Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 36

Amagedon se yon bon nouvèl!

Amagedon se yon bon nouvèl!

“Yo rasanble [...] yo nan [...] Amagedon.” — REV. 16:16.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Poukisa Amagedon se yon bon nouvèl pou lèzòm? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

ÈSKE sa konn rive ou tande moun itilize mo “Amagedon” an pou pale konsènan yon gè nikleyè oswa konsènan yon gwo katastwòf? Poutan, sa Bib la di konsènan Amagedon se yon bon nouvèl ki ka fè kè nou kontan (Rev. 1:3)! Lagè Amagedon pa pral detwi limanite, men l ap delivre l pito! Sa k fè sa?

2 Labib montre lagè Amagedon pral delivre limanite lè l detwi gouvènman lèzòm yo e lè l detwi moun ki mechan yo, toutpandan l pèmèt moun ki jis yo ret vivan. Li pral delivre limanite lè l pwoteje planèt nou an pou anpeche yo detwi l (Rev. 11:18). Pou ede nou pi byen konprann pwen sa yo, annou egzamine kat kesyon: Ki sa Amagedon ye? Ki evènman k ap mennen nan Amagedon? Ki sa n dwe fè pou nou pami moun k ap sove nan Amagedon yo? Epi ki sa n ka fè pou n ret fidèl tank Amagedon ap pwoche?

KI SA AMAGEDON YE?

3. a) Ki sa mo “Amagedon” an vle di? b) Selon Revelasyon 16:14, 16, poukisa nou ka di Amagedon se pa yon kote toutbon?

3 Li Revelasyon 16:14, 16. Mo “Amagedon” an parèt yon sèl fwa nan Bib la, li soti nan yon mo ebre ki vle di “Mòn Megido”. (Rev. 16:16, nòt.) Megido se te yon vil nan Izrayèl tan lontan an (Joz. 17:11). Men, Amagedon pa gen rapò ak okenn zòn sou tè a. An reyalite, li fè referans ak sitiyasyon kote “wa ki sou tout tè a” rasanble pou yo kanpe anfas Jewova (Rev. 16:14). Men, nan atik sa a, n ap sèvi ak mo “Amagedon” an tou pou n fè referans ak lagè ki pral fèt tousuit apre wa latè yo fin rasanble. Ki jan nou fè konnen Amagedon se yon kote senbolik? Premyèman, pa gen yon mòn toutbon ki rele mòn Megido. Dezyèmman, zòn Megido a twò piti pou l kenbe “wa ki sou tout tè a” ak lame yo ak zam yo genyen pou yo fè lagè yo. Twazyèmman, jan nou pral wè sa nan atik sa a, lagè Amagedon pral kòmanse lè “wa” ki sou tout tè a atake pèp Bondye a ki toupatou sou tè a.

4. Poukisa Bondye montre gen yon rapò ant dènye gwo lagè li pral fè a ak Megido?

4 Poukisa Jewova montre gen yon rapò ant dènye gwo lagè li pral fè a ak Megido? Megido ak Vale Jizreyèl, ki te toupre a, se te kote ki te konn gen anpil batay. Pafwa, Jewova te konn ede pèp li a genyen batay sa yo. Pa egzanp, se “bò dlo Megido yo” Bondye te ede jij Barak ki te yon Izrayelit pot laviktwa sou yon lame peyi Kanaran yon chèf ki te rele Sisera t ap dirije. Barak ak Debora, yon dam ki te pwofèt, te di Jewova mèsi pou mirak sa a li te fè pou yo pot laviktwa. Men chante yo te chante: “Zetwal yo te goumen pandan yo nan syèl la [...] ak Sisera [...]. Rivyè Kichon te ale avèk yo.” — Jij 5:19-21.

5. Nan ki sans lagè Amagedon pap menm ak lagè Barak te fè a?

5 Men ki pawòl Barak ak Debora te di nan fen chante yo t ap chante a: “O Jewova, se konsa pou tout ènmi w yo peri. Men, se pou moun ki renmen w yo tankou solèy la ki klere lè l ap leve.” (Jij 5:31). Ènmi Bondye yo pral peri menm jan an nan Amagedon, alòske moun ki renmen Bondye yo pral sove. Men, gen yon gwo diferans ant de gè sa yo. Nan gè Amagedon an, pèp Bondye a pa pral goumen. Yo pap menm gen zam! Y ap “ret dousman [y ap] montre [yo] gen konfyans” nan Jewova ak lame l yo ki nan syèl la, e “se sa k ap fòs” yo. — Eza. 30:15; Rev. 19:11-15.

