Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen jwenn benediksyon paske m travay ak gason ki espirityèl

Mwen jwenn benediksyon paske m travay ak gason ki espirityèl

NAN mitan ane 1930 yo, papa m ak manman m ki te rele James ak Jessie Sinclair te demenaje al viv Bwonks, yon katye nan vil Nouyòk. Youn nan premye moun yo te fè konesans avè l se te Willie Sneddon ki te sot nan peyi Ekòs menm jan ak yo. Nan kèk minit sèlman nan premye rankont yo te genyen, yo toule twa te kòmanse pale de fanmi yo. Sa te pase kèk ane anvan m te fèt.

Manman m te di Willie, yon ti tan anvan Gwo Lagè a, papa l ak gran frè l la te mouri neye paske bato lapèch yo a te frape yon min nan Lanmè Nò. Men sa Willie te reponn: “Papa w nan lanfè!” Willie te yon Temwen Jewova, e se fason chokan sa a manman m te fè konesans ak verite ki nan Bib la.

Willie ak Liz Sneddon.

Sa Willie te di a te fè manman m fache paske l te konnen papa l te yon bon moun. Men sa Willie te ajoute: “Èske sa t ap fè w santi w byen si m te di w Jezi t al nan lanfè?” Manman m te sonje yon kwayans nan legliz li a ki fè konnen Jezi te desann nan lanfè e l te leve nan twazyèm jou a. Donk, li t ap mande tèt li: ‘Si lanfè se yon kote ki plen dife pou toumante mechan yo, poukisa Jezi t al ladan l?’ Se konsa manman m te kòmanse enterese nan laverite. Li te kòmanse asiste reyinyon nan kongregasyon Bwonks e l te batize an 1940.

Mwen menm ak manman m, epi mwen menm ak papa m.

Nan epòk sa a, paran ki kretyen yo pa t jwenn okenn ankourajman espesyal pou yo etidye Labib ak pitit yo. Lè m te fèk ap mache, papa m te konn pran swen m lè manman m al nan reyinyon ak lè l al preche nan wikenn. Apre kèk ane, li menm avè m te kòmanse asiste reyinyon yo ansanm ak manman m. Manman m te zele anpil nan preche bon nouvèl la e l te konn kondui plizyè etid Labib ak moun ki enterese yo. Anfèt, pandan yon epòk, se an gwoup li te konn fè kèk etid paske etidyan l yo te abite toupre youn lòt. M te konn al preche avè l lè m te gen vakans nan lekòl mwen. Konsa, mwen te aprann anpil bagay nan Bib la ak fason pou m anseye lòt moun sa l di.

M byen regrèt pou m di, lè m te timoun, m pa t fin apresye laverite nèt. M pa t ba l enpòtans. Sepandan, lè m te gen anviwon 12 an, m te vin yon pwoklamatè Wayòm nan e depi lè sa a, mwen patisipe nan travay predikasyon an regilyèman. Lè m te gen 16 an, m te vwe lavi m bay Jewova, e m te batize jou ki te 24 jiyè 1954 la, nan yon kongrè ki te fèt Towonto, nan peyi Kanada.

M AP SÈVI NAN BETÈL

Gen kèk frè nan kongregasyon nou an ki te Betelit oswa ki te ansyen Betelit. Yo te gen yon gwo enfliyans sou mwen. Kapasite yo te genyen lè yo t ap pale ak lè yo t ap esplike verite ki nan Bib la te enpresyone m. Byenke pwofesè lekòl mwen te vle m al nan inivèsite, objektif mwen se te al nan Betèl. Se sa k fè m te ranpli yon aplikasyon pou m al nan Betèl e m te remèt li nan kongrè sa a ki te fèt Towonto. M te fè sa yon lòt fwa ankò an 1955 nan yon kongrè ki te fèt nan Yankee Stadium, nan vil Nouyòk. Yon ti tan apre, lè m te gen 17 an, m te resevwa yon envitasyon pou m kòmanse sèvi nan Betèl Bwouklin nan dat 19 septanm 1955. Sou dezyèm jou m nan Betèl la, m te kòmanse travay kote yo konn relye piblikasyon yo ki te nan 117 Adams Street. Sa pa t pran tan pou m te travay sou yon machin k ap rasanble plizyè seksyon 32 paj ki gen nan liv yo yon fason pou yo ka pare pou machin k ap fè liv yo ka koud yo.

Lè m te gen 17 an, m te kòmanse sèvi nan Betèl Bwouklin.

