Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 40

“Konsève sa yo konfye w la”

“Konsève sa yo konfye w la”

“Timote, konsève sa yo konfye w la.” — 1 TIM. 6:20.

KANTIK 29 Annou viv ann amoni ak non nou pote a

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Selon 1 Timote 6:20, ki sa Timote te gen pou l fè?

BYEN souvan nou konn bay lòt moun pran swen bagay nou genyen ki gen anpil valè. Pa egzanp, nou ka depoze kòb nou labank. Lè nou fè sa, nou gen konfyans lajan nou an ap an sekirite, li pap pèdi e yo pap vòlè l. Sa ede n konprann sa sa vle di lè nou konfye yon moun yon bagay ki gen anpil valè pou nou.

2 Li 1 Timote 6:20. Apot Pòl te fè Timote sonje li te resevwa yon bagay ki gen anpil valè, anpalan de konesans egzak sou objektif Bondye genyen pou limanite. Jewova te bay Timote privilèj tou pou l “preche pawòl la” e pou l “travay antanke moun k ap evanjelize”. (2 Tim. 4:2, 5.) Pòl te ankouraje Timote pou l konsève sa yo te konfye l la. Menm jan ak Timote, yo konfye n yon pakèt bagay ki gen anpil valè. Ki bagay sa yo? E poukisa nou dwe pwoteje trezò Jewova ban nou an?

YO KONFYE N VERITE KI GEN ANPIL VALÈ

3-4. Bay kèk rezon ki fè verite ki nan Bib la gen anpil valè.

3 Jewova fè n favè lefètke li ban n posiblite pou n gen yon konesans egzak sou verite ki gen anpil valè nou jwenn nan Labib, Pawòl li a. Verite sa yo gen anpil valè paske yo montre nou ki jan nou kapab gen bon relasyon ak Jewova e yo fè n konnen ki sa k ka fè nou gen kè kontan toutbon nan lavi a. Lè nou aksepte verite sa yo e nou mete sa nou aprann yo an pratik, nou pa esklav fo ansèyman ankò e n ap ka mennen yon vi ki pwòp nan domèn moral. — 1 Kor. 6:9-11.

4 Yon lòt rezon ki fè verite nou jwenn nan Pawòl Bondye a gen anpil valè, se paske se sèlman moun ki gen imilite e ki “nan bon dispozisyon” Jewova fè konnen yo (Tra. 13:48). Moun sa yo dakò pou esklav fidèl ki prevwayan an anseye yo verite sa yo jodi a (Mat. 11:25; 24:45). Nou pa ka aprann verite sa yo poukont nou, e pa gen anyen ki gen plis valè pase lè n konprann verite sa yo. — Pwo. 3:13, 15.

5. Ki lòt privilèj Jewova ban nou?

5 Jewova ban nou privilèj tou pou nou anseye lòt moun laverite sou li menm ak sou objektif li (Mat. 24:14). Mesaj n ap preche a gen anpil valè paske li ede moun yo vin fè pati fanmi Jewova e li ba yo posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an (1 Tim. 4:16). Kit sa nou fè nan travay predikasyon an anpil kit li pa anpil, n ap soutni travay ki pi enpòtan k ap fèt jodi a (1 Tim. 2:3, 4). Se yon gwo onè nou genyen pou nou konpayon travay Bondye! — 1 Kor. 3:9.

PWOTEJE SA YO KONFYE W LA!

Timote te bezwen ret atache ak laverite nan moman lòt moun te deside kite laverite. (Gade paragraf 6.)

6. Ki sa k te rive kèk moun ki te sispann apresye privilèj yo te genyen?

6 Kèk nan moun ki t ap viv nan menm epòk ak Timote pa t apresye privilèj yo te genyen pou yo konpayon travay Bondye. Piske Demas te renmen monn nan, li te abandone privilèj li te genyen pou l kolabore ak Pòl la (2 Tim. 4:10). Sanble Fijèl ak Èmojèn te abandone sèvis yo paske yo te pè pou yo pa t pèsekite yo menm jan ak Pòl (2 Tim. 1:15). Imene, Aleksann ak Filèt te vin aposta e yo te kite laverite (1 Tim. 1:19, 20; 2 Tim. 2:16-18). Sanble yon lè tout moun sa yo te gen bon relasyon ak Bondye, men yo te vin sispann reflechi sou sa ki gen valè toutbon.

