Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 37

Annou dispoze soumèt devan Jewova

Annou dispoze soumèt devan Jewova

“Èske nou pa ta dwe dispoze soumèt nou plis toujou devan Papa nou ki fè nou?” — EBRE 12:9.

KANTIK 9 Jewova se Wa nou!

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa nou dwe soumèt devan Jewova?

NOU dwe soumèt * devan Jewova paske se li ki kreye nou. Antanke Kreyatè, li gen dwa di nou sa pou nou fè ak fason pou nou aji (Rev. 4:11). Men, gen yon lòt rezon ki pouse nou obeyi l: se paske fason li dirije a se li ki pi bon. Pandan tout listwa, anpil chèf gen otorite sou lòt moun. Lè nou konpare Jewova avèk yo, nou wè Jewova se Dirijan ki gen plis sajès, plis lanmou, plis mizèrikòd ak plis konpasyon ki egziste. — Egz. 34:6; Wom. 16:27; 1 Jan 4:8.

2. Ki rezon Ebre 12:9-11 ban nou pou nou soumèt devan Jewova?

2 Jewova pa vle nou obeyi l paske nou pè l, men paske nou renmen l e nou konsidere l kòm Papa nou ki renmen nou. Nan lèt Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te di nou dwe “dispoze soumèt nou [...] devan Papa nou” paske li fòme nou “pou byen nou”. — Li Ebre 12:9-11.

3. a) Ki jan nou montre nou soumèt devan Jewova? b) Ki kesyon nou pral reponn?

3 Nou soumèt devan Jewova lè nou fè tout sa n kapab pou nou obeyi l nan tout bagay e nou veye pou nou pa konte sou entèlijans nou (Pwo. 3:5). Nou twouve l pi fasil pou nou soumèt devan Jewova lè nou vin konnen bèl kalite li genyen yo. Poukisa? Paske kalite sa yo parèt nan tout sa l fè yo (Sòm 145:9). Plis nou aprann konnen Jewova, se plis n ap vin renmen l. E lè nou renmen Jewova, nou pa bezwen yon lis byen long ki gen yon seri règ pou fè nou konnen sa pou nou fè ak sa pou nou pa fè. Nou fè efò pou panse nou ak santiman nou ann amoni ak sa ki byen e pou nou evite fè sa ki mal (Sòm 97:10). Men, pafwa, nou oblije lite pou nou obeyi Jewova. Sa k fè sa? E ki sa ansyen yo, papa yo ak manman yo ka aprann nan egzanp gouvènè Neyemi, wa David ak Mari, manman Jezi? Atik sa a pral fè nou jwenn repons pou kesyon sa yo.

REZON KI FÈ LI KA DIFISIL POU NOU SOUMÈT DEVAN JEWOVA

4-5. Selon Women 7:21-23, sa k fè l ka difisil pou nou soumèt devan Jewova?

4 Youn nan rezon ki fè nou ka wè l difisil pou nou soumèt devan Jewova, se paske nou tout eritye peche e nou enpafè. Donk, nou gen yon seri tandans rebèl lakay nou. Lè Adan ak Èv te fè rebèl ak Bondye e yo te manje fwi Bondye te entèdi yo manje a, yo te etabli pwòp prensip pa yo sou sa ki byen ak sa ki mal (Jen. 3:22). Menm jan an tou jodi a, pifò moun chwazi pa bay Jewova regle anyen pou yo, e yo tabli pwòp prensip pa yo sou sa ki byen ak sa ki mal.

5 Menm moun ki konnen Jewova e ki renmen l ka ap lite pou yo soumèt nèt devan l. Apot Pòl te nan menm pwoblèm nan. (Li Women 7:21-23.) Menm jan ak Pòl, nou vle fè sa ki byen nan je Jewova. Men, nou dwe toujou ap lite kont tandans pou nou fè move bagay.

6-7. Ki dezyèm rezon ki ka fè l difisil pou n soumèt devan Jewova? Bay yon egzanp.

6 Yon lòt rezon ki fè l ka difisil pou nou soumèt devan Jewova se paske jan nou te leve ka gen enfliyans sou nou. Anpil ide lèzòm genyen pa ann amoni ak volonte Jewova e se kapab yon lit n ap mennen tout tan pou nou sispann panse menm jan ak moun sa yo. Ann jis pran yon egzanp.

