Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pawòl Bondye a [...] pisan”

“Pawòl Bondye a [...] pisan”

“Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” — EBRE 4:12.

KANTIK: 96, 94

1. Poukisa n pa ka gen okenn dout Pawòl Bondye a pisan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

ANTANKE pèp Jewova, nou pa gen okenn dout Pawòl Bondye a, sètadi mesaj li bay lèzòm nan, “vivan e li pisan”. (Ebre 4:12.) Anpil nan nou gen bonjan prèv ki montre pouvwa Bib la genyen pou l chanje lavi moun. Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki te konn vòlè, ki te esklav dwòg oswa ki te konn fè imoralite seksyèl. Gen lòt ki te plizoumwen reyisi nan sistèm sa a, men, yo te santi yo manke yon bagay nan lavi yo (Ekl. 2:3-11). Detanzantan, gen anpil moun ki te sanble pèdi e ki te sanzespwa ki retounen sou chemen lavi a grasa pouvwa Bib la genyen pou l chanje moun. Sandout ou deja pran plezi pou w li anpil nan eksperyans sa yo ki parèt nan Toudegad nan ribrik ki rele “Labib chanje lavi moun” nan. E w te rann ou kont menm apre kretyen yo fin aksepte laverite, yo kontinye ap fè pwogrè espirityèl grasa Ekriti yo.

2. Ki jan Pawòl Bondye a te pisan nan premye syèk la?

2 Èske n ta dwe sezi lefètke anpil moun nan epòk nou an rive fè yon seri gwo chanjman paske yo etidye Pawòl Bondye a? Non! Eksperyans sa yo fè n sonje frè n ak sè n yo nan premye syèk la ki te gen esperans pou y al nan syèl. (Li 1 Korentyen 6:9-11.) Apre apot Pòl te fin site yon seri moun ki pap benefisye Wayòm Bondye a, li te di: “Se sa kèk nan nou te ye.” Men, yo te rive chanje grasa èd Ekriti yo ansanm ak lespri sen Bondye. Gen kèk nan yo ki te oblije fè fas ak yon seri gwo pwoblèm espirityèl menm apre yo te fin aksepte laverite. Bib la pale konsènan yon kretyen nan premye syèk la Bondye te chwazi pou al nan syèl kongregasyon an te oblije eskominye, e ki te vin reyentegre annapre (1 Kor. 5:1-5; 2 Kor. 2:5-8). Èske n pa twouve l ankourajan pou n egzamine pakèt pwoblèm kwayan parèy nou yo te rankontre e yo te rive rezoud grasa Pawòl Bondye a?

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Piske Pawòl Bondye a se yon zouti ki pisan anpil e l disponib pou nou, se sèten nou vle byen sèvi avè l (2 Tim. 2:15). Se sa k fè, nan atik sa a nou pral wè ki jan n ka kite pisans ki nan Pawòl Bondye a pi byen aji 1) nan lavi nou, 2) lè n nan travay predikasyon an e 3) lè n ap anseye sou estrad la. Rapèl sa yo pral ede n demontre lanmou ak rekonesans pou Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou, li menm ki anseye nou pou byen nou. — Eza. 48:17.

NAN LAVI NOU

4. a) Ki sa n bezwen fè si n vle Pawòl Bondye a gen efè sou nou? b) Ki fason w kreye tan pou w li Bib la?

4 Si nou vle pou Pawòl Bondye a gen efè sou nou, nou bezwen li l regilyèman, chak jou si posib (Joz. 1:8). Nòmalman, pifò nan nou okipe anpil. Malgre sa, nou pa dwe kite anyen, menm responsablite nòmal nou yo, deranje pwogram lekti Labib nou. (Li Efezyen 5:15, 16.) Gen anpil moun nan pèp Jewova a ki jwenn kèk fason enteresan pou yo kreye tan pou yo li Bib la chak jou, swa nan kòmansman oswa nan fen jounen an oubyen nenpòt lè nan jounen an. Yo santi yo menm jan ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di: “Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen.” — Sòm 119:97.

5, 6. a) Poukisa meditasyon enpòtan? b) Ki jan n ka byen medite? c) Ki byenfè w jwenn lè w li Pawòl Bondye a ak lè w medite sou li?

5 Anplis lekti n dwe fè nan Bib la, li enpòtan pou n medite sou sa n li a (Sòm 1:1-3). Se sèlman konsa n ap ka pi byen aplike sajès li gen ladan l lan ki itil nan kèlkeswa epòk la. Kit n ap li Pawòl Bondye a nan fòma enprime kit se sou aparèy elektwonik, objektif nou se ta dwe fè sa k ladan l yo antre nan kè nou.