6. Ki sa Jewova ka fè pou l pot laviktwa sou ènmi l yo nan Amagedon?

6 Ki jan Bondye pral pot laviktwa sou ènmi l yo nan Amagedon? Li ka fè sa plizyè fason. Pa egzanp, li ka sèvi ak tranblemanntè, lagrèl ak zèklè (Jòb 38:22, 23; Eze. 38:19-22). Li ka fè ènmi l yo goumen youn ak lòt (2 Kwo. 20:17, 22, 23). E li ka sèvi ak zanj li yo pou l touye mechan yo (Eza. 37:36). Kèlkeswa mwayen Jewova itilize a, l ap ranpòte yon viktwa total. Tout ènmi l yo ap detwi. E tout moun ki jis yo ap sove. — Pwo. 3:25, 26.

KI EVÈNMAN K AP MENNEN NAN AMAGEDON?

7-8. a) Selon 1 Tesalonisyen 5:1-6, ki deklarasyon dwòl chèf nan monn nan pral fè? b) Sa k fè deklarasyon sa a ap yon gwo manti?

7 Deklarasyon “lapè! Sekirite!” a ap fèt anvan “jou Jewova a”. (Li 1 Tesalonisyen 5:1-6.) “Jou Jewova” ki nan 1 Tesalonisyen 5:2 a gen rapò ak “gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:14.) Ki jan n ap fè konnen lè gwo tribilasyon an pral kòmanse? Labib fè nou konnen yo pral fè yon deklarasyon ki vrèman dwòl. Se pral yon siyal k ap anonse gwo tribilasyon an.

8 Se pral deklarasyon “lapè! Sekirite!” yo te anonse a. Poukisa dirijan nan monn nan pral fè deklarasyon sa a? Nou pa vrèman konnen. Èske chèf relijye yo pral met ansanm avèk yo pou yo fè deklarasyon sa a? Petèt. Sepandan, deklarasyon an se pral yon lòt manti demon enspire. Men, manti sa a se pral yon danje, sitou paske li pral fè moun yo panse yo an sekirite yon ti tan anvan pi gwo tribilasyon lèzòm potko janm konnen an kòmanse. Vrèmanvre, “yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an, menm jan doulè tranche pran yon fi ansent”. E sèvitè fidèl Jewova yo menm? Kòm yo pa konnen ki lè egzakteman gwo tribilasyon an ap kòmanse, yo ka sezi wè lè l rive. Men, y ap pare.

9. Èske Bondye pral detwi monn Satan an yon sèl kou? Esplike.

9 Jewova pap detwi tout monn Satan an yon sèl kou jan l te fè sa nan epòk Noye a. Olye de sa, li pral detwi yon pati nan monn Satan an anvan, annapre l ap detwi rès la. Pou kòmanse, li pral detwi Gran Babilòn nan, ki reprezante tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Apre sa, l ap detwi rès monn Satan an nan Amagedon, sa ki gen ladan l, sistèm politik la, sistèm militè a ak sistèm komèsyal la. Ann byen egzamine de gwo evènman sa yo.

10. Selon Revelasyon 17:1, 6 ak Revelasyon 18:24, poukisa Jewova pral detwi Gran Babilòn nan?

10 “Jijman yo pral egzekite sou gwo pwostitye [...] a.” (Li Revelasyon 17:1, 6; 18:24.) Gran Babilòn nan fè anpil moun derespekte non Bondye. Li anseye manti sou Bondye. Li fè pwostitisyon ak dirijan yo sou tè a lè l fè yon seri alyans avèk yo. Li sèvi ak pouvwa l ak enfliyans li pou l eksplwate moun ki anba men l yo. E li fè anpil san koule, san wete san sèvitè Bondye yo (Rev. 19:2). Ki jan Jewova pral detwi Gran Babilòn nan?

