Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 36

Sèvitè Jewova yo renmen sa ki jis

Sèvitè Jewova yo renmen sa ki jis

“Byennere moun ki swaf pou se sa ki jis ki fèt.” — MAT. 5:6.

KANTIK 9 Jewova se Wa nou!

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki eprèv Jozèf te jwenn e ki jan l te reyaji?

 JOZÈF, pitit Jakòb, te jwenn yon eprèv ki te difisil. Gen yon dam ki te di l: “Kouche avè m.” Dam sa a se te madanm Potifa, mèt Jozèf. Jozèf pa t dakò fè sa. Jodi a, yon moun ta kapab di tèt li: ‘Sa k fè Jozèf te reziste devan tantasyon sa a?’ Potifa pa t la. Mete sou sa, Jozèf te yon esklav nan kay la. Se sèten, dam nan te ka ba l gwo pwoblèm poutèt li te refize. Epoutan, tank li t ap ensiste, se tank Jozèf pa t dakò. Poukisa? Men sa Jozèf te di: “Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?” — Jen. 39:7-12.

2. Ki jan Jozèf te fè konnen yon moun ki fè adiltè peche kont Bondye?

2 Ki jan Jozèf te fè konnen Bondye l la t ap konsidere adiltè kòm yon ‘gwo mechanste’? Se sèlman anviwon de san ane annapre Izrayelit yo te vin gen Lalwa Moyiz la ki gen yon kòmandman ki di aklè: “Nou pa dwe fè adiltè.” ​(Egz. 20:14). Sepandan, piske Jozèf te konn Jewova byen, sa te ede l konprann ki jan Jewova t ap santi l si I ta fè imoralite seksyèl. Pa egzanp, se sèten Jozèf te konnen, lè Jewova te met maryaj, li te vle pou yon gason marye ak yon fi. Epitou, li dwe te konnen ki sa Jewova te fè pandan de fwa pou l te pwoteje Sara, gran grann li, pou yo pa t vyole l. Menm jan an tou, Bondye te aji pou l pwoteje Rebeka, madanm Izarak (Jen. 2:24; 12:14-20; 20:2-7; 26:6-11). Pandan Jozèf t ap reflechi sou bagay sa yo, li te rive konprann sa ki jis ak sa ki mal nan je Bondye. Piske Jozèf te renmen Jewova, Bondye l la, li te renmen prensip Jewova yo ki jis tou, e l te detèmine pou l suiv yo.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Èske w renmen sa ki jis? Pa gen dout. Men, piske nou tout enpafè, si n pa fè atansyon, fason monn nan konsidere sa ki jis ka enfliyanse n byen fasil (Eza. 5:20; Wom. 12:2). Se sa k fè nou pral egzamine ki sa sa ki jis vle di e ki byenfè n ap jwenn lè n renmen sa ki jis. Annapre, nou pral wè twa bagay nou kapab fè k ap ede n vin pi renmen prensip Jewova yo.

KI SA SA KI JIS VLE DI?

4. Ki sa yon moun ki jis pap fè?

4 Gen moun ki panse yo jis, alòske yo pran tèt yo pou yon pakèt afè, yo renmen jije moun oswa yo panse yo pi bon pase lòt moun. Men, Bondye pa renmen atitid sa yo ditou. Lè Jezi te sou tè a, li te kritike chèf relijye nan epòk li a anpil lefètke yo te tabli pwòp prensip pa yo anrapò ak sa ki jis (Ekl. 7:16; Lik 16:15). Yon moun ki fè sa Jewova di ki jis pa janm panse li pi bon pase lòt moun.