7 Gen kèk kote yo toujou ap fè presyon sou jèn yo pou yo konsantre tout vi yo nan chèche fè anpil kòb. Gen yon sè ki rele Mary * ki t ap fè fas ak yon pwoblèm konsa. Anvan l te aprann konnen Jewova, li t al nan youn nan pi gwo inivèsite ki gen nan peyi l. Fanmi Mary te eseye fè presyon sou li pou l chèche jwenn yon djòb kote l ap kapab fè anpil kòb e kote lòt moun ap respekte l. Li te vle sa tou. Men, apre l fin aprann konnen Jewova e li vin renmen l, li te chanje objektif. Poutan, li di: “Pafwa, m konn jwenn bèl okazyon pou m fè anpil kòb, men, mwen konnen sa ap anpeche m sèvi Jewova jan m ap fè sa kounye a. Akoz fason m te leve, m toujou ap lite pou m di non. Mwen oblije sipliye Jewova pou l ede m reziste kont tantasyon m jwenn pou m aksepte travay ki ka anpeche m sèvi l.” — Mat. 6:24.

8. Ki sa n pral egzamine kounye a?

8 Nou jwenn byenfè lè nou soumèt devan Jewova. Men, moun ki gen yon sèten otorite, tankou ansyen yo, papa yo ak manman yo gen yon lòt rezon pou yo suiv direksyon Bondye bay: yo gen posiblite pou yo ede lòt moun. Annou egzamine kèk egzanp nan Bib la ki aprann nou jan pou nou sèvi ak otorite nou yon fason ki fè Jewova plezi.

SA ANSYEN YO KA APRANN NAN EGZANP NEYEMI

Ansyen yo patisipe nan travay k ap fèt nan Sal Wayòm nan menm jan Neyemi te patisipe nan travay ki t ap fèt lè yo t ap rekonstwi Jerizalèm. (Gade paragraf 9-11.) *

9. Ki difikilte Neyemi te jwenn?

9 Jewova bay ansyen yo responsablite pou yo pran swen pèp li a, e se yon responsablite ki enpòtan (1 Pyè 5:2). Ansyen yo ka aprann anpil bagay lè yo egzamine fason Neyemi te aji ak pèp Jewova a. Antanke gouvènè Jida, Neyemi te gen anpil otorite (Ney. 1:11; 2:7, 8; 5:14). Reflechi sou kèk nan difikilte Neyemi te jwenn. Li te aprann pèp Bondye a ap fè move bagay nan tanp lan e yo pa t ede Levit yo nan domèn ekonomik, jan Lalwa te mande sa. Juif yo te vyole lwa sou saba a e gen kèk mesye ki te marye ak fi lòt nasyon. Gouvènè Neyemi t apral gen pou l fè fas ak sitiyasyon difisil sa a. — Ney. 13:4-30.

10. Ki jan Neyemi te reyaji devan difikilte l te jwenn?

10 Neyemi pa t fè abi pouvwa, pou l ta fòse moun ki fè pati pèp Bondye a fè sa li menm li di. Okontrè, li te priye Jewova ak tout kè l pou Jewova gide l e li te anseye pèp la Lwa Jewova a (Ney. 1:4-10; 13:1-3). Epitou, Neyemi te travay ansanm ak pèp la avèk imilite, li te menm ede yo rebati miray Jerizalèm yo. — Ney. 4:15.

11. Selon 1 Tesalonisyen 2:7, 8, ki jan ansyen yo dwe aji ak moun nan kongregasyon an?

11 Ansyen yo ka pa gen menm pwoblèm Neyemi te genyen yo, men, yo ka imite l plizyè fason. Pa egzanp, yo travay di nan enterè frè ak sè yo. E yo pa kite otorite yo genyen an fè yo santi yo pi bon pase lòt moun. Okontrè, yo aji avèk tandrès ak kongregasyon an. (Li 1 Tesalonisyen 2:7, 8.) Lanmou pwofon yo genyen ak imilite yo demontre gen efè sou fason yo pale ak lòt moun. Gen yon ansyen ki gen anpil eksperyans ki rele Andre ki di: “Jeneralman, mwen remake frè ak sè yo byen reyaji lè yon ansyen janti e li amikal. Kalite sa yo fè moun nan kongregasyon an kowopere ak ansyen yo.” Gen yon lòt frè ki gen lontan depi l ansyen ki rele Tony ki di: “Mwen eseye aplike konsèy ki nan Filipyen 2:3 a e mwen toujou ap fè efò pou m konsidere lòt moun yo siperyè m. Sa ede m evite aji tankou yon diktatè.”

