Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 38

Byen pwofite lè gen lapè

Byen pwofite lè gen lapè

“Te gen lapè nan peyi a. Pèsonn pa t vin fè lagè ak li pandan ane sa yo paske Jewova te fè l jwenn repo.” — 2 KWO. 14:6.

KANTIK 60 Y ap jwenn lavi

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k ka fè l difisil pou n sèvi Jewova?

KI LÈ dapre ou li kapab pi difisil pou w sèvi Jewova: lè w gen gwo pwoblèm oswa lè lavi w plizoumwen kalm? Lè n ap fè fas ak pwoblèm li fasil pou n konte sou Jewova. Men, ki sa nou fè lè lavi nou kalm? Èske n konn ralanti nan sèvis Bondye a? Jewova te fè Izrayelit yo konnen sa ka rive. — Det. 6:10-12.

Wa Aza te mennen yon gwo konba kont fo adorasyon. (Gade paragraf 2.) *

2. Ki egzanp wa Aza te bay?

2 Wa Aza te bay bèl egzanp lefètke l te aji avèk sajès lè l te konte sou Jewova nèt. Li pa t sèvi Jewova sèlman lè te gen pwoblèm, men li te fè sa tou lè te gen lapè. Depi Aza te toupiti, li “te sèvi Jewova ak tout kè l”. (1 Wa 15:14.) Youn nan fason Aza te montre li gen atachman pou Bondye se lè l te elimine fo adorasyon nan peyi Jida. Labib di “li te retire lotèl yo te fè pou fo dye yo, li te retire kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo, li te kraze poto sakre ki fèt an wòch yo e li te koupe poto sakre ki fèt an bwa yo”. (2 Kwo. 14:3, 5.) Li te menm retire Maaka, grann li, kòm premye dam nan wayòm nan. Poukisa l te fè sa? Paske Maaka t ap ankouraje moun adore yon zidòl. — 1 Wa 15:11-13.

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Aza pa t annik detwi zidòl yo. Li te ankouraje vrè adorasyon an, toutpandan li t ap ede moun peyi Jida yo retounen vin sèvi Jewova. Jewova te beni Aza ak Izrayelit yo, li te fè gen lapè *. Pandan dizan Aza te fè ap dirije, “te gen lapè nan peyi a”. (2 Kwo. 14:1, 4, 6.) Nan atik sa a, nou pral wè fason Aza te pwofite lè te gen lapè. Apre sa, nou pral egzamine egzanp kretyen nan premye syèk yo ki te pwofite lè te gen lapè, menm jan ak Aza. Finalman, nou pral reponn kesyon ki vin annapre a: Si w ap viv nan yon peyi kote w lib pou w adore Bondye, ki jan w ka byen pwofite moman lapè sa a?

FASON AZA TE PWOFITE LÈ TE GEN LAPÈ

4. Selon 2 Kwonik 14:2, 6, 7, ki jan Aza te pwofite lè te gen lapè?

4 Li 2 Kwonik 14:2, 6, 7. Aza te fè pèp la konnen se Jewova ki te “fè [yo] gen lapè toupatou nan peyi a”. Aza pa t panse moman lapè sa a se te yon moman pou yo pran plezi yo. Okontrè, li te kòmanse konstwi vil, miray, gerit ak pòtay. Men sa l te di pèp Jida a: “Peyi a nan men nou toujou.” Ki sa Aza te vle di? Li te vle di moun yo te ka al kote yo vle nan peyi Bondye te ba yo a e yo te ka konstwi san ènmi pa ba yo pwoblèm. Li te ankouraje moun yo pou yo pwofite moman lapè sa a.

5. Poukisa Aza te fè lame l la vin pi djanm?

5 Aza te pwofite lè te gen lapè pou l fè lame l la vin pi djanm tou (2 Kwo. 14:8). Èske sa vle di li pa t fè Jewova konfyans? Non. Okontrè, Aza te konnen se te responsablite l antanke wa pou l prepare pèp la pou pwoblèm yo te ka jwenn pi devan. Aza te konnen te ka pa toujou gen lapè nan peyi a, e se sa k te rive.