5. Selon Bib la, ki sa sa ki jis vle di? Bay kèk egzanp.

5 Lè yon moun fè sa ki jis se yon bèl kalite li genyen. Sa ki jis vle di tou senpleman fè sa ki dwat nan je Jewova Dye. Nan Bib la, mo yo itilize pou “sa ki jis” la vle di viv selon prensip ki nan nivo ki pi wo yo, anpalan de prensip Jewova yo. Pa egzanp, Jewova te fè konnen machann yo ta dwe sèvi ak yon “pèz ki egzak”. (Det. 25:15.) Mo ebre lè yo tradui l yo mete “egzak” pou li a ka vle di “jis” tou. Se sa k fè yon kretyen ki vle jis nan je Bondye ap toujou onèt nan tout biznis l ap fè. Yon moun ki fè sa ki jis renmen jistis tou, li pa vle wè lè y ap fè moun enjistis. Yon moun ki jis toutbon reflechi sou fason Jewova ap konsidere desizyon l ap pran “yon fason pou [l] fè [Jewova] plezi nèt”. — Kol. 1:10.

6. Poukisa nou kapab fè prensip Jewova bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal yo konfyans? (Eza. 55:8, 9).

6 Labib fè konnen se nan Jewova sa ki jis soti. Se poutèt sa Bib la rele l “Bondye ki jis la”. (Jer. 50:7.) Antanke Kreyatè, se sèl Jewova ki gen dwa deside sa ki byen ak sa ki mal. Piske Jewova pafè, alòske nou menm nou enpafè e nou fè peche, fason l wè sa ki byen ak sa ki mal depase fason nou wè sa ki byen ak sa ki mal lontan. (Pwo. 14:12; li Ezayi 55:8, 9.) Sepandan, piske nou fèt pòtre Bondye, nou kapab fè sa l di ki jis (Jen. 1:27). E nou renmen fè sa. Piske nou renmen Papa nou ki nan syèl la, nou fè tout sa n kapab pou n imite l. — Efe. 5:1.

7. Poukisa nou bezwen yon seri prensip nou ka fè konfyans? Bay kèk egzanp.

7 Nou jwenn byenfè lè nou suiv prensip Jewova bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Èske w konprann sa k fè sa? Imajine sa k t ap rive si chak bank ta deside fikse to pa yo pou yo chanje lajan. T ap gen gwo pwoblèm. E si doktè yo ak enfimyè yo pa ta suiv prensip byen klè sou fason pou yo pran swen malad yo? Plizyè malad te ka mouri. Vrèmanvre, lè gen prensip nou ka fè konfyans, se yon pwoteksyon. Menm jan an tou, prensip Bondye bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal pwoteje nou.

8. Ki benediksyon k ap tann moun ki renmen fè sa ki jis?

8 Jewova beni moun k ap fè efò pou yo viv ann amoni ak prensip li yo. Men sa l pwomèt: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” ​(Sòm 37:29). Èske w ka imajine jan pral gen tèt ansanm, lapè ak kè kontan lè tout moun pral suiv prensip Jewova yo? Se konsa Jewova ta renmen w viv. Pa gen dout, nou chak gen bonjan rezon pou n renmen sa ki jis. Ki jan nou kapab vin pi renmen kalite sa a? Ann wè twa bagay nou kapab fè.

CHÈCHE VIN PI RENMEN PRENSIP JEWOVA YO

9. Ki sa k ap ede n renmen sa ki jis?

9 Premye etap: Renmen Sila a ki tabli prensip yo. Pou n renmen sa ki jis, nou bezwen vin pi renmen Sila a ki tabli prensip anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal yo. Plis nou renmen Jewova, se plis n ap vle viv ann amoni ak prensip li yo ki jis. Pa egzanp, si Adan ak Èv te renmen Jewova, yo pa t ap janm dezobeyi l. — Jen. 3:1-6, 16-19.

10. Ki sa Abraram te fè pou l te ka pi byen konprann sa Jewova panse?

10 Se sèten nou pa vle fè menm erè Adan ak Èv te fè a. Nou pap fè menm erè a si n kontinye aprann konn Jewova, si n kontinye bay kalite l yo anpil enpòtans e si n kontinye fè efò pou n konprann fason l panse. Si n fè sa, se sèten n ap vin pi renmen Jewova. Ann pran egzanp Abraram. Li te vrèman renmen Jewova. Menm lè l te twouve l difisil pou l konprann desizyon Jewova te pran, li pa t fè tèt di. Okontrè, li te chèche konn Jewova pi byen. Pa egzanp, lè Abraram te aprann Jewova pran desizyon pou l detwi Sodòm ak Gomò, okòmansman, li te pè pou “Jij tout tè a” pa t detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan. Abraram te konnen Jewova pa t ap janm ka fè yon bagay konsa. Se sa k fè, avèk imilite, li te poze Jewova yon seri kesyon. Jewova te reponn li avèk pasyans. Finalman, Abraram te rann li kont Jewova egzamine kè chak moun, e li pa janm pini moun ki inosan ansanm ak moun ki koupab. — Jen. 18:20-32.