6 Ki jan n ka byen medite? Gen anpil moun ki twouve sa itil lè yo pran yon ti poz apre yo fin li yon pati nan Ekriti yo epi yo poze tèt yo kèk kesyon tankou: ‘Ki sa sa m li a aprann mwen sou Jewova? Nan ki domèn mwen deja aplike prensip ki gen nan pòsyon sa a nan Pawòl Bondye a nan lavi m? Nan ki domèn mwen ka pote amelyorasyon?’ Toutpandan n ap medite sou Pawòl Bondye a nan lapriyè, n ap santi nou chofe pou n aplike konsèy nou jwenn ladan l yo plis toujou. Vrèmanvre, n ap vin pi chofe pou n kite pisans ki ladan l lan aji nan lavi nou. — 2 Kor. 10:4, 5.

NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

7. Ki jan n ka byen sèvi ak Pawòl Bondye a nan travay predikasyon an?

7 Ki sa k ka ede n byen sèvi ak Pawòl Bondye a nan travay predikasyon an? Yon premye etap se sèvi avè l souvan lè n ap preche ak lè n ap anseye. Men ki jan yon frè esplike sa: “Si w t ap preche ak Jewova kay an kay, èske w t ap di tout pawòl yo oswa w t ap kite l pale?” Sa l vle di sèke: Lè n li dirèkteman nan Pawòl Bondye a pandan n ap preche, se kite n kite Jewova pale ak moun n ap preche a. Se sèten, yon vèsè nou byen chwazi ap gen plis fòs pase nenpòt lòt bagay nou gendwa di (1 Tes. 2:13). Mande tèt ou: ‘Èske m pwofite tout okazyon m jwenn pou m pataje yon pòsyon nan Pawòl Bondye a ak moun m ap preche bon nouvèl la?’

8. Poukisa n bezwen fè plis pase annik li kèk vèsè lè n ap preche?

8 Nòmalman, nou bezwen fè plis pase annik li kèk vèsè nan Bib la ak moun n ap pale yo. Poukisa? Se paske gen anpil moun se apèn si yo konprann yon ti bagay nan Bib la oswa yo pa konprann anyen. Se konsa sa te ye nan premye syèk la, e se konsa sa ye jodi a (Wom. 10:2). Kidonk, nou pa dwe kouri panse yon moun ap konprann sa yon vèsè vle di senpleman paske n li l. Nou bezwen pran tan pou n konsantre n sou kèk pati nan vèsè a, petèt lè n reli mo kle yo, epi pou n esplike sans yo. Lè n fè sa, se kapab yon bon mwayen pou n fè mesaj ki nan Pawòl Bondye a rive touche kè ak lespri moun k ap koute n yo. — Li Lik 24:32.

9. Ki jan n ka entwodui yon vèsè yon fason ki demontre respè pou Bib la? Bay yon egzanp.

9 Anplis de sa, l ap bon pou n entwodui vèsè yo yon fason ki demontre respè pou Bib la. Pa egzanp, nou gendwa di: “Ann gade ki sa Kreyatè nou an di sou sijè sa a.” Lè n ap pale ak yon moun ki pa t leve nan yon fanmi kretyen, nou kapab di: “Gade ki sa nou li nan Ekriti sakre yo.” Oswa, si n ap preche yon moun ki pa enterese nan zafè relijyon, nou gendwa di l: “Èske w deja tande ansyen pwovèb sa a?” Wi, nou konsidere chak moun kòm yon moun diferan e n adapte fason n ap prezante sijè nou yo selon moun nan. — 1 Kor. 9:22, 23.

10. a) Rakonte yon eksperyans yon frè te fè. b) Ki fason w wè pouvwa Pawòl Bondye a genyen lè w ap preche?

10 Gen anpil moun ki rann yo kont lè yo sèvi ak Pawòl Bondye a nan travay predikasyon an sa ka gen yon gwo efè sou moun y ap preche yo. Ann pran yon egzanp. Gen yon frè ki t al vizite yon mesye aje ki gen plizyè ane depi l ap li peryodik nou yo. Olye frè a annik prezante mesye a dènye nimewo Toudegad la, li te deside li yon vèsè ki nan peryodik la pou li. Li te li 2 Korentyen 1:3, 4 ki di: “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an, [...] konsole nou nan tout eprèv nou yo.” Pawòl sa yo te tèlman touche mesye a, li te mande frè nou an pou l li vèsè a yon dezyèm fwa pou li ankò. Mesye a te esplike jis nan ki pwen li menm ak madanm li bezwen konsolasyon, e lè sa a, li te montre l enterese nan mesaj ki nan Bib la. Èske w pa dakò Pawòl Bondye montre l pisan nan travay predikasyon an? — Tra. 19:20.

