Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 33

Jewova ap voye je sou pèp li a

Jewova ap voye je sou pèp li a

“Je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li.” — SÒM 33:18.

KANTIK 4 “Jewova se Bèje mwen”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa Jezi te mande Jewova voye je sou disip li yo?

 NAN nuit anvan Jezi te mouri a, li te mande Papa l ki nan syèl la yon bagay espesyal. Li te mande Jewova voye je sou disip li yo (Jan 17:15, 20). Nòmalman, Jewova te toujou voye je sou pèp li a, sa vle di, li te toujou pran swen yo e l te toujou pwoteje yo. Men, Jezi te konnen Satan t apral fè disip li yo jwenn gwo opozisyon. Jezi te konnen tou yo t ap bezwen Jewova ede yo pou yo reziste kont atak Dyab la t apral fè sou yo avèk raj.

2. Selon Sòm 33:18-20, poukisa nou pa bezwen pè lè n jwenn pwoblèm?

2 Monn Satan an met gwo presyon sou vrè kretyen yo jodi a. Nou jwenn yon seri pwoblèm ki ka fè n dekouraje e ki ka menm fè l difisil pou n ret fidèl ak Jewova. Men, jan nou pral wè nan atik sa a, nou pa bezwen pè anyen. Jewova ap voye je sou nou, li wè pwoblèm nou yo e li vle ede nou fè fas ak yo. Ann egzamine de egzanp nan Bib la ki montre jan Jewova “ap gade moun ki gen lakrentif pou li”. — Li Sòm 33:18-20.

LÈ NOU SANTI NOU POUKÒ N

3. Ki lè nou ka santi n poukò n?

3 Byenke nou fè pati yon gwo fanmi frè ak sè k ap sèvi Jewova, pafwa nou ka santi n poukò n. Pa egzanp, jèn yo ka santi yo lage poukont yo lè y ap esplike kwayans yo devan kamarad lekòl yo oswa lè yo chanje kongregasyon. Gen nan nou ki ka santi nou tris oswa ki ka ap goumen ak dekourajman, e nou ka panse nou oblije fè fas ak santiman sa yo poukont nou. Nou ka renka pou n pale sou sa ak lòt moun paske nou ka pè pou yo pa konprann nou. E pafwa, nou ka menm ap mande tèt nou si gen moun ki gen sousi pou nou toutbon. Kèlkeswa rezon ki ta ka fè n santi n poukò n, nou ka santi pa gen pèsonn pou ede n e sa ka fè n gen enkyetid. Jewova pa t ap janm renmen nou santi n konsa. Sa k fè n di sa?

4. Poukisa pwofèt Eli te di: “Se mwen menm sèl ki rete”?

4 Ann pran egzanp Eli, yon moun ki te fidèl. Jezabèl te fè sèman l ap touye l, se sa k fè li te fè plis pase 40 jou nan mawon pou l te ka sove lavi l (1 Wa 19:1-9). Finalman, pandan l te poukont li nan yon gwòt, li te priye Jewova, li te di l: “Se mwen menm sèl ki rete [kòm pwofèt].” ​(1 Wa 19:10). Te gen lòt pwofèt nan peyi a. Obadya te kache 100 pwofèt pou Jezabèl pa t touye yo (1 Wa 18:7, 13). Poukisa Eli te santi l poukò l? Èske l te panse tout pwofèt Obadya te kache yo te gentan mouri? Èske petèt li te santi l poukò l paske pa t gen moun ki te vin sèvi Jewova ansanm avè l apre Jewova te fin montre se li ki vrè Dye a nan mòn Kamèl? Èske petèt li te santi pa gen moun ki konn jan lavi l te an danje, oubyen èske l te ka ap mande tèt li si gen moun ki gen sousi pou li? Istwa a pa bay tout detay sou fason Eli te santi l. Men, yon bagay ki sèten, nou konnen Jewova te konprann poukisa Eli te santi l poukò l e L te konn egzakteman ki jan pou L ede l.

Ki leson nou ka aprann nan fason Jewova te ede Eli ki kapab konsole n lè n santi n poukò n? (Gade paragraf 5-6.)

