Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 38

“Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs”

“Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs”

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs.” — MAT. 11:28.

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Selon Matye 11:28-30, ki pwomès Jezi te fè?

JEZI te fè yon foul moun ki t ap koute l yon bèl pwomès. Li te di yo: “Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs.” (Li Matye 11:28-30.) Se pa t yon pwomès ki te san valè. Pa egzanp, reflechi ak sa li te di yon dam ki t ap soufri anba yon maladi terib.

2. Ki sa Jezi te fè pou yon dam ki te malad?

2 Dam nan te vrèman bezwen èd. Li t al wè anpil doktè pou l te ka jwenn soulajman. Apre 12 an li fè ap soufri, li te toujou pa jwenn gerizon. Selon Lalwa, li pa t pwòp (Lev. 15:25). Annapre, li aprann Jezi kapab geri moun ki malad, se sa k fè li t al chèche l. Lè l jwenn li, li touche franj rad li e li geri menm moman an! Jezi pa t annik geri dam nan. Fason l te aji ak dam nan te fè dam nan rejwenn diyite l. Pa egzanp, lè l t ap pale ak dam nan, li te montre lanmou ak respè pou li lefètke l te rele l “pitit fi m”. Dam nan te vrèman santi l soulaje e l te repran fòs! — Lik 8:43-48.

3. Ki kesyon nou pral reponn?

3 N ap remake dam nan t al kot Jezi. Li te fè premye pa a. Se menm bagay la tou jodi a, nou dwe fè efò pou n “vin jwenn” Jezi. Jodi a, Jezi pap fè mirak pou l geri moun ki “vin jwenn” li ki gen yon maladi nan kò yo. Men, kanmenm, li fè nou envitasyon ki vin annapre a: “Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs.” Nan atik sa a, nou pral reponn senk kesyon: Ki jan nou ka “vin jwenn” Jezi? Ki sa Jezi te vle di lè l te di: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou”? Ki sa nou ka aprann nan men Jezi? Sa k fè travay li ban nou fè a ban nou fòs? E ki jan nou ka kontinye chèche jwenn fòs anba jouk Jezi a?

“VIN JWENN MWEN”

4-5. Bay kèk fason nou ka “vin jwenn” Jezi.

4 Youn nan fason pou nou “vin jwenn” Jezi se lè nou aprann tout sa nou kapab sou sa l te di ak sa l te fè (Lik 1:1-4). Pa gen okenn lòt moun ki ka fè sa pou nou, se responsablite pa nou pou nou etidye sa Bib la aprann nou sou Jezi. Yon lòt fason nou “vin jwenn” Jezi se lè nou pran desizyon pou nou batize e pou nou vin yon disip Kris.

5 Nou “vin jwenn” Jezi tou lè n al kot ansyen yo lè nou bezwen yo ede nou. Jezi itilize “gason kòm kado” sa yo pou pran swen mouton l yo (Efe. 4:7, 8, 11; Jan 21:16; 1 Pyè 5:1-3). Se nou ki pou al kote yo pou nou mande yo ede nou. Nou pa dwe atann pou ansyen yo li sa k nan panse nou pou yo konnen sa nou bezwen. Ann wè sa yon frè ki rele Julian di: “M te oblije kite Betèl paske m te gen pwoblèm sante. Gen youn nan zanmi m yo ki te di m pou m mande yon vizit pastoral. Okòmansman, m pa t panse m te bezwen sa. Men, annapre m te mande èd, e vizit pastoral sa a se te youn nan pi bèl kado m te resevwa.” Ansyen ki fidèl yo, tankou de ansyen ki te vizite Julian yo, ka ede nou pou nou konn “panse Kris la”, sa vle di pou nou konprann e pou nou imite fason Kris la te konn panse ak fason l te konn aji (1 Kor. 2:16; 1 Pyè 2:21). Se vrèman youn nan pi bèl kado yo te ka ban nou.

“PRAN JOUK MWEN AN MET SOU ZEPÒL NOU”

6. Ki sa Jezi te vle fè konprann lè l te di: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou”?

6 Lè Jezi te di: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou”, petèt li te vle di “aksepte otorite m”. Li te ka vle di tou: “Vin anba jouk mwen an ansanm avè m e n ap travay ansanm pou Jewova.” Kèlkeswa jan sa ye, jouk la gen rapò ak travay.