11. Ki jan Abraram te montre li renmen Jewova e li fè L konfyans?

11 Konvèsasyon Abraram te genyen ansanm ak Jewova konsènan vil Sodòm ak vil Gomò a te touche l anpil. Se sèten, li te vin pi renmen Papa l ki nan syèl la e li te vin gen plis respè pou li. Plizyè ane annapre, Abraram te vin nan yon sitiyasyon kote l te difisil anpil pou l montre li fè Jewova konfyans. Jewova te mande l pou l ofri Izarak, pwòp pitit gason l li renmen anpil la, kòm sakrifis. Men, piske Abraram te vin pi byen konn Bondye l la, fwa sa a, li pa t poze kesyon. Abraram te annik fè sa Jewova te mande l fè a. Sepandan, imajine jan kè l t ap rache lè l t ap prepare pou l fè sa Bondye te mande l fè a! Abraram dwe te reflechi anpil sou sa l te aprann sou Jewova. Li te konnen Jewova pa t ap janm aji yon fason ki pa jis oswa ki montre l pa gen lanmou. Selon sa apot Pòl te fè konnen, Abraram te kwè Jewova te ka resisite Izarak pitit gason l lan li renmen anpil la (Ebre 11:17-19). Dayè, Jewova te pwomèt Izarak t ap vin Papa yon nasyon, e nan moman sa a, Izarak pa t gen pitit. Abraram te renmen Jewova, se sa k fè l te gen konfyans Papa l ki nan syèl la t ap toujou fè sa ki jis. Menm lè sa te difisil, lafwa l te genyen te pouse l obeyi. — Jen. 22:1-12.

12. Ki jan n ka suiv egzanp Abraram? (Sòm 73:28).

12 Ki jan n ka suiv egzanp Abraram? Menm jan ak Abraram, nou bezwen kontinye aprann konn Jewova. Lè n fè sa, n ap vin pi pwòch avè l, e n ap vin pi renmen l toujou. (Li Sòm 73:28.) Epitou, konsyans nou ap vin ann amoni ak fason Bondye panse (Ebre 5:14). Konsa, lè yon moun ap eseye fè n fè yon bagay ki mal, nou pap dakò. Sa pap menm vin nan lide nou pou n ta fè yon bagay ki ta ka fè Papa nou ki nan syèl la lapenn e ki ta ka kraze relasyon nou gen avè l la. Donk, ki fason ankò nou kapab montre nou renmen sa ki jis?

13. Ki jan nou kapab kontinye fè sa ki jis? (Pwo. 15:9).

13 Dezyèm etap: Fè efò chak jou pou w vin renmen sa ki jis. Pou kò nou ka vin djanm, nou bezwen fè egzèsis regilyèman, menm jan an tou, pou n vin renmen sa Jewova di ki jis, nou bezwen kontinye fè efò. Se yon travay nou kapab fè chak jou. Jewova rezonab, donk, li pap janm mande nou fè plis pase sa nou kapab fè (Sòm 103:14). Li ban nou asirans “li renmen moun ki kontinye fè sa ki dwat”. (Li Pwovèb 15:9.) Si n gen yon objektif nan sèvis Jewova a, n ap kontinye fè efò pou n reyalize l. Se menm bagay la tou lè n ap chèche fè sa ki jis. Epitou, Jewova ap ede n avèk pasyans pou n fè pwogrè, e pou n kontinye fè pwogrè tank tan ap pase. — Sòm 84:5, 7.

