Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 37

“Pinga w bay men w repo”

“Pinga w bay men w repo”

“Simen semans ou nan maten, e pinga w bay men w repo pou jis li aswè.” — EKL. 11:6.

KANTIK 68 Annou simen semans Wayòm nan

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Esplike rapò ki genyen ant Eklezyas 11:6 ak travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan.

NAN kèk peyi, gen anpil moun ki vle aprann plis lè yo tande bon nouvèl la. E se sa yo t ap tann! Nan anpil lòt peyi, moun yo pa tèlman enterese nan Bondye oswa nan Bib la. Ki jan pifò moun reyaji nan zòn kote w ap viv la? Kèlkeswa jan sa ye, Jewova vle nou kontinye preche jiskaske li di travay la fini.

2 Jewova gentan deside ki lè travay la ap kanpe, apre sa “lafen an ap vini”. (Mat. 24:14, 36.) Pandan tan sa a, ki jan n ap obeyi pawòl ki di “pinga w bay men w repo” * a? — Li Eklezyas 11:6.

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Nan atik ki vin anvan an, nou te wè kat bagay nou bezwen fè pou n vin pi maton antanke “pechè moun”. (Mat. 4:19.) Atik sa a pral pale sou twa fason nou ka vin gen plis detèminasyon pou nou preche, kèlkeswa difikilte nou rankontre. Nou pral aprann rezon ki fè li enpòtan pou n 1) kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi nou, 2) demontre pasyans, e 3) kontinye gen yon lafwa solid.

KONTINYE MET TRAVAY PREDIKASYON AN AN PREMYE NAN LAVI NOU

4. Poukisa nou bezwen met travay Jewova ban nou fè a an premye nan lavi nou?

4 Jezi te fè disip li yo konnen ki jan moun yo t ap ye nan dènye jou yo e ki jan sitiyasyon an t ap ye. Li te konnen bagay sa yo te ka anpeche disip li yo kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi yo. Se sa k fè li te ankouraje yo pou yo “kontinye veye”. (Mat. 24:42.) Nan epòk Noye a, te gen anpil bagay ki te fè moun yo pa koute avètisman Noye t ap bay la. Menm bagay sa yo ka fè n pa remake anyen tou jodi a (Mat. 24:37-39; 2 Pyè 2:5). Se sa k fè nou bezwen met travay Jewova ban nou fè a an premye nan lavi nou.

5. Ki jan Travay 1:6-8 montre jis nan ki pwen travay predikasyon an t ap gen pou l fèt?

5 Jodi a, nou vrèman bezwen met travay predikasyon Wayòm nan an premye nan lavi nou. Jezi te anonse disip li yo t ap kontinye preche apre l fin mouri e yo t ap fè plis travay pase l (Jan 14:12). Apre lanmò Jezi, kèk nan disip li yo te retounen al fè lapèch. Lè Jezi fin resisite, li te fè yon mirak kote l te fè kèk nan disip li yo pran anpil pwason. Li te pwofite okazyon sa a pou l fè yo sonje travay yo antanke pechè moun nan pi enpòtan pase kèlkeswa lòt aktivite yo genyen (Jan 21:15-17). Yon ti tan anvan Jezi monte nan syèl, li te fè disip li yo konnen travay bay temwayaj li te kòmanse a t ap gen pou l fèt pi lwen pase tèritwa Izrayèl. (Li Travay 1:6-8.) Plizyè ane annapre, Jezi te bay apot Jan yon vizyon pou l montre l sa k t ap rive “nan jou Seyè a” *. Pami bagay Jan te wè yo, li te wè yon evènman estrawòdinè: Yon zanj ki gen “yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse [...] moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. (Rev. 1:10; 14:6.) Li klè, jodi a Jewova vle nou patisipe nan gwo travay bay temwayaj sa a k ap fèt jiskaske l fini.