7. Selon Matye 28:18-20, ki travay yo ban nou fè, e ki asirans nou ka genyen?

7 Nou aksepte envitasyon Jezi fè a lè nou vwe Jewova lavi nou epi nou batize. Se tout moun Jezi fè envitasyon sa a. Jezi pap janm repouse yon moun ki vle sèvi Bondye ak tout kè l (Jan 6:37, 38). Tout disip Kris yo gen responsablite pou yo patisipe nan travay Jewova te mande Jezi fè a. Nou mèt gen asirans Jezi ap toujou la pou ede nou fè travay sa a. — Li Matye 28:18-20.

“APRANN NAN MEN M”

Bay lòt moun fòs menm jan Jezi te fè sa (Gade paragraf 8-11.) *

8-9. Poukisa moun ki te gen imilite yo te renmen al kot Jezi, e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

8 Moun ki te gen imilite yo te renmen al kot Jezi (Mat. 19:13, 14; Lik 7:37, 38). Poukisa? Gade ki diferans ki te genyen ant Jezi ak Farizyen yo. Chèf relijye sa yo te san lanmou e yo te awogan (Mat. 12:9-14). Jezi te renmen moun e li te gen imilite. Farizyen yo te gen anbisyon e yo te gen ògèy akoz gwo pozisyon yo te gen nan sosyete a. Jezi pa t ankouraje moun gen anbisyon e l te anseye disip li yo pou yo gen imilite e pou yo sèvi lòt moun (Mat. 23:2, 6-11). Farizyen yo te konn fè lòt moun pè e yo te konn entimide yo pou yo ka domine sou yo (Jan 9:13, 22). Jezi te aji avèk lanmou ak moun yo e l te konn di pawòl ki janti pou l ba yo fòs.

9 Èske w aprann leson sa yo nan men Jezi? Ou kapab mande tèt ou: ‘Èske yo konnen m kòm moun ki dou e ki gen imilite? Èske m dispoze fè travay ki parèt ba pou m sèvi lòt moun? Èske m janti ak lòt moun?’

10. Ki jan Jezi te fè moun ki te ansanm avè l yo santi yo?

10 Jezi te fè moun ki te ansanm avè l yo santi yo byen e l te mete yo alèz, epi li te renmen ba yo fòmasyon (Lik 10:1, 19-21). Li te ankouraje disip li yo pou yo poze l kesyon e li te renmen tande sa yo panse (Mat. 16:13-16). Menm jan ak plant yo byen pran swen, disip li yo te fè anpil pwogrè. Yo te aprann leson Jezi te anseye yo e bon travay yo te fè te montre yo pwodui fwi.

Lè w abòdab e w amikal.

Lè w aktif e w zele.

Lè w gen imilite e w travay di. *

11. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

11 Èske w se yon moun ki gen otorite? Ebyen, mande tèt ou: ‘Ki jan m aji ak moun k ap travay bò kote m oswa ak moun lakay mwen? Èske m fè yo santi yo byen? Èske m ankouraje lòt moun poze kesyon? Èske m dispoze tande sa yo panse?’ Nou pa ta renmen janm sanble ak Farizyen yo ki pa t kontan lè moun pa t kwè yo e ki te mal aji ak moun ki pa t wè bagay yo menm jan avèk yo. — Mak 3:1-6; Jan 9:29-34.

“N AP JWENN FÒS”

12-14. Sa k fè travay Jezi ban nou fè a ban nou fòs?

12 Poukisa sa ban nou fòs lè nou fè travay Jezi ban nou fè a? Gen anpil rezon ki fè sa, men n ap egzamine kèk nan yo sèlman.

13 Nou gen pi bon siveyan ki egziste yo. Jewova, pi Gwo Siveyan nou genyen an, se pa yon mèt ki engra oswa ki di. Li apresye travay nou fè (Ebre 6:10). Li ban nou fòs n ap bezwen pou nou akonpli responsablite li ban nou (2 Kor. 4:7; Gal. 6:5, nòt). Jezi, Wa nou an, ban nou bèl egzanp sou fason pou nou boule ak lòt moun (Jan 13:15). Epi ansyen k ap pran swen nou yo eseye suiv egzanp Jezi, “gran bèje” a (Ebre 13:20; 1 Pyè 5:2). Yo fè efò pou yo janti, pou yo ankourajan e pou yo met kouraj sou yo toutpandan y ap pran swen nou e y ap pwoteje nou.