LÈ N AP ANSEYE SOU ESTRAD LA

11. Ki responsablite frè k ap anseye sou estrad la genyen?

11 Nou tout renmen asiste reyinyon nou yo ansanm ak asanble yo ak kongrè yo. Toudabò, nou fè sa pou n adore Jewova. Anplis de sa, nou jwenn anpil byenfè nan enstriksyon espirityèl nou resevwa ladan yo. Frè k ap pale sou estrad la nan moman sa yo gen yon gwo privilèj. Anmenmtan tou, yo dwe rekonèt yo gen yon gwo responsablite (Jak 3:1). Yo dwe toujou asire yo sa y ap anseye a baze toutbon sou Pawòl Bondye a. Si w jwenn asiyasyon pou w anseye sou estrad la, ki jan w ka kite pisans ki gen nan Bib la parèt nan prezantasyon w lan?

12. Ki jan yon oratè ka asire l se Ekriti yo ki baz diskou l ap fè a?

12 Asire w se Ekriti yo ki baz diskou w ap fè a (Jan 7:16). Ki sa sa mande? Toudabò, fè atansyon pou anyen pa anpeche moun yo ret konsantre sou vèsè w ap itilize yo, kit se eksperyans ou site, egzanp ou pran oswa menm fason w ap bay diskou a. Anplis de sa, sonje lè w annik li yon pakèt vèsè se pa sa ki montre w ap sèvi ak Bib la pou w anseye. Anfèt, lè w itilize twòp vèsè, sa ka lakòz moun k ap koute w yo pa sonje okenn nan yo. Kidonk, pran san w pou w chwazi vèsè yo epi pran tan pou w li yo, pou w esplike yo, pou w bay egzanp e pou w byen aplike yo (Ney. 8:8). Lè w ap sèvi ak yon plan diskou òganizasyon an bay pou w fè yon diskou, byen egzamine plan an ansanm ak vèsè ki ladan l yo. Eseye konprann rapò ki genyen ant sa yo di nan plan an ak vèsè yo site yo. Apre sa, chwazi kèk vèsè pou w anseye pwen ki nan plan diskou a. (Ou ka jwenn kèk konsèy pratik sou sa lè w etidye pwen 21 rive nan pwen 23 nan liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la.) Sa k pi enpòtan an, priye Jewova pou w mande l ede w byen prezante panse ki gen anpil valè ki nan Pawòl li a. — Li Esdras 7:10; Pwovèb 3:13, 14.

13. a) Ki fason yon vèsè yo te li nan yon reyinyon te gen efè sou yon sè? b) Ki fason ansèyman ki baze sou Ekriti yo nou jwenn nan reyinyon nou yo fè w jwenn byenfè?

13 Fason yo sèvi ak vèsè yo nan yon reyinyon te gen gwo efè sou yon sè nan peyi Ostrali. Malgre l te soufri anpil lè l te timoun, li te aksepte mesaj ki nan Bib la e l te vwe lavi l bay Jewova. Aktout sa, li te twouve l difisil pou l kwè Jewova renmen l. Sepandan, rive yon lè, li te vin gen konviksyon Bondye renmen l. Ki sa k te ede l rive kwè sa? Li te vin panse yon lòt jan lè l te medite sou yon vèsè yo te li nan youn nan reyinyon nou yo e l te konpare vèsè sa a ak kèk lòt vèsè nan Bib la *. Èske fason yo sèvi ak Pawòl Bondye a nan reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo deja fè menm efè sa a sou ou? — Ney. 8:12.

14. Ki jan n ka demontre rekonesans nou pou Pawòl Jewova a?

14 Èske n pa gen Jewova rekonesans lefètke l ban nou Pawòl li a, Labib? Li pa sèlman bay lèzòm li paske l renmen yo, men, li fè sa tou pou l akonpli pwomès li te fè lè l di pawòl li a ap la pou toutan (1 Pyè 1:24, 25). Sa klè, li bon pou n li Pawòl Bondye a regilyèman, pou n aplike l nan lavi nou e pou n sèvi avè l lè n ap ede lòt moun. Konsa, nonsèlman n ap montre nou gen lanmou ak rekonesans pou trezò sa a Bondye ban nou an, men tou, sa k pi enpòtan an, n ap demontre lanmou ak rekonesans pou Mèt Bib la ki se Jewova Dye.

^ § 13 Gade kare ki gen tit “ Yon gwo chanjman” an.