Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mete kouraj sou ou [...] epi fè travay la”

“Mete kouraj sou ou [...] epi fè travay la”

“Mete kouraj sou ou, mete kran sou ou, epi fè travay la. Pinga w pè e pinga w panike, paske Jewova, [...] avè w.” — 1 KWO. 28:20.

KANTIK: 38, 34

1, 2. a) Ki asiyasyon enpòtan Salomon te jwenn? b) Poukisa David te enkyè pou Salomon?

SALOMON te gen responsablite pou l sipèvize youn nan pi gwo pwojè konstriksyon ki te ka genyen, se te konstriksyon tanp Jerizalèm lan. Tanp sa a te dwe “bèl anpil anpil pou moun nan tout peyi ka pale de li e pou yo ka di jan l bèl”. Sa k pi enpòtan an, se tanp lan ki t ap vin “kay Jewova, vrè Dye a”. Jewova te mande pou Salomon dirije pwojè sa a. — 1 Kwo. 22:1, 5, 9-11.

2 Wa David te konnen Bondye t ap avèk Salomon, men, Salomon te “jèn e li [potko] gen eksperyans”. Èske l t ap gen kouraj pou l rive konstwi tanp lan? Kòm li te jèn e li te manke eksperyans, èske sa t ap fè l kraponnen? Pou Salomon te reyisi, li te bezwen mete kouraj sou li pou l fè travay la.

3. Ki sa Salomon te ka aprann nan men papa l sou kouraj?

3 Sanble Salomon te aprann anpil bagay nan men papa l sou kouraj. Lè David te jèn, li te batay ak bèt sovaj ki te vle pran ti mouton papa l yo (1 Sam. 17:34, 35). Li te montre l gen anpil kouraj lè l t al fè fas kare ak yon jeyan ki gen anpil eksperyans nan batay. Vrèmanvre, li te pot laviktwa sou Golyat grasa èd Bondye ansanm ak yon wòch lis. — 1 Sam. 17:45, 49, 50.

4. Poukisa Salomon te bezwen gen kouraj?

4 Li te toutafè nòmal pou David te ankouraje Salomon annapre pou l mete kouraj sou li e pou l konstwi tanp lan. (Li 1 Kwonik 28:20.) Si Salomon pa t gen kouraj, laperèz te gendwa fè l pa fè anyen menm, e sa t ap pi rèd pase si l te echwe.

5. Poukisa nou dwe gen kouraj?

5 Menm jan ak Salomon, nou bezwen èd Jewova pou n gen kouraj e pou n fin fè travay la. Pou n rive fè sa, nou kapab reflechi sou egzanp kèk moun nan tan lontan ki te demontre kouraj. Mete sou sa, nou ka reflechi sou fason nou ka mete kouraj sou nou epi fè travay nou.

EGZANP MOUN KI TE GEN KOURAJ

6. Ki sa k enpresyone w konsènan kouraj Jozèf te genyen?

6 Fè yon ti reflechi sou kouraj Jozèf te demontre lè madan Potifa te eseye fè l fè imoralite seksyèl. Sandout li te konnen li te ka sibi gwo konsekans si l pa t dakò kouche avè l. Malgre sa, li pa t lage ba li, li te mete kouraj sou li e l te aji. — Jen. 39:10, 12.

7. Esplike jan Rahab te demontre kouraj. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Rahab se yon lòt moun ki te demontre kouraj. Lè espyon izrayelit yo t al lakay Rahab nan Jeriko, Rahab te ka pè e li te ka fè pran yo. Men, konfyans li te gen nan Jewova te fè l mete kouraj sou li pou l kache de mesye yo e pou l ede yo chape san anyen pa rive yo (Joz. 2:4, 5, 9, 12-16). Rahab te dakò Jewova se vrè Dye a, e li te gen konfyans li t ap bay Izrayelit yo peyi a, yon fason oubyen yon lòt. Li pa t kite lòt moun, san wete wa Jeriko a ak mesye l yo, fè l pè pou l ta rete san l pa fè anyen. Okontrè, li te aji yon fason ki te vin pèmèt li menm ak fanmi l sove. — Joz. 6:22, 23.

