Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou chèche gen metriz

Annou chèche gen metriz

“Fwi lespri a se [...] metriz.” — GAL. 5:22, 23.

KANTIK: 121, 36

1, 2. a) Ki sa k ka rive lè yon moun pa gen metriz? b) Poukisa yon sijè sou metriz enpòtan anpil jodi a?

METRIZ se yon kalite ki soti nan Bondye (Gal. 5:22, 23). Jewova demontre metriz yon fason ki pafè. Men, piske lèzòm enpafè, se goumen y ap goumen pou yo kontinye gen metriz. Vrèmanvre, anpil nan pwoblèm moun ap rankontre jodi a se paske yo manke metriz. Lè yon moun pa gen metriz, sa ka fè l toujou ap di l a gentan e sa ka fè l pa bay bon rannman nan lekòl li oswa nan travay li. Mete sou sa, sa ka lakòz moun di vye pawòl, yo bwè pou yo sou, yo fè vyolans, yo divòse, yo fè dèt ki pa nesesè, yo vin esklav dwòg, yo pran prizon, yo gen gwo pwoblèm afektif, yo pran maladi nan fè sèks epi yo vin ansent san yo pa t vle, pou n site sa yo sèlman. — Sòm 34:11-14.

2 Sa klè, moun ki pa gen metriz yo lage tèt yo nan pwoblèm e yo lakòz lòt moun gen pwoblèm. Epitou, pwoblèm pa gen metriz la se yon pwoblèm k ap vin pi grav chak jou. Nan ane 1940 yo, yo te fè yon etid sou metriz, men, gen kèk etid yo fè sa pa gen twò lontan ki montre l pi difisil kounye a pou moun demontre metriz. Sa pa fè moun k ap etidye Pawòl Bondye a sezi paske Bib la te gentan fè konnen youn nan bagay k ap montre n ap viv nan “dènye jou yo” sèke moun yo t ap “san metriz”. — 2 Tim. 3:1-3.

3. Poukisa kretyen yo ta dwe chèche gen metriz?

3 Poukisa n ta dwe chèche gen metriz? Ann egzamine de rezon enpòtan. Premyèman, selon sa yo remake, an jeneral, moun ki rive kontwole emosyon yo pa gen anpil gwo pwoblèm. Yo pi stab nan domèn afektif, yo pi fasil pou yo fè zanmi ak moun ki gen bon enfliyans sou yo, e kontrèman ak moun ki konn aji san reflechi yo, yo pa fache fasil, yo pa gen tètchaje e yo pa fè depresyon fasil. Dezyèmman, pou yon moun kontinye gen favè Bondye, li dwe gen kapasite pou l reziste anba tantasyon e pou l kontwole emosyon l genyen ki pa kòrèk yo. Verite sa a parèt aklè nan ka Adan ak Èv ki te echwe (Jen. 3:6). Epitou, reflechi ak move konsekans lòt moun jwenn depi lè sa a lefètke yo pa rive demontre kalite enpòtan sa a.

4. Ki sa k ankourajan pou kèlkeswa moun k ap lite pou yo gen metriz?

4 Pa gen okenn moun enpafè ki ka demontre metriz yon fason ki pafè. Jewova konnen jan sèvitè l yo ap lite nan sans sa a, e li vle ede yo kontwole tandans yo genyen pou yo fè peche (1 Wa 8:46-50). Antanke yon Zanmi ki renmen nou, avèk bonte, li ankouraje moun sensè ki vle sèvi l yo men k ap lite pou yo demontre metriz nan kèk domèn nan lavi a. Ann egzamine egzanp pafè Jewova bay la. Apre sa, nou pral aprann kèk leson nan bon egzanp ak move egzanp nou jwenn nan Bib la. Epitou, n ap egzamine kèk konsèy ki ka ede n gen plis metriz.

JEWOVA BAN NOU EGZANP

5, 6. Ki egzanp Jewova bay anrapò ak metriz?

5 Jewova demontre metriz yon fason ki pafè paske li pafè nan tout domèn (Det. 32:4). Men, nou menm, nou pa pafè. Malgre sa, pou n rive konprann kalite sa a ki se metriz, nou bezwen egzamine egzanp Jewova pou n ka pi byen imite l. Nan ki sitiyasyon konsa Jewova te demontre metriz?

