Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 31

KANTIK 12 Gran Dye, Jewova

Ki sa Jewova te fè pou l retire lèzòm anba peche?

Ki sa Jewova te fè pou l retire lèzòm anba peche?

“Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li.”JAN 3:16.

PWEN KLE

Fason Jewova te pran devan nan ede nou lite ak peche ak fason l ban nou posiblite pou nou viv pou toutan san peche.

1-2. a) Ki sa peche ye e ki jan nou ka pote laviktwa sou li? (Gade “Pi byen konprann kèk ekspresyon”.) b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a ak nan lòt atik ki nan Toudegad sa a? (Gade “Nòt pou lektè yo”.)

 ÈSKE W ta renmen konnen nan ki pwen Jewova renmen w? Yon bon fason w ka fè sa se lè w chèche konnen sa l te fè pou l sove w anba peche ak lanmò. Peche a se yon gwo ènmi, yon ènmi ou pap ka konbat poukont ou. Nou tout nou peche chak jou e se peche ki lakòz moun mouri (Wom. 5:12). Men, gen yon bon nouvèl! Grasa èd Jewova, nou ka pot laviktwa sou peche. Anfèt, nou sèten n ap pote laviktwa sou peche.

2 Jewova Dye gen anviwon 6000 an depi l ap ede lèzòm lite anba peche. Poukisa? Se paske li renmen nou. Li te renmen lèzòm depi okòmansman, se sa k fè li fè anpil gwo bagay pou ede yo nan lit sa a. Bondye konnen peche mennen nan lanmò e li pa vle nou mouri. Li vle nou viv pou toutan (Wom. 6:23). Se sa l vle pou ou. Nan atik sa a, nou pral pale sou twa kesyon: 1) Ki espwa Jewova te bay lèzòm? 2) Ki jan kèk moun ki te peche Bib la pale de yo te rive jwenn favè Jewova? 3) Ki sa Jezi te fè pou l sove lèzòm anba peche ak lanmò?

KI ESPWA JEWOVA TE BAY LÈZÒM?

3. Ki jan premye paran nou yo te tonbe nan peche?

3 Lè Jewova te kreye premye gason an ak premye fi a, li te vle yo gen kè kontan. Li te ba yo yon bèl kote pou yo rete, li te ba yo maryaj kòm kado e li te ba yo yon bèl travay pou yo fè. Yo te gen pou yo plen tè a ak pitit yo ak pitit pitit yo e pou yo te fè tout tè a vin yon paradi tankou jaden Edenn nan. Men, gen yon bagay li te di pou yo pa fè. Li te fè yo konnen si yo pa respekte kòmandman sa a lè yo chwazi rebele kont li, peche yo fè a t ap mennen nan lanmò. Nou konnen sa k te rive. Gen yon espri envizib, yon espri ki pa renmen ni Bondye ni yo menm, ki te tante yo pou yo dezobeyi Bondye. Adan ak Èv te koute espri sa a. Yo pa t fè Papa yo ki renmen yo a konfyans e yo te peche. Jan nou konn sa, sa Jewova te di yo a se sa k te rive. Depi lè Adan ak Èv fin peche a, yo te oblije peye konsekans peche yo a. Yo te kòmanse vyeyi, e finalman yo te mouri. — Jen. 1:​28, 29; 2:​8, 9, 16-18; 3:​1-6, 17-19, 24; 5:5.