FASON KRETYEN NAN PREMYE SYÈK YO TE PWOFITE LÈ TE GEN LAPÈ

6. Ki jan kretyen nan premye syèk yo te pwofite lè te gen lapè?

6 Menm lè kretyen nan premye syèk yo te konn jwenn pèsekisyon souvan, gen moman yo te konn gen lapè. Ki sa disip yo te konn fè nan moman sa yo? Gason ak fi fidèl sa yo te konn preche bon nouvèl la san rete. Selon sa liv Travay la di, yo te “mache nan lakrentif pou Jewova”. Yo te kontinye preche bon nouvèl la, e kòm rezilta, yo “te kontinye ap grandi”. Li klè, Jewova te beni efò yo te fè pou yo preche pandan te gen lapè. — Tra. 9:26-31.

7-8. Ki sa Pòl ak plizyè lòt kretyen te fè lè yo te jwenn okazyon? Esplike.

7 Kretyen nan premye syèk yo te pwofite tout okazyon yo te jwenn pou yo gaye bon nouvèl la. Pa egzanp, lè apot Pòl te rann li kont te gen yon gwo pòt ki ouvri devan l nan vil Efèz, li te pwofite tout okazyon l jwenn pou l preche e pou l fè disip nan vil sa a. — 1 Kor. 16:8, 9.

8 Pòl ak plizyè lòt kretyen te vin jwenn yon lòt okazyon ankò pou yo preche lè te vin gen pwoblèm sikonsizyon an nan ane 49 epòk nou an (Tra. 15:23-29). Apre yo te fin fè kongregasyon yo konnen desizyon frè yo te pran an, disip yo te fè gwo efò pou yo preche “bon nouvèl ki nan pawòl Jewova a”. (Tra. 15:30-35.) Ki rezilta yo te jwenn? Labib fè konnen “kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun”. — Tra. 16:4, 5.

FASON N KA PWOFITE LÈ GEN LAPÈ JODI A

9. Ki jan sa ye nan plizyè peyi jodi a, e ki kesyon nou ka poze tèt nou?

9 Jodi a, nou kapab preche san pwoblèm nan plizyè peyi. Èske se konsa sa ye nan peyi kote w ap viv la? Si se sa, mande tèt ou: ‘ki jan m sèvi ak libète m genyen an?’ Nan dènye jou sa yo, pèp Jewova a okipe anpil, y ap patisipe nan pi gwo travay predikasyon ak ansèyman ki potko janm fèt sou tè a (Mak 13:10). Gen anpil bagay nou kapab fè nan travay sa a.

Anpil moun jwenn gwo benediksyon lè yo patisipe nan travay predikasyon an nan lòt peyi oswa lè yo preche moun ki pale lòt lang. (Gade paragraf 10-12.) *

10. Ki sa 2 Timote 4:2 ankouraje nou fè?

10 Ki jan w ka byen pwofite lè gen lapè? (Li 2 Timote 4:2.) Li ta bon pou w egzamine sitiyasyon w pou w wè si ou menm oswa yon moun nan fanmi w ta ka fè plis nan travay predikasyon an, petèt menm pran sèvis pyonye. Kounye a se pa moman pou w ap ranmase richès ak byen materyèl, paske ou pap ka pwoteje bagay sa yo pandan gwo tribilasyon an. — Pwo. 11:4; Mat. 6:31-33; 1 Jan 2:15-17.

11. Ki sa kèk moun fè pou yo ede plis moun posib tande bon nouvèl la?

11 Gen anpil pwoklamatè ki aprann yon nouvo lang pou yo ede lòt moun aprann konn Jewova. Òganizasyon Bondye a ede yo jwenn piblikasyon ki baze sou Bib la nan anpil lang. Pa egzanp, an 2010, piblikasyon nou yo te disponib nan anviwon 500 lang. Kounye a, yo disponib nan plis pase 1 000 lang!

