Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 40

Ann “ede anpil moun vin fè sa ki dwat”

Ann “ede anpil moun vin fè sa ki dwat”

“Moun k ap ede anpil moun vin fè sa ki dwat yo pral klere tankou zetwal pou tout tan gen tan.” — DÀN. 12:3.

KANTIK 151 L ap rele yo

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki evènman estrawòdinè nou pral viv pandan Rèy mil an an?

 JOU rezirèksyon an pral kòmanse fèt sou tè a pandan Rèy mil an Kris la, se pa ti bèl sa pral bèl! Tout moun ki te gen moun pa yo ki mouri vrèman anvi wè yo ankò. Se konsa Jewova santi l tou (Jòb 14:15). Imajine jan tout moun sou tè a pral kontan lè yo ansanm ak moun pa yo ki resisite. Jan nou te wè nan atik anvan an, “moun ki jis” yo ki gen non yo ekri nan liv lavi a “ap resisite pou yo jwenn lavi”. (Tra. 24:15; Jan 5:29.) Petèt, anpil nan moun pa nou yo pral pami premye moun ki pral resisite sou tè a b. Mete sou sa, “moun ki enjis” yo, sa vle di moun ki pa t vrèman gen posiblite pou yo konnen Jewova oswa pou yo sèvi l anvan yo mouri “ap resisite pou jijman”.

2-3. a) Selon Ezayi 11:9, 10, ki pi gwo pwogram ansèyman ki pral fèt nan tout listwa lèzòm? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Tout moun sa yo ki pral resisite pral bezwen yo anseye yo (Eza. 26:