Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 39

“Yon gwo foul moun!”

“Yon gwo foul moun!”

“Mwen wè yon gwo foul moun okenn moun pa t ka konte [...]. Yo kanpe devan twòn nan ak devan Ti Mouton an.” — REV. 7:9.

KANTIK 60 Y ap jwenn lavi

SA NOU PRAL WÈ *

1. Nan ki sitiyasyon apot Jan te ye nan fen premye syèk epòk nou an?

NAN fen premye syèk epòk nou an, apot Jan te nan yon sitiyasyon difisil. Li te fin granmoun, epi yo te mete l nan prizon sou zile Patmòs, e petèt li te sèl apot ki te vivan toujou (Rev. 1:9). Li te konnen opozan yo t ap twonpe kongregasyon yo e yo t ap simen divizyon. Sanble nan yon tikras tan pa t ap ret vrè kretyen ankò. — Jid 4; Rev. 2:15, 20; 3:1, 17.

Apot Jan te wè yon “gwo foul moun” ki gen wòb blan long sou yo e ki gen branch palmye nan men yo. (Gade paragraf 2.)

2. Selon Revelasyon 7:9-14, ki vizyon ki se yon pwofesi estrawòdinè Jan te resevwa? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

2 Malgre sitiyasyon difisil sa yo, Jan te resevwa yon vizyon ki se yon pwofesi estrawòdinè. Nan vizyon an, yo mande yon seri zanj pou yo kenbe van ki pral lakòz destriksyon pandan gwo tribilasyon an jiskaske yo fin met dènye so a sou yon gwoup esklav (Rev. 7:1-3). Gwoup sa a se 144 000 moun ki pral dirije ak Jezi nan syèl la (Lik 12:32; Rev. 7:4). Apre sa, Jan pale konsènan yon lòt gwoup moun ki tèlman anpil, sa fè l di: “Mwen wè yon gwo foul moun okenn moun pa t ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang. Yo kanpe devan twòn nan ak devan Ti Mouton an.” (Li Revelasyon 7:9-14.) Imajine nan ki pwen Jan dwe te kontan lè l te aprann gen yon pakèt moun k ap gen pou yo pratike vrè adorasyon an alavni!

3. a) Poukisa vizyon Jan te fè a ta dwe fòtifye lafwa nou? b) Ki sa nou pral aprann nan atik sa a?

3 Pa gen dout, vizyon sa a te fòtifye lafwa Jan. Vizyon sa a ta dwe fòtifye lafwa nou plis toujou, piske n ap viv nan epòk kote vizyon an ap reyalize! Nou wè plizyè milyon moun ki gen espwa pase gwo tribilasyon an vivan pou yo viv pou toutan sou tè a k ap rasanble. Nan atik sa a, nou pral aprann fason Jewova te fè pèp li a konnen kiyès ki fè pati gwo foul moun nan, sa gen plis pase 80 an. Annapre, nou pral egzamine de aspè ki gen rapò ak gwo foul la: 1) gwosè l e 2) kalite moun li gen ladan l. Aspè sa yo ta dwe fòtifye lafwa tout moun ki gen esperans pou yo fè pati gwoup moun sa a ki beni.

KI KOTE GWO FOUL MOUN NAN AP YE?

4. Ki verite ki soti nan Bib la lakretyente pa konprann, e ki jan Etidyan Labib yo pa t menm avèk yo nan sans sa a?

4 An jeneral lakretyente pa anseye verite ki sot nan Bib la ki fè konnen yon jou moun ki obeyisan yo pral viv sou tè a pou toutan (2 Kor. 4:3, 4). Jodi a, pifò relijyon ki nan lakretyente fè konnen tout bon moun pral nan syèl lè yo mouri. Men, se pa menm bagay ditou ak ansèyman ti gwoup Etidyan Labib ki te pibliye Toudegad nan fen ane 1800 yo. Yo te konprann Bondye pral fè tè a tounen yon paradi ankò. E gen plizyè milyon moun ki obeyisan ki pral viv sou tè a menm, se pa nan syèl la yo pral viv. Men, sa te pran anpil tan pou yo te vin byen konprann kiyès moun ki obeyisan sa yo t ap ye. — Mat. 6:10.

5. Ki sa Etidyan Labib yo te kwè konsènan 144 000 moun yo?

5 Natirèlman, Etidyan Labib yo te vin konprann, grasa Ekriti yo, gen kèk moun Bondye t ap “achte sou tè a” pou y al dirije ak Jezi nan syèl la (Rev. 14:3). Gwoup moun sa a se 144 000 kretyen ki zele e ki vwe Bondye lavi yo k ap sèvi Bondye fidèlman pandan yo sou tè a. E gwo foul la menm?