5. Ki jan Jewova te bay Eli asirans li pa t poukò l?

5 Jewova te ede Eli plizyè fason. Li te ankouraje Eli di sa k nan kè l. Pandan de fwa li te mande Eli: “Ki sa w ap fè la a?” ​(1 Wa 19:9, 13). Chak fwa Eli t ap di sa k nan kè l, Jewova te koute l. Jewova te reponn Eli lè L te montre l Li la avè l ak jan L gen anpil pisans. Li te bay Eli asirans tou gen anpil lòt Izrayelit ki te kontinye adore L (1 Wa 19:11, 12, 18). Pa gen dout, Eli te santi l soulaje apre l te fin di Jewova tout sa k nan kè l e apre l te fin tande fason Jewova te reponn li. Jewova te bay Eli plizyè travay enpòtan pou l fè. Li te mande l pou l met Azayèl wa nan peyi Siri, pou l met Jeyi wa nan peyi Izrayèl, e pou l chwazi Elize kòm pwofèt (1 Wa 19:15, 16). Lefètke Jewova te bay Eli responsablite sa yo, sa te ede Eli ret konsantre sou bagay ki pozitif. Bondye te bay Eli yon bon zanmi tou, anpalan de Elize. Ki jan Jewova kapab ede w lè w santi w poukò w?

6. Ki sa w ka mande nan priyè w lè w santi w poukò w? (Sòm 62:8).

6 Jewova vle w priye l. Li wè tout sa k ap trakase w e li ba w asirans l ap koute w kèlkeswa lè w priye l (1 Tes. 5:17). Li kontan koute sèvitè l yo (Pwo. 15:8). Pou ki bagay konsa ou ka priye lè w santi w poukò w? Di Jewova tout sa k nan kè w, menm jan Eli te fè sa. (Li Sòm 62:8.) Fè l konnen sa k ap trakase w e di l ki jan sa fè w santi w. Mande Jewova pou l ede w konn sa pou w fè lè w santi w poukò w oswa lè w santi w tris. Pa egzanp, si w santi w poukò w e w santi w pè lè w ap preche kamarad lekòl ou, mande Jewova pou l ba w kouraj pou w pale. Ou ka menm mande l sajès pou w konn sa pou w di lè w ap esplike kwayans ou (Lik 21:14, 15). Si w ap goumen ak dekourajman, mande Jewova ede w pou w pale sou sa ak yon kretyen ki gen eksperyans. Ou ka mande Jewova pou l ede moun ou pral pale avè l la konprann jan w santi w. Vide kè w bay Jewova e gade kòman l ap reponn priyè w yo, epi aksepte lòt moun ede w. W ap santi w pi byen.

Èske w chèche fè plis nan travay fè disip la, e èske w fè sa ansanm ak lòt moun? (Gade paragraf 7.)

7. Ki sa n aprann nan egzanp Mauricio?

7 Jewova bay nou tout fè travay ki ban nou satisfaksyon. Ou kapab gen asirans Jewova wè tout sa w fè nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an, e l bay sa anpil valè (Sòm 110:3). Lè w okipe nan travay predikasyon an, ki jan sa kapab ede w lè w santi w poukò w? Ann pran egzanp yon jèn frè ki rele Mauricio *. Yon ti tan apre Mauricio te fin batize, youn nan pi bon zanmi l yo te kòmanse kite laverite tikras pa tikras. Men sa Mauricio di: “Lè m te wè l kite Jewova, sa te aji sou mwen. Mwen t ap mande tèt mwen si m t ap kapab kenbe ve m te fè a e si m t ap kapab kontinye ret nan fanmi Jewova a. Mwen te santi m poukò m e m te panse pèsonn pa t ap ka konprann mwen.” Ki sa k te ede Mauricio? Men sa l di: “Mwen te preche plis. Sa te ede m pou m pa t ret konsantre sou tèt mwen e pou m pa t ret ap panse ak bagay ki negatif. Mwen te santi m kontan e m te santi m byen lè m t ap preche ak frè ak sè yo.” Vrèmanvre, menm lè nou pa ka preche kay an kay ak frè n ak sè n yo, nou jwenn ankourajman lè n ekri lèt oswa lè n sèvi ak telefòn pou n patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak yo. Ki bagay ankò ki te ede Mauricio? Men sa l di apre sa: “Mwen te kontinye patisipe nan aktivite kongregasyon an tou. Mwen te pran san m pou m byen prepare patisipasyon m genyen nan reyinyon yo e pou m fè yo. Patisipasyon sa yo te fè m santi Jewova ban m anpil valè e frè m ak sè m yo ban m anpil valè tou.”

LÈ GWO EPRÈV YO FÈ N SANTI N ABOUT

8. Ki efè gwo eprèv kapab gen sou nou?

8 Nou atann n ap jwenn eprèv nan dènye jou sa yo (2 Tim. 3:1). Sepandan, yo ka parèt nan moman nou pa t atann e yon fason nou pa t ap atann. Bridsoukou, nou ka vin gen gwo pwoblèm kòb, oswa doktè ka dekouvri nou fè yon maladi grav, oubyen nou ka gen yon moun pa nou ki mouri. Lè konsa, nou ka santi n dekouraje e n pa konn sa pou n fè, sitou si eprèv yo ta sanble vin youn apre lòt oswa menm plizyè eprèv ta vin ansanm yon sèl kou. Men, nou bezwen sonje Jewova ap voye je sou nou, e nou kapab gen konfyans l ap ede n andire kèlkeswa eprèv la.