8. Ki jan kouraj Jezi te gen efè sou apot yo?

8 Apot Jezi ki te fidèl yo kite yon bèl egzanp nan demontre kouraj. Yo te wè jan Jezi te demontre kouraj (Mat. 8:28-32; Jan 2:13-17; 18:3-5). Egzanp sa a te ede yo vin gen plis kouraj. Lè Sadiseyen yo te opoze ak apot yo, yo pa t sispann sèvi ak non Jezi nan ansèyman yo t ap bay. — Tra. 5:17, 18, 27-29.

9. Ki jan 2 Timote 1:7 ede n wè ki kote prensipalman kouraj soti?

9 Jozèf, Rahab, Jezi ak apot yo te montre yo gen yon fòs ki te pouse yo fè bon bagay. Se pa twòp konfyans yo te gen nan tèt yo ki fè yo te gen kouraj. Men, se paske yo te konte sou Jewova. Nou menm tou, nou konn nan sitiyasyon ki mande pou n demontre kouraj. Olye nou konte sou tèt nou, nou dwe konte sou Jewova. (Li 2 Timote 1:7.) Ann konsidere de domèn nan lavi a kote nou bezwen demontre kouraj: nan fanmi nou ak nan kongregasyon an.

SITIYASYON KI MANDE POU N DEMONTRE KOURAJ

10. Poukisa jèn kretyen yo bezwen demontre kouraj?

10 Jèn kretyen yo rankontre anpil sitiyasyon ki mande pou yo mete kouraj sou yo pou yo sèvi Jewova. Yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Salomon e yo ka suiv egzanp li nan fason l te demontre kouraj pou l pran desizyon ki saj pou l te ka fin konstriksyon tanp lan. Byenke paran jèn kretyen yo kapab gide yo, e se konsa sa ta dwe ye, yo menm yo gen desizyon enpòtan yo dwe pran poukont yo (Pwo. 27:11). Yo bezwen gen kouraj pou yo pran desizyon ki saj tankou chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou yo, chwazi bonjan detant, rete pwòp nan domèn moral, e pou yo batize. Rezon an, se paske jèn sa yo aji yon fason ki kontrè ak volonte Satan, li menm k ap pwovoke Bondye.

11, 12. a) Ki jan Moyiz kite yon bèl egzanp antanke moun ki te gen kouraj? b) Ki jan jèn yo ka imite egzanp Moyiz?

11 Youn nan desizyon enpòtan jèn yo dwe pran gen rapò ak objektif yo genyen. Nan kèk peyi, yo fè presyon sou jèn yo pou yo fikse objektif pou yo fè gwo etid e pou yo chèche gen gwo djòb. Gen lòt peyi kote sitiyasyon ekonomik yo konn fè jèn yo santi yo dwe konsantre yo sou pran swen fanmi yo nan domèn materyèl. Si w ta nan nenpòt nan sitiyasyon sa yo, w ap bezwen egzamine egzanp Moyiz. Piske se pitit fi Farawon ki te leve Moyiz, Moyiz te ka gen objektif pou l vin gen gwo pozisyon oubyen pou l vin rich. Imajine jan Ejipsyen ki te fanmi l yo, pwofesè l yo ak konseye l yo dwe te fè presyon sou li! Moyiz pa t pran nan presyon, men, li te demontre kouraj e li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Yonfwa Moyiz te fin vire do bay richès peyi Ejip yo, li te met konfyans li nan Jewova (Ebre 11:24-26). Sa te fè Jewova beni l nan epòk sa a, e pa gen dout, Moyiz pral jwenn plis benediksyon alavni.

12 Menm jan an tou, Jewova ap beni jèn ki mete kouraj sou yo pou yo fikse objektif espirityèl e ki mete Wayòm nan an premye nan lavi yo. L ap ede yo pran swen fanmi yo. Nan premye syèk la, Timote, ki te yon jèn gason, te fikse objektif espirityèl, e w ka fè sa tou *. — Li Filipyen 2:19-22.

Èske w pran detèminasyon pou w mete kouraj sou ou nan tout aspè nan lavi w? (Gade paragraf 13-17.)