6 Reflechi ak fason Jewova te demontre metriz lè Satan te fè rebelyon derespektan l lan. Bondye te dwe fè fas ak defi sa a. Sandout defi Dyab la te lanse a te fè kreyati fidèl Bondye yo ki nan syèl la fache e sa te fè yo an kòlè. Petèt ou santi w menm jan an lè w reflechi sou tout soufrans Satan lakòz. Men, Jewova pa t aji sou kout tèt. Li te kontwole fason l te aji e l te fè sa yon fason ki apwopriye. Li pa t kouri fè kòlè e li te regle kesyon rebelyon Satan an yon fason ki jis (Egz. 34:6; Jòb 2:2-6). Poukisa Jewova te kite tan pase? Se paske l pa ta renmen okenn moun detwi, men l “ta renmen pou tout moun rive repanti”. — 2 Pyè 3:9.

7. Ki sa n ka aprann nan egzanp Jewova?

7 Fason Jewova demontre metriz aprann nou nou dwe kontwole pawòl nou, nou dwe byen veye kote n ap met pye n, e n pa dwe kouri aji san reflechi. Lè w ap fè fas ak yon kesyon ki enpòtan, pran tan pou w aji avèk sajès. Priye pou w gen sajès pou w di oswa pou w fè sa ki kòrèk (Sòm 141:3). Lè yon moun an kòlè, li fasil anpil pou l aji sou emosyon. Anpil nan nou konn regrèt pawòl nou te di san reflechi oswa aksyon n te fè sou kout tèt! — Pwo. 14:29; 15:28; 19:2.

BON EGZANP AK MOVE EGZANP PAMI SÈVITÈ BONDYE YO

8. a) Ki kote n ka jwenn egzanp kèk moun ki te demontre kalite Bondye yo? b) Ki sa k te ede Jozèf aji jan l te aji a lè madan Potifa te eseye sedui l? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Ki egzanp nan Bib la ki montre enpòtans pou n kontwole fason n ap reyaji? Se sèten ou ka sonje egzanp plizyè moun Bib la pale de yo ki te demontre bonjan metriz lè yo te jwenn eprèv. Youn nan moun sa yo se Jozèf, pitit gason Jakòb. Li te demontre metriz lè l t ap travay lakay Potifa ki te alatèt moun ki t ap bay Farawon sekirite yo. Madan Potifa te gen je sou Jozèf ki te “yon bèl gason ki byen kanpe”, e l te eseye sedui l. Ki sa k te ede Jozèf refize avans madanm nan te toujou ap fè l yo? Pa gen dout, li te pran tan pou l reflechi sou konsekans sa t ap genyen si l ta bese vijilans li. E lè sitiyasyon an te vin grav, li te kouri pou madanm nan. Men sa l te di: “Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?” — Jen. 39:6, 9; li Pwovèb 1:10.

9. Ki jan w ka prepare w pou w reziste devan tantasyon?

9 Ki sa n aprann nan egzanp Jozèf? Youn nan bagay nou aprann sèke nou ka bezwen kouri lè n jwenn tantasyon pou n vyole youn nan lwa Bondye yo. Gen kèk moun anvan yo te vin Temwen ki te konn manje twòp, ki te konn bwè twòp, ki te konn fimen, ki te konn pran dwòg, ki te konn fè imoralite seksyèl ak lòt bagay menm jan an. Menm apre yo fin batize, pafwa yo ka tante pou yo retounen nan bagay yo te konn ap pratike yo. Si jamè w ta tante pou w vyole youn nan lwa Jewova yo, fòtifye tèt ou lè w pran tan pou w reflechi sou konsekans grav sa ka genyen sou relasyon w ak Jewova lè w pa metrize tandans ou genyen pou w fè peche. Ou ka eseye reflechi alavans sou sitiyasyon ki kapab mennen nan tantasyon epi deside ki fason w ka evite yo (Sòm 26:4, 5; Pwo. 22:3). Si jamè w ta devan yon eprèv konsa, mande Jewova pou l ba w sajès ak metriz ou bezwen pou w reziste.

10, 11. a) Ki sitiyasyon anpil adolesan ap rankontre nan lekòl yo? b) Ki sa k ka ede jèn ki kretyen yo reziste anba presyon pou yo gen move konduit?