11. Ki sa “bèt sovaj wouj vif” la ye, e ki jan Bondye pral sèvi avè l kont Gran Babilòn nan?

11 Jewova pral sèvi ak “dis kòn” “yon bèt sovaj wouj vif” pou l detwi “gwo pwostitye” a. Bèt sovaj senbolik sa a reprezante Nasyonzini. Dis kòn yo reprezante pisans politik yo ki la kounye a k ap soutni òganizasyon sa a. Nan moman Bondye fikse a, pisans politik sa yo pral atake Gran Babilòn nan. “Y ap dechèpiye l, y ap mete l toutouni”, sa vle di y ap piye richès li yo e y ap montre jan l mechan (Rev. 17:3, 16). Destriksyon rapid sa a k ap fèt kòmsi se nan yon sèl jou ap fè tout moun ki te konn ede l yo sezi. Dayè, sa fè lontan depi l ap fè grandizè, li te konn di: “M ap dirije antanke rèn, mwen pa vèv, e mwen pap janm nan lapenn.” — Rev. 18:7, 8.

12. Ki sa Jewova pap pèmèt nasyon yo fè, e poukisa?

12 Bondye pap kite nasyon yo detwi pèp li a. Moun ki fè pati pèp li a fyè dèske yo pote non l e yo obeyi kòmandman li bay la ki mande pou yo kite Gran Babilòn nan (Tra. 15:16, 17; Rev. 18:4). Yo travay di pou yo ede lòt moun kite l tou. Se sa k fè sèvitè Jewova yo pap “resevwa yon pati nan kalamite l yo”. Aktout sa, lafwa yo pral pase anba eprèv.

Kèlkeswa kote pèp Bondye a ye sou tè a, l ap met konfyans li nan Bondye lè yo lanse atak la. (Gade paragraf 13.) *

13. a) Kiyès Gòg ye? b) Selon Ezekyèl 38:2, 8, 9 ki sa k ap pouse Gòg atake pèp Bondye a?

13 Atak Gòg la. (Li Ezekyèl 38:2, 8, 9.) Apre tout fo relijyon yo fin detwi, pèp Bondye a pral kanpe tankou yon pyebwa ki poukont li, ki reziste anba yon gwo tanpèt. Lè sa a, Satan pral fache anpil. Li pral montre sa lè l sèvi ak yon seri pwopagann demon yo ap fè, sa vle di “pawòl enspire ki pa pwòp”, pou l pouse yon gwoup nasyon met tèt yo ansanm pou yo atake sèvitè Jewova yo (Rev. 16:13, 14). Yo rele gwoup nasyon sa a “Gòg, ki soti nan peyi Magòg”. Lè nasyon yo pral atake pèp Jewova a, lagè Amagedon an ap kòmanse. — Rev. 16:16.

14. Ki sa Gòg ap konprann?

14 Se “sou moun” Gòg pral konte, sa vle di sou pisans militè l yo (2 Kwo. 32:8). Nou menm n ap met konfyans nou nan Jewova, Bondye nou an. Sa ap parèt pa gen sans pou nasyon yo. Paske, “bèt sovaj la” ak “dis kòn” yo fèk fin detwi Gran Babilòn nan ki te gen anpil pouvwa, e dye l yo pa t sove l anba men yo (Rev. 17:16)! Donk, Gòg ap panse l ap ka detwi nou byen fasil. L ap atake pèp Jewova a “menm jan ak nyaj ki kouvri yon peyi”. (Eze. 38:16.) Men, Gòg pral rann li kont li pran nan pyèj. Menm jan ak Farawon nan Lanmè Wouj la, Gòg ap konprann se kont Jewova l ap goumen. — Egz. 14:1-4; Eze. 38:3, 4, 18, 21-23.

15. Nan ki sans Kris pral pote yon viktwa total?

15 Kris ak lame l yo ki nan syèl la pral defann pèp Bondye a e yo pral detwi Gòg ak lame l la (Rev. 19:11, 14, 15). Men, ki sa k pral rive Satan, pi gwo ènmi Jewova a, lè l fin bay nasyon yo manti e lè l fin pouse yo atake pèp Bondye a lè lagè Amagedon an? Jezi pral lage ni Satan ni demon l yo nan twou san fon an, kote l ap fèmen yo pou mil an. — Rev. 20:1-3.

KI SA N DWE FÈ POU N SOVE NAN AMAGEDON?

16. a) Ki jan nou ka montre nou “konnen Bondye”? b) Lefètke nou konnen Jewova, sa k fè sa ap yon benediksyon pou nou nan Amagedon?