12. Poukisa li enpòtan pou ansyen yo gen imilite?

12 Ansyen yo dwe gen imilite menm jan ak Jewova. Byenke Jewova se Souvren linivè a, li “bese” pou l “leve malere a nan pousyè”. (Sòm 18:35; 113:6, 7.) Anfèt, Jewova pa vle wè moun ki gen ògèy e ki awogan. — Pwo. 16:5.

13. Poukisa yon ansyen bezwen “bride lang li”?

13 Yon ansyen ki soumèt devan Jewova bezwen “bride lang li”. Si l pa fè sa, li ka di move pawòl si yon moun derespekte l (Jak 1:26; Gal. 5:14, 15). Men sa Andre nou te pale de li pi wo a di: “Pafwa, m konn santi m anvi aji yon fason ki pa janti ak yon frè oswa yon sè ki parèt derespektan. Men, mwen medite sou egzanp yon seri moun fidèl nan Bib la, e sa ede m wè enpòtans pou m gen imilite.” Ansyen yo montre yo soumèt devan Jewova lè yo demontre lanmou ak jantiyès lè y ap pale ak moun nan kongregasyon an, san wete ansyen menm jan avè yo. — Kol. 4:6.

SA PAPA YO KA APRANN NAN EGZANP WA DAVID

14. Ki wòl Jewova bay papa yo, e ki sa li atann pou yo fè?

14 Se papa yo Jewova mete kòm chèf fanmi yo, e Bondye atann pou yo bay pitit yo fòmasyon ak disiplin (1 Kor. 11:3; Efe. 6:4). Men, otorite yon papa gen limit, li gen kont pou l rann Jewova, Sila a ki pèmèt tout fanmi egziste a (Efe. 3:14, 15). Papa yo soumèt devan Jewova lè yo sèvi ak otorite yo yon fason ki fè Jewova plezi. Yo ka aprann anpil bagay lè yo etidye istwa lavi wa David.

Priyè yon papa ki kretyen dwe montre li gen imilite. (Gade paragraf 15-16.) *

15. Poukisa wa David se yon bon egzanp pou papa yo?

15 Nonsèlman Jewova te mete David chèf fanmi l, men li te mete l chèf tout nasyon Izrayèl la tou. Antanke wa, David te gen anpil pouvwa. Pafwa, li te mal sèvi ak pouvwa sa a e li te fè gwo erè (2 Sam. 11:14, 15). Men, li te aksepte disiplin, konsa li te montre li soumèt devan Jewova. Li te priye Jewova ak tout kè l. E li te eseye fè sa l kapab pou l suiv konsèy Jewova te ba li yo (Sòm 51:1-4). Mete sou sa, li te aksepte bon konsèy ni gason ni fi te ba li, e l te fè sa avèk imilite (1 Sam. 19:11, 12; 25:32, 33). David te tire leson nan erè l te fè e li te konsantre lavi l sou sèvi Jewova.

16. Ki leson papa yo ka aprann nan egzanp wa David?

16 Ann egzamine kèk nan leson papa yo ka aprann nan egzanp wa David: Pinga w mal sèvi ak otorite Jewova ba ou a. Rekonèt erè w fè epi aksepte konsèy lòt moun ba w ki baze sou Bib la. Si w fè sa, fanmi w ap respekte w poutèt ou gen imilite. Lè w ap priye avèk fanmi w vide kè w bay Jewova, kite yo tande jis nan ki pwen w konte sou li. Sa k pi enpòtan an, ou bezwen konsantre lavi w sou sèvis w ap bay Jewova a (Det. 6:6-9). Bon egzanp ou bay se youn nan pi gwo kado ou ka bay fanmi w.

SA MANMAN YO KA APRANN NAN EGZANP MARI

17. Ki wòl Jewova bay manman yo?

17 Jewova bay manman an yon wòl ki gen anpil valè nan fanmi an e li ba l yon sèten otorite sou pitit li (Pwo. 6:20). Anfèt, enfliyans yon manman gen sou pitit li ka fò anpil e sa ka make pitit li pandan tout vi l (Pwo. 22:6). Annou egzamine sa manman yo ka aprann nan egzanp Mari, manman Jezi.

18-19. Ki sa manman yo ka aprann nan egzanp Mari?

18 Mari te konnen Ekriti sakre yo trè byen. Li te aprann gen gwo respè pou Jewova e li te vin gen yon amitye solid avè l. Li te dispoze soumèt anba enstriksyon Jewova bay, menm lè sa te fè lavi l chanje nèt. — Lik 1:35-38, 46-55.