10 Gen anpil jèn ki kretyen k ap fè fas ak eprèv ki sanble ak eprèv Jozèf te rankontre a. Ann pran egzanp Kim. Pifò nan kamarad lekòl li yo te lage kò yo nan fè sèks, e byen souvan, yo konn ap vante tèt yo pou rapò seksyèl yo te genyen apre chak wikenn. Kim pa t gen jan de istwa sa yo pou l rakonte. Li fè konnen lefètke l diferan sa fè l santi l “abandone e l poukont” li pafwa, e kamarad li yo te konn wè l kòm yon moun ki raz paske l pa t gen mennaj. Men, Kim te gen ase sajès pou l konnen anpil jèn ap jwenn gwo tantasyon pou lage kò yo nan fè sèks (2 Tim. 2:22). Byen souvan, kamarad li yo te konn mande l si l te toujou vyèj. Sa te konn ba l posiblite pou l esplike rezon ki fè l pa lage kò l nan fè sèks. Nou fyè dèske jèn ki kretyen yo detèmine pou yo reziste anba presyon pou yo fè imoralite seksyèl, e Jewova fyè de yo tou!

11 Nan Bib la, nou jwenn plizyè egzanp moun ki te manke metriz anrapò ak konduit seksyèl, e sa sèvi nou avètisman. Epitou, li montre konsekans tris konpòtman san kontwòl sa a ka lakòz. Li ta bon pou kèlkeswa moun ki nan sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Kim nan reflechi sou istwa jèn gason ki san konprann Bib la pale de li nan Pwovèb chapit 7 la. Anplis de sa, reflechi sou desizyon Amnon te pran an ak konsekans terib konpòtman l lan te genyen (2 Sam. 13:1, 2, 10-15, 28-32). Paran yo ka ede pitit yo aprann gen metriz ak sajès nan kesyon relasyon santimantal lè yo sèvi ak pasaj biblik ki pi wo yo pou yo pale sou sijè sa a ak yo nan adorasyon an fanmi an.

12. a) Ki jan Jozèf te metrize santiman l nan fason l te boule ak frè l yo? b) Nan ki sitiyasyon nou dwe metrize santiman nou?

12 Nan yon lòt okazyon, Jozèf te bay yon lòt bèl egzanp antanke moun ki te gen metriz. Pou Jozèf te rive wè sa k nan kè frè l yo, li pa t kite yo rekonèt li lè yo te parèt devan l ann Ejip pou yo achte manje. Epi, lè santiman ki t ap travèse l yo te vin fò anpil, li te deplase al yon kote apa pou l pa t kite yo wè l k ap kriye (Jen. 43:30, 31; 45:1). Si yon kretyen parèy ou oswa yon moun ou renmen ta mal aji avè w, lè w demontre metriz menm jan ak Jozèf, sa ka ede w evite aji san reflechi (Pwo. 16:32; 17:27). Si w gen fanmi w ki eskominye, ou ka bezwen kontwole santiman w yon fason pou w pa pran kontak ak yo san nesesite. Demontre metriz nan sitiyasyon sa yo se pa yon bagay ki otomatik, men, l ap pi fasil si n rann nou kont fason n reyaji a ann amoni ak egzanp Bondye bay e l ann amoni ak konsèy li.

13. Ki leson nou ka aprann nan istwa Bib la rakonte konsènan wa David?

13 Nan Bib la, nou jwenn yon bèl egzanp konsènan wa David. Byenke l te gen anpil pouvwa, li pa t itilize l avèk kòlè lè Sayil ak Chimeyi t ap pwovoke l (1 Sam. 26:9-11; 2 Sam. 16:5-10). Sa pa vle di David te toujou metrize tèt li, paske, jan nou konn sa, li te fè peche ak Batcheba e l te vin an kòlè anpil okòmansman lè Nabal t ap fè peng (1 Sam. 25:10-13; 2 Sam. 11:2-4). Aktout sa, nou ka aprann bonjan leson nan egzanp David. Premyèman, moun ki pran latèt pami pèp Bondye a bezwen sitou veye pou yo demontre metriz yon fason pou yo pa mal sèvi ak otorite yo. Dezyèmman, pèsonn pa ka twò kwè nan tèt li pou l ta panse li pap tonbe nan tantasyon. — 1 Kor. 10:12.

