Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 35

Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè

Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè

“Jewova [...] konnen moun ki gen imilite yo.” — SÒM 138:6.

KANTIK 48 Ann mache ak Jewova chak jou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan Jewova konsidere moun ki gen imilite yo? Esplike.

JEWOVA renmen moun ki gen imilite. Se sèlman moun ki gen imilite toutbon ki kapab gen bon relasyon avè l. Yon lòt bò, “li rete byen lwen moun ki ògeye yo”. (Sòm 138:6.) Nou tout ta renmen fè Jewova plezi e nou ta renmen santi l renmen nou, se sa k fè nou gen bonjan rezon pou nou chèche gen imilite.

2. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

2 Nan atik sa a, nou pral egzamine twa kesyon 1) Ki sa imilite ye? 2) Poukisa nou dwe chèche gen imilite? 3) Ki sa k ka fè l difisil pou n aji avèk imilite? Jan nou pral wè sa, lè nou chèche gen imilite, n ap fè kè Jewova kontan e sa ap fè nou jwenn byenfè. — Pwo. 27:11; Eza. 48:17.

KI SA IMILITE YE?

3. Ki sa imilite ye?

3 Imilite se kalite yon moun genyen ki fè li pa pran tèt li pou yon pakèt afè, li pa gen ògèy lakay li e li pa awogan. Bib la fè konnen yon moun ki gen imilite se yon moun ki konprann li pa anyen devan Jewova Dye e li rekonèt pozisyon lòt moun. Moun ki gen imilite a rekonèt tout moun siperyè l nan yon domèn kèlkonk. — Flp. 2:3, 4.

4-5. Poukisa nou ka di vrè imilite a se pa yon bagay ki annik parèt sou po?

4 Gen kèk moun ki parèt gen imilite. Yo ka parèt dou. Oswa yo ka montre yo janti akoz kilti yo ak fason yo te leve. Men, nan fon kè yo, yo ka gen anpil ògèy. Towouta, y ap aji yon fason k ap montre kiyès yo ye toutbon. — Lik 6:45.

5 Yon lòt bò, se pa paske yon moun parèt kwè nan tèt li oswa li kare ki vle di l gen ògèy (Jan 1:46, 47). Epoutan, moun ki pa timid yo dwe veye pou yo pa konte sou pwòp kapasite yo. Kit nou alèz ak moun, kit nou pa konsa, nou tout dwe fè efò pou nou vin gen imilite nan kè nou.

Apot Pòl te gen imilite e li pa t pran tèt li pou yon pakèt afè. (Gade paragraf 6.) *

6. Jan sa parèt nan 1 Korentyen 15:10, ki sa nou ka aprann nan egzanp apot Pòl?

6 Ann pran egzanp apot Pòl. Jewova te sèvi avè l anpil pou l etabli nouvo kongregasyon sot nan yon vil al nan yon lòt. Sanble li te preche nan plis vil pase tout lòt apot Jezi Kris yo. Epoutan, Pòl pa t panse li te pi enpòtan pase frè l yo. Men sa l te admèt avèk imilite: “Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot, paske mwen te konn pèsekite kongregasyon Bondye a.” (1 Kor. 15:9). Annapre, Pòl te fè konnen se pa t kalite li te genyen oswa travay li te fè ki te fè l gen bon relasyon ak Jewova, men se favè san parèy Bondye te fè l. (Li 1 Korentyen 15:10.) Ala yon bèl leson Pòl bay sou imilite nan lèt li te ekri kretyen nan vil Korent yo, sitou lè nou sonje gen kèk moun nan kongregasyon an ki t ap eseye montre yo siperyè Pòl! — 2 Kor. 10:10.

Karl Klein, yon frè ki te gen imilite ki te manm Kolèj santral. (Gade paragraf 7.)