Si yon manman fatige oswa li fache, li ka bezwen fè anpil efò pou l demontre lanmou pou moun nan fanmi l. (Gade paragraf 19.) *

19 Nou menm manman, nou ka imite Mari plizyè fason. Ki jan nou ka fè sa? Premyèman, nou bezwen pwoteje amitye nou gen ak Jewova a grasa etid pèsonèl nou fè nan Bib la ak lè nou priye l. Dezyèmman, nou bezwen dispoze fè chanjman nan lavi nou pou n fè Jewova plezi. Pa egzanp, paran nou ki te leve nou ka te konn fè kòlè fasil, yo ka te konn pale di ak pitit yo. Donk, lè n t ap grandi nou te gendwa panse se konsa nou dwe aji ak pitit nou tou. Menm apre n fin aprann prensip Jewova yo, nou ka wè l difisil pou nou rete kalm e pou nou montre pasyans ak pitit nou, sitou si yo mal aji nan moman nou fatige (Efe. 4:31). Lè sa a, nou bezwen priye Jewova plis toujou. Gen yon manman ki rele Lidya ki di: “Pafwa m oblije priye anpil pou m pa pale di ak pitit gason m nan lè l dezobeyi m. Mwen konn menm kòmanse pale, apre sa m fè silans pou m mande Jewova ede m. Lapriyè ede m rete kalm.” — Sòm 37:5.

20. Ki pwoblèm kèk manman konn jwenn, e ki jan yo ka rezoud pwoblèm sa a?

20 Gen kèk manman ki konn jwenn menm kalite pwoblèm nan. Yo konn wè l difisil pou yo fè pitit yo konnen yo renmen yo (Tit 2:3, 4). Gen kèk medam ki te leve nan yon kay kote paran yo pa t demontre afeksyon pou pitit yo. Si se konsa w te leve, ou pa oblije fè menm erè paran w te fè yo. Yon manman ki soumèt devan Jewova ap bezwen aprann fason pou l demontre lanmou pou pitit li. Li ka difisil pou l chanje fason l panse, fason l santi l ak fason l aji. Men, sa posib. E chanjman sa yo ap bon ni pou li ni pou fanmi l.

ANN KONTINYE SOUMÈT DEVAN JEWOVA

21-22. Selon Ezayi 65:13, 14, ki byenfè nou jwenn lè nou soumèt devan Jewova?

21 Wa David konnen byenfè yon moun jwenn lè l soumèt devan Jewova. Men sa l te ekri: “Lòd Jewova yo jis, yo fè kè moun kontan. Kòmandman Jewova yo bon, yo louvri je moun. Yo avèti sèvitè w la. Moun ki suiv yo jwenn anpil avantaj.” (Sòm 19:8, 11). Jodi a, nou ka wè diferans ki genyen ant moun ki soumèt devan Jewova ak moun ki rejte konsèy ki plen lanmou li bay. Moun ki soumèt devan Jewova yo “ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon”. — Li Ezayi 65:13, 14.

22 Lè ansyen yo, papa yo ak manman yo dispoze soumèt devan Jewova, lavi yo vin amelyore, fanmi yo vin pi kontan e vin gen plis inite nan kongregasyon an. Sa k pi enpòtan an, yo fè kè Jewova kontan (Pwo. 27:11). Pa gen pi gwo rekonpans nou te ka jwenn pase sa!

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

^ § 5 Atik sa a pral pale sou rezon ki fè nou dwe soumèt devan Jewova. Li pral pale tou sou leson ansyen yo, papa yo ak manman yo, sètadi tout moun ki gen yon sèten otorite, ka aprann nan egzanp gouvènè Neyemi, wa David, ak Mari, manman Jezi.

^ § 1 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Mo soumèt ak soumisyon gen yon move sans pou moun yo fòse obeyi lòt moun. Sepandan, pèp Bondye a chwazi obeyi l, se sa k fè yo pa konsidere soumisyon kòm yon move bagay.

^ § 7 Gen kèk non moun yo chanje nan atik sa a.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen k ap travay ak pitit gason l nan antretyen Sal Wayòm, menm jan Neyemi te bay èd li nan rekonstriksyon miray Jerizalèm yo.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon papa k ap priye Jewova ak tout kè l ansanm ak fanmi l.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon tigason ki fè plizyè èdtan ap jwe jwèt videyo e li pa fin fè travay li te dwe fè nan kay la oswa devwa l. Manman l, ki fatige apre yon jounen travay, disipline l san l pa fè kòlè e san l pa pale di avè l.