6. Ki jan n ka kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi nou?

6 N ap ka kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi nou si nou panse ak tout sa Jewova ap fè pou l ede nou. Pa egzanp, li ban nou anpil manje espirityèl: li ban nou anpil piblikasyon, kit se sa ki enprime oswa sou fòm elektwonik, genyen ki sou fòm odyo oswa videyo ak sa ki parèt sou Tele JW. Fè yon ti reflechi: Sou sit ofisyèl nou an, gen enfòmasyon ki disponib nan plis pase 1 000 lang (Mat. 24:45-47)! Jodi a, nan yon monn ki divize nan kesyon politik, relijyon ak ekonomi, gen plis pase uit milyon moun k ap sèvi Bondye ki ini toutbon antanke frè ak sè nan lemonnantye. Pa egzanp, jou ki te vandredi 19 avril 2019 la, toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo te egzamine tèks pou jounen an ansanm pa mwayen yon videyo. Jou swa sa a, te gen 20 919 041 moun ki te reyini pou yo selebre Memoryal lanmò Jezi. Lè nou reflechi sou privilèj nou genyen pou n wè mirak sa a k ap fèt nan epòk nou an e pou n patisipe ladan l, sa ankouraje n pou n met travay predikasyon Wayòm nan an premye nan lavi nou.

Jezi pa t kite anyen anpeche l bay temwayaj sou laverite. (Gade paragraf 7.)

7. Ki jan egzanp Jezi ede n pou n kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi nou?

7 Yon lòt fason nou ka kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi nou se lè nou suiv egzanp Jezi. Li pa t kite anyen anpeche l bay temwayaj sou laverite (Jan 18:37). Li pa t koute Satan lè Satan te ofri l “tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”, ni li pa t pran nan pyèj lè lòt moun te vle fè l vin wa (Mat. 4:8, 9; Jan 6:15). Li pa t chèche posede yon pakèt byen materyèl, e li pa t pè lè l te jwenn gwo opozisyon (Lik 9:58; Jan 8:59). Lè lafwa nou ap pase anba eprèv, n ap kapab kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi nou si nou sonje konsèy apot Pòl te bay la. Li te ankouraje kretyen yo pou yo suiv egzanp Jezi yon fason “pou [yo] pa fatige e pou [yo] pa abandone”. — Ebre 12:3.

SE POU NOU GEN PASYANS

8. Ki sa pasyans ye, e poukisa se sitou jodi a nou bezwen genyen l?

8 Pasyans se kapasite yon moun genyen pou l tann yon sitiyasyon chanje san l pa bay tèt li pwoblèm. Kit se tann n ap tann yon sitiyasyon ki fè nou soufri chanje, kit se anvi nou anvi wè yon bagay n ap tann depi lontan reyalize, nou bezwen gen pasyans. Pwofèt Abakouk te swete pou moun sispann fè vyolans nan vil Jida yo (Aba. 1:2). Disip Jezi yo te espere Wayòm nan t ap “parèt tousuit” e li t ap delivre yo anba jouk Women yo (Lik 19:11). Se pa ti tann n ap tann jou kote Wayòm Bondye a pral elimine mechanste e li pral tabli monn nouvo a ki pral chaje ak moun ki obeyi Bondye (2 Pyè 3:13)! Men, nou bezwen gen pasyans e nou bezwen tann moman Jewova chwazi pou sa a. Ann wè kèk fason Jewova aprann nou gen pasyans.

9. Ki egzanp ki montre Jewova gen pasyans?

9 Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon demontre pasyans. Li te bay Noye kont tan l pou l konstwi lach la e pou l “preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5; 1 Pyè 3:20.) Jewova te koute Abraram lè Abraram pa t sispann poze l kesyon sou yon desizyon L te pran pou l detwi moun nan vil Sodòm ak Gomò, de vil ki te chaje ak mechanste (Jen. 18:20-33). Pandan plizyè syèk, Jewova te pran anpil pasyans ak nasyon Izrayèl la ki pa t fidèl (Ney. 9:30, 31). Jodi a, nou wè jan Jewova gen pasyans lefètke li bay tout moun ki vle vin zanmi l ase tan pou yo “repanti”. (2 Pyè 3:9; Jan 6:44; 1 Tim. 2:3, 4.) Egzanp Jewova ban nou fè n gen bonjan rezon pou n demontre pasyans pandan n ap kontinye preche e n ap kontinye anseye. Jewova aprann nou gen pasyans tou grasa yon egzanp nou jwenn nan Pawòl li a.

Menm jan ak yon kiltivatè ki travay di e ki gen pasyans, n ap tann pou n wè rezilta travay nou. (Gade paragraf 10-11.)

10. Selon Jak 5:7, 8, ki sa nou ka aprann nan egzanp kiltivatè a?

10 Li Jak 5:7, 8. Egzanp kiltivatè k ap simen semans lan aprann nou fason pou n vin gen pasyans. Se vre gen kèk plant ki pouse byen vit. Men, pifò plant, sitou sa ki bay fwi yo, pran plis tan lontan pou yo donnen. Ann Izrayèl, peryòd ant lè kiltivatè a plante ak lè l rekòlte a te dire anviwon sis mwa. Kiltivatè a te simen semans yo apre premye sezon lapli a ann otòn e li te konn fè rekòt apre dènye sezon lapli a nan prentan (Mak 4:28). N ap montre nou gen sajès si n suiv egzanp kiltivatè a bay nan demontre pasyans. Men, sa gendwa pa fasil.

