Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann chèche gen kè sansib menm jan ak Jewova

Ann chèche gen kè sansib menm jan ak Jewova

“Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib.” — EGZ. 34:6.

KANTIK: 57, 147

1. Ki fason espesyal Jewova te fè Moyiz konn kiyès li ye, e poukisa sa gen anpil enpòtans?

YON lè, Bondye te fè Moyiz konn kiyès li ye lè l te site pwòp non l ansanm ak kèk nan kalite l yo. De premye kalite li te site yo se mizèrikòd ak kè sansib. (Li Egzòd 34:5-7.) Jewova te ka atire atansyon sou pisans li ak sajès li. Men, etandone Moyiz t ap chèche jwenn asirans Bondye t ap ede l, Jewova te atire atansyon l sou kalite sa yo pito ki montre volonte l genyen pou l ede sèvitè l yo (Egz. 33:13). Èske w pa twouve sa touchan anpil lefètke Bondye site bèl kalite sa yo anvan tout lòt kalite l genyen? Atik sa a pral pale sou kalite sa a, anpalan de kè sansib, ki se yon santiman ki fè n reyaji devan soufrans oswa pwoblèm lòt moun e ki fè n vle soulaje yo.

2, 3. a) Ki sa k montre kè sansib se yon bagay natirèl lakay lèzòm? b) Poukisa w dwe enterese nan sa Bib la di konsènan kè sansib?

2 Lèzòm fèt pòtre ak Bondye. Konsa, piske Jewova gen kè sansib, demontre enterè pou byennèt lòt moun se yon bagay ki anrasinen byen fon lakay lèzòm. Menm moun ki pa konn vrè Dye a konn demontre kè sansib souvan (Jen. 1:27). Nou jwenn anpil istwa nan Bib la kote gen moun ki te demontre kè sansib. Sonje istwa konsènan de pwostitye ki t ap fè diskisyon devan Salomon pou konnen kiyès nan yo ki te vrè manman yon timoun. Lè Salomon te teste yo lè l te bay lòd pou yo koupe tibebe a fè de bò, sa te touche vrè manman an ki te gen kè sansib. Sa te pouse l aji, e l te menm reziyen l pou l bay lòt dam nan pitit la (1 Wa 3:23-27). Oubyen, sonje pitit fi Farawon an ki te sove lavi Moyiz ki te tibebe. Aktout li te konnen tibebe l te jwenn nan se te pitit Ebre yo e yo te dwe touye l, “kè l [te] fè l mal pou li” e l te deside leve timoun nan kòm pwòp pitit li. — Egz. 2:5, 6.

3 Poukisa yon sijè konsènan kè sansib dwe enterese w? Se paske Bib la ankouraje w imite Jewova (Efe. 5:1). Men, aktout Bondye te kreye lèzòm yon fason pou yo demontre kè sansib, antanke desandan Adan, enpèfeksyon nou gen lakay nou fè n gen tandans wè tèt nou sèlman. Pafwa, nou ka twouve l difisil pou n deside si n ap ede lòt moun oswa si n ap konsantre sou tèt nou sèlman. Pou kèk moun, se toujou yon lit sa ye oswa se yon aksyon ki mande pou yo gen ekilib. Ki sa k ka ede w demontre enterè pou lòt moun epi kontinye demontre sa? Premyèman, pran tan pou w egzamine fason Jewova montre l gen kè sansib ak fason lòt moun montre sa. Dezyèmman, egzamine fason ou ka imite egzanp Bondye ak fason w ap jwenn bonjan byenfè lè w fè sa.

JEWOVA SE EGZANP PAFÈ A ANTANKE MOUN KI GEN KÈ SANSIB

4. a) Poukisa Jewova te voye zanj nan vil Sodòm? b) Ki sa nou aprann nan istwa Lòt ak pitit fi l yo?

4 Nou jwenn anpil egzanp kote Jewova te demontre kè sansib. Panse ak sa Bondye te fè pou Lòt. Mesye sa a ki te yon moun ki jis, “te boulvèse anpil” akoz moun ki te abite nan vil Sodòm ak Gomò yo te lage kò yo nan konduit derespektan. Kidonk, Bondye te fè konnen moun imoral sa yo te merite mouri (2 Pyè 2:7, 8). Bondye te voye zanj vin sove Lòt. Zanj yo te ankouraje Lòt ak fanmi l pou yo kouri kite vil sa yo ki te kondane. Bib la di: “Jewova tèlman gen pitye pou Lòt, lè [zanj] yo wè l ap pèdi tan, yo pran men l ak men madanm li ansanm ak men de pitit fi l yo, yo soti avè l epi y al mete l deyò vil la.” (Jen. 19:16). Èske egzanp sa a pa montre Jewova byen konnen nan ki sitiyasyon difisil pèp li a ki fidèl konn twouve l pafwa? — Eza. 63:7-9; Jak 5:11; 2 Pyè 2:9.