14 Nou gen pi bon zanmi ki egziste yo. Pa gen okenn moun ki gen bonjan zanmi e ki gen yon travay ki bay satisfaksyon menm jan avè n. Imajine sa: nou gen privilèj pou nou travay ak moun ki gen pi bon prensip moral yo, men ki pa panse yo pi bon pase lòt moun. Yo gen anpil talan, men yo pa pran tèt yo pou yon pakèt afè, e yo konsidere lòt moun siperyè yo. Nonsèlman yo konsidere nou kòm konpayon travay yo, men tou, kòm zanmi yo. Lanmou yo gen pou nou an tèlman fò, sa fè yo dispoze bay lavi yo pou nou!

15. Ki jan nou dwe konsidere travay n ap fè a?

15 Nou gen pi bon travay ki genyen an. Nou aprann moun laverite sou Jewova e nou devwale manti Dyab la bay yo (Jan 8:44). Satan fè moun soufri paske l ba yo yon seri manti ki fè yo santi yo sanzespwa. Pa egzanp, li vle nou kwè Jewova pap padone nou pou peche nou fè e nou pa merite pou yo renmen nou. Sa a se yon gwo manti ki ka fè moun santi yo dekouraje! Lè nou “vin jwenn” Kris, peche nou yo jwenn padon. An reyalite, Jewova renmen nou tout anpil (Wom. 8:32, 38, 39). Nou vrèman kontan lè nou ede moun yo aprann konte sou Jewova e lè nou wè lavi yo amelyore!

KONTINYE CHÈCHE JWENN FÒS ANBA JOUK JEZI

16. Ki jan chay Jezi mande nou pote a pa menm ak responsablite nou genyen yo?

16 Chay Jezi mande nou pote a pa menm ak responsablite nou genyen yo. Pa egzanp, nan fen yon jounen travay, nonsèlman anpil moun konn santi yo fatige, men tou yo konn pa satisfè. Tandiske, apre nou fin pase tan nan travay Jewova ak Kris ban nou fè yo, nou santi nou vrèman satisfè. Nou ka santi n fatige nan fen yon jounen travay e nou oblije fè gwo efò pou nou asiste reyinyon kongregasyon an nan aswè. Men, byen souvan, lè nou tounen lakay nou apre reyinyon, nou konn santi nou jwenn fòs. Se menm bagay la lè nou fè efò pou nou preche e pou nou fè etid pèsonèl. Satisfaksyon nou jwenn nan depase efò nou te fè yo.

17. Sa k fè nou dwe montre nou rezonab e nou dwe byen reflechi?

17 Nou dwe montre nou rezonab. Nou chak gen yon kantite fòs. Se sa k fè nou dwe byen reflechi sou sa nou ka fè. Pa egzanp, nou ka ap gaspiye fòs nou nan chèche ranmase yon pakèt byen materyèl. Remake sa Jezi te di yon jèn gason rich ki te mande l: “Ki sa m dwe fè pou m gen lavi ki pap janm fini an?” Jèn gason an te deja ap obeyi Lalwa. Petèt li te yon bon moun, paske Evanjil Mak la fè konnen Jezi te “santi l gen lanmou pou li”. Jezi te fè jèn chèf la yon envitasyon. Li te di l: “Ale, vann tout sa w genyen”, epi li di l: “Apre sa, vin suiv mwen.” Mesye a te santi l boulvèse paske l “te gen anpil byen” e sanble l pa t kapab kite yo (Mak 10:17-22). Se konsa li te rejte jouk Jezi te ofri l la e l te kontinye ret esklav “Lajan”. (Mat. 6:24.) Si se te ou, ki sa w t ap chwazi?

18. Ki sa nou dwe fè pafwa, e poukisa?

18 Tanzantan li bon pou nou reflechi sou sa nou bay plis enpòtans nan lavi nou. Poukisa? Pou nou ka sèten n ap byen sèvi ak fòs nou genyen an. Men sa yon jèn gason ki rele Mark di: “Pandan plizyè ane, m te panse m t ap mennen yon vi ki senp. M te pyonye, men m te toujou ap reflechi sou lajan ak sou fason pou m mennen yon vi ki pi konfòtab. M t ap mande tèt mwen sa k fè lavi m te vin difisil konsa. Apre sa, m te vin rann mwen kont m te plis ap chèche enterè pa m anvan e m te bay Jewova ti rès tan ak ti rès fòs mwen te rete a.” Mark te chanje fason l panse ak vi l t ap mennen an e l te dispoze fè plis nan sèvis Jewova a. Men sa l di: “Pafwa, m konn ap enkyete m pou lajan, men grasa èd Jewova ak Jezi, mwen rive venk difikilte mwen genyen yo.”