12. Ki byenfè moun yo jwenn lè yo tande mesaj Wayòm nan nan lang manman yo? Bay yon egzanp.

12 Ki jan moun yo santi yo lè yo tande verite ki soti nan Pawòl Bondye a nan lang manman yo? Ann pran egzanp yon sè ki te asiste yon kongrè rejyonal nan vil Menmfis, nan Tenisi, Ozetazini. Yo te fè kongrè a nan lang kinyawannda, yon lang yo pale nan peyi Wannda, nan Kongo (Kinchasa) ak nan Ouganda. Apre kongrè a, men sa sè ki pale kinyawannda a di: “Depi m vin abite Ozetazini sa gen 17 an, se premye fwa m te kapab konprann yon kongrè nèt.” Li klè sa sè sa a te tande nan lang manman l lan te touche kè l anpil. Si sitiyasyon w pèmèt ou, èske w ka aprann yon lòt lang pou w ede kèk moun nan tèritwa kote w ye a? Èske mesaj w ap preche a pa t ap pi atire moun sa yo si w preche yo nan pwòp lang pa yo? Sakrifis konsa bay anpil kè kontan.

13. Ki jan frè nou yo nan peyi Larisi te pwofite lè te gen lapè?

13 Se pa tout frè nou yo ki gen posiblite pou yo preche san pwoblèm. Pafwa gouvènman yo konn met restriksyon ki konn anpeche nou fè travay predikasyon an jan n ta dwe fè l la. Ann pran egzanp frè nou yo nan peyi Larisi. Apre yo te fin sibi pèsekisyon pandan plizyè dizèn ane, nan mwa mas 1991, gouvènman an te ba yo libète pou yo pratike relijyon yo. Nan epòk sa a, te gen anviwon 16 000 pwoklamatè Wayòm nan nan peyi Larisi. Ventan annapre, te vin gen plis pase 160 000 pwoklamatè! Sa klè, frè nou yo te aji avèk sajès lè yo te lib pou yo preche. Lapè yo te genyen an pa t dire. Menm lè sitiyasyon an te vin chanje, frè yo te toujou chofe nan sèvis yo pou Jewova. Yo kontinye sèvi Jewova, yo itilize tout mwayen yo jwenn.

MOMAN LAPÈ A PAP DIRE

Apre wa Aza te fin priye Jewova ak tout kè l, Jewova te fè peyi Jida pot laviktwa sou yon gwo lame ki te vin atake yo. (Gade paragraf 14-15.)

14-15. Ki jan Jewova te sèvi ak pisans li pou l ede wa Aza?

14 Nan epòk wa Aza, rive yon lè, te vin pa gen lapè ankò. Yon gwo lame ki te gen plis pase yon milyon sòlda te soti nan peyi Etyopi vin atake yo. Zera, kòmandan lame sa a, te gen asirans li menm ak lame l la te kapab pot laviktwa sou peyi Jida. Men, wa Aza pa t met konfyans li nan kantite sòlda li te genyen, li te met konfyans li nan Jewova, Bondye l la. Men priyè Aza te fè: “O Jewova, Bondye nou an, ede nou tanpri, paske se sou ou nou konte e se nan non w nou vin goumen ak foul moun sa a.” — 2 Kwo. 14:11.

15 Byenke lame peyi Etyopi a te gen prèske de fwa plis sòlda, Aza te konnen Jewova gen anpil pisans ak kapasite pou l aji an favè pèp Li a. E Jewova pa t fè l wont. Se pa ti imilyasyon lame peyi Etyopi a te pran lè l te pèdi lagè a! — 2 Kwo. 14:8-13.

