Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 39

Lè yon moun nou renmen sispann sèvi Jewova

Lè yon moun nou renmen sispann sèvi Jewova

“Se pa ni de ni twa fwa yo te [...] fè l gen lapenn.” — SÒM 78:40.

KANTIK 102 ‘Ann ede moun ki fèb yo’

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan kèk moun ka santi yo lè yo gen yon moun yo renmen ki eskominye?

ÈSKE W gen yon moun pa w ki eskominye? Petèt, sa fè w mal anpil! Men sa yon sè ki rele Hilda * di: “Lè mari m te mouri apre 41 an maryaj, mwen te panse se bagay ki pi rèd ki te rive m. Men, lè pitit gason m nan te sispann sèvi Jewova, li te kite madanm li ak pitit li yo, sa te pi rèd pou mwen toujou.”

Jewova konprann jan sa fè w mal lè yon moun ou renmen sispann sèvi l. (Gade paragraf 2-3.) *

2-3. Selon Sòm 78:40, 41, ki jan Jewova santi l lè moun k ap adore l sispann sèvi l?

2 Reflechi ak jan sa dwe te fè Jewova mal lè kèk zanj ki te fè pati fanmi l te vire do ba li (Jid 6)! Imajine jan l te gen lapenn lefètke Izrayelit yo, pèp li a li te renmen anpil, pa t sispann fè rebèl avè l. (Li Sòm 78:40, 41.) Ou mèt gen asirans sa fè Papa nou ki nan syèl la mal anpil tou lè yon moun ou renmen sispann sèvi l. Li konprann soufrans ou. L ap montre l gen konpasyon pou ou toutpandan l ap ba w ankourajman ak èd ou bezwen.

3 Nan atik sa a, nou pral wè ki sa nou kapab fè pou n jwenn èd Jewova lè nou gen yon moun nou renmen ki sispann sèvi l. Nou pral wè tou, ki jan nou kapab ede lòt moun nan kongregasyon an ki nan menm sitiyasyon an. Men toudabò, nou pral wè ki jan nou pa dwe panse.

PA DI SE FÒT OU

4. Ki jan anpil paran santi yo lè yon pitit gason yo oswa yon pitit fi yo sispann sèvi Jewova?

4 Lè paran yo gen yon pitit gason oswa yon pitit fi yo renmen anpil ki sispann sèvi Jewova, yo konn panse yo te kapab fè plis pou ede pitit yo a rete nan laverite. Men sa yon frè ki rele Luc di apre pitit gason l fin eskominye: “Mwen te konn di se fòt mwen. Mwen te konn menm fè move rèv sou sa. Pafwa, mwen te konn kriye e m te konn santi kè m ap rache.” Men sa yon sè ki rele Elizabeth ki te nan menm sitiyasyon an te konn ap di tèt li: “Ki sa m te fè ki mal antanke manman? Mwen te santi mwen pa t rive fè laverite antre nan kè pitit gason m nan.”

5. Lè yon moun kite Jewova kiyès ki responsab?

5 Nou bezwen sonje, Jewova ban nou chak libète pou nou deside. Sa vle di, nou ka chwazi obeyi l oswa pa obeyi l. Gen timoun paran yo pa t ba yo bon egzanp, men, yo deside sèvi Jewova e yo ret fidèl avè l. Gen lòt menm paran yo te fè tout sa yo kapab pou ede yo viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, epoutan, yo vire do bay laverite lè yo vin gran. Finalman, se nou chak ki dwe deside si n ap sèvi Jewova (Joz. 24:15). Donk, nou menm paran ki nan lapenn akoz pitit nou sispann sèvi Jewova, nou pa dwe panse se fòt nou.

6. Ki jan yon jèn ka santi l lè yon paran l sispann sèvi Bondye?

6 Pafwa, gen paran ki kite laverite e ki menm abandone fanmi yo (Sòm 27:10). Sa kapab rèd anpil pou timoun yo ki te wè paran yo kòm yon modèl. Men sa Esther ki te gen papa l eskominye di: “Mwen te konn kriye souvan, paske mwen te rann mwen kont li pa t sèlman vire do bay laverite. Li te chwazi kite Jewova nèt. Mwen renmen papa m. Se sa k fè lè l te eskominye, mwen te toujou ap mande tèt mwen ki jan l ye? Mwen te konn annik ret konsa m santi m gen yon gwo panik.”