5. Ki jan Pawòl Bondye a, tankou sa n jwenn nan 1 Jan 3:17 la, ede n aprann demontre kè sansib?

5 Jewova pa sèlman demontre kè sansib, men, li anseye pèp li a enpòtans pou yo demontre kalite sa a tou. Ann pran egzanp lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la ki gen rapò ak lè yon moun kenbe rad yon lòt moun kòm garanti pou yon kòb li prete l. (Li Egzòd 22:26, 27.) Si moun ki prete moun nan kòb la gen kè di, li ka gen tandans sezi rad moun li prete kòb la e l pa kite l ak anyen pou l kouvri kò l lè l ap dòmi. Se sa k fè Jewova te anseye pèp li a pou yo evite yon move atitid san pitye konsa. Moun ki nan pèp li a dwe gen kè sansib. Èske prensip ki nan lwa sa a pa pouse n aji? Nan yon sans, èske n t ap kite frè n ak sè n yo deyò nan fredi a si n ka fè yon bagay pou n soulaje yo anba soufrans? — Kol. 3:12; Jak 2:15, 16; li 1 Jan 3:17.

6. Ki leson n ka aprann nan efò Jewova te kontinye fè pou l korije Izrayelit yo ki te lage kò yo nan peche?

6 Jewova te gen pitye pou pèp li a, Izrayèl, menm lè yo te lage kò yo nan peche. Men sa nou li: “Jewova, Bondye zansèt yo a, te kontinye voye moun kote yo pou ba yo avètisman. Li pa t sispann ba yo avètisman paske li te gen pitye pou pèp li a e pou kay kote li te abite a.” (2 Kwo. 36:15). Èske n pa dwe gen menm pitye sa a pou moun ki ka vin repanti pou peche yo t ap fè e ki vin jwenn favè Bondye? Jewova pa ta renmen pou pèsonn detwi nan jijman k ap vini an (2 Pyè 3:9). Se sa k fè, annatandan Bondye aji pou l detwi mechan yo, ann kontinye anonse mesaj avètisman li an ki montre l gen kè sansib.

7, 8. Ki sa k fè yon fanmi te kwè Jewova te demontre kè sansib pou yo?

7 Nou ka site anpil eksperyans ki montre fason Bondye aji ak kè sansib. Ann konsidere sa k te rive fanmi yon tigason ki gen 12 an n ap bay non Milan. Sa te rive nan yon epòk kote te gen konfli etnik nan kòmansman ane 1990 yo. Milan, frè l la, paran l ansanm ak plizyè lòt Temwen t ap vwayaje nan yon bis soti Bosni pou y al Sèbi. Yo te nan wout pou y al nan yon kongrè kote paran Milan t apral batize. Men, lè yo rive sou fwontyè a, sòlda yo te fè fanmi an desann bis la akoz ras yo, e yo te kite lòt Temwen yo ale. Apre yo te fin kenbe fanmi an pandan de jou, ofisye ki te alatèt la te rele chèf li nan yon radyo kominikasyon pou l mande l ki sa yo te dwe fè ak yo. Piske ofisye a te kanpe anfas fanmi an, donk, yo tout te tande repons lan: “Jis fè yo soti epi fizye yo!”

8 Pandan ofisye a t ap pale ak sòlda l yo, gen de etranje ki te vin kot fanmi an e yo te fè yo konnen tou ba yo se Temwen. Se lòt moun nan bis la ki te fè yo konn pwoblèm nan. De etranje yo te di Milan ak frè l la pou yo monte machin yo a pou yo ka travèse fwontyè a, piske yo pa t ap tcheke papye timoun. Apre sa, yo te di paran yo pou yo mache al dèyè pòs ki nan fwontyè a epi y ap rankontre yo sou lòt bò a. Milan pa t konnen si l te dwe ri oswa si l te dwe kriye lè mesye yo te di l sa. Paran l yo te di: “Èske n panse y ap annik kite n ale?” Toutpandan yo prale, se kòmsi sòlda yo t ap gade yo fiks, men yo pa t wè yo. Paran yo ak timoun yo te retounen vin ansanm ankò pa lòt bò fwontyè a. Yo te kontinye wout yo pou y al nan vil kote kongrè a t ap fèt la toutpandan yo te gen konviksyon Jewova te reponn priyè yo te fè pou yo te mande l èd nan yon sitiyasyon ki te difisil. Bib la aprann nou gen sitiyasyon kote Jewova pa t aji dirèkteman pou l pwoteje sèvitè l yo (Tra. 7:58-60). Epoutan, Milan fè konnen jan l te santi l. Men sa l di: “M panse zanj yo te fè sòlda yo vin avèg epi Jewova te sove nou.” — Sòm 97:10.

