Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Pawòl Bondye nou an la pou toutan”

“Pawòl Bondye nou an la pou toutan”

“Zèb vèt yo vin sèch, flè yo fennen, men, pawòl Bondye nou an la pou toutan.” — EZA. 40:8.

KANTIK: 95, 97

1, 2. a) Ki jan lavi a t ap ye si pa t gen Bib la? b) Pou n ka jwenn byenfè nan Pawòl Bondye a ki sa sitou ki dwe yon reyalite?

ÈSKE W ka imajine ki jan lavi w t ap ye si pa t gen Bib la? Ou pa t ap jwenn okenn konsèy ou ka fè konfyans pou w suiv nan lavi w chak jou. Ou pa t ap jwenn okenn repons ki satisfè w pou kesyon w konn poze sou Bondye, sou lavi ak lavni. E w pa t ap konn ki jan Jewova te konn aji ak lèzòm nan tan lontan.

2 Erezman nou pa nan yon vye sitiyasyon konsa. Jewova ban nou Pawòl li a, Labib. E l bay garanti mesaj ki nan Bib la ap la pou toutan. Apot Pyè te site pawòl nou jwenn nan Ezayi 40:8 yo. Vèsè sa a pa fè referans dirèkteman ak Bib la jan n konnen l lan, men, pawòl enspire ki nan vèsè sa a gen rapò ak mesaj ki nan Bib la. (Li 1 Pyè 1:24, 25.) Nòmalman, n ap ka jwenn byenfè nan Bib la sitou si l disponib nan yon lang nou byen konprann. Moun ki renmen Pawòl Bondye a gen lontan depi yo konn reyalite sa a. Aktout sa pa t toujou fasil, pandan plizyè syèk, gen kèk moun ki gen kè sensè ki te pèsevere nan tradui epi distribye Ekriti yo. Anvi sa a yo te genyen an te ann amoni ak volonte Bondye ki vle “pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. — 1 Tim. 2:3, 4.

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Nan atik sa a, nou pral egzamine kèk egzanp sou fason Pawòl Bondye a rive fè fas ak 1) chanjman k ap fèt nan lang yo, 2) chanjman ki te fèt nan domèn politik ki gen efè sou lang pifò moun te konnen, epi 3) opozisyon pou tradui Bib la. Ki byenfè n ka jwenn lè n egzamine egzanp sa yo? Sa ap fè n vin gen plis rekonesans pou Pawòl Bondye a. Mete sou sa, sa ap fè n vin gen plis lanmou pou Sila a ki Mèt Bib la, Li menm ki ban nou l pou byen nou. — Miche 4:2; Wom. 15:4.

CHANJMAN K AP FÈT NAN LANG YO

4. a) Ofiramezi tan ap pase, ki fason lang yo vin chanje? b) Ki sa k montre Bondye nou an pa nan patipri ak okenn lang, e ki jan sa fè w santi w?

4 Ofiramezi tan ap pase, lang yo gen tandans chanje. Mo yo ak ekspresyon yo ka vin gen yon sans ki diferan anpil. Petèt ou ka reflechi ak kèk egzanp ki montre ki jan yon lang ou pale vin chanje. Se menm bagay la tou pou lang ebre ak lang grèk la, de lang yo te itilize pou ekri pifò nan Bib la. Lang ebre ak lang grèk yo pale nan epòk nou an pa menm ditou ak lang ebre ak lang grèk yo te pale nan tan biblik yo. Konsa, tout moun ki vle konprann Pawòl Bondye a dwe li tradiksyon l, e se menm bagay la tou pou moun ki konn lang ebre ak lang grèk yo pale nan epòk nou an. Gen kèk moun ki panse yo ta dwe konprann lang ebre ak lang grèk yo te pale nan tan lontan an pou yo ka li Bib la nan lang orijinal yo. Men, sa gendwa pa ede yo jan yo panse a *. Erezman yo tradui Bib la oswa kèk pati nan Bib la nan prèske 3 000 lang kounye a. Sa klè, Jewova vle pou “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang” gen posiblite pou yo jwenn byenfè nan Pawòl li a. (Li Revelasyon 14:6.) Èske sa pa fè w anvi vin pi pwòch ak Bondye nou an ki gen lanmou e ki pa nan patipri? — Tra. 10:34.