14. Ki sa “pwotèj pwatrin jistis la” ye, e poukisa nou bezwen l?

14 Piske Jewova renmen nou, li fè nou sonje fè sa ki jis pa yon chay (1 Jan 5:3). Okontrè, se yon pwoteksyon, e nou bezwen pwoteksyon sa a chak jou. Sonje ekipman konba apot Pòl te pale de li a (Efe. 6:14-18). Ki pati nan ekipman an ki te pwoteje kè sòlda a? Se te “pwotèj pwatrin” nan. Menm jan yon pwotèj pwatrin pwoteje kè yon moun, se menm jan an tou “pwotèj pwatrin jistis la”, ki reprezante prensip Jewova yo ki jis, kapab pwoteje kè senbolik nou an, sa vle di moun nou ye nan fon kè nou an. Se sa k fè li enpòtan pou ekipman konba nou an gen pwotèj pwatrin jistis la ladan l! — Pwo. 4:23.

15. Ki jan w ka met pwotèj pwatrin jistis la sou ou?

15 Ki jan w ka mete pwotèj pwatrin jistis la sou ou? Ou ka fè sa lè w reflechi sou prensip Bondye yo lè w ap pran desizyon chak jou. Lè w ap chwazi sou ki sa w ta renmen pale, ki mizik w ap koute, ki sa w ap gade lè w ap detann ou, oswa ki liv w ap li, toudabò, ou bezwen mande tèt ou: ‘Ki sa m ap kite antre nan kè m? Èske Jewova dakò ak chwa m fè yo? Oswa, èske yo ankouraje imoralite, vyolans, avaris, egoyis, yon seri bagay Jewova konsidere ki pa jis?’ ​(Flp. 4:8). Si chwa w fè yo ann amoni ak volonte Jewova, prensip li yo ki jis ap pwoteje kè w.

Aksyon ki jis ou fè yo ka “tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman”. (Gade paragraf 16-17.)

16-17. Ki jan Ezayi 48:18 ban nou asirans nou kapab viv ann amoni ak prensip Jewova yo pou toutan?

16 Èske sa deja rive ou mande tèt ou si w ap ka kontinye viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis, chak jou, ane apre ane? Ann reflechi sou yon egzanp Jewova te pran nou jwenn nan Ezayi 48:18. (Li vèsè a.) Jewova pwomèt aksyon ki jis nou fè kapab “tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman”. Imajine w kanpe bò kot yon gwo lanmè w ap gade lanm lanmè yo k ap fè ale vini san rete. Pandan ti moman trankil sa a, èske sa t ap janm vin nan lespri w lanm lanmè yo t ap annik ret konsa yon jou yo sispann fè ale vini? Non! Ou konnen lanm lanmè yo gen plizyè milye ane depi y ap fè ale vini sou plaj la, e se sèten y ap kontinye fè sa.

17 Aksyon ki jis ou fè kapab tankou lanm lanmè! Ki jan? Lè w gen yon desizyon pou w pran, reflechi toudabò sou sa Jewova ta renmen w fè. Apre sa, aji. Menmsi desizyon an ta difisil anpil, Papa w ki nan syèl la ki renmen w ap toujou ba w fòs e l ap ede w pou w kontinye fè sa ki jis chak jou. — Eza. 40:29-31.

18. Poukisa nou pa dwe jije lòt moun selon prensip pa nou?

18 Twazyèm etap: Kite Jewova jije. Pandan n ap fè efò pou n viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis, nou pa dwe jije lòt moun e nou pa dwe vin jis nan pwòp je pa nou. Nou pap meprize lòt moun kòmkwa nou gen dwa jije yo selon pwòp prensip pa nou, okontrè, nou bezwen sonje se Jewova ki “Jij tout tè a”. (Jen. 18:25.) Jewova pa ban nou jije moun. Anfèt, men lòd Jezi te bay: “Sispann jije pou yo pa jije nou.” — Mat. 7:1. *