4. Poukisa Jewova rayi peche e li ede nou lite avè l? (Women 8:​20, 21).

4 Jewova te fè ekri istwa sa a pou byen nou. Sa ede nou konprann poukisa li rayi peche konsa. Peche separe nou ak Papa nou an e li mennen nan lanmò (Eza. 59:2). Se rezon sa a ki fè Satan, espri rebèl ki te lakòz tout pwoblèm sa yo, renmen peche e li kontinye pouse moun fè peche. Petèt li te panse li te genyen yon gwo viktwa nan jaden Edenn nan. Men, li pa t rive konprann nan ki pwen Jewova gen lanmou. Bondye pa t janm chanje objektif li te genyen pou desandan Adan ak Èv yo. Li renmen lèzòm, se sa k fè, san pèdi tan, li te pèmèt tout moun jwenn espwa. (Li Women 8:​20, 21.) Jewova te konnen gen kèk nan desandan Adan ak Èv yo ki t ap chwazi renmen l e ki t ap chèche jwenn èd li pou yo lite anba peche. Antanke Papa yo ak Kreyatè yo, li t ap ba yo posiblite pou yo libere anba peche e pou yo vin pwòch avè l. Ki sa Jewova t apral fè pou l pèmèt sa rive?

5. Ki lè Jewova te pèmèt lèzòm kòmanse gen espwa? Esplike. (Jenèz 3:15).

5 Li Jenèz 3:15. Jewova te pèmèt lèzòm kòmanse gen espwa lè l te fè konnen sa k pral rive Satan. Jewova te anonse yon “desandans” ki t apral pèmèt lèzòm gen espwa. Rive yon lè, desandans sa a t ap kraze Satan e l t ap defèt tout mal li te fè nan jaden Edenn nan (1 Jan 3:8). Sepandan, desandans sa a t ap soufri pou l te ka rive fè sa. Satan t ap frape l, li t ap lakòz li mouri. Sa t apral fè Jewova soufri anpil anpil. Men, Jewova te dakò soufri paske sa t apral pèmèt yon pakèt moun sove anba peche ak lanmò.

KI JAN MOUN KI T AP VIV NAN EPÒK YO T AP EKRI BIB LA TE RIVE JWENN FAVÈ JEWOVA?

6. Ki sa yon seri mesye ki te gen lafwa tankou Abèl ak Noye te fè pou yo te ka vin pwòch ak Jewova?

6 Tank syèk yo t ap pase, tikras pa tikras, Jewova te fè konnen ki jan lèzòm ka vin pwòch avè l. Abèl, dezyèm pitit Adan ak Èv, se premye moun ki te mete lafwa nan Jewova apre sa k te pase nan jaden Edenn nan. Kòm Abèl te renmen Jewova e li t ap chèche fè l plezi epi vin pi pwòch avè l, li te ofri Jewova yon sakrifis. Abèl te yon gadò mouton, donk, li te pran kèk nan ti mouton l te genyen yo e li te touye yo. Li te ofri Jewova yo. Ki jan Jewova te wè sa? Li “te aksepte Abèl ak ofrann li an”. (Jen. 4:4.) Jewova te pran plezi nan sakrifis yon seri lòt moun ki te renmen l e ki te fè l konfyans, tankou Noye (Jen. 8:​20, 21). Lefètke Jewova te aksepte sakrifis sa yo, li te montre lèzòm kapab jwenn favè l e yo kapab vin pwòch avè l. b

7. Ki sa nou aprann lè nou wè jan Abraram te dispoze ofri pwòp pitit gason l kòm sakrifis?

7 Jewova te mande Abraram, yon mesye ki te gen anpil lafwa pou l fè yon bagay ki te difisil anpil. Li te mande l ofri Izarak, sèl pitit gason l lan, kòm sakrifis. Sandout, Abraram te santi se bagay ki pi di li t ap gen pou l fè. Sepandan, li te prepare l pou l fè sa Bondye te mande l fè a. Men, nan moman Abraram t apral touye pitit li a, Bondye te anpeche l fè sa. Sepandan, egzanp sa a aprann tout moun ki gen lafwa yo yon gwo verite. Jewova t apral dakò ofri sèl Pitit Gason l lan li renmen anpil la kòm sakrifis. Se nan pwen sa a Jewova renmen lèzòm. — Jen. 22:​1-18.