7. Ki santiman Jewova genyen pou yon jèn ki gen paran l ki eskominye?

7 Jèn, si youn nan paran w yo eskominye, sa byen fè n mal pou ou! Ou mèt gen asirans Jewova byen konnen jan w ap soufri. Li renmen w e li kontan wè jan w fidèl. E nou menm frè w ak sè w yo nou kontan wè sa tou. Sonje tou, ou pa responsab desizyon paran w pran. Jan nou te wè sa pi wo a, Jewova bay chak moun libète pou yo chwazi si y ap sèvi l oswa si yo pap sèvi l. E chak moun ki vwe Jewova lavi yo e ki batize dwe “pote pwòp responsablite pa l”. — Gal. 6:5, nòt.

8. Ki sa moun ki fidèl nan fanmi an kapab fè pandan y ap tann moun yo renmen an retounen vin jwenn Jewova? (Gade kare ki gen tit “ Retounen vin jwenn Jewova”.)

8 Lè w gen yon moun ou renmen ki sispann sèvi Jewova, li nòmal pou w gen espwa yon jou l ap retounen vin jwenn Jewova. Ki sa w ka fè annatandan? Ou ka kontinye chèche ranfòse relasyon w ak Jewova. Lè w fè sa, w ap bay lòt moun nan fanmi an bon egzanp, e petèt menm moun ki te eskominye a. Epitou, w ap jwenn fòs ou bezwen pou w fè fas ak lapenn ou genyen an. Ann wè kèk bagay ou ka fè pou w kontinye gen yon lafwa ki solid.

SA W KAPAB FÈ POU W KONTINYE GEN YON LAFWA KI SOLID

9. Ki jan nou ka jwenn fòs nan men Jewova? (Gade kare ki gen tit “ Kèk vèsè ki kapab konsole w si w gen yon moun ou renmen ki sispann sèvi Jewova”.)

9 Chèche gen yon bon pwogram. Li enpòtan anpil pou w kontinye ranfòse lafwa w ak lafwa lòt moun nan fanmi w. Ki jan w ka fè sa? Chèche jwenn fòs nan men Jewova lè w kontinye gen yon bon pwogram pou w li Bib la, pou w medite sou li e pou w asiste reyinyon yo. Men sa Joanna ki gen papa l ak sè l ki kite laverite di: “Mwen santi m gen mwens enkyetid lè m li istwa kèk moun nan Bib la, tankou Abigayil, Estè, Jòb, Jozèf ak Jezi. Egzanp moun sa yo ankouraje m e yo ede m ret pozitif. Chante nou yo ankouraje m anpil tou.”

10. Ki jan Sòm 32:6-8 ede nou fè fas ak lapenn nou genyen?

10 Fè Jewova konnen tout sa k ap trakase w. Lè w santi w tris, pa sispann priye l. Sipliye Bondye nou an ki renmen nou pou l ede w wè sitiyasyon an menm jan avè l, pou l “fè w gen bon konprann [e pou l] fè w konnen ki chemen pou w pran”. (Li Sòm 32:6-8.) Anfèt, li ka difisil anpil pou w di Jewova jan w santi w toutbon. Men, Jewova byen konprann jan w ap soufri. Li renmen w anpil e li vle w vide kè w ba li. — Egz. 34:6; Sòm 62:7, 8.

11. Selon Ebre 12:11, poukisa nou dwe fè disiplin Jewova bay avèk lanmou an konfyans? (Gade kare ki gen tit “ Dispozisyon pou eskominye moun nan se yon disiplin Jewova bay ki montre li renmen nou”.)

11 Aksepte desizyon ansyen yo pran an. Lè yo eskominye yon moun, sa fè pati dispozisyon Jewova pran. Disiplin Jewova bay la ki montre jan l renmen nou se pi bon fason pou l ede moun ki sispann sèvi l la, e sa bon pou tout lòt moun yo tou. (Li Ebre 12:11.) An jeneral, moun ki kòmanse kritike desizyon ansyen yo te pran an konn pa bay detay sou sa moun ki eskominye a te fè. Nou pa gen tout enfòmasyon yo. Donk, li saj pou nou kwè ansyen ki te pran desizyon an te fè tout sa yo kapab pou yo aplike sa Bib la di e pou yo fè jijman “pou Jewova”. — 2 Kwo. 19:6.