7. Ki taktik Satan itilize pou l eseye fè n fè sa l vle?

7 Ki jan Satan ap eseye fè nou abandone trezò Jewova konfye nou yo? Ann wè kèk taktik Satan itilize. Li sèvi ak detant ak medya, tankou televizyon, fim, Entènèt, jounal, liv ak magazin pou l fè n reflechi e pou l fè n aji fason li panse k ap fè nou sispann renmen Jewova oswa sispann obeyi lwa l yo tikras pa tikras. Li eseye sèvi ak presyon lòt moun fè sou nou oswa pèsekisyon pou fè nou pè pou n ka sispann preche. Li eseye pran nou nan pyèj pou l fè n koute “sa yo swadizan rele ‘konesans’” aposta yo genyen pou n ka abandone laverite. — 1 Tim. 6:20, 21.

8. Ki sa nou aprann nan eksperyans yon frè nou bay non Daniel?

8 Si nou pa veye, nou ka sispann renmen Jewova oswa sispann obeyi lwa l yo tikras pa tikras. Ann pran egzanp Daniel * ki te renmen jwèt videyo. Men sa l di: “Mwen te kòmanse jwe jwèt videyo lè m te gen anviwon dizan. Okòmansman, m te konn jwe jwèt ki te parèt san danje. Men, tikras pa tikras, mwen te kòmanse ap jwe jwèt ki gen vyolans e ki gen rapò ak movèzespri.” Rive yon lè, Daniel te konn pase anviwon 15 èdtan ap jwe chak jou. Men sa l di ankò: “Mwen te byen konnen jwèt mwen t ap jwe yo ak kantite tan m te konn pase ap jwe yo t ap gen move efè sou relasyon m ak Jewova. Men, kè m te vin pa sansib ankò, sa ki te fè m kwè prensip ki nan Bib la pa pou mwen.” Si nou pa fè atansyon, li fasil pou detant fè nou sispann renmen Jewova epi sispann sèvi l. Si sa rive, nou ka pèdi bagay ki gen anpil valè Jewova ban nou yo.

FASON NOU KA RET ATACHE AK LAVERITE

9. Selon 1 Timote 1:18, 19, ak kiyès Pòl te konpare Timote?

9 Li 1 Timote 1:18, 19. Pòl te konpare Timote ak yon sòlda e li te ankouraje l pou l “kontinye mennen bèl konba a”. Pòl pa t ap pale de yon konba ant moun ak moun. Nan ki sans kretyen yo tankou sòlda ki nan lagè? Ki kalite nou dwe chèche genyen antanke sòlda Kris? Ann egzamine senk leson nou ka aprann nan egzanp Pòl te bay la. Leson sa yo kapab ede n ret atache ak laverite.

10. Ki sa atachman pou Bondye ye, e poukisa nou bezwen gen atachman sa a?

10 Chèche gen atachman pou Bondye. Yon bon sòlda se yon sòlda ki fidèl. L ap lite pou l pwoteje yon moun li renmen oswa yon bagay li bay valè. Pòl te ankouraje Timote pou l chèche gen atachman pou Bondye, sa vle di pou l ret fidèl ak Bondye (1 Tim. 4:7). Plis nou renmen Bondye e nou atache avè l se plis n ap anvi ret atache ak laverite. — 1 Tim. 4:8-10; 6:6.

Apre nou fin pase tout yon jounen ap travay di, nou ka bezwen rele sou kò nou pou n al nan reyinyon. Men, Jewova ap beni nou pou sa! (Gade paragraf 11.)