7. Ki jan kèk frè ki gen responsablite nan òganizasyon an nan epòk nou an demontre imilite? Bay yon egzanp.

7 Anpil moun nan pèp Jewova a jwenn ankourajman nan istwa lavi frè Karl Klein, ki te sèvi kòm manm Kolèj santral. Lè frè Klein t ap pale sou istwa lavi l, li te admèt li te oblije lite ak yon seri pwoblèm pandan plizyè ane. Pa egzanp, nan ane 1920 yo, li te twouve predikasyon kay an kay la tèlman difisil, apre l fin sot nan predikasyon pou premye fwa, li te fè anviwon dezan li pa t al preche. Pi devan, pandan l te nan Betèl, li te fache pandan yon ti tan apre yo te fin ba l konsèy. Epitou, li te fè yon gwo depresyon, apre sa li te vin anfòm. Aktout sa, li te gen yon pakèt bèl privilèj. Reflechi sou jan sa te mande imilite pou yon frè tout moun konnen admèt feblès li devan lòt moun! Anpil frè ak sè kontan lè yo sonje frè Klein e lè yo li istwa lavi l ki sensè e ki enteresan *.

POUKISA NOU DWE CHÈCHE GEN IMILITE?

8. Ki jan 1 Pyè 5:6 ede nou wè Jewova kontan lè moun gen imilite?

8 Pi gwo rezon nou genyen pou n chèche gen imilite se paske sa fè Jewova kontan. Apot Pyè te pale de sa byen klè. (Li 1 Pyè 5:6.) Men kòmantè liv “Vin suiv mwen” an fè sou pawòl Pyè te di yo: “Ògèy tankou pwazon. Li ka lakòz gwo ravaj. Se yon defo ki ka fè moun ki gen plis kapasite a vin initil pou Bondye. Yon lòt bò, imilite ka fè menm moun ki pi piti a vin trè itil pou Jewova. [...] Bondye nou an ap kontan rekonpanse nou pou imilite nou demontre. *” Franchman, ki pi bon bagay nou ta ka fè pase fè kè Jewova kontan? — Pwo. 23:15.

9. Ki jan imilite fè lòt moun vle pwoche kote nou?

9 Lè nou chèche gen imilite, nonsèlman sa fè kè Jewova kontan, men tou, sa fè nou jwenn anpil byenfè. Lè nou gen imilite, sa atire lòt moun. Sa k fè sa? Ebyen, fè yon ti reflechi ak ki kalite moun ou renmen gen bò kote w (Mat. 7:12). Pa gen anpil moun ki renmen pran kontak ak moun ki toujou atann se sa yo vle ki pou fèt e ki refize aksepte konsèy nan men lòt moun. Okontrè, nou santi nou byen avèk kwayan parèy nou lè yo “montre [yo] gen senpati, [yo] gen afeksyon pou frè yo [e yo] gen kè sansib ak imilite”. (1 Pyè 3:8.) Si nou santi nou anvi pwoche kot moun konsa, yo menm tou, y ap anvi pwoche kote nou, depi nou gen imilite.

10. Sa k fè l pi fasil pou moun ki gen imilite yo andire pwoblèm ki gen nan lavi a?

10 Imilite fè lavi nou pi fasil. Pafwa, nou ka wè yon seri bagay oswa nou viv yon seri bagay nou ka santi ki pa jis. Wa Salomon, yon moun ki te gen sajès, te di: “Mwen wè esklav ki monte sou cheval, tandiske gen chèf k ap mache apye tankou esklav.” (Ekl. 10:7). Se pa toujou moun ki gen anpil kapasite yo onore. E pafwa se moun ki gen mwens kapasite yo ki resevwa plis onè. Menm lè sa a, Salomon te rekonèt li t ap pi bon pou nou aksepte lavi a jan l vini an olye nou kontrarye poutèt move bagay ki rive (Ekl. 6:9). Si nou gen imilite, n ap wè l pi fasil pou n aksepte lavi a jan l ye a, men pa jan nou panse l ta dwe ye a.