5. Ki sa k fè tradiksyon Labib Wa Jak la (anglè) te gen anpil valè?

5 Chanjman k ap fèt ofiramezi nan lang yo gen rapò tou ak lang yo te tradui Bib la. Yon tradiksyon Labib ki te fasil pou konprann lè yo te fèk pibliye l gendwa vin pa gen menm efè a pi devan. Ann pran egzanp yon tradiksyon Labib ki te fèt nan lang anglè. Yo te pibliye tradiksyon Labib Wa Jak la (anglè) pou premye fwa an 1611. Li te vin tounen youn nan tradiksyon Bib anglè ki te pi popilè, e l te vin gen yon gwo enpak sou lang anglè a *. Yon bagay ki klè, sèke tradiksyon Labib Wa Jak la te site non Bondye kèk fwa sèlman. Li te itilize “Jewova” nan kèk vèsè sèlman e l te met mo “SEYÈ” a an lèt majiskil nan lòt vèsè nan Liv ki te ekri ann ebre yo kote non Bondye te parèt nan lang orijinal yo. Nan edisyon yo te pibliye annapre yo, yo te sèvi ak mo “SEYÈ” a an lèt majiskil nan kèk vèsè nan Liv ki te ekri an grèk yo. Nan sans sa a, tradiksyon Labib Wa Jak la te rekonèt non Bondye gen plas li nan pati nan Bib la yo rele Nouvo Testaman an.

6. Poukisa nou rekonesan lefètke n gen Labib — Tradiksyon monn nouvo a?

6 Malgre sa, nan syèk ki pase yo, yo te sispann itilize pifò nan ekspresyon yo te sèvi nan tradiksyon Labib Wa Jak la. Se menm bagay la tou pou premye tradiksyon Labib yo te fè nan lòt lang. Kidonk, èske nou pa santi n rekonesan lefètke n gen Labib — Tradiksyon monn nouvo a, ki ekri nan lang yo pale kounye a? Tradiksyon sa a disponib ann antye oswa an pati nan plis pase 150 lang, konsa, li disponib pou yon gwo kantite moun jodi a. Ekspresyon klè ki ladan l yo pèmèt mesaj ki nan Pawòl Bondye a rive touche kè nou (Sòm 119:97). Yon bagay ki vrèman enpòtan sèke Labib — Tradiksyon monn nouvo a met non Bondye nan plas li dwe ye nan Ekriti yo.

LANG PIFÒ MOUN KONNEN

7, 8. a) Poukisa anpil Juif nan twazyèm syèk anvan epòk nou an pa t ka konprann Liv ki te ekri ann ebre yo? b) Ki sa Septant lan ye?

7 Pafwa, chanjman k ap fèt nan domèn politik yo konn gen enfliyans sou lang pifò moun konnen nan kèlkeswa epòk la. Ki jan Bondye te asire l chanjman sa yo pa t ap lakòz Pawòl li a vin pa klè pou moun yo? Nou ka jwenn repons lan nan yon egzanp ki te pase nan tan lontan. Se Izrayelit yo oswa Juif yo ki te ekri 39 premye liv ki nan Bib la. Se yo menm ki moun Bondye “te konfye deklarasyon sakre [l] yo” okòmansman (Wom. 3:1, 2). Sepandan, nan twazyèm syèk anvan epòk nou an, gen anpil Juif ki pa t konprann lang ebre. Sa k fè sa? Se paske Aleksann Legran te etann dominasyon grèk la nan tout peyi li te mache pran yo (Dàn. 8:5-7, 20, 21). Tank dominasyon sa a t ap gaye, lang grèk la te vin tounen lang pifò moun ki t ap viv anba dominasyon sa a te konnen, sa gen ladan l anpil Juif ki te gaye anpil kote. Men, piske anpil Juif te vin pale lang grèk la, li te vin difisil pou pifò nan yo konprann Liv ki te ekri ann ebre yo. Ki jan sa t apral rezoud?