Apre m fin fè anviwon yon mwa kote yo relye liv yo, yo te voye m nan Sèvis peryodik la paske m te konn tape. Nan epòk sa a, frè ak sè yo te konn tape adrès sou yon seri ti plak an metal yo rele estensil pou moun ki fèk fè abònman Toudegad ak Reveye n! Kèk mwa annapre, m t ap travay nan Sèvis ekspedisyon. Klaus Jensen ki te siveyan depatman an te mande m si m t ap disponib pou m akonpaye chofè ki t ap transpòte katon liv yo nan kamyon pou depoze yo nan waf pou ekspedye yo nan lemonnantye. Epitou, te gen plizyè sak peryodik yo te dwe pote lapòs pou voye bay kongregasyon yo toupatou Ozetazini. Frè Jensen te di m li panse travay fizik sa a t ap fè m byen. M te peze sèlman 57 kilogram (anviwon 125 liv) e m te mèg kou kaw. Vwayaj sa yo m te konn fè pou m al sou waf yo ak nan lapòs te ede m vin gen plis fòs nan domèn fizik. Sa klè, frè Jensen te konnen sa k t ap fè m byen!

Sèvis peryodik la te konn ranpli demann peryodik kongregasyon yo fè tou. Konsa, m te vin konn nan ki lang yo enprime peryodik nou yo nan Bwouklin pou voye yo lòt kote nan monn nan. Gen anpil nan lang sa yo m pa t janm konn tande pale de yo, men, m te kontan aprann gen plizyè dizèn milye piblikasyon ki prale nan yon seri zòn ki byen lwen. Byenke m pa t konn sa alepòk, m t apral gen privilèj pou m vizite anpil nan zòn sa yo nan ane ki t ap vini yo.

Mwen menm ak Robert Wallen, Charles Molohan ak Don Adams.

An 1961, m te jwenn asiyasyon pou m travay nan Biwo trezò a (Treasurer’s Office) anba sipèvizyon Grant Suiter. Apre m fin fè kèk ane nan sèvis sa a, yo te voye m al travay nan biwo Nathan Knorr, se li menm ki te pran latèt nan travay mondyal la nan epòk sa a. Li te fè m konnen gen youn nan frè k ap travay nan biwo l la ki pral asiste Lekòl Ministè Wayòm nan pandan yon mwa, apre sa, l ap gen pou l al travay nan Biwo sèvis. M te jwenn asiyasyon pou m travay nan plas li ansanm ak Don Adams. Se te yon kowensidans paske Don se frè ki te resevwa demann m te fè pou m antre nan Betèl nan kongrè ki te fèt an 1955 lan. Robert Wallen ak Charles Molohan se de lòt frè ki te deja ap travay nan menm biwo sa a. Nou toule kat te travay ansanm pandan plis pase 50 an. Se pa ti kontan m kontan dèske m te sèvi bò kot gason sa yo ki fidèl e ki espirityèl! — Sòm 133:1.

Premye vizit zòn mwen nan Venezyela, an 1970.

Apati ane 1970, m te jwenn asiyasyon pou m vwayaje pandan kèk semèn chak ennan oswa chak dezan pou m vizite plizyè biwo filyal Sosyete Watch Tower a genyen, e yo te rele vizit sa yo vizit siveyan zòn. Sa te gen ladan l vizite fanmi Betèl yo ak misyonè yo nan lemonnantye, ankouraje yo nan domèn espirityèl, epi verifye dosye biwo filyal yo. M te kontan anpil dèske m te rankontre kèk moun ki te gradye nan premye klas Lekòl Galaad yo e ki toujou ap sèvi fidèlman nan asiyasyon yo aletranje! Se te yon privilèj ak yon plezi pou m vizite plis pase 90 peyi pandan m t ap fè travay sa a.

Se yon plezi pou m te vizite frè yo nan plis pase 90 peyi!

M JWENN YON KONPAY KI FIDÈL

Tout moun ki fè pati fanmi Betèl la nan Bwouklin te jwenn asiyasyon nan divès kongregasyon ki nan vil Nouyòk yo. Kongregasyon yo te asiye m nan te nan Bwonks. Premye kongregasyon ki te gen nan zòn sa a te pwogrese anpil e l te vin sende. Yo te vin rele premye kongregasyon an Anwo Bwonks, e se ladan l mwen te ye.