KI SA K KA FÈ L DIFISIL POU N AJI AVÈK IMILITE?

Poukisa l ka difisil pou nou gen imilite nan yon sitiyasyon konsa? (Gade paragraf 11-12.) *

11. Lè nou resevwa konsèy, ki jan nou ta dwe reyaji?

11 Nou jwenn anpil okazyon chak jou pou n montre nou gen imilite. Ann egzamine kèk sitiyasyon. Lè nou resevwa konsèy. Li ta bon pou nou sonje lè yon moun pran tan l pou l ban nou yon konsèy, petèt nou te fè yon bagay ki mal san nou pa menm rann nou kont. Nan moman sa yo, premye reyaksyon nou se kapab rejte konsèy la. Nou ka menm kritike moun ki ban nou konsèy la oswa fason li bay li a. Men, si nou gen imilite, n ap fè efò pou n gen bon atitid la.

12. Selon Pwovèb 27:5, 6, poukisa nou ta dwe kontan lè yon moun ban nou konsèy? Bay yon egzanp.

12 Yon moun ki gen imilite renmen lè yo ba l konsèy. Ann pran yon egzanp: Imajine w al nan reyinyon. Apre w fin pale ak plizyè kwayan parèy ou, gen youn ki rale w sou kote pou l di w gen yon ti kras manje ki kole nan dan w. Se sèten, w ap santi w jennen. Men, èske w pap kontan dèske l di w sa? Anfèt, ou ta swete pou yon lòt moun te gentan di w sa anvan! Menm jan an tou, si nou gen imilite, nou ta dwe kontan anpil lè yon kwayan parèy nou met kouraj sou li pou l ban nou konsèy. Nou pap pran moun sa a pou ènmi nou, men n ap konsidere l kòm zanmi nou. — Li Pwovèb 27:5, 6; Gal. 4:16.

Poukisa nou bezwen gen imilite lè lòt moun resevwa privilèj? (Gade paragraf 13-14.) *

13. Ki jan nou ka montre nou gen imilite lè lòt moun resevwa privilèj?

13 Lè lòt moun resevwa privilèj. Men sa yon ansyen ki rele Jason di: “Lè m wè lòt moun resevwa privilèj, pafwa m konn ap mande tèt mwen poukisa yo pa chwazi m.” Èske w konn santi w konsa? Se pa yon move bagay pou yon moun “ap chèche” gen plis privilèj (1 Tim. 3:1). Men, nou dwe veye sou sa k ap pase nan lespri nou. Si nou pa fè atansyon, nou ka kite ògèy grandi nan kè nou. Pa egzanp, yon frè ka kòmanse panse se li menm ki pi kalifye pou fè yon travay. Oswa madanm yon frè ka panse: ‘Mari m t ap fè travay sa a pi byen pase frè Entèl!’ Men, si nou gen imilite toutbon, n ap evite gen yon atitid ògeye konsa.

14. Ki sa nou ka aprann nan fason Moyiz te reyaji lè lòt moun te resevwa privilèj?

14 Nou ka reflechi sou fason Moyiz te reyaji lè lòt moun te resevwa privilèj. Moyiz te kontan travay li te genyen pou l dirije nasyon Izrayèl la. Ki jan Moyiz te reyaji lè Jewova te pèmèt lòt moun travay ansanm avè l? Li pa t fè jalouzi (Nonb 11:24-29). Li te gen imilite e li te kite lòt moun travay ansanm avè l pou jije pèp la (Egz. 18:13-24). Sa te pèmèt Izrayelit yo jwenn pi bon sèvis paske te gen plis moun ki t ap travay kòm jij pou ede yo. Nan sans sa a, Moyiz pa t bay privilèj li yo plis valè pase byennèt lòt moun. Se yon bèl egzanp pou nou! Si nou vle Jewova sèvi avèk nou toutbon, nou bezwen sonje imilite gen plis enpòtans pase kapasite nou genyen. Menm lè “Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo”. — Sòm 138:6.