16 Kit nou nan laverite depi plizyè ane, kit nou fèk nan laverite, pou n sove nan Amagedon, nou dwe montre nou “konnen Bondye” e nou dwe “obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”. (2 Tes. 1:7-9.) Nou “konnen Bondye” lè n aprann konnen sa l renmen, sa l pa renmen ak prensip li yo. Nou montre nou konnen l tou lè nou renmen l, lè nou obeyi l ak lè nou atache avè l sèlman (1 Jan 2:3-5; 5:3). Si nou fè sa, Bondye ap konnen nou tou, sa vle di n ap gen favè Bondye (1 Kor. 8:3). Konsa, n ap sove nan Amagedon.

17. Ki sa sa vle di “obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”?

17 “Bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”, gen ladan l tout verite Jezi te anseye yo ki nan Pawòl Bondye a. Nou obeyi bon nouvèl la lè nou aplike sa Jezi te di yo nan lavi nou. Nou fè sa tou lè nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou, lè nou suiv prensip Bondye yo ki jis ak lè nou preche konsènan Wayòm Bondye a (Mat. 6:33; 24:14). Anplis de sa, nou bezwen soutni frè Kris yo Bondye chwazi pou al nan syèl nan gwo responsablite yo genyen yo. — Mat. 25:31-40.

18. Ki jan frè Kris yo Bondye chwazi pou al nan syèl la pral rekonpanse lòt mouton yo?

18 Talè konsa, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo k ap sèvi l yo pral kapab rekonpanse moun ki fè pati “lòt mouton” yo pou tout èd yo te ba yo (Jan 10:16). Ki jan yo pral fè sa? Anvan gè Amagedon an kòmanse, tout 144 000 moun yo ap deja nan syèl la antanke espri ki pa ka mouri. Lè sa a, yo tout nèt pral fè pati lame ki nan syèl la ki pral detwi Gòg e ki pral pwoteje “gwo foul” moun nan ki tankou mouton (Rev. 2:26, 27; 7:9, 10). Vrèmanvre, se pa ti kontan gwo foul la ap kontan dèske yo te soutni sèvitè Jewova yo li chwazi pou al nan syèl la pandan yo te sou tè a!

KI SA N KA FÈ POU N RET FIDÈL TANK LAFEN AN AP PWOCHE?

19-20. Malgre difikilte nou genyen, ki jan nou ka ret fidèl toutpandan Amagedon ap pwoche?

19 Pandan dènye jou sa yo ki difisil, anpil sèvitè Jewova yo ap fè fas ak eprèv. Malgre sa, nou ka andire ak kè kontan (Jak 1:2-4). Yon bagay k ap ede nou anpil se lè n kontinye priye ak tout kè nou (Lik 21:36). Anplis de sa, nou dwe aji ann amoni ak priyè nou lè nou etidye Pawòl Bondye a chak jou ak lè nou medite sou sa nou li yo, sa gen ladan l pwofesi estrawòdinè ki gen rapò ak epòk n ap viv la (Sòm 77:12). Lè nou fè bagay sa yo e lè nou patisipe afon nan travay predikasyon an, lafwa nou ap rete solid e esperans nou ap rete vivan!

20 Imajine jan w pral kontan lè Gran Babilòn nan pa la ankò e lè Amagedon fin fèt! Sa k pi enpòtan an se pa ti kontan ou pral kontan lè tout moun respekte non Bondye ak dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an (Eze. 38:23)! Wi, Amagedon se yon bon nouvèl pou tout moun ki konnen Bondye, ki obeyi Pitit li a e ki andire jiska lafen. — Mat. 24:13.

KANTIK 143 Ansanm, n ap travay, n ap tann ak kouray

^ § 5 Pèp Jewova a gen lontan depi l ap tann Amagedon. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa Amagedon ye, ki evènman k ap mennen nan Amagedon ak fason nou ka rete fidèl tank lafen an ap pwoche.

^ § 71 ESPLIKASYON SOU FOTO: Gen yon seri gwo evènman k ap rive bò kote nou. N ap 1) patisipe nan travay predikasyon an toutotan sa posib, 2) kontinye gen yon pwogram etid e 3) kontinye met konfyans nou nan pouvwa Bondye genyen pou l pwoteje nou.

^ § 85 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon seri polisye ki pare pou yo antre ak fòs lakay yon fanmi kretyen ki gen konfyans Jezi ak zanj li yo wè sa k ap pase a.