Nan mitan ane 1960 yo, gen yon fanmi Temwen ki soti nan peyi Letoni ki te pran laverite nan sid Bwonks ki te vin abite nan tèritwa kongregasyon sa a. Livija, ki se pi gran pitit fi yo a, te vin pyonye pèmanan tousuit apre l fin lekòl. Kèk mwa apre, li t al abite Masachousèt pou l sèvi nan zòn kote ki gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan. M te kòmanse ekri l pou m ba l nouvèl kongregasyon an, e li menm li te konn fè m repons pou l esplike m jan l te jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an nan zòn Boston.

Mwen menm ak Livija.

Kèk ane apre, Livija te vin nome pyonye espesyal. Li te vle fè tout sa l kapab nan sèvis Jewova a, konsa, li te ranpli yon fòmilè pou Betèl e yo te envite l pou l vini nan ane 1971. Sanble sa te yon siy Jewova te ban m! Jou ki te 27 oktòb 1973 la, nou te marye e n te gen privilèj pou frè Knorr fè diskou maryaj nou. Pwovèb 18:22 di: “Yon gason ki jwenn yon bon madanm jwenn yon bon bagay, e li jwenn favè Jewova.” Konsa, Livija avè m gen privilèj pase plis pase 40 an ansanm nan sèvis Betèl. Epitou, nou kontinye soutni yon kongregasyon ki nan Bwonks.

M AP TRAVAY KÒTAKÒT AK FRÈ KRIS YO

Mwen te vrèman kontan travay ak frè Knorr. Li pa t janm fatige lè l t ap travay pou laverite e se pa ti apresye l te apresye misyonè yo ki t ap travay nan lemonnantye. Anpil nan yo te premye Temwen ki te gen nan peyi kote yo te asiyen yo. Sa te vrèman tris lè m te wè frè Knorr ap soufri ak kansè an 1976. Yon jou, lè l te pran kabann, li te mande m pou m li kèk piblikasyon yo t apral enprime. Li te mande m pou m rele Frederick Franz pou l te ka vin koute lekti a tou. Annapre, m te vin rann mwen kont se paske frè Franz te gen pwoblèm je, frè Knorr te konn pase anpil tan ap li piblikasyon sa yo pou li.

M te fè yon vizit zòn ansanm ak Daniel ak Marina Sydlik, an 1977.

Frè Knorr mouri an 1977, men, moun ki te konnen l e ki te renmen l te jwenn konsolasyon paske l te fini kous li sou tè a fidèlman (Rev. 2:10). Annapre, frè Franz te pran latèt nan travay nou an.

Nan epòk sa a, mwen te sekretè Milton Henschel, yon frè ki te pase plizyè dizèn ane ap travay ak frè Knorr. Frè Henschel te fè m konnen prensipal responsablite m t ap gen nan Betèl kounye a se te ede frè Franz nan kèlkeswa sa l te bezwen. M te konn li piblikasyon yo pou li regilyèman anvan yo te enprime yo. Frè Franz te gen yon memwa estrawòdinè e l te gen yon bèl kapasite pou l konsantre l nèt sou sa yo t ap li pou li. Se pa ti kontan m kontan dèske m te ka ede l fason sa a jiskaske l te fini kous li sou tè a an desanm 1992!

124 Columbia Heights, m te travay la pandan plizyè dizèn ane.

Se pa ti vit 61 an mwen pase nan Betèl la pase vit. Toude paran m yo mouri fidèl ak Jewova, e m ap tann moman kote m pral akeyi yo nan yon monn ki pi bon lontan (Jan 5:28, 29). Pa gen anyen nan sistèm sa a nou ka konpare ak bèl privilèj nou genyen pou n travay ak gason ak fi ki fidèl k ap travay pou pèp Bondye a nan lemonnantye. Vrèmanvre, Livija avè m kapab di pandan tout ane nou pase nan sèvis aplentan “lajwa Jewova bay la se fòs nou”. — Ney. 8:10.

Travay simen verite Wayòm nan ap kontinye, e pa gen moun ki endispansab nan òganizasyon Jewova a. Se yon jwa ak yon privilèj pou m te travay ak anpil frè ak sè moun ka fè konfyans e ki fidèl pandan ane ki pase yo. Pifò nan moun Bondye chwazi pou al nan syèl m te konn travay ak yo pa sou tè a ankò. Men, m gen rekonesans dèske m te travay nan sèvis Jewova a ansanm ak moun sa yo ki fidèl e ki espirityèl.