6. Ki sa Etidyan Labib yo te kwè konsènan gwo foul moun nan?

6 Nan vizyon Jan te fè a, li te wè gwoup moun sa yo ki “kanpe devan twòn nan ak devan Ti Mouton an”. (Rev. 7:9.) Pawòl sa yo te fè Etidyan Labib yo panse gwo foul moun nan, menm jan ak 144 000 moun yo, t ap gen pou y al viv nan syèl. Si toule de gwoup moun yo, ni 144 000 moun yo, ni gwo foul moun yo pral viv nan syèl, ki jan nou t ap fè fè diferans ant de gwoup sa yo? Etidyan Labib yo te panse gwo foul moun nan te gen ladan l kretyen ki pa t obeyi Bondye nèt pandan yo te sou tè a. Gen kèk ladan yo ki te rete nan legliz lakretyente yo byenke yo t ap mennen yon vi ki plizoumwen pwòp. Etidyan Labib yo te rive konprann moun sa yo te demontre yo zele, men, sa pa t sifi pou yon moun al dirije ansanm ak Jezi. Piske lanmou yo te gen pou Bondye a pa t fò ase, gwo foul moun nan t ap nan syèl la devan twòn nan, men yo pa t ap chita sou twòn.

7. Kiyès, selon Etidyan Labib yo, ki t ap gen pou viv sou tè a pandan Rèy mil an an, e ki sa Etidyan Labib yo te kwè konsènan yon seri gason fidèl ki t ap viv nan tan lontan?

7 Bon, kiyès ki t ap gen pou yo viv sou tè a? Etidyan Labib yo te kwè, apre 144 000 moun yo ak gwo foul moun nan fin rasanble nan syèl la, gen plizyè milyon lòt moun yo pral bay lavi sou tè a pou yo ka jwenn benediksyon Rèy mil an Kris la ap pote yo. Etidyan Labib yo pa t atann pou plizyè milyon moun sa yo sèvi Jewova anvan Rèy Kris la kòmanse. Okontrè, yo te panse gwoup moun sa a t ap aprann konnen Jewova pandan Rèy mil an an. Annapre, moun ki respekte prensip Jewova yo ap jwenn lavi ki pap janm fini sou tè a kòm benediksyon, alòske moun ki pa obeyi yo ap detwi. Etidyan Labib yo te panse tou petèt kèk moun ki pral sèvi antanke “prens” sou tè a nan epòk sa a, sa ki gen ladan l “moun nan tan lontan yo ki te diy” ki resisite (yon seri gason fidèl ki te mouri anvan Kris), pral kapab jwenn rekonpans yo nan syèl la nan fen Rèy mil an an. — Sòm 45:16.

8. Ki twa gwoup moun ki te sanble gen yon plas nan objektif Bondye?

8 Kidonk, Etidyan Labib yo te santi gen twa gwoup: 1) 144 000 moun yo ki t ap gen pou yo dirije ak Jezi nan syèl la, 2) gwo foul kretyen ki mwens zele yo, ki t ap gen pou yo kanpe devan twòn nan e devan Jezi nan syèl la, e 3) plizyè milyon moun ki t ap gen pou yo aprann konnen Jewova sou tè a pandan Rèy mil an Kris la *. Men, nan tan Jewova fikse a, li te ede yo konprann pwen sa a pi klè. — Pwo. 4:18.

LIMYÈ VERITE A VIN PI KLERE

Nan kongrè 1935 lan, te gen yon pakèt moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ki te batize. (Gade paragraf 9.)

9. a) Nan ki sans gwo foul moun nan ki sou tè a ap kapab kanpe “devan twòn nan ak devan Ti Mouton an”? b) Poukisa fason nou te vin konprann Revelasyon 7:9 la lojik?

9 An 1935, yo te vin konprann byen klè kiyès ki fè pati gwo foul moun Jan te wè nan vizyon an. Temwen Jewova yo te vin rann yo kont gwo foul moun nan pa t apral kanpe “devan twòn nan ak devan Ti Mouton an” nan syèl la nan sans literal. Men, yo t ap fè sa nan yon sans senbolik. Menm lè gwo foul moun nan ap gen pou yo viv sou tè a, yo kapab kanpe “devan twòn nan” lè yo rekonèt otorite Jewova e lè yo respekte dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an (Eza. 66:1). Yo t ap kapab kanpe devan Ti Mouton an lè yo demontre lafwa nan sakrifis ranson Jezi a. Menm jan an tou, Matye 25:31, 32 fè konnen “tout nasyon yo”, sa gen ladan l mechan yo, ap gen pou yo “rasanble devan” Jezi, ki chita sou gran twòn li an. Li klè, tout nasyon sa yo pa nan syèl la, men se sou tè a yo ye. Konpreyansyon sa a nou te vin genyen an 1935 lan lojik. Li esplike poukisa Bib la pa di gwo foul la monte nan syèl. Se yon sèl gwoup moun Bondye pwomèt ki pral gen lavi ki pap janm fini nan syèl la: 144 000 moun yo ki pral “dirije tè a antanke wa” ansanm ak Jezi. — Rev. 5:10.