12. Ki byenfè kèk moun jwenn lè yo soutni dispozisyon Jewova pran pou l bay disiplin nan?

12 Lè w soutni desizyon ansyen yo pran pou yo eskominye yon moun ou renmen, an reyalite, ou ka ede moun nan retounen vin jwenn Jewova. Men sa Elizabeth nou te pale de li pi wo a di: “Sa te vrèman difisil pou n te koupe tout kontak ak pitit gason nou an ki pa t timoun ankò. Men, lè l te retounen vin jwenn Jewova, li te rekonèt li te merite pou yo eskominye l. Rive yon lè, li te di li te aprann anpil bon leson. Mwen te vin rann mwen kont disiplin Jewova bay la gen anpil valè.” Men sa Mark, mari Elizabeth la, ajoute: “Kèk tan annapre, pitit gason nou an te fè m konnen, youn nan rezon ki te fè l retounen, se paske nou te fè egzakteman sa nou te dwe fè. Mwen kontan anpil dèske Jewova te ede nou obeyi l.”

13. Ki sa k ka ede w fè fas ak lapenn ou genyen?

13 Pale ak zanmi ki konprann jan w santi w. Pase tan ak frè ak sè ki gen matirite ki kapab ede w kontinye gen yon atitid pozitif (Pwo. 12:25; 17:17). Men sa Joanna nou te pale de li pi wo a di: “Mwen te santi m poukò m. Men, lè m te pale ak zanmi mwen fè konfyans, sa te ede m anpil.” Sepandan, ki sa w ka fè si kèk moun nan kongregasyon an di w yon seri bagay ki fè w santi w pi mal?

14. Poukisa youn bezwen ‘kontinye sipòte lòt epi kontinye padone lòt ak tout kè n’?

14 Se pou w pran pasyans ak frè w ak sè w yo. An reyalite, nou pa ka atann pou tout moun aji jan nou ta vle a (Jak 3:2). Nou tout enpafè, se sa k fè ou pa bezwen sezi si kèk moun pa fin konn sa pou yo di oswa si yo ta di yon bagay ki fè w mal san yo pa t gen entansyon fè sa. Sonje konsèy apot Pòl te bay la. Men sa l te di: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l.” ​(Kol. 3:13). Men sa yon sè ki gen yon moun nan fanmi l ki te eskominye di: “Gen frè ki te eseye ankouraje m, men, olye yo te ankouraje m, se kraze yo te kraze m. Jewova te ede m pou m padone yo.” Ki sa kongregasyon an ka fè pou ede moun ki fidèl ki gen moun nan fanmi yo ki eskominye?

FRÈ AK SÈ NAN KONGREGASYON AN KAPAB BAY ÈD PA YO

15. Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki gen yon moun nan fanmi yo ki eskominye sa pa gen twò lontan?

15 Se pou n byen aji ak moun ki fidèl ki gen moun nan fanmi yo ki eskominye. Gen yon sè ki rele Miriam ki fè konnen li pa t santi l alèz lè l t apral nan reyinyon apre yon frè l te fin eskominye. Men sa l di: “Mwen t ap enkyete m pou sa moun yo te ka di. Men, te gen anpil frè ak sè ki te tris tou pou sa k te pase a, e yo pa t kenbe frè m nan sou kè. Grasa yo, mwen pa t santi m poukò m nan moman sa yo ki te difisil anpil.” Men sa yon lòt sè te di: “Lè pitit gason nou an te eskominye, gen bon zanmi nou ki te vin konsole nou. Gen nan yo ki te di n yo pa t konn sa pou yo di. Men, yo te kriye avè m, oubyen yo te ekri m yon ti nòt. Sa te ede m anpil!”

16. Ki jan kongregasyon an kapab ede moun ki gen moun pa yo ki eskominye?

16 Kontinye ede moun nan fanmi an ki fidèl yo. Yo bezwen santi nou renmen yo e yo bezwen nou ankouraje yo plis pase nenpòt lòt lè (Ebre 10:24, 25). Pafwa, moun ki gen moun ki eskominye nan fanmi yo konn santi se kòmsi yo eskominye tou, paske gen frè ak sè nan kongregasyon an ki konn pa pale ak yo ankò. Nou pa dwe aji konsa! Nou bezwen felisite jèn ki gen paran yo ki kite laverite e nou bezwen ankouraje yo. Men sa Maria, yon sè ki te gen mari l ki eskominye e ki te abandone l ak pitit li, di: “Kèk nan zanmi m yo te vin lakay mwen, yo te fè manje pou nou e yo te ede m fè etid ak pitit mwen yo. Yo te santi jan m ap soufri e yo te kriye ansanm avè m. Yo te defann mwen lè lòt moun t ap pale m mal. Yo te vrèman ban m fòs!” — Wom. 12:13, 15.

Frè ak sè nan kongregasyon an kapab montre yo gen lanmou lè yo ede fanmi ki gen yon moun pa yo ki eskominye. (Gade paragraf 17.) *

17. Ki sa ansyen yo kapab fè pou yo konsole moun k ap soufri yo?

17 Nou menm ansyen, pwofite okazyon nou jwenn pou n ankouraje moun ki fidèl ki gen moun nan fanmi yo ki eskominye. Nou gen gwo responsablite pou n konsole frè n ak sè n ki gen moun pa yo ki sispann sèvi Jewova (1 Tes. 5:14). Fè efò pou n ankouraje yo anvan e apre reyinyon yo. Al vizite yo epi priye pou yo. Preche ansanm avèk yo, oubyen nou ka envite yo pafwa lè n ap fè adorasyon an fanmi. Ansyen yo bezwen montre yo gen konpasyon ak lanmou pou mouton Jewova k ap soufri yo, epi ba yo atansyon yo bezwen. — 1 Tes. 2:7, 8.

PA PÈDI ESPWA E KONTINYE MET KONFYANS OU NAN JEWOVA

18. Selon 2 Pyè 3:9, ki sa Bondye ta renmen moun ki sispann sèvi l yo fè?

18 Jewova “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. (Li 2 Pyè 3:9.) Menmsi yon moun ta fè yon peche grav, lavi l toujou gen anpil valè pou Bondye. Reflechi sou gwo pri Jewova te peye pou nou chak, anpalan de lavi Pitit Gason l lan li renmen anpil. Se paske Jewova renmen moun sa yo ki fè l eseye ede yo pou yo retounen vin jwenn li. Li espere y ap chwazi fè sa, jan egzanp Jezi te bay konsènan tigason gaspiyè a montre sa (Lik 15:11-32). Anpil moun ki te kite laverite retounen vin jwenn Papa yo ki nan syèl la ki renmen yo, e frè ak sè nan kongregasyon an akeyi yo ak de bra. Elizabeth nou te pale de li pi wo a te viv sa e li te kontan wè pitit gason l lan reyentegre. Men sa l di lè l ap reflechi ak sa k te pase a: “Mwen te vrèman kontan dèske anpil moun te ankouraje n pou n pa t pèdi espwa.”

19. Poukisa nou kapab kontinye fè Jewova konfyans?

19 Nou kapab toujou fè Jewova konfyans. Konsèy li yo ap toujou ede nou. Li se yon Papa ki renmen bay e ki gen konpasyon pou pitit li. Li gen anpil lanmou pou tout moun ki renmen l e k ap adore l. Ou mèt gen konfyans Jewova pap abandone w lè w nan sitiyasyon ki difisil (Ebre 13:5, 6). Men sa Mark nou te pale de li pi wo a di: “Jewova pa t janm abandone nou. Li pa janm lwen nou lè n ap travèse moman ki difisil.” Jewova ap kontinye ba w “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7.) Wi, ou kapab kontinye ret fidèl e kontinye gen espwa menm lè w gen yon moun ou renmen ki sispann sèvi Jewova.

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

^ § 5 Se pa ti tris nou tris lè yon moun nou renmen sispann sèvi Jewova. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan Bondye nou an santi l lè sa rive. Nou pral aprann sa fanmi moun ki eskominye yo ka fè pou yo jwenn konsolasyon e pou yo kontinye gen yon lafwa ki solid. Atik sa a pral montre tou fason tout moun nan kongregasyon an ka konsole fanmi moun ki eskominye a epi ede l.

^ § 1 Gen kèk non yo chanje nan atik sa a.

^ § 79 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè yon frè abandone fanmi l ak Jewova, sa fè madanm li ak pitit li soufri.

^ § 81 ESPLIKASYON SOU FOTO: De ansyen k ap ankouraje yon fanmi ki nan kongregasyon an.