11. Ki jan lè n gen pasyans sa ap ede n nan travay predikasyon an?

11 Piske nou enpafè, nou ta renmen wè rezilta travay nou tousuit. Men, si nou vle jaden nou bay rannman, nou dwe toujou ap pran swen l, sa vle di nou dwe vire tè a, plante, retire move zèb epi wouze. Travay fè disip la mande pou n pa sispann fè efò. Sa pran tan pou n derasinen prejije ak mepri ki tankou move zèb lakay moun n ap anseye yo. Lè nou gen pasyans sa ap ede n pou n pa dekouraje lè kèk moun pa vle koute nou. Menm lè kèk moun dispoze koute nou nou dwe toujou demontre pasyans. Nou pa ka fòse yon etidyan Labib vin gen lafwa. Pafwa, menm disip Jezi yo te konn pran tan pou yo konprann sa l t ap anseye yo (Jan 14:9). Nou bezwen sonje, menm lè nou plante e nou wouze, se Bondye k ap fè sa k plante a grandi. — 1 Kor. 3:6.

12. Ki jan nou ka demontre pasyans lè n ap preche moun nan fanmi nou ki pa Temwen?

12 Li gendwa difisil pou n demontre pasyans lè n ap preche moun nan fanmi nou ki pa Temwen. Prensip nou jwenn nan Eklezyas 3:1, 7 la kapab ede n. Men sa l di: “Gen [...] yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale.” Nou kapab ba yo temwayaj san nou pa pale grasa bon konduit nou genyen, anmenmtan n ap toujou veye tout okazyon pou n pale yo de Jewova (1 Pyè 3:1, 2). Pandan n ap preche e n ap anseye avèk zèl, n ap demontre pasyans ak tout moun, san wete moun nan fanmi nou.

13-14. Bay kèk egzanp moun nou ka imite ki te demontre pasyans.

13 Nou kapab aprann vin gen pasyans lè nou egzamine egzanp moun fidèl nou jwenn nan Bib la ak nan epòk nou an. Abakouk te swete pou mechanste fini, men li te montre l gen pasyans lè l te di: “M ap ret kanpe nan pòs mwen.” ​(Aba. 2:1). Apot Pòl te fè konnen jan l te vle “fini” sèvis Seyè a te ba li a. Aktout sa, avèk pasyans, li te kontinye “bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl” la. — Tra. 20:24.

14 Ann pran egzanp yon mari ak madanm ki te gradye nan Lekòl Galaad e yo te voye al sèvi nan yon peyi ki pa gen anpil Temwen kote pifò moun yo te nan yon relijyon ki pa kretyen. Se kèk grenn moun sèlman ki te vle etidye Labib. Yon lòt bò, gen lòt moun ki te nan Lekòl Galaad ansanm avèk yo ki t ap sèvi nan lòt peyi ki te konn di yo jan yo gen anpil etid k ap pwogrese. Malgre mari ak madanm sa a pa t jwenn anpil moun koute yo nan tèritwa pa yo, yo te kontinye preche avèk pasyans. Apre yo te fè uit an ap preche nan yon tèritwa ki sanble pa t bay rezilta, finalman, yo te kontan wè youn nan moun yo t ap etidye Labib ak yo rive batize. Ki sa nou aprann nan egzanp tan lontan sa yo ak nan egzanp nan epòk nou an? Etandone moun fidèl sa yo pa t fè parès oswa yo pa t bay men yo repo, Jewova te rekonpanse yo pou pasyans yo te genyen. Se pou nou “imite moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen”. — Ebre 6:10-12.

KONTINYE GEN YON LAFWA SOLID

15. Bay youn nan fason lafwa fè n vin gen plis detèminasyon pou n preche.

15 Nou kwè nan mesaj n ap preche a, se sa k fè nou chofe pou n pataje l ak plis moun posib. Nou fè pwomès ki nan Pawòl Bondye a konfyans (Sòm 119:42; Eza. 40:8). Nou gentan wè anpil pwofesi nan Bib la reyalize nan epòk nou an. Nou wè jan moun rive viv pi byen lefètke yo kòmanse suiv konsèy yo jwenn nan Bib la. Prèv sa yo fè n vin gen plis konviksyon tout moun bezwen tande bon nouvèl Wayòm nan.