10. Sa k fè gwo foul moun nan ta dwe aprann konnen Jewova anvan Rèy mil an an?

10 Depi 1935 Temwen Jewova yo konprann gwo foul moun Jan te wè nan vizyon an se yon gwoup kretyen fidèl ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a. Pou gwo foul moun nan chape anba gwo tribilasyon an, y ap bezwen aprann konnen Jewova anvan Rèy mil an an kòmanse. Y ap bezwen demontre yon lafwa solid pou yo ka “rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive” anvan Rèy mil an Kris la. — Lik 21:34-36.

11. Poukisa kèk etidyan Labib te panse gen kèk moun petèt ki t apral nan syèl apre Rèy mil an an?

11 Ki jan n ta dwe konsidere ide ki te fè konprann gen kèk moun sou tè a ki san repwòch ki t ap gen pou yo monte nan syèl apre Rèy mil an an? Sa gen plizyè ane yo te pale sou sa, se te nan Toudegad 15 fevriye 1913 (anglè). Yon moun te ka fè rezònman ki vin annapre a: ‘Poukisa yon seri moun nan tan lontan ki te fidèl t ap annik gen pou yo viv sou tè a, alòske yon seri kretyen ki pa t fidèl menm jan ak yo t ap gen pou y al viv nan syèl la?’ Natirèlman, yo te panse konsa paske te gen de bagay yo te mal konprann: 1) gwo foul moun nan t ap gen pou y al abite nan syèl e 2) gwo foul moun nan se yon seri kretyen ki mwens zele pase lòt yo.

12-13. Ki sa ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ni moun ki fè pati gwo foul moun nan rekonèt konsènan rekonpans y ap genyen an?

12 Jan nou te wè sa, depi 1935 Temwen Jewova yo te vin byen konprann moun k ap chape nan Amagedon yo se yo menm ki gwo foul moun Jan te wè nan vizyon an. Y ap “soti anba gwo tribilasyon an” k ap fèt sou tè a, “e san rete, [y ap] di byen fò: ‘Se Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, ak Ti Mouton an ki sove nou.’” (Rev. 7:10, 14). Mete sou sa, Ekriti yo fè konnen moun ki resisite pou y al viv nan syèl la resevwa “yon pi bon bagay” pase moun fidèl nan tan lontan yo (Ebre 11:40). Nouvo konpreyansyon frè nou yo te vin genyen an 1935 lan te fè yo chofe pou yo ede moun vin sèvi Jewova e pou yo gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan.

13 Moun ki fè pati gwo foul moun yo kontan pou esperans yo genyen an. Yo konprann se Jewova ki deside ki kote adoratè l ki fidèl yo pral sèvi l, swa nan syèl la, swa sou tè a. Ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ni gwo foul moun nan rekonèt sèl sa k ka fè yo resevwa rekonpans lan se paske Jewova fè yo yon favè san parèy pa mwayen sakrifis ranson Jezi Kris la. — Wom. 3:24.

LI GWO ANPIL

14. Apre 1935, poukisa anpil moun t ap mande tèt yo ki jan pwofesi ki gen rapò ak gwo foul moun nan t ap reyalize?

14 Apre pèp Jewova a te fin byen konprann bagay yo an 1935, anpil moun potko fin konprann ki jan moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ka vin tounen yon foul moun ki gwo anpil. Pa egzanp, Ronald Parkin te gen 12 an lè yo te vin byen konprann ki sa gwo foul moun nan ye. Men sa l di: “Lè sa a, te gen anviwon 56 000 pwoklamatè sou tout tè a e anpil nan yo, petèt pifò ladan yo, se te moun Bondye chwazi pou al nan syèl. Donk, gwo foul la pa t parèt gwo pase sa.”