9. Fè yon ti pale konsènan kèk nan eprèv Jòb te jwenn yo.

9 Reflechi sou fason Jewova te ede Jòb, yon moun ki te fidèl. Nan yon ti tan tou kout, li te jwenn plizyè gwo eprèv. Nan yon sèl jou, Jòb te aprann gen yon gwo malè ki te rive ki te lakòz tout bèt li yo mouri, sèvitè l yo mouri, e sa k pi rèd la, tout pitit li yo li te renmen anpil mouri (Jòb 1:13-19). Yon ti tan apre sa, pandan Jòb te toujou nan gwo lapenn, li te vin gen yon maladi ki te fè l soufri anpil e ki te defigire l (Jòb 2:7). Bagay yo te vin tèlman rèd pou Jòb, li te di: “Mwen rayi lavi m, mwen pa vle kontinye viv.” — Jòb 7:16.

Pou Jòb te ka gen asirans Jewova renmen l e Li gen sousi pou li, Jewova te fè l konnen jan L pran swen tout sa L kreye. (Gade paragraf 10.)

10. Ki jan Jewova te bay Jòb sa l te bezwen pou l andire eprèv li te jwenn yo? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

10 Je Jewova te sou Jòb. Piske Jewova te renmen Jòb, li te ba l sa l te bezwen pou l andire eprèv li te jwenn yo e pou l ret fidèl. Jewova te pale ak Jòb, li te fè l sonje Li gen yon sajès ki san limit e Li gen bonjan sousi pou kreyati L yo. Li te pale konsènan yon pakèt bèt estrawòdinè (Jòb 38:1, 2; 39:9, 13, 19, 27; 40:15; 41:1, 2). Epitou, Jewova te itilize yon jèn gason fidèl ki te rele Eliyou, pou bay Jòb fòs e pou konsole l. Eliyou te bay Jòb asirans Jewova toujou rekonpanse sèvitè l yo pou andirans yo. Men tou, Jewova te fè Eliyou bay Jòb kèk bon konsèy. Eliyou te ede Jòb sonje nou piti anpil devan Jewova, Kreyatè linivè a, e l te ede l konprann li bezwen sispann panse twòp ak tèt li (Jòb 37:14). Epitou, Jewova te mande Jòb fè yon bagay, li te mande l pou l priye pou twa zanmi l yo ki te peche (Jòb 42:8-10). Ki jan Jewova ede nou jodi a lè n ap fè fas ak gwo eprèv?

11. Ki jan Bib la konsole n lè n nan eprèv?

11 Jewova pa pale avè n dirèkteman, jan li te fè sa pou Jòb, men li pale avè n pa mwayen Labib, Pawòl li a (Wom. 15:4). Li ban nou yon espwa pou lavni e sa konsole nou. Fè yon ti reflechi sou kèk pawòl nou jwenn nan Bib la ki kapab konsole n lè n jwenn eprèv. Nan Bib la, Jewova ban nou asirans pa gen anyen, pa menm gwo eprèv, k ap “kapab separe nou ak lanmou” li (Wom. 8:38, 39). Li ban nou asirans tou, li “toupre tout moun ki rele l” lè y ap priye (Sòm 145:18). Jewova fè nou konnen si n konte sou li n ap kapab andire kèlkeswa eprèv la, e n ap ka menm gen kè kontan menm lè n ap soufri (1 Kor. 10:13; Jak 1:2, 12). Pawòl Bondye a fè n sonje tou eprèv nou yo la pou yon ti tan tou kout lè n konpare yo ak rekonpans Bondye pral ban nou k ap la pou toutan (2 Kor. 4:16-18). Jewova ban nou bonjan asirans li pral elimine rasin tout eprèv nou yo, anpalan de Satan Ledyab ak tout mechan k ap aji menm jan avè l yo (Sòm 37:10). Èske w konn kèk vèsè nan Bib la pakè ki kapab ankouraje w e ki kapab ede w andire eprèv ou pral jwenn pi devan yo?

12. Ki sa Jewova vle n fè pou n ka byen pwofite sa ki nan Pawòl li a?

12 Jewova vle nou chèche tan pou nou etidye Labib regilyèman e pou n byen reflechi sou sa nou li yo. Lè n aplike sa n aprann yo, lafwa n vin pi solid e nou vin pi pwòch ak Papa nou ki nan syèl la. Konsa, nou vin gen plis fòs pou n andire eprèv nou jwenn yo. Jewova bay moun ki met konfyans yo nan Pawòl li a lespri sen tou. E lespri sen kapab ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou n ka andire nenpòt eprèv. — 2 Kor. 4:7-10.