8 Nan mitan twazyèm syèk anvan epòk nou an, yo te tradui senk premye liv nan Bib la sot nan lang ebre pou vin nan lang grèk. Yo te fin tradui tout rès Liv ki te ekri ann ebre yo nan dezyèm syèk anvan epòk nou an. Yo te vin rele koleksyon liv biblik sa yo Septant. Septant lan se premye tradiksyon Labib moun konnen ki te gen tout Liv ki te ekri ann ebre yo.

9. a) Ki fason Septant lan ak lòt premye tradiksyon Labib yo te gen efè sou moun k ap li Pawòl Bondye a? b) Ki pati nan Liv ki te ekri ann ebre yo ou pi renmen?

9 Moun ki te tradui Septant lan te fè anpil efò pou pèmèt Juif ak lòt moun ki pale grèk yo konprann Liv ki te ekri ann ebre yo. Annik imajine jan sa dwe te fè yo kontan pou yo tande oswa pou yo li Pawòl Bondye a nan lang ki te vin lang manman yo a! Rive yon lè, yo te vin tradui kèk pati nan Bib la nan lòt lang moun konprann tankou lang siryak, lang gotik ak laten. Toutpandan moun ki te konn li Ekriti sakre yo t ap fè sa nan yon lang yo te ka konprann, sandout anpil nan yo te vin gen yon pati ladan l yo pi renmen menm jan avèk nou jodi a. (Li Sòm 119:162-165.) Vrèmanvre, Pawòl Bondye a te kontinye rete la malgre chanjman ki te konn fèt nan lang pifò moun konprann.

OPOZISYON POU TRADUI BIB LA

10. Poukisa pifò moun pa t gen aksè ak Bib la nan epòk John Wycliffe la?

10 Pafwa, gen yon seri moun ki gen anpil pouvwa ki konn eseye anpeche moun nan pèp la gen aksè ak Bib la. Sepandan, gen kèk moun sensè ki te kanpe fèm kont opozisyon sa yo. Pa egzanp, ann konsidere yon teyolojyen nan 14yèm syèk la ki te rele John Wycliffe. Li te kwè ak tout kè l tout moun ta dwe kapab jwenn byenfè nan Pawòl Bondye a. Men, nan epòk li a, pifò moun nan peyi Angletè te prèske pa gen aksè ak Bib la. Poukisa? Youn nan rezon yo se paske pifò nan yo pa t ka posede yon Bib, etandone yo te konn kopye l alamen e sa te koute anpil kòb pou yo fè yon Bib. Mete sou sa, pifò nan moun sa yo pa t konn li ak ekri. Nòmalman, yo te ka tande moun ap li kèk pasaj nan Bib la lè y al legliz. Men, li posib pou yo pa t konprann sa yo te tande a. Sa k fè sa? Se paske Bib legliz yo te konn sèvi a (Vilgat) te ekri an laten. Sepandan, pandan epòk Mwayennaj la, pifò moun nan pèp la pa t konprann lang laten an! Ki jan moun sa yo t ap fè rive jwenn bèl trezò ki gen nan Bib la? — Pwo. 2:1-5.

John Wycliffe ak kèk lòt moun te vle fè Pawòl Bondye a vin disponib pou tout moun. Èske se sa w vle tou? (Gade paragraf 11.)

11. Ki enpak Bib Wycliffe la te genyen?

11 An 1382, gen yon tradiksyon Labib ann anglè ki te vin parèt, e yo te vin rele l annapre Bib Wycliffe. Sa pa t pran tan pou Bib sa a vin popilè pami disip Wycliffe yo. Etandone predikatè itineran yo, yo te rele Lola, te vle fè Pawòl Bondye a antre nan kè ak nan lespri moun nan pèp la, yo te konn vwayaje apye sot nan yon bouk al nan yon lòt toupatou nan peyi Angletè. Byen souvan, Lola yo te konn li kèk pati nan Bib Wycliffe la pou moun yo te konn rankontre yo e yo te konn kite kèk pòsyon ki ekri alamen pou yo. Efò yo te fè yo te gen yon gwo enpak sou moun nan pèp la paske sa te fè yo vin enterese nan Pawòl Bondye a ankò.