16. Ann amoni ak Sòm 46:1-3, ki jan lafwa nou gen nan Jewova ak Jezi ede nou vin gen plis detèminasyon pou n preche?

16 Nou gen lafwa tou nan Jewova, Sila a ki ban nou preche mesaj sa a, e nou gen lafwa nan Jezi, moun li mete Wa nan Wayòm li an (Jan 14:1). Kèlkeswa sa k rive nou, Jewova ap toujou yon refij pou nou e l ap toujou ban nou fòs. (Li Sòm 46:1-3.) Anplis de sa, nou gen konfyans Jezi ap sèvi ak pouvwa ansanm ak otorite Jewova ba li pou l dirije travay predikasyon an detan l nan syèl la. — Mat. 28:18-20.

17. Bay yon egzanp ki montre rezon ki fè nou dwe kontinye preche.

17 Lafwa fè n gen plis asirans Jewova ap beni efò nou, pafwa fason nou pa menm atann (Ekl. 11:6). Pa egzanp, chak jou anpil moun wè charyo piblikasyon nou yo. Èske fason sa a nou preche a bay bon rezilta? Pa gen dout, repons lan se wi! Nan Ministè Wayòm novanm 2014, nou jwenn eksperyans yon jèn fi ki te nan inivèsite ki te vle prezante yon ekspoze sou Temwen Jewova. Li pa t rive jwenn yon Sal Wayòm, men li te jwenn piblikasyon nou yo sou yon tab nan lakou inivèsite a, konsa, li te jwenn enfòmasyon li te bezwen yo. Rive yon lè, li te vin yon Temwen Jewova batize e kounye a li se pyonye pèmanan. Eksperyans konsa ankouraje n pou n kontinye preche paske sa montre gen anpil moun toujou ki bezwen tande mesaj Wayòm nan.

PRAN DETÈMINASYON POU W PA BAY MEN W REPO

18. Poukisa nou sèten travay predikasyon Wayòm nan ap fin fèt jan Jewova vle a?

18 Nou kapab sèten travay predikasyon Wayòm nan ap kanpe nan lè pou l kanpe a. Reflechi sou sa k te pase nan epòk Noye a. Jewova montre li toujou aji nan lè pou l aji. Anviwon 120 an anvan delij la, Jewova te fikse lè pou delij la fèt. Plizyè dizèn ane annapre, Jewova te mande Noye pou l konstwi lach la. Noye te kontinye travay di pandan 40 an oswa 50 an anvan delij la. Malgre moun yo pa t koute mesaj Noye t ap preche a, li te kontinye avèti yo jiskaske Jewova te di l lè a rive pou l fè bèt yo antre nan lach la. Epi, lè moman an rive, “Jewova te fèmen pòt la”. — Jen. 6:3; 7:1, 2, 16.

19. Ki sa nou kapab atann n ap jwenn si n pa bay men n repo?

19 Talè konsa Jewova pral fè n konnen travay predikasyon Wayòm nan rive nan bout li. Apre sa, l ap detwi sistèm Satan an, epi l ap tabli monn nouvo a ki pral chaje ak moun k ap obeyi Bondye. Pandan n ap tann moman sa a rive, ann imite egzanp Noye, Abakouk ak lòt moun ankò ki pa t bay men yo repo. Ann kontinye met travay predikasyon an an premye nan lavi n, ann demontre pasyans e ann kontinye gen yon lafwa solid nan Jewova ak nan pwomès li yo.

KANTIK 75 “Men mwen! Voye m”

^ § 5 Atik ki vin anvan an te ankouraje etidyan Labib k ap pwogrese yo pou yo aksepte envitasyon Jezi te fè a pou yo vin pechè moun. Nan atik sa a, nou pral wè twa fason tout pwoklamatè, kit yo fèk kòmanse preche kit yo gen lontan depi y ap preche, kapab vin gen plis detèminasyon pou yo kontinye patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan jiskaske Jewova di travay la fini.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan atik sa a, ekspresyon “pinga w bay men w repo” a vle di nou bezwen pran detèminasyon pou n kontinye preche bon nouvèl la jiskaske Jewova di travay la fini.

^ § 5 “Jou Seyè a” te kòmanse lè Jezi te vin Wa an 1914, e l ap kontinye rive jis nan fen Rèy mil an an.