15. Ki nouvo sitiyasyon anpil moun ap fè fas?

15 Lè sitiyasyon nou chanje. Nan ane ki sot pase yo, gen anpil frè ak sè ki gen plizyè dizèn ane depi y ap sèvi Jewova ki resevwa lòt asiyasyon. Pa egzanp, an 2014, yo te envite siveyan distri yo ak madanm yo pou y al nan yon lòt fòm sèvis aplentan. Apati menm ane a, siveyan sikonskripsyon yo t ap gen pou yo kanpe sou sèvis yo lè yo gen 70 an. Epitou, frè ki gen pou pi piti 80 an yo pa kapab sèvi kòm kowòdonatè gwoup ansyen nan kongregasyon yo ankò. Mete sou sa, nan dènye ane sa yo, gen anpil moun nan fanmi Betèl yo ki resevwa yon lòt asiyasyon pou yo sèvi kòm pyonye. Gen lòt frè ak sè ki oblije kanpe sou sèvis espesyal aplentan akoz pwoblèm sante, obligasyon nan fanmi oswa lòt sitiyasyon pèsonèl.

16. Ki jan frè n ak sè n yo montre yo gen imilite lefètke yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon yo vin genyen?

16 Chanjman sa yo pa t fasil pou anpil nan frè ak sè sa yo. Se sèten, yo te santi yo atache ak asiyasyon yo te genyen, e anpil ladan yo te fè plizyè ane nan asiyasyon sa a yo te renmen. Kèk ladan yo te tris anpil e sa te fè l difisil pou yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon yo. Men, rive yon lè, yo te vin kapab adapte yo. Sa k fè sa? Pi gwo rezon an se paske yo renmen Jewova. Yo konnen se Bondye yo te vwe lavi yo, se pa yon travay, yon tit oswa yon asiyasyon (Kol. 3:23). Yo kontan kontinye sèvi Jewova avèk imilite nan kèlkeswa sèvis la. Yo “lage tout tètchaje [yo] genyen sou li” paske yo konnen li gen sousi pou yo. — 1 Pyè 5:6, 7.

17. Poukisa nou kontan lefètke Pawòl Bondye a ankouraje nou chèche gen imilite?

17 Se pa ti kontan nou kontan lefètke Pawòl Bondye a ankouraje nou chèche gen imilite! Lè nou chèche gen bèl kalite sa a, sa bon ni pou nou menm, ni pou lòt moun. Li vin pi fasil pou nou fè fas ak pwoblèm ki gen nan lavi a. Sa k pi enpòtan an, nou vin pi pwòch Papa nou ki nan syèl la. Nou kontan anpil lefètke nou konnen menm lè li se “Sila a ki gran e ki nan pozisyon ki pi wo a”, li renmen moun k ap sèvi l avèk imilite yo e li ba yo anpil valè! — Eza. 57:15.

KANTIK 45 Meditasyon mwen fè nan kè m

^ § 5 Youn nan kalite ki pi enpòtan nou bezwen chèche genyen se imilite. Ki sa imilite ye? Poukisa nou dwe chèche genyen l? E poukisa l ka difisil pou n kontinye gen imilite lè sitiyasyon nou chanje? Atik sa a pral pale sou twa kesyon enpòtan sa yo.

^ § 7 Gade atik ki gen tit Jéhovah m’a traité d’une manière salutaireki te parèt nan Toudegad 1ye me 1985 (fransè).

^ § 8 Gade chap. 3, par. 23.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Apot Pòl lakay yon frè, l ap pale byen alèz ak moun ki la yo, san wete timoun yo.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki aksepte konsèy ki baze sou Bib la nan men yon jèn frè.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Frè ki granmoun nan pa fè jalouzi paske jèn frè a gen yon privilèj nan kongregasyon an.