9. Ki jan Jezi te reyaji lè l te wè foul moun ki t ap suiv li yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 Nou kapab aprann yon leson nan egzanp Jezi te bay. Li te gen kè sansib pou foul moun li te rankontre yo, paske “yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”. Ki jan l te reyaji lè l te wè nan ki sitiyasyon deplorab yo te ye? “Li [te] kòmanse anseye yo anpil bagay.” (Mat. 9:36; li Mak 6:34). Atitid Jezi pa t menm ditou ak Farizyen yo ki pa t gen okenn dezi pou yo ede moun nan pèp la (Mat. 12:9-14; 23:4; Jan 7:49). Menm jan ak Jezi, èske w pa gen anvi pou w bay moun ki grangou yo manje nan domèn espirityèl?

10, 11. Èske l toujou apwopriye pou moun demontre kè sansib? Esplike.

10 Sa pa vle di nou dwe demontre kè sansib nan tout sitiyasyon. Nan egzanp biblik nou te site pi wo yo, Bondye te demontre kè sansib yon fason ki apwopriye. Sepandan, wa Sayil pa t obeyi Bondye lè l te aji yon fason li panse ki te montre li gen pitye. Li pa t touye Agag, yon ènmi pèp Bondye a, e l pa t touye pi bèl bèt yo. Se sa k fè Jewova te rejte Sayil pou l pa t wa sou Izrayèl (1 Sam. 15:3, 9, 15, nòt). Natirèlman, Jewova se Jij ki gen jistis la. Li ka li kè moun, e l konnen ki lè li pa apwopriye pou l demontre kè sansib (Lam. 2:17; Eze. 5:11). Moman an gen pou l rive kote l pral egzekite jijman l sou tout moun ki refize obeyi l (2 Tes. 1:6-10). Se pa pral moman pou l demontre kè sansib pou moun li fin jije antanke mechan. Okontrè, piske Bondye pral egzekite yo, se pral yon fason apwopriye pou l demontre kè sansib pou moun ki jis yo, yon seri moun li pral pwoteje.

11 Sa klè, se pa wòl nou pou n deside ki moun Bondye dwe egzekite oswa l dwe pwoteje. Olye de sa, nou dwe fè tout sa n kapab kounye a pou n ede moun yo. Donk, ki jan n ka demontre kè sansib yon fason ki apwopriye pou lòt moun yon fason k ap itil yo? Ann egzamine kèk sijesyon.

CHÈCHE GEN BONJAN KÈ SANSIB EPI DEMONTRE SA

12. Ki jan w ka demontre kè sansib nan fason w boule ak lòt moun?

12 Dispoze ede moun chak jou. Se yon obligasyon sa ye pou moun k ap fè efò pou yo imite Kris yo demontre kè sansib pou pwochen yo ansanm ak frè ak sè yo (Jan 13:34, 35; 1 Pyè 3:8). Youn nan siyifikasyon kè sansib genyen se “soufri ansanm”. Yon moun ki gen kè sansib santi l pouse pou l soulaje soufrans lòt moun, petèt lè l ede yo nan difikilte yo. Chèche okazyon pou w fè sa! Pa egzanp, èske w ka ede yon moun lè w ofri l pou w fè yon travay ki nesesè pou li, petèt ou ka al fè yon komisyon pou li? — Mat. 7:12.

Montre w gen kè sansib pou lòt moun lè w ede yo yon fason k ap itil yo. (Gade paragraf 12.)

13. Ki kalite pèp Bondye a genyen ki sitou parèt aklè apre katastwòf yo?

13 Patisipe nan travay sekou a. Anpil moun demontre kè sansib lè yo wè jan moun ki viktim nan katastwòf yo ap soufri. Yo rekonèt pèp Jewova a kòm yon pèp ki toujou pran devan nan ede moun ki bezwen èd nan moman sa yo (1 Pyè 2:17). Gen yon sè nan peyi Japon ki t ap viv nan yon zòn ki te frape anpil akoz tranblemanntè ak sounami ki te fèt nan ane 2011 lan. Li fè konnen li te jwenn “anpil ankourajman ak konsolasyon” lè l te wè jan anpil volontè ki t ap viv nan lòt zòn nan peyi Japon ak nan lòt kote nan monn nan te fè efò pou yo repare kay ki te sibi dega yo. Men sa l ekri: “Eksperyans sa a te ede m rann mwen kont Jewova gen sousi pou nou. E Temwen parèy mwen yo gen sousi youn pou lòt. Epitou gen anpil frè ak sè toupatou nan monn nan k ap priye pou nou.”