19. Sa k fè l enpòtan pou nou kontinye gen yon bon pwennvi?

19 N ap kontinye jwenn fòs anba jouk Jezi a si nou fè twa bagay. Premyèman, nou bezwen kontinye gen yon bon pwennvi. N ap fè travay Jewova, se sa k fè nou dwe fè l fason Jewova vle nou fè l. Nou se travayè e Jewova se Mèt travay la (Lik 17:10). Si nou eseye fè travay li ban n fè a fason pa nou, se kòmsi n ap eseye soti anba jouk la. Menm yon bèf ki gen anpil fòs ap fè tèt li mal e l ap fatige anpil si l toujou ap eseye al nan yon lòt direksyon e si l ap eseye soti anba jouk ki sou kou l la mèt li ap dirije a. Yon lòt bò, si nou fè bagay yo jan Jewova vle a, nou ka fè yon seri bagay nou pa t ap janm panse e nou ka venk nenpòt ki pwoblèm. Se pou nou sonje pèsonn pa ka anpeche volonte Bondye fèt. — Wom. 8:31; 1 Jan 4:4.

20. Ki entansyon nou ta dwe genyen lè nou vin anba jouk Jezi?

20 Dezyèmman, aji ak bon entansyon. Objektif nou se fè Jewova, Papa nou an ki renmen nou, jwenn glwa. Moun nan premye syèk la ki te ava oubyen ki te egoyis pa t pran tan pou yo vin tris e pou yo te soti anba jouk Jezi a (Jan 6:25-27, 51, 60, 66; Flp. 3:18, 19). Yon lòt bò, moun ki te renmen Bondye san se pa t tèt yo yo te wè e ki te renmen pwochen yo te kontan kontinye ret anba jouk la pandan tout vi yo sou tè a ak espwa yo pral sèvi ansanm ak Kris nan syèl la. Menm jan ak yo, n ap toujou kontan ret anba jouk Jezi a ak bon entansyon.

21. Selon Matye 6:31-33, ki sa nou atann pou Jewova fè?

21 Twazyèmman, gen espwa Jewova ap ede w. Nou chwazi fè anpil sakrifis nan lavi nou e nou chwazi fè anpil efò. Jezi te avèti nou n ap jwenn pèsekisyon. Men, nou ka gen espwa Jewova ap ban nou fòs pou nou andire kèlkeswa difikilte a. Plis nou andire, se plis n ap vin gen fòs (Jak 1:2-4). Nou ka gen espwa tou Jewova ap ban nou sa nou bezwen, Jezi ap pran swen nou, e frè n ak sè n yo ap ankouraje nou. (Li Matye 6:31-33; Jan 10:14; 1 Tes. 5:11.) Ki sa n bezwen ankò?

22. Pou ki bagay nou ka montre rekonesans?

22 Dam Jezi te geri a te jwenn fòs menm jou li te geri a. Men, sèl fason pou l ta kontinye jwenn fòs nètale, se si l te vin yon disip Kris ki fidèl. Ki sa w panse l te fè? Si l te chwazi vin anba jouk Jezi a, imajine ki rekonpans li t ap jwenn: li t apral sèvi ansanm ak Jezi nan syèl la! Kèlkeswa sakrifis li ta fè pou l suiv Kris, sa pa t ap anyen devan benediksyon sa a. Kèlkeswa esperans nou genyen, kit se pou nou viv pou toutan nan syèl la oswa sou tè a, nou kapab gen anpil rekonesans dèske nou aksepte envitasyon Jezi a, lè l te di: “Vin jwenn mwen”!

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

^ § 5 Jezi envite nou vin jwenn li. Ki sa nou dwe fè pou n aksepte envitasyon li fè nou an? Atik sa a pral reponn kesyon sa a e l ap fè nou sonje ki jan nou ka jwenn fòs lè nou travay ansanm ak Kris.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi bay lòt moun fòs plizyè fason.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap fè menm jan ak Jezi. Li fè plizyè aktivite pou l bay lòt moun fòs.