13. Lefètke yon jèn sè te gen kouraj, ki jan sa te ede l atenn objektif li te genyen?

13 Gen yon sè nan Alabama, Ozetazini, ki te dwe fè efò pou l gen plis kouraj pou l ka fikse objektif espirityèl. Men sa l ekri: “Toutpandan m t ap grandi, mwen te timid anpil. Se apèn si m te ka pale ak moun ki nan Sal Wayòm nan, e sa te pi difisil toujou pou m frape lakay moun mwen pa konnen ditou.” Paran jèn kretyèn sa a ak lòt moun nan kongregasyon an te ede l atenn objektif li te genyen pou l vin pyonye pèmanan. Men sa l di: “Monn Satan an fè moun kwè bon objektif yo se fè gwo etid, gen gwo renome, fè lajan, epi chèche posede anpil bagay materyèl. Byen souvan, li enposib pou moun gen tout bagay sa yo e se strès ak soufrans sèlman yo lakòz. Tandiske, sèvi Jewova ede m gen pi gwo kè kontan ki te ka genyen an e sa fè m santi m reyalize yon bagay.”

14. Bay kèk egzanp kote paran ki kretyen yo bezwen demontre kouraj.

14 Paran ki kretyen yo bezwen demontre kouraj tou. Pa egzanp, patwon w ka mande w souvan pou w fè travay siplemantè leswa ak lè wikenn, yon seri moman ou te rezève pou w fè adorasyon an fanmi, pou w preche e pou w al nan reyinyon. Ou bezwen kouraj pou w refize òf sa yo ou jwenn detanzantan e pou w bay pitit ou bon egzanp. Oswa, petèt kèk paran nan kongregasyon an kite pitit yo fè yon seri bagay ou pa vle pitit pa w fè. Paran sa yo ka mande w poukisa pitit ou pa patisipe nan aktivite sa yo. Èske w ap mete kouraj sou ou pou w esplike yo avèk tak rezon ki fè w pran desizyon sa a?

15. Ki jan Sòm 37:25 ak Ebre 13:5 ka ede paran yo?

15 Nou demontre kouraj lè n ede pitit nou yo fikse objektif espirityèl ak lè n ede yo atenn objektif sa yo. Pa egzanp, gen kèk paran ki ka renka pou yo ankouraje pitit yo fè karyè nan sèvis pyonye, pou y al sèvi kote ki gen plis bezwen, pou yo antre nan Betèl oswa pou yo travay nan pwojè konstriksyon òganizasyon an. Paran sa yo ka pè pou pitit yo pa ka pran swen yo lè yo vin granmoun. Men, paran ki gen sajès yo mete kouraj sou yo e yo met lafwa yo nan pwomès Jewova yo. (Li Sòm 37:25; Ebre 13:5.) Epi, yon lòt fason nou ka demontre kouraj e nou ka konte sou Jewova se lè n ede pitit nou fè menm bagay la. — 1 Sam. 1:27, 28; 2 Tim. 3:14, 15.

16. Ki jan kèk paran te ede pitit yo fikse objektif espirityèl, e ki jan sa te bon pou yo?

16 Gen yon koup Ozetazini ki te ede pitit yo fikse objektif espirityèl. Men sa mari a esplike: “Depi anvan pitit nou yo te konn mache oubyen pale, nou te konn di yo jan sèvis pyonye ak travay nan kongregasyon an bay kè kontan. Kounye a, se objektif sa a yo fikse. Lefètke n gen objektif espirityèl e nou atenn yo, sa ede pitit nou yo pou yo pa pran nan presyon sistèm Satan an ap fè sou yo e pou yo konsantre sou sa ki vrè: sou Jewova.” Men sa yon frè ki gen de pitit te ekri: Gen anpil paran ki fè anpil efò e ki depanse anpil lajan pou yo ede pitit yo atenn yon seri objektif nan domèn espò, divètisman ak etid. Sa vrèman fè plis sans toujou pou n fè efò e pou n itilize sa n posede pou n ede pitit nou atenn objektif k ap ede yo kontinye gen bon repitasyon devan Jewova. Se pa ti satisfaksyon nou jwenn nonsèlman poutèt nou wè pitit nou atenn objektif espirityèl yo te genyen, men tou, dèske n ap patisipe nan menm travay ak yo.” Ou mèt gen asirans Bondye ap beni paran ki ede pitit yo fikse objektif espirityèl e ki ede yo atenn yo.