14. Ki jan w ka ede moun ki malad yo ak moun ki granmoun yo?

14 Ede moun ki malad yo ak moun ki granmoun yo. Lè n wè jan lòt moun ap sibi konsekans peche Adan an, nou vrèman santi n pouse pou n demontre kè sansib. Nou pa ka tann pou n wè maladi ak vyeyès pa la ankò. Se sa k fè nou priye pou Wayòm Bondye a vini. Anmenmtan tou, nou fè sa n kapab pou n ede moun ki nan bezwen. Ann wè sa yon ekriven te ekri konsènan manman l ki te granmoun ki t ap soufri akoz maladi Alzaymè. Yon jou, manman an te sal rad li. Pandan l t ap eseye pwòpte tèt li, sonèt la te sonnen. Moun ki te vin vizite l yo se de Temwen ki te konn pase wè l regilyèman. Sè yo te mande l èske gen yon bagay yo te ka fè pou ede l. Dam nan te reponn: “Sa vrèman anbarasan, men, wi nou ka ede m.” Sè ki te vin vizite l yo te ede l netwaye tèt li. Annapre, yo te fè yon tas te pou li epi yo te rete pou yo te fè yon ti pale. Se pitit gason dam nan ki te gen plis rekonesans. Men sa l te ekri: “Chapo ba pou Temwen sa yo. Yo pratike sa yo preche yo.” Èske kè sansib ou gen pou moun ki malad e ki granmoun yo pouse w fè tout sa ou kapab pou w soulaje soufrans yo? — Flp. 2:3, 4.

15. Ki bèl posiblite travay predikasyon an ban nou?

15 Ede moun yo nan domèn espirityèl. Lè n wè pwoblèm ak tètchaje moun yo genyen sa fè n anvi ede yo nan domèn espirityèl. Pi bon fason nou ka fè sa se lè n aprann yo konnen Bondye ak sa Wayòm li an pral fè pou lèzòm. Yon lòt fason ankò se lè n ede yo wè sajès ki genyen lè yon moun viv ann amoni ak prensip Bondye yo (Eza. 48:17, 18). Èske w ka fè plis toujou nan travay predikasyon an, yon travay ki vrèman onore Jewova e ki montre kè sansib ou gen pou lòt moun? — 1 Tim. 2:3, 4.

LÈ W GEN KÈ SANSIB SA BON POU OU TOU!

16. Lè yon moun gen kè sansib, ki jan sa bon pou li?

16 Gen kèk espesyalis ki etidye sante mantal ki fè konnen lè n toujou gen kè sansib sa ka amelyore sante n, byennèt nou, ak relasyon nou gen ak lòt moun. Lè w soulaje soufrans lòt moun, ou vin gen plis kè kontan, ou vin pi pozitif, ou mwens santi w poukont ou, e w mwens gen tandans pou w gen panse negatif. Vrèmanvre, lè w gen kè sansib sa ap bon pou ou (Efe. 4:31, 32). Kretyen ki chèche ede lòt moun yon fason ki demontre lanmou vin gen yon bon konsyans, paske yo konnen fason yo aji a ann amoni ak prensip Bondye yo. Yon moun ki gen yon atitid konsa ap vin yon pi bon paran, yon pi bon konjwen e yon pi bon zanmi. Moun ki chofe pou demontre kè sansib gen plis posiblite pou yo resevwa èd ak sipò lè yo bezwen sa. — Li Matye 5:7; Lik 6:38.

17. Poukisa w dwe chèche gen kè sansib e pou w demontre sa?

17 Byenke w konnen lè w gen kè sansib sa bon pou ou, se pa sa ki ta dwe rezon prensipal ki fè w dwe chèche genyen l. Rezon prensipal la se ta dwe dezi w genyen pou w imite Jewova Dye e pou w ba l glwa piske se li menm ki Sous lanmou ak kè sansib (Pwo. 14:31). Li ban nou yon egzanp pafè. Kidonk, annou fè tout sa n kapab pou n imite l, sa vle di pou n demontre bonjan afeksyon pou frè n ak sè n yo e pou n gen bonjan relasyon ak pwochen nou lè n montre n gen kè sansib. — Gal. 6:10; 1 Jan 4:16.