12. Ki fason dirijan legliz yo te reyaji ak Wycliffe ansanm ak mouvman l lan?

12 Ki fason dirijan legliz yo te reyaji? Yo te rayi Wycliffe, Bib Wycliffe la ansanm ak disip Wycliffe yo. Chèf relijye yo te pèsekite Lola yo, yo te chèche tout kopi yo te ka jwenn nan Bib Wycliffe la e yo te detwi yo. Menm apre Wycliffe te fin mouri, yo te fè konnen li se yon moun ki kont ansèyman Legliz. Nòmalman, li pa posib pou yo pini yon moun ki deja mouri. Aktout sa, dirijan legliz yo te detere zo l, yo te boule yo epi yo te jete sann yo nan rivyè Swift. Men, dirijan legliz yo pa t ka anpeche moun ki te vle li Pawòl Bondye a epi konprann li fè sa. Nan syèk ki te vin annapre a, gen anpil moun ann Ewòp ak nan kèk lòt pati nan monn nan ki te kòmanse tradui epi distribye Bib la nan enterè moun nan pèp la.

“SILA A K AP ANSEYE W POU BYEN W LAN”

13. Ki konviksyon nou genyen, e ki jan sa fè n vin gen plis lafwa?

13 Jodi a, kretyen yo pa bezwen ap mande tèt yo si se Bondye ki te enspire travay ki te fèt pou tradui Septant lan, Bib Wycliffe la, Labib Wa Jak la oswa nenpòt lòt tradiksyon Labib. Sepandan, lè n li istwa tradiksyon sa yo ansanm ak anpil lòt tradiksyon ki te parèt, sa fè n vin gen konviksyon sa a: Jan Jewova te pwomèt la, Pawòl li a rete la. Èske sa pa fè n vin gen plis lafwa tout pwomès Jewova fè yo ap reyalize tou? — Joz. 23:14.

14. Ki jan Pawòl Bondye a fè n vin gen plis lanmou pou Bondye?

14 Lè n egzamine fason Bib la rete la pandan anpil anpil ane, nonsèlman sa fè n vin gen plis lafwa, men tou, sa fè n vin gen plis lanmou pou Jewova *. Dayè, poukisa l te bay Pawòl li a okòmansman? E poukisa l te bay garanti Pawòl li a t ap rete la? Se paske l renmen nou e l vle anseye nou pou byen nou. (Li Ezayi 48:17, 18.) Natirèlman, li toutafè nòmal pou n reyaji devan lanmou Jewova gen pou nou an lè n renmen l tou e l lè n obeyi kòmandman l yo. — 1 Jan 4:19; 5:3.

15. Ki kesyon n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

15 Li saj pou n di, piske n renmen Pawòl Bondye a, n ap vle jwenn anpil byenfè ladan l. Ki jan n ka rive byen pwofite lekti pèsonèl nou fè nan Bib la? Ki sa k ka ede n atire atansyon moun yo sou Bib la lè n nan travay predikasyon an? Ki jan moun k ap anseye sou estrad la ka sèvi ak Ekriti yo kòm sous prensipal pou ansèyman y ap bay la? Nou pral reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 4 Gade atik “Faut-il apprendre l’hébreu et le grec?” ki te parèt nan Toudegad 1ye novanm 2009 (fransè).

^ § 5 Gen anpil ekspresyon anglè ki soti nan tradiksyon Labib Wa Jak la. Men kèk egzanp: “Bese byen ba fas atè”, “po dan m” ak “ouvri kè nou”. — Nonb 22:31; Jòb 19:20, nòt; Sòm 62:8.

^ § 14 Gade kare ki gen tit “ Al vizite l!” la.