19. Ki jan Jozèf te montre li gen konfyans nan fason Jewova jije?

19 Ann pran egzanp Jozèf ankò, yon moun ki te jis. Li te evite jije lòt moun, menm lè yo te mal aji avè l. Pwòp frè Jozèf te atake l. Yo te vann li kòm esklav, e yo te rive fè papa yo kwè Jozèf mouri. Plizyè ane annapre, Jozèf te wè fanmi l ankò. Piske lè sa a, li te yon gwo chèf, li te ka jije frè l yo yon fason ki di e l te ka chèche tire revanj. Frè Jozèf yo te pè pou l pa t fè sa, menmsi yo te montre yo vrèman regrèt sa yo te fè a. Sepandan, men asirans Jozèf te ba yo: “Nou pa bezwen pè. Èske se mwen menm ki Bondye?” ​(Jen. 37:18-20, 27, 28, 31-35; 50:15-21). Piske Jozèf te gen imilite, li te kite Jewova jije.

20-21. Ki sa k ap ede n pou n pa panse nou pi bon pase lòt moun?

20 Menm jan ak Jozèf, nou kite Jewova jije. Pa egzanp, nou pa met nan tèt nou nou konn sa k fè yon frè oswa yon sè aji yon fason oswa yon lòt. Nou pa kapab li kè. Se sèlman “Jewova ki egzamine sa k fè [yon moun] aji” yon fason (Pwo. 16:2). Li renmen tout kalite moun, kèlkeswa fason yo te leve ak kote yo soti. Epitou, Jewova ankouraje n pou n “ouvri kè nou”. (2 Kor. 6:13.) Nou chèche renmen tout frè n ak sè n yo, nou pa chèche jije yo.

21 Sa vle di tou, nou pa dwe jije moun ki pap sèvi Jewova (1 Tim. 2:3, 4). Èske w t ap janm jije yon fanmi w ki pa nan menm relijyon avè w, kòmkwa pou w ta di “li pap janm vin nan laverite”? Non! Si w ta fè sa, ou t ap pran dwa ki pa pou ou, ou t ap panse w pi bon pase lòt moun. Jewova kontinye bay “tout moun” sou tè a posiblite pou yo repanti (Tra. 17:30). Toujou sonje Jewova konsidere moun ki panse yo pi bon pase lòt moun kòm moun ki pa jis.

22. Poukisa w pran detèminasyon pou w renmen sa ki jis?

22 Lanmou nou gen pou prensip Jewova yo ki jis ap fè n gen kè kontan e sa ap ede n vin yon bon egzanp pou lòt moun. Konsa, y ap vin pi renmen nou e y ap vin pi renmen Bondye. Se pou n toujou “swaf pou se sa ki jis ki fèt”. (Mat. 5:6.) Ou mèt gen asirans Jewova wè efò w ap fè pou w fè sa ki jis e li toujou kontan wè pwogrè w ap fè nan sans sa a. Pandan moun yo nan monn nan ap vin pi enjis chak jou, pa kite sa dekouraje w! Toujou sonje “Jewova renmen moun ki jis”. — Sòm 146:8.

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

^ Li pa fasil pou n jwenn moun k ap fè sa ki jis nan monn mechan sa a. Epoutan, gen plizyè milyon moun jodi a k ap fè sa ki jis. Sandout, ou se youn nan yo. W ap fè sa ki jis paske w renmen Jewova, e Jewova renmen sa ki jis. Ki jan nou ka vin pi renmen bèl kalite sa a? Nan atik sa a, nou pral egzamine ki sa sa ki jis vle di, e ki jan n ap jwenn byenfè lè n renmen sa ki jis. Nou pral wè tou ki sa nou kapab fè pou n vin pi renmen kalite sa a.

^ Pafwa, ansyen yo nan kongregasyon an dwe jije yon seri sitiyasyon kote moun fè peche grav pou chèche wè si yo repanti (1 Kor. 5:11; 6:5; Jak 5:14, 15). Sepandan, imilite yo genyen fè yo sonje yo pa ka li kè moun e se pou Jewova y ap jije. (Konpare ak 2 Kwonik 19:6.) Se sa k fè desizyon yo pran yo ann amoni ak fason Bondye jije ki rezonab, ki gen mizèrikòd e ki jis.