8. Ki sa nou aprann nan divès sakrifis Lalwa te mande Izrayelit yo pou yo fè yo? (Levitik 4:​27-29; 17:11).

8 Plizyè syèk annapre, Lalwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te mande pou yo fè plizyè sakrifis pou yo jwenn padon pou peche yo. (Li Levitik 4:​27-29; 17:11.) Sakrifis sa yo te montre Jewova t apral bay yon pi bon sakrifis, yon sakrifis ki t apral sove lèzòm nèt anba peche. Bondye te enspire pwofèt li yo pou yo pale konsènan desandans li te pwomèt la. Yo te fè konnen yon pitit gason Bondye ki espesyal t ap gen pou l soufri e gen moun ki t ap touye l. Yo t ap gen pou yo touye l tankou yon mouton y ap ofri kòm sakrifis (Eza. 53:​1-12). Imajine sa: Jewova te pran dispozisyon pou Pitit Gason li renmen anpil la bay lavi l kòm sakrifis yon fason pou l ka sove lèzòm, sa gen ladan l ou menm tou, anba peche ak lanmò.

KI SA JEZI TE FÈ POU L SOVE LÈZÒM?

9. Ki sa Jan ki te konn batize moun nan te di konsènan Jezi? (Ebre 9:22; 10:​1-4, 12).

9 Nan premye syèk epòk nou an, Jan ki te konn batize moun nan te wè Jezi e li te di: “Gade, men Ti Mouton Bondye a k ap retire peche monn nan!” (Jan 1:29). Pawòl sa yo Bondye te pouse l di yo te fè konnen Jezi se desandans Bondye te pwomèt depi lontan an. Jezi t apral bay lavi l kòm sakrifis. Finalman, desandans Jewova a te rive pou l te kapab sove lèzòm nèt anba peche. — Li Ebre 9:22; 10:​1-4, 12.

10. Ki jan Jezi te montre se moun ki peche li te “vin rele”?

10 Jezi te plis bay moun ki t ap soufri akoz peche yo yon atansyon espesyal e li te envite yo vin disip li. Li te konnen se peche ki te lakòz tout soufrans lèzòm yo. Donk, li te ede moun, kit se fi, kit se gason, ki t ap soufri akoz peche yo te fè yo. Men sa l te esplike nan yon egzanp li te bay: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” Men sa l te di apre sa: “Mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.” (Mat. 9:​12, 13). Jezi te fè sa vre. Avèk bonte, li te padone peche yon dam ki te lave pye l ak dlo nan je l (Lik 7:​37-50). Pandan l te bò yon pi, li te anseye yon dam ki te moun Samari yon seri verite ki te enpòtan anpil malgre l te konnen li t ap viv yon fason ki imoral (Jan 4:​7, 17-19, 25, 26). Bondye te menm bay Jezi pouvwa pou l elimine lanmò ki se rezilta peche. Ki jan? Jezi te resisite moun, kit se gason kit se fi, kit se timoun kit se granmoun. — Mat. 11:5.

11. Poukisa moun ki te konn pratike peche te santi yo alèz pou yo pwoche kot Jezi?

11 Nou ka konprann sa k fè menm moun ki te konn pratike peche te santi yo alèz pou yo pwoche kot Jezi. Li te demontre konpasyon pou yo e li te mete l nan plas yo. Yo te santi yo alèz pou yo pale avè l (Lik 15:​1, 2). Jezi te konn felisite moun konsa e li te rekonpanse yo paske yo te demontre lafwa nan li (Lik 19:​1-10). Li te montre aklè ki jan Papa l gen mizèrikòd (Jan 14:9). Ni nan pawòl li, ni nan aksyon l, li te montre ki jan Papa l ki gen konpasyon e ki gen mizèrikòd renmen moun e li vle ede chak moun sa yo pou yo pote laviktwa sou peche. Jezi te ede moun ki peche pou yo gen dezi pou yo chanje fason y ap aji e pou yo suiv li. — Lik 5:​27, 28.