KÈK BAGAY OU KAPAB FÈ

14. Ki eksperyans yon frè te fè, e poukisa fason nou reyaji nan sitiyasyon menm jan an enpòtan?

14 Ki sa w ka fè pou w vin gen plis metriz? Ann pran yon sitiyasyon ki te rive toutbon. Gen yon machin ki frape machin Luigi a pa dèyè. Malgre lòt chofè a te antò, li tonbe joure Luigi e l eseye goumen avè l. Luigi te priye Jewova, li te mande l ede l kenbe metriz li e l te eseye kalme lòt chofè a, men, sa pa t mache. Luigi te pran yon ti nòt ki gen enfòmasyon sou asirans machin mesye a epi l deplase toutpandan mesye a kontinye ap pale byen fò. Yon semèn annapre, Luigi t al fè yon nouvèl vizit lakay yon dam e l te aprann lòt chofè a se mari dam nan! Mesye a te santi l jennen e l te mande Luigi eskiz poutèt pakèt pawòl anpil li te fè a. Li te di Luigi l ap rele konpayi asirans Luigi a pou bagay yo ka fèt pi rapid. Mesye a te patisipe nan konvèsasyon biblik Luigi te gen ak madanm li an e l te renmen sa k t ap di yo. Lè Luigi reflechi, li te ka wè jan sa te enpòtan lefètke l te rete kalm apre aksidan an e ki konsekans sa te ka genyen si l te pèdi metriz li. — Li 2 Korentyen 6:3, 4.

Lè n ret kalm oswa n pèdi metriz, sa ka gen yon efè dirèk oswa endirèk sou sèvis nou antanke kretyen. (Gade paragraf 14.)

15, 16. Ki jan etid ou fè nan Bib la ka ede ou menm ak fanmi w demontre metriz?

15 Bonjan etid pwofon kretyen yo fè nan Bib la ka ede yo demontre metriz. Sonje sa Bondye te di Jozye: “Pawòl ki nan liv Lalwa a dwe toujou nan bouch ou e ou dwe li l tou ba lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès.” (Joz. 1:8). Ki jan etid ou fè nan Bib la ka ede w demontre metriz?

16 Jan nou fèk sot di sa, nan Ekriti yo, nou jwenn yon pakèt istwa ki montre byen klè byenfè ak konsekans moun jwenn selon fason yo aji. Jewova te fè ekri istwa sa yo nan Bib la pou yon rezon (Wom. 15:4). Se pa ti saj n ap montre n saj lè n li yo, lè n medite sou yo e lè n etidye yo! Eseye chèche wè ki jan istwa sa yo aplike avè w ak fanmi w. Mande Jewova ede w obeyi Pawòl li a. Si w rann ou kont ou manke metriz nan kèk domèn, admèt sa. Annapre, priye sou sa epi fè efò pou w wè ki jan w ka amelyore (Jak 1:5). Sa klè, lè w fè rechèch nan piblikasyon nou yo, sa ka ede w jwenn enfòmasyon enpòtan k ap ede w plis toujou.

17. Ki fason paran yo ka ede pitit yo gen metriz?

17 Ki jan w ka ede pitit ou gen metriz? Paran yo konnen jèn yo pap vin gen kalite sa a tou natirèl. E menm jan pou tout lòt kalite timoun yo bezwen chèche genyen, paran yo dwe bay egzanp (Efe. 6:4). Donk, si w wè pitit ou ap goumen pou l kontwole emosyon l, mande tèt ou si w ba l bon egzanp. Pa minimize bon efè sa genyen lè w patisipe regilyèman nan travay predikasyon an, lè w asiste reyinyon yo ak lè w fè adorasyon an fanmi. Pa pè di pitit ou non lè l mande w yon bagay, depi sa nesesè! Jewova te fikse limit pou Adan ak Èv, yon seri limit ki t ap fè yo byen konprann otorite Jewova. Menm jan an tou, paran yo dwe bay pitit yo disiplin ak egzanp nan objektif pou yo aprann demontre metriz. Lanmou pou otorite Bondye ak respè pou prensip li yo fè pati bagay ki gen anpil valè ou ka aprann pitit ou genyen. — Li Pwovèb 1:5, 7, 8.

18. Poukisa w kapab gen konfyans w ap jwenn byenfè lè w gen bon zanmi?

18 Sa klè, kit ou se paran kit ou pa paran, ou pa dwe janm bliye jan sa enpòtan pou w byen chwazi zanmi w. Chèche fè zanmi ak moun k ap ankouraje w gen bon objektif e k ap ede w evite pwoblèm (Pwo. 13:20). Lè w fè zanmi ak moun espirityèl, sa ap gen yon efè pozitif sou ou, y ap ankouraje w imite yo nan fason yo demontre metriz nan lavi yo. E sandout, bon konduit ou genyen ap ankouraje zanmi w yo. Metriz w ap vin genyen an se yon bagay ki enpòtan pou w gen favè Bondye chak jou nan lavi w e pou w pataje bon bagay ak moun pa w.