiyasyon kote l te santi Jewova te ede l. Nou ka pwofite okazyon sa a pou n ba l asirans Jewova pa bliye sa l te fè ak lanmou li te demontre pou Li, e Jewova pap janm abandone l (Ebre 6:10; 13:5, 6). Konvèsasyon konsa ka ankouraje frè n ak sè n sa yo nou renmen anpil pou yo kontinye sèvi Jewova.

“SE POU YOUN KONTINYE ANKOURAJE LOT”

17. Ki sa nou ka kontinye aprann fè?

17 Menm jan yon moun k ap travay nan konstriksyon vin pi abil tank tan ap pase, nou menm tou, nou kapab vin pi abil nan fason n ap ankouraje youn lòt. Nou kapab ede lòt moun vin gen fòs pou yo andire eprèv lè nou rakonte yo istwa lòt moun ki te andire eprèv tou. Nou kapab fè efò pou gen lapè lè n pale konsènan bon bagay nou wè lakay lòt moun, lè n pa kite anyen anpeche n viv anpè ak lòt moun e lè n chèche fè lapè lè gen mezantant. Epitou, nou kapab kontinye fòtifye lafwa frè n ak sè n yo lè n pale sou yon seri verite enpòtan ki nan Bib la ak yo, lè n ba yo èd yo bezwen e lè n ankouraje moun lafwa yo febli.

18. Ki detèminasyon w pran?

18 Frè ak sè k ap travay nan pwojè konstriksyon òganizasyon an genyen yo santi yo kontan e yo satisfè. Nou kapab gen kè kontan ak satisfaksyon lè n ede frè n ak sè n yo nan kongregasyon an pou yo vin gen yon lafwa ki solid. Kontrèman ak yon konstriksyon ki gen pou depafini yon lè, lè n ankouraje frè n ak sè n yo, rezilta sa bay kapab la pou toutan! Ann pran detèminasyon “pou youn kontinye ankouraje lòt e […] pou youn kontinye fòtifye lòt”. — 1 Tes. 5:11.

KANTIK 100 Akeyi yo byen

^ Lavi nan sistèm sa a pa fasil. Frè n ak sè n yo anba anpil presyon. Nou kapab ede yo si n chèche fason pou n ankouraje yo. Pou n ka fè sa, ann egzamine egzanp apot Pòl.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon papa k ap montre pitit fi l fason li kapab sèvi ak konsèy li jwenn nan piblikasyon nou yo pou l reziste anba presyon y ap fè sou li pou l fete Nwèl.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm k al nan yon lòt peyi pou patisipe nan travay pote sekou apre yon katastwòf.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen ki vin vizite yon frè lafwa l febli. Li montre frè a kèk foto yo te fè ansanm nan Lekòl pyonye yo te asiste sa gen kèk ane. Lè frè a wè foto yo, li sonje bèl moman yo te konn pase ansanm. Frè a kòmanse anvi gen menm kè kontan li te genyen lè l t ap sèvi Jewova a. Rive yon lè, li retounen nan kongregasyon an.