12. Ki sa Jezi te fè konnen anrapò ak fason l t ap mouri?

12 Jezi te konnen ki sa k t ap tann li. Pandan plizyè fwa, li te di disip li yo gen moun ki t ap trayi l e yo t ap touye l sou yon poto (Mat. 17:22; 20:​18, 19). Li te konnen sakrifis li t ap fè a t ap elimine peche nan monn nan ann amoni ak sa Jan te fè konnen e ak sa pwofèt yo te anonse. Mete sou sa, Jezi te fè konnen lè l fin bay lavi l kòm sakrifis, li t ap “rale tout kalite moun” vin jwenn li (Jan 12:32). Lèzòm t ap kapab fè Jewova plezi lè yo aksepte Jezi antanke Seyè yo e lè yo imite l. Si yo ta fè sa, yo t ap rive “libere anba peche”. (Wom. 6:​14, 18, 22; Jan 8:32.) Se sa k fè, avèk kouraj, Jezi te aksepte mouri fason terib sa a. — Jan 10:​17, 18.

13. Ki jan Jezi te mouri, e ki sa lanmò l aprann nou sou Jewova Dye? (Gade foto a tou.)

13 Yo te trayi Jezi, yo te arete l, yo te joure l, yo te fè manti sou li, yo te kondane l e yo te maspinen l. Sòlda yo te mennen l kote yo t apral touye l la e yo te kloure l sou yon poto. Jezi te andire tout soufrans sa yo fidèlman. Men, te gen yon moun ki te soufri plis toujou. Se te Jewova Dye. Li pa t sèvi avèk pisans li ki san limit pou l te anpeche sa fèt. Poukisa? Ki sa k te ka fè yon Papa ki gen lanmou aji konsa? Se paske Jewova renmen nou. Men sa Jezi te di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:16.

Lè Jewova te kite yo touye Pitit Gason l lan, li te soufri anpil yon fason pou l te ka delivre nou anba peche ak lanmò. (Gade paragraf 13.)


14. Ki sa sakrifis Jezi a montre nou?

14 Sakrifis Jezi a se pi gwo prèv ki montre jan Jewova renmen desandan Adan ak Èv yo. Li montre jan Jewova renmen w anpil. Li te sakrifye Pitit Gason l li renmen anpil la e l te soufri anpil yon fason moun pa ka imajine pou l te kapab sove w anba peche ak lanmò (1 Jan 4:​9, 10). Vrèmanvre, li vle ede nou chak pou nou goumen ak peche e pou nou pote laviktwa!

15. Ki sa nou dwe fè pou nou jwenn byenfè grasa kado Bondye bay la ki se sakrifis ranson Jezi a?

15 Kado Bondye bay la, anpalan de sakrifis ranson sèl Pitit li a, fè l posib pou nou jwenn padon pou peche nou. Men, pou Bondye padone nou, nou dwe fè yon bagay. Ki sa nou dwe fè? Men sa Jan ki te konn batize moun nan ak Jezi te fè konnen: “Se pou nou repanti, paske Wayòm syèl la vin pi pre.” (Mat. 3:​1, 2; 4:17). Donk, repantans se yon bagay ki enpòtan anpil si nou vle goumen toutbon ak peche epi pwoche bò kote Papa nou an ki chaje ak lanmou. Men, ki sa sa mande pou yon moun repanti e ki jan sa ka ede nou lite ak peche nou gen nan nou an? Atik ki vin apre a ap bay repons lan.

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan Bib la, mo “peche” a ka fè referans ak move bagay yon moun fè ak lè yon moun pa viv oswa l pa aji ann amoni ak prensip moral Jewova yo. Yon lòt bò, mo peche a ka fè referans ak enpèfeksyon oswa peche nou eritye nan men Adan. Se peche nou eritye nan men Adan an ki lakòz moun mouri.

b Jewova te aksepte sakrifis yon seri moun fidèl paske li te konnen pi devan Jezi Kris t apral bay lavi l kòm sakrifis e l t apral sove tout moun nèt anba peche ak lanmò. — Wom. 3:25.