11. Poukisa nou bezwen gen disiplin?

11 Chèche gen disiplin. Yon sòlda dwe disipline tèt li si li vle toujou pare pou l batay. Timote te toujou pare pou l fè sèvis Bondye paske l te suiv konsèy Bondye te enspire Pòl pou l ba li a ki te mande pou l kouri pou move dezi, pou l chèche gen bèl kalite e pou l pase tan ak kwayan menm jan avè l (2 Tim. 2:22). Sa te mande pou l gen disiplin. Nou bezwen gen disiplin pou n pot laviktwa nan gè n ap mennen kont move dezi nou genyen yo (Wom. 7:21-25). Mete sou sa, nou bezwen gen disiplin pou n kontinye fè efò pou n voye ansyen pèsonalite a jete e pou n abiye ak nouvo a (Efe. 4:22, 24). Lè nou fatige nan fen yon jounen, nou ka bezwen rele sou kò nou pou n al nan reyinyon. — Ebre 10:24, 25.

12. Ki jan nou kapab sèvi ak Bib la pi byen?

12 Yon sòlda bezwen aprann sèvi ak zam li genyen. Si l vle vin maton nan fason l ap sèvi ak yo, li bezwen antrene regilyèman. Menm jan an tou, nou bezwen vin maton nan fason n ap sèvi ak Pawòl Bondye a (2 Tim. 2:15). Nou ka aprann kèk fason pou n fè sa nan reyinyon nou yo. Men, si nou vle konvenk lòt moun pou yo kwè verite ki nan Bib la kapab ede yo, nou bezwen gen yon bon pwogram pou n etidye Bib la regilyèman. Nou bezwen sèvi ak Pawòl Bondye a pou n fè lafwa n vin pi solid. Sa mande plis pase annik li Bib la. Nou bezwen medite sou sa nou li yo epi fè rechèch nan piblikasyon nou yo pou nou ka byen konprann sa ki nan Bib la epi mete yo an pratik (1 Tim. 4:13-15). Konsa, n ap kapab sèvi ak Pawòl Bondye a pou n anseye lòt moun. Nou pap annik li yon vèsè nan Bib la ak yo. N ap bezwen ede yo konprann vèsè a ak fason li ka itil yo. Lè nou gen yon bon pwogram pou n etidye Bib la, n ap kapab sèvi ak Pawòl Bondye a pi byen pou n anseye lòt moun. — 2 Tim. 3:16, 17.

13. Selon Ebre 5:14, ki sa n dwe fè pou n aprann fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal?

13 Chèche gen bon konprann. Yon sòlda dwe kapab wè yon danje epi evite l. Nou menm tou, nou dwe aprann rekonèt sitiyasyon ki ka yon danje pou nou epi aji pou nou evite danje a. (Pwo. 22:3; li Ebre 5:14.) Pa egzanp, nou bezwen byen chwazi detant n ap pran. Byen souvan, emisyon ak fim y ap pase nan televizyon konn montre yon seri konduit ki sal. Konduit konsa fè Bondye anpil lapenn, e wè pa wè moun ki gen konduit sa yo ap lakòz ni yo menm ni lòt moun soufri. Menm jan an tou, nou evite detant ki kapab fè nou sispann renmen Bondye tikras pa tikras. — Efe. 5:5, 6.

14. Ki jan bon konprann Daniel te vin genyen te ede l?

14 Daniel nou te pale de li pi wo a te vin konprann jwèt videyo ki vyolan e ki gen rapò ak movèzespri te yon pwoblèm pou li. Li te fè rechèch nan Watchtower Library pou l te jwenn enfòmasyon k ap ede l fè fas ak pwoblèm li an. Ki jan sa te ede l? Li te sispann jwe jwèt videyo ki pa bon yo. Li te koupe tout kontak ak jwèt sa yo, san wete moun li te konn jwe jwèt videyo ak yo sou Entènèt. Men sa Daniel di: “Olye m jwe jwèt videyo, mwen te konn soti al fè yon seri aktivite oswa m te konn pase tan ak zanmi m yo ki nan kongregasyon an.” Jodi a, Daniel ap sèvi kòm pyonye e li se yon ansyen.