16. Ki jan n fè konnen moman lapè a pap dire?

16 Byenke nou pa konn egzakteman sa demen ap pote pou nou pèsonèlman, nou konnen kèlkeswa moman lapè pèp Bondye a ap pwofite se pou yon ti tan. Anfèt, Jezi te anonse, nan dènye jou yo, “tout nasyon [t] ap rayi” disip li yo (Mat. 24:9). Menm jan an tou, apot Pòl te di: “Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” ​(2 Tim. 3:12). Satan “an kòlè anpil”, nou t ap twonpe tèt nou si n ta panse n ap ka fè yon fason pou n chape anba kòlè l. — Rev. 12:12.

17. Ki fason lafwa nou ka pase anba eprèv?

17 Talè konsa, fidelite nou tout pral pase anba eprèv. Nan yon ti tan ankò, pral gen “yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan”. (Mat. 24:21.) Nan moman sa a, moun nan fanmi nou ka vin kont nou e otorite yo ka entèdi travay predikasyon nou an (Mat. 10:35, 36). Menm jan ak Aza, èske nou chak ap met konfyans nou nan Jewova pou n jwenn èd ak pwoteksyon?

18. Selon Ebre 10:38, 39, ki sa k ap ede n prepare n pou lè pa gen lapè?

18 Depi kounye a, Jewova ap prepare nou pou lafwa nou ka rete djanm. Li sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l ban nou “manje nan bon moman” pou n ka gen tout sa n bezwen pou n rete djanm (Mat. 24:45). Men, nou chak dwe fè tout sa n kapab pou n gen yon lafwa solid nan Jewova. — Li Ebre 10:38, 39.

19-20. Selon 1 Kwonik 28:9, ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou e poukisa?

19 Menm jan ak wa Aza, nou bezwen “chèche Jewova”. (2 Kwo. 14:4; 15:1, 2.) Nou kòmanse fè sa lè nou aprann konnen Jewova e lè nou batize. Nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou n chèche vin gen plis lanmou pou Jewova. Donk, nou ka mande tèt nou: ‘Èske m asiste reyinyon yo regilyèman?’ Nan reyinyon yo nou jwenn fòs pou n kontinye sèvi Jewova e nou jwenn ankourajman nan men frè n ak sè n yo (Mat. 11:28). Nou ka mande tèt nou tou: ‘Èske m fè etid pèsonèl mwen regilyèman?’ Si w ap viv ak fanmi w, èske nou rezève tan chak semèn pou n fè adorasyon an fanmi? Oubyen si w ap viv poukont ou, èske w rezève tan kanmenm pou w etidye menm jan ak fanmi yo? Mete sou sa, èske w fè tout sa w kapab pou w patisipe nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la?

20 Poukisa nou ta dwe poze kesyon sa yo? Labib fè n konnen Jewova egzamine sa ki nan panse nou ak sa ki nan kè nou. Donk, nou dwe fè menm jan an. (Li 1 Kwonik 28:9.) Si nou wè nou bezwen fè kèk chanjman nan objektif nou, nan konpòtman nou oswa nan panse nou, nou ta dwe mande Jewova ede n fè chanjman sa yo. Kounye a se moman pou n prepare nou pou eprèv nou pral jwenn pi devan yo. Donk, pa kite anyen anpeche w byen pwofite lè gen lapè!

KANTIK 62 Chan tounèf la

^ § 5 Èske w ap viv nan yon peyi kote w lib pou w adore Jewova? Si se sa, ki jan w pwofite moman lapè sa a? Atik sa a pral ede n wè ki jan n ka suiv egzanp wa Aza, ki t ap dirije peyi Jida, ak egzanp kretyen nan premye syèk yo. Yo te byen pwofite moman kote pa t gen latwoublay.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Mo “lapè” a pa vle di sèlman lè pa gen lagè. Mo ebre yo te itilize a gen rapò tou ak sante, sekirite ak lè zafè yon moun ap byen mache.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Wa Aza te retire grann li kòm premye dam paske grann li t ap ankouraje fo adorasyon. Moun ki te fidèl ak wa Aza yo te suiv egzanp li bay e yo te detwi zidòl yo.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki vle fè plis nan sèvis Bondye k ap senplifye lavi yo pou yo ka al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan.