Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 38

Ann chèche vin pwòch ak Jewova e ak frè n ak sè n yo

Ann chèche vin pwòch ak Jewova e ak frè n ak sè n yo

“M ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou.” — JAN 20:17.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan moun ki fidèl yo kapab rele Jewova?

PAMI adoratè Jewova yo ki fè pati fanmi l, nou jwenn Jezi, li menm ki “fèt an premye nan tout kreyasyon an”, ak yon pakèt zanj (Kol. 1:15; Sòm 103:20). Lè Jezi te sou tè a, li te fè konnen moun ki fidèl yo kapab rele Jewova Papa. Lè Jezi t ap pale ak disip li yo li te fè yo konnen Jewova se ‘Papa l e se Papa yo tou’. (Jan 20:17.) E lè nou vwe Jewova lavi nou e nou batize, nou vin fè pati yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou. — Mak 10:29, 30.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Gen moun ki twouve l difisil pou yo wè Jewova tankou yon Papa ki gen lanmou. Gen lòt menm, ki pa konnen ki jan pou yo demontre lanmou pou frè ak sè yo nan kongregasyon an. Nan atik sa a, nou pral wè fason Jezi ede nou wè Jewova kòm yon Papa ki gen lanmou, yon Papa nou kapab vin pwòch avè l. Epitou, nou pral wè ki jan nou kapab imite Jewova nan fason nou aji ak frè n ak sè n yo.

JEWOVA VLE W PWOCHE BÒ KOTE L

3. Ki jan priyè Jezi te bay kòm modèl la fè nou vin pi pwòch ak Jewova?

3 Jewova se yon Papa ki gen lanmou. Jezi vle nou wè Jewova menm jan avè l, tankou yon paran ki gen afeksyon e ki gen lanmou ki fasil pou w pale avè l, men, ki pa annik la pou pase lòd. Sa parèt klè nan sa Jezi te aprann disip li yo pou yo di lè y ap priye. Li te kòmanse priyè li te bay kòm modèl la ak pawòl ki vin annapre a: “Papa nou.” ​(Mat. 6:9). Jezi te ka di nou pou nou rele Jewova “Toupisan an” “Kreyatè” a oswa “Wa letènite a”, e li t ap gen rezon paske tout tit sa yo nan Bib la (Jen. 49:25; Eza. 40:28; 1 Tim. 1:17). Okontrè, Jezi te di pou nou rele Jewova “Papa”.

4. Ki jan nou fè konnen Jewova vle nou pwoche bò kote l?

4 Èske w twouve l difisil pou w wè Jewova tankou yon Papa ki gen lanmou? Gen nan nou ki konn twouve sa. Si papa nou pa t konn byen aji avèk nou pandan n t ap grandi, li ka difisil pou n imajine yon papa ki renmen nou. Se pa ti konsole sa konsole nou lè nou konnen Jewova byen konprann ki jan nou santi nou! Li vle pwòch avèk nou. Se poutèt sa, men ki ankourajman nou jwenn nan Pawòl li a: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” ​(Jak 4:8). Jewova renmen nou, e li vle nou konnen li se pi bon Papa nou kapab genyen.

5. Selon Lik 10:22, ki jan Jezi kapab ede n vin pi pwòch ak Jewova?

5 Jezi ka ede n vin pi pwòch ak Jewova. Jezi tèlman konn Jewova byen e li tèlman imite kalite l yo yon fason ki pafè, li te di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” ​(Jan 14:9). Menm jan ak yon gran frè, Jezi montre nou fason pou nou demontre respè pou Papa nou an e pou nou obeyi l, fason pou nou fè kè l kontan ak fason pou n chèche jwenn favè l. Men, se sitou fason Jezi te viv sou tè a ki montre jan Jewova bon e jan l gen lanmou. (Li Lik 10:22.) Ann wè kèk egzanp.

Antanke yon Papa ki gen lanmou, Jewova te voye yon zanj vin bay Pitit Gason l lan fòs. (Gade paragraf 6.) *

6. Bay kèk egzanp ki montre fason Jewova te koute Jezi.

6 Jewova koute pitit li yo. Ann wè fason Jewova te koute premye Pitit Gason l lan. Lè Pitit Gason Jewova a te sou tè a, se sèten Jewova te tande plizyè priyè l te fè (Lik 5:16). Li te tande priyè Jezi te fè lè l te gen gwo desizyon pou l pran. Pa egzanp, lè l t ap chwazi 12 apot li yo (Lik 6:12, 13). Jewova te tande priyè Jezi te fè tou lè l te boulvèse. Yon ti tan anvan Jida te trayi Jezi, Jezi te priye Papa l ak tout kè l konsènan gwo eprèv li t apral jwenn yo. Nonsèlman Jewova te tande priyè Jezi, Pitit Gason li renmen anpil la, men tou, li te voye yon zanj vin ba l fòs. — Lik 22:41-44.

7. Ki jan nou santi nou lefètke nou konnen Jewova koute priyè nou?

7 Jodi a, Jewova kontinye koute priyè sèvitè l yo, li reponn yo nan bon moman, e li fè sa pi bon fason an (Sòm 116:1, 2). Ann wè ki jan yon sè nan peyi End te viv sa pèsonèlman. Li t ap goumen ak gwo strès, e li te priye Jewova ak tout kè l sou sa. Men sa l ekri: “Pwogram Tele JW me 2019 la se te egzakteman sa m te bezwen. Li te pale sou fason pou moun fè fas ak enkyetid ak strès. Se te repons priyè m.”

8. Ki jan Jewova te montre Jezi li renmen l?

8 Jewova renmen nou e li pran swen nou, menm jan li te renmen Jezi e li te pran swen l pandan l te sou tè a (Jan 5:20). Li te ede Jezi pou l kontinye gen yon lafwa ki solid, li te ankouraje l lè l te boulvèse e li te veye pou Jezi gen tout sa l bezwen pou l viv. Epitou, Jewova pa t ezite fè Pitit Gason l lan konnen li renmen l e li pran plezi nan li (Mat. 3:16, 17). Piske Jezi te kapab toujou konte sou Papa l ki nan syèl la ki renmen l, li pa t janm santi l poukò l. — Jan 8:16.

9. Ki sa ki montre Jewova renmen nou?

9 Menm jan ak Jezi, gen plizyè fason nou wè Jewova renmen nou. Fè yon ti reflechi: Jewova pèmèt nou vin zanmi l e li ban nou anpil frè ak sè ki renmen nou, ki fè kè n kontan e ki ankouraje nou lè n nan moman difisil (Jan 6:44). Anplis de sa, Jewova ban nou tout sa nou bezwen pou nou kontinye ranfòse lafwa nou. Li menm ede nou jwenn sa nou bezwen pou nou viv (Mat. 6:31, 32). Tank n ap reflechi sou jan Jewova renmen nou, se tank n ap renmen l.

ANN IMITE JEWOVA NAN FASON N AP AJI AK FRÈ N AK SÈ N YO

10. Ki sa nou ka aprann nan fason Jewova aji ak frè n ak sè n yo?

10 Jewova renmen frè n ak sè n yo. Men, li ka pa toujou fasil pou nou renmen yo e pou nou montre yo sa. Dayè, nou pa gen menm kilti e nou pa t leve menm jan. Epitou, nou tout konn fè erè ki konn kontrarye lòt moun e ki konn fè yo pa kontan. Men, nou kapab fè anpil efò pou gen lanmou nan fanmi nou fòme a. Ki jan? Lè nou imite Papa nou an nan fason nou montre nou renmen frè n ak sè n yo (Efe. 5:1, 2; 1 Jan 4:19). Ann wè sa nou ka aprann nan egzanp Jewova.

11. Ki jan Jezi te montre l “gen kè sansib” menm jan ak Jewova?

11 Jewova “gen kè sansib”. (Lik 1:78.) Yon moun ki gen kè sansib santi sa fè l mal lè l wè lòt moun ap soufri, li chèche fason pou l ede yo e pou l konsole yo. Jezi te montre l gen konpasyon menm jan ak Jewova nan fason li te aji ak lòt moun (Jan 5:19). Yon lè, Jezi te wè yon foul moun, li te santi li “gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”. (Mat. 9:36.) Jezi pa t sèlman santi l gen konpasyon pou moun yo, li te ede yo. Li te geri moun ki malad yo e li te soulaje moun “ki bouke e ki gen chay [y] ap pote”. — Mat. 11:28-30; 14:14.

Ann imite Jewova lè n demontre konpasyon pou frè n ak sè n yo e lè nou donan ak yo. (Gade paragraf 12-14.) *

12. Bay yon egzanp sou fason nou kapab montre nou gen konpasyon.

12 Si n pa konn ki pwoblèm frè n ak sè n yo genyen, nou pap kapab montre nou gen konpasyon pou yo. Pa egzanp, yon sè ka gen gwo pwoblèm sante. Li pa janm pale sou sa, men, li t ap byen kontan jwenn moun ede l. Ki jan l rive pran swen fanmi l? Èske l t ap kontan si yon moun ta ede l fè manje oubyen netwaye kay li? Oubyen tou, yon frè ka pèdi travay li. Èske nou pa ta ka ba l yon ti kòb, petèt san nou pa fè l konnen se nou menm ki ba li l, sa ki ta ka ede l jiskaske l jwenn yon lòt travay?

13-14. Ki jan nou kapab imite Jewova, Bondye ki renmen bay la?

13 Jewova renmen bay (Mat. 5:45). Nou pa bezwen tann frè n ak sè n yo mande n ede yo pou n montre nou gen konpasyon pou yo. Menm jan ak Jewova, nou ka ede yo anvan menm yo mande nou sa. Jewova fè solèy la leve chak jou san nou pa mande l! E tout moun byen pwofite solèy la, kit yo montre yo gen rekonesans kit yo pa montre sa. Lefètke Jewova ban nou sa nou bezwen, li montre li renmen nou. Se pa ti renmen nou renmen Jewova poutèt li bon anpil e li renmen bay!

14 Menm jan ak Papa nou ki nan syèl la, anpil nan frè n ak sè n yo renmen bay san yo pa tann yo mande yo. Pa egzanp, nan ane 2013, siklòn Haiyan se te yon gwo siklòn ki te fè anpil dega nan peyi Filipin. Gen anpil frè ak sè ki te pèdi kay yo ak sa yo te posede. Men, toupatou sou tè a, frè ak sè yo te met ansanm pou yo ede frè nan peyi Filipin yo. Anpil nan yo te bay kòb oswa yo te patisipe nan gwo pwojè konstriksyon ki te fèt pou repare oswa rekonstwi prèske 750 kay frè ak sè nan mwens pase ennan! Pandan pandemi COVID-19 la, Temwen yo te travay di pou ede frè ak sè yo. Lè nou aji vit pou n ede frè n ak sè n yo, nou montre nou renmen yo.

15-16. Selon Lik 6:36, ki fason nou kapab imite Papa nou ki nan syèl la?

15 Jewova gen mizèrikòd e li renmen padone. (Li Lik 6:36.) Se chak jou nou wè jan Papa nou ki nan syèl la gen mizèrikòd (Sòm 103:10-14). Disip Jezi yo pa t pafè. Men, Jezi te montre l gen mizèrikòd pou yo e li te padone yo. Li te menm dispoze bay lavi l kòm sakrifis pou n te ka jwenn padon pou peche nou (1 Jan 2:1, 2). Èske w pa santi w pwòch ak Jewova ak Jezi lefètke yo gen mizèrikòd e yo renmen padone?

16 Lè nou “padone” frè n ak sè n yo “ak tout kè” n, lanmou nou genyen youn pou lòt la vin pi fò (Efe. 4:32). Se vre, li konn difisil pafwa pou nou padone lòt moun, se sa k fè nou bezwen fè anpil efò pou n aprann fè sa. Gen yon sè ki te santi atik ki nan Toudegad ki gen tit “Se pou youn padone lòt ak tout kè l!” la te ede l fè sa *. Men sa sè a ekri: “Atik sa a te ede m konprann jan sa bon pou mwen lè m padone lòt moun. Li te esplike tou, lè w padone lòt moun, sa pa vle di moun nan te gen rezon fè sa l te fè w la oswa sa l te fè a pa t fè w mal. Men, lè w padone, ou pa kenbe moun nan sou kè e w vin santi w anpè ankò.” Lè nou padone frè n ak sè n yo ak tout kè n, nou montre nou renmen yo e nou montre nou imite Jewova, Papa nou an.

ANN BAY PLAS NOU GEN NAN FANMI JEWOVA A ANPIL VALÈ

Jèn kou granmoun montre yo renmen frè ak sè yo. (Gade paragraf 17.) *

17. Selon Matye 5:16, ki jan nou ka onore Papa nou ki nan syèl la?

17 Se yon gwo privilèj nou genyen pou n fè pati yon fanmi ki gen ladan l frè ak sè ki sot toupatou sou tè a. Nou ta renmen plis moun toujou vin adore Bondye nou an ansanm avèk nou. Nou dwe veye pou n pa janm fè anyen ki ta ka sal repitasyon Jewova, Papa nou ki nan syèl la, oswa repitasyon pèp li a. Nou fè efò pou n aji yon fason k ap fè moun yo anvi tande bon nouvèl la. — Li Matye 5:16.

18. Ki sa k ka ede nou pou n preche san nou pa pè?

18 Pafwa, kèk moun ka kritike nou oswa yo ka menm pèsekite nou paske nou obeyi Papa nou ki nan syèl la. Ki sa nou ka fè si nou santi nou pè lè n ap pale de kwayans nou ak lòt moun? Nou ka konte sou Jewova ak Pitit Gason l lan pou ede nou. Jezi te fè disip li yo konnen yo pa bezwen enkyete yo pou fason y ap gen pou yo pale oswa pou sa y ap gen pou yo di. Poukisa? Men sa Jezi te di: “N ap konnen sa n ap gen pou nou di a lè lè a rive. Paske, se pa nou menm sèlman k ap pale, men se lespri Papa nou k ap pale nan nou.” — Mat. 10:19, 20.

19. Bay egzanp yon moun ki te met kouraj sou li pou l preche.

19 Ann pran egzanp Robert. Lè Robert te fèk ap etidye Labib sa gen kèk ane, e li pa t konn anpil bagay nan Bib la, yo te rele l nan tribinal ann Afrik disid pou l esplike yon jij poukisa li pa ka antre nan lame. Li te met kouraj sou li pou l esplike jij la se paske l renmen frè l ak sè l yo ki fè l pa ka antre nan lame. Robert te bay plas li gen nan fanmi nou fòme antanke kretyen an anpil valè! Sanzatann, jij la te mande Robert: “Kiyès ki frè w yo?” Li pa t panse yo t ap poze l kesyon sa a. Men, tèks pou jounen an te vin nan lespri l tousuit. Se te Matye 12:50. Men sa l di: “Kèlkeswa moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la, se moun sa a ki frè m, ki sè m, ki manman m.” Byenke, Robert pa t gen anpil tan depi l ap etidye Labib, lespri sen te ede l reponn kesyon sa a ak yon pakèt lòt kesyon ankò. Jewova dwe te fyè de Robert! E Jewova fyè de nou tou lè n konte sou li pou n bay temwayaj avèk kouraj nan sitiyasyon ki difisil.

20. Ki detèminasyon nou ta dwe pran? (Jan 17:11, 15).

20 Annou kontinye gen anpil rekonesans dèske n fè pati yon fanmi ki gen lanmou youn pou lòt. Nou gen pi bon Papa ki egziste a ak anpil frè ak sè ki renmen nou. Nou dwe toujou gen rekonesans pou sa. Satan ak akolit malveyan li genyen yo ap eseye fè n kwè Papa nou ki nan syèl la pa renmen nou e y ap chèche met divizyon nan mitan nou. Jezi li menm te priye pou nou, li te mande Papa l pou l voye je sou nou pou fanmi nou an ka kontinye gen tèt ansanm. (Li Jan 17:11, 15.) Jewova kontinye reponn priyè sa a. Menm jan ak Jezi, nou pa dwe janm gen dout Papa nou ki nan syèl la renmen nou e l ap ede nou. Ann pran detèminasyon pou n kontinye vin pi pwòch ak Jewova e ak frè n ak sè n yo.

KANTIK 99 Yon gwo foul frè ak sè

^ § 5 Nou kontan fè pati yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou. Nou tout ta renmen ranfòse lanmou nou gen youn pou lòt la. Ki jan nou kapab fè sa? Nou kapab fè sa lè nou imite fason Papa nou an ki renmen nou aji avèk nou, e lè nou suiv egzanp Jezi ak egzanp frè n ak sè n yo.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jewova te voye yon zanj vin bay Jezi fòs nan jaden Jetsemane.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan pandemi COVID-19 la, anpil frè ak sè te prepare pwovizyon e yo te pote yo pou frè ak sè yo.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon manman k ap ede pitit fi l k ap voye yon lèt bay yon frè ki nan prizon pou ankouraje l.