TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Septanm 2017

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 23 oktòb rive 26 novanm 2017.

Annou chèche gen metriz

Ki jan egzanp ki nan Bib la ka ede n chèche gen kalite sa a epi pou n demontre l? Poukisa kretyen yo ta dwe chèche genyen l?

Ann chèche gen kè sansib menm jan ak Jewova

Yon lè, Jewova te prezante tèt li bay Moyiz lè l te site non l ak kalite l yo. Youn nan premye kalite Bondye te site yo se kè sansib. Ki sa kalite sa a ye, e poukisa l ta dwe enterese w?

BYOGRAFI

Mwen jwenn benediksyon paske m travay ak gason ki espirityèl

David Sinclair sonje anpil jwa ak privilèj li te jwenn pandan l t ap travay ak frè ak sè ki fidèl pandan 61 an li te pase nan Betèl Bwouklin nan.

“Pawòl Bondye nou an la pou toutan”

Bib la toujou rete liv yo plis pibliye pandan plizyè syèk apre yo fin ekri l nèt, malgre chanjman ki fèt nan lang yo, pwoblèm politik yo ak opozisyon moun te jwenn pou yo tradui l.

“Pawòl Bondye a [...] pisan”

Gen anpil moun ki fè gwo chanjman nan lavi yo paske yo etidye Pawòl Bondye a. Ki sa k nesesè pou n fè si n vle Labib gen kalite efè sa a sou nou?

“Mete kouraj sou ou [...] epi fè travay la”

Poukisa n bezwen gen kouraj, e ki jan n ka vin genyen l?