15. Ki jan gwo foul moun nan kontinye ogmante?

15 Men, plizyè dizèn ane apre sa, yo te voye yon seri misyonè nan anpil peyi, e kantite Temwen Jewova yo pa t sispann ogmante. Annapre, nan ane 1968, yo te kòmanse sèvi ak liv La vérité qui conduit à la vie éternelle la pou yo fè etid Labib. Esplikasyon senp sou verite ki nan Bib la ki nan liv sa a te atire moun ki gen imilite yo pi plis toujou. Nan katran, te vin gen plis pase yon demi milyon nouvo disip ki te batize. Toutpandan legliz Katolik te kòmanse pèdi fòs ann Amerik latin ak nan lòt peyi, e pandan yo te leve entèdiksyon ki te sou travay nou an ann Ewòp delès ak plizyè kote ann Afrik, gen plizyè milyon lòt moun ki te vin batize (Eza. 60:22). Nan ane ki sot pase la yo, òganizasyon Jewova a te fè yon kantite lòt zouti ki efikas pou ede moun yo aprann sa Labib anseye. Pa gen dout, Jewova ap rasanble yon gwo foul moun, ki gen plis pase uit milyon moun ladan l kounye a.

YON GWO FOUL KI GEN TOUT KALITE MOUN

16. Ki kote gwo foul moun nan soti?

16 Lè Jan t ap ekri vizyon l lan, li te di gwo foul moun nan t ap gen pou l soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. Anvan sa, pwofèt Zakari te anonse yon bagay menm jan an. Men sa l te ekri: “Nan epòk sa a, dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale ap kenbe wòb long yon Juif, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou.’” — Zak. 8:23.

17. Ki travay k ap fèt pou ede moun tout nasyon ak moun tout lang?

17 Temwen Jewova yo rann yo kont, pou moun tout lang rive rasanble, yo dwe preche bon nouvèl la nan anpil lang. Nou gen plis pase 130 an depi n ap tradui piblikasyon ki baze sou Bib la. Men, travay tradiksyon n ap fè kounye a pi gwo pase tout travay tradiksyon ki te deja fèt anvan, e nou tradui nan plizyè santèn lang. Sa klè, Jewova ap fè yon mirak nan epòk nou an: l ap rasanble yon gwo foul moun ki soti nan tout nasyon. Grasa manje espirityèl ki vin disponib nan plis lang toujou, tout moun sa yo ap adore Jewova nan tèt ansanm, menm lè yo soti nan tout nasyon sou tè a. Epitou, tout moun konnen Temwen yo se moun ki chofe nan travay predikasyon an e ki gen afeksyon pou frè yo. Sa vrèman fòtifye lafwa nou! — Mat. 24:14; Jan 13:35.

KI SA VIZYON AN VLE DI POU NOU?

18. a) Selon Ezayi 46:10, 11, poukisa nou pa sezi dèske Jewova fè pwofesi ki gen rapò ak gwo foul moun nan reyalize? b) Poukisa moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pa santi yo pèdi yon bagay?

18 Nou gen tout rezon pou nou kontan poutèt pwofesi konsènan gwo foul moun nan! Nou pa sezi dèske Jewova fè pwofesi sa a reyalize yon fason estrawòdinè. (Li Ezayi 46:10, 11.) Moun ki fè pati gwo foul moun nan gen rekonesans pou esperans Jewova ba yo a. Yo pa santi yo pèdi yon bagay paske Bondye pa chwazi yo pa mwayen lespri sen pou y al sèvi ansanm ak Jezi nan syèl la. Lè nou li Ekriti yo, nou aprann gen gason ak fi ki te gen lafwa e lespri sen t ap gide yo, epoutan yo pa fè pati 144 000 moun yo. Jan ki te konn batize moun nan se youn ladan yo (Mat. 11:11). David se yon lòt (Tra. 2:34). Yo menm ansanm ak yon pakèt lòt moun pral resisite pou yo viv nan yon paradi sou tè a. Yo tout, ansanm ak gwo foul moun nan, pral jwenn okazyon pou yo montre yo fidèl ak Jewova ansanm ak dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an.

19. Ki jan akonplisman vizyon Jan te fè sou gwo foul moun nan montre ijans ki genyen nan epòk n ap viv la?

19 Se premye fwa Bondye fè plizyè milyon moun ki soti nan tout nasyon vin sèvi l nan tèt ansanm. Kit nou gen esperans pou nou viv nan syèl la oswa sou tè a, nou bezwen ede plis moun posib pou yo vin fè pati gwo foul “lòt mouton” yo (Jan 10:16). Talè konsa, Jewova pral fè gwo tribilasyon an yo te anonse a, ki pral detwi gouvènman yo ak relijyon k ap fè lèzòm soufri yo. Tout moun ki fè pati gwo foul moun nan pral gen yon kokenn privilèj pou yo sèvi Jewova sou tè a pou toutan! — Rev. 7:14.

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

^ § 5 Atik sa a pral pale sou yon vizyon ki se yon pwofesi kote Jan te wè “yon gwo foul moun” ki rasanble. Pa gen dout nan sa, vizyon sa a ap fòtifye lafwa tout moun ki fè pati gwoup sa a ki beni.