EGZANP MOUN KI GEN KOURAJ NAN KONGREGASYON AN

17. Bay egzanp kèk moun ki demontre kouraj nan kongregasyon an.

17 Nou bezwen demontre kouraj nan kongregasyon an tou. Pa egzanp, ansyen yo bezwen demontre kouraj lè y ap trete ka kote yon moun fè yon peche grav oswa lè y ap ede moun lavi yo an danje akoz kèk ijans medikal. Gen kèk ansyen ki vizite prizon pou ede prizonye yo vin gen bon relasyon ak Bondye. E sè selibatè yo? Kounye a, yo gen anpil posiblite pou yo fè plis nan sèvis yo lè yo pran sèvis pyonye, lè yo deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen, lè yo travay antanke volontè pou plan ak konstriksyon lokal epi lè yo aplike pou Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Genyen ki kapab menm al Lekòl Galaad.

18. Ki jan sè ki granmoun yo ka demontre kouraj?

18 Fi ki granmoun yo se yon benediksyon pou kongregasyon an. Se pa ti renmen nou renmen sè sa yo! Gen nan yo ki gendwa pa ka fè menm kantite travay yo te konn fè lontan nan sèvis Bondye a, men, yo toujou ka mete kouraj sou yo pou yo fè travay la. (Li Tit 2:3-5.) Pa egzanp, yon sè aje bezwen demontre kouraj si yo mande l pale ak yon jèn sè sou fason l abiye. Li pap pale di ak jèn sè a konsènan rad li chwazi mete, men, li ka ankouraje l reflechi sou fason rad li chwazi mete yo ka gen efè sou lòt moun (1 Tim. 2:9, 10). Lè l pale ak lanmou konsa, sa ka gen yon bon efè sou jèn sè a.

19. a) Ki jan frè ki batize yo ka demontre kouraj? b) Ki jan Filipyen 2:13 ak 4:13 ka ede frè yo fè efò pou yo gen plis kouraj?

19 Yon lòt gwoup moun ki bezwen demontre kouraj pou yo fè travay la se frè batize yo. Gason ki gen kouraj yo e ki dispoze gen plis responsablite yo se yon benediksyon pou kongregasyon an (1 Tim. 3:1). Men, gen kèk ki ka renka pou yo aksepte responsablite. Yon frè gendwa te fè kèk erè lontan, e kounye a, li santi li pa merite pou l sèvitè ministeryèl oswa ansyen. Yon lòt frè gendwa santi li pa kalifye pou l fè yon travay yo ba l fè. Si w santi w konsa, Jewova ka ede w vin gen plis kouraj. (Li Filipyen 2:13; 4:13.) Sonje, te gen yon lè, Moyiz pa t santi l kalifye pou l fè yon travay Bondye te voye l fè (Egz. 3:11). Poutan, Jewova te ede l, e pi devan, Moyiz te vin mete kouraj sou li pou l fè travay la. Menm jan an tou, yon frè ki batize ka vin gen plis kouraj lè l priye ak tout kè l pou l jwenn èd Bondye, e lè l li Bib la chak jou. Epi, lè l medite sou istwa moun ki te demontre kouraj, sa ap ede l tou. Avèk imilite, li ka mande ansyen yo pou yo ba l fòmasyon e l ka met tèt li disponib pou l ede kèlkeswa fason y ap bezwen l lan. Nou ankouraje tout frè ki batize pou yo mete kouraj sou yo e pou yo travay di pou kongregasyon an.

“JEWOVA [...] AVÈ W”

20, 21. a) Ki asirans David te bay Salomon? b) Ki konfyans nou ka genyen?

20 Wa David te fè Salomon sonje Jewova t ap avè l jiskaske travay konstriksyon tanp lan fini (1 Kwo. 28:20). Salomon te kite pawòl papa l te di l yo ret grave nan lespri l ak nan kè l e li pa t kraponnen poutèt li te jèn e l te manke eksperyans. Li te demontre anpil kouraj epi l te fè travay la, e grasa èd Jewova, li te fin fè tanp lan ki te bèl anpil nan setan edmi.

21 Menm jan Jewova te ede Salomon, li ka ede n met kouraj sou nou pou n fè travay nou ni nan fanmi nou ni nan kongregasyon an (Eza. 41:10, 13). Lè n demontre kouraj nan adorasyon n ap bay Jewova a, nou ka gen konfyans l ap beni nou kounye a e alavni. Kidonk, “mete kouraj sou ou [...] epi fè travay la”.

^ § 12 W ap jwenn kèk bagay ou ka fè pou w fikse objektif espirityèl nan atik ki gen tit “Glorifiez votre Créateur en vous fixant des objectifs spirituels” ki nan Toudegad 15 jiyè 2004 (fransè).