15. Poukisa fo enfòmasyon se yon danje?

15 Menm jan ak Timote, nou menm tou nou dwe kapab konprann danje ki genyen nan fo enfòmasyon aposta yo ap gaye (1 Tim. 4:1, 7; 2 Tim. 2:16). Pa egzanp, yo gendwa ap eseye gaye fo enfòmasyon sou frè n yo oswa fè n gen dout sou òganizasyon Jewova a. Enfòmasyon konsa kapab fè lafwa nou febli. Nou pa dwe kwè nan pwopagann sa yo. Poukisa? Paske kalite enfòmasyon sa yo se “moun ki gen lespri kòwonpi e ki pa gen laverite ankò” k ap gaye yo. Objektif yo se “fè diskisyon ak deba”. (1 Tim. 6:4, 5.) Yo vle fè n kwè nan manti y ap bay yo epi pou n sispann fè frè nou yo konfyans.

16. Ki bagay ki ka fè nou vin distrè nou dwe evite?

16 Ret konsantre. Antanke “bon sòlda Kris Jezi”, Timote te dwe ret konsantre sou travay predikasyon an olye l kite bagay materyèl ak lòt objektif fè l vin distrè (2 Tim. 2:3, 4). Menm jan ak Timote, nou pa dwe kite anvi pou n gen plis bagay materyèl fè n vin distrè. “Pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” ka toufe lanmou nou gen pou Jewova, rekonesans nou gen pou Pawòl li a ak anvi nou genyen pou n pataje l ak lòt moun (Mat. 13:22). Nou dwe mennen yon vi senp epi itilize tan nou ak fòs nou pou n “kontinye chèche Wayòm nan an premye”. — Mat. 6:22-25, 33.

17-18. ki sa n ka fè pou n pwoteje relasyon n ak Bondye?

17 Prepare w pou w aji san pèdi tan. Yon sòlda bezwen reflechi alavans sou sa l dwe fè pou l pwoteje lavi l. Si nou vle pwoteje bagay Jewova konfye nou yo, nou bezwen aji san pèdi tan lè n wè danje. Ki sa k ka ede n aji vit? Nou bezwen reflechi alavans sou fason n ap reyaji devan danje.

18 Pa egzanp, lè n ap asiste yon pwogram, byen souvan, anvan yo kòmanse, yo konn mande moun yo nan asistans lan pou yo chèche konnen ki kote pòt pou yo soti ki pi pre a ye. Poukisa yo fè sa? Se pou moun yo ka soti byen vit si ta vin gen ijans. Menm jan an tou, nou kapab prepare n alavans pou n konn ki sa n ap fè si nou ta tonbe sou yon sèn ki imoral, ki gen vyolans oswa sou enfòmasyon aposta yo ap gaye pandan nou sou Entènèt oubyen pandan n ap gade yon fim oswa yon emisyon nan televizyon. Si nou gentan prepare lespri n, n ap kapab aji byen vit pou n pwoteje relasyon n ak Jewova e pou n rete pwòp nan je l. — Sòm 101:3; 1 Tim. 4:12.

19. Ki benediksyon n ap jwenn si nou pwoteje bagay ki gen anpil valè Jewova konfye nou yo?

19 Nou dwe konsève bagay Jewova konfye n ki gen anpil valè yo, sa vle di bèl verite ki nan Bib la ak responsablite pou n anseye lòt moun verite sa yo. Lè nou fè sa, konsyans nou ap anpè, lavi nou ap gen sans toutbon e n ap kontan ede lòt moun aprann konnen Jewova. Grasa èd Jewova, n ap rive konsève bagay li konfye nou yo. — 1 Tim. 6:12, 19.

KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a

^ § 5 Se yon gwo privilèj nou genyen pou n konnen laverite e pou n fè lòt moun konnen l. Atik sa a pral ede nou apresye privilèj sa a e pou n toujou ba l valè.

^ § 8 Yo chanje non moun nan.