13. Ki jan enfòmasyon ki baze sou Bib la “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou ede n andire eprèv?

13 Grasa èd Jewova, “esklav fidèl ki prevwayan an” fè yon pakèt atik, videyo ak mizik ki kapab ede n vin gen yon lafwa ki solid e k ap ede n ret pwòch ak Jewova (Mat. 24:45). Nou bezwen byen pwofite tout bagay sa yo Jewova ban nou nan bon moman. Sa pa gen lontan, gen yon sè k ap viv nan peyi Etazini ki te fè konnen jan l gen rekonesans pou tout bagay sa yo. Men sa l di: “Mwen gen 40 an depi m ap sèvi Jewova, e fidelite m pase anba eprèv plizyè fwa.” Sè a te jwenn gwo eprèv, yon chofè ki te sou te touye granpè l nan yon aksidan machin. Paran l yo te fè yon maladi ki pa gen tretman, e yo te mouri, e li te gen kansè de fwa. Ki sa k te ede l andire? Men sa l di: “Jewova toujou pran swen m. Tout sa Jewova ban nou pa mwayen esklav fidèl ki prevwayan an ede m andire. Grasa tout bagay sa yo, m kapab di menm jan ak Jòb: ‘Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!’” — Jòb 27:5.

Ki jan nou kapab ede lòt moun nan kongregasyon an? (Gade paragraf 14.)

14. Ki jan Jewova sèvi ak frè n ak sè n yo pou ede n lè n jwenn eprèv? (1 Tesalonisyen 4:9).

14 Jewova aprann sèvitè l yo pou yo renmen youn lòt e pou yo konsole youn lòt nan moman difisil. (2 Kor. 1:3, 4; li 1 Tesalonisyen 4:9.) Menm jan ak Eliyou, frè n ak sè n yo toujou pare pou ede n ret fidèl lè n jwenn difikilte (Tra. 14:22). Pa egzanp, ann wè ki jan frè ak sè nan kongregasyon yon sè ki rele Diane te ankouraje l e yo te ede l rete pwòch ak Jewova lè mari l te gen gwo pwoblèm sante. Men sa Diane di: “Sa pa t fasil ditou. Men, nou te santi jan Jewova soutni nou ak jan l renmen nou pandan mwa sa yo ki te difisil. Kongregasyon nou an te ede n anpil. Frè ak sè yo te vin vizite nou, yo te rele n nan telefòn, yo te ban nou akolad, e tout sa te ede n andire. Piske mwen pa kondui, frè ak sè yo te fè yon jan pou m te ka al nan reyinyon e pou m te ka al preche lè m te kapab.” Se yon gwo benediksyon dèske nou gen frè ak sè sa yo ki gen lanmou!

NOU GEN REKONESANS POU FASON JEWOVA BYEN PRAN SWEN NOU

15. Poukisa nou gen konviksyon nou kapab andire eprèv nou jwenn yo?

15 Nou tout ap jwenn eprèv yon fason oswa yon lòt. Men, jan nou sot wè sa, nou pap janm poukò n lè n nan eprèv. Menm jan ak yon papa ki gen lanmou, Jewova toujou ap voye je sou nou. Li toupre nou, li pare pou l tande n lè n ap sipliye l pou mande l èd, e l vle ede n (Eza. 43:2). Nou gen konviksyon nou kapab fè fas ak pwoblèm nou yo paske l ban nou tout sa n bezwen pou n andire. Li ban nou privilèj pou nou priye l, li ban nou Labib, li ban nou tout sa n bezwen pou n sèvi l, e li ban nou yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou pou ede n nan moman nou bezwen sa.

16. Ki sa nou kapab fè pou Jewova ka toujou pran swen nou?

16 Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke nou gen yon Papa nan syèl la k ap voye je sou nou! “Se li ki fè kè n kontan.” ​(Sòm 33:21). N ap montre Jewova nou gen rekonesans pou fason l byen pran swen nou lè n pwofite tout dispozisyon li pran pou ede n. Nou menm tou nou bezwen fè efò pou Bondye ka toujou pran swen nou. Sa vle di, si nou kontinye fè tout sa n kapab pou n obeyi Jewova e pou n fè sa ki dwat nan je l, l ap voye je sou nou pou toutan! — 1 Pyè 3:12.

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

^ Nou bezwen èd Jewova pou n fè fas ak pwoblèm nou jwenn jodi a. Atik sa a ban nou asirans Jewova ap voye je sou pèp li a. Li konn pwoblèm nou chak e li ban nou sa n bezwen pou n fè fas ak yo.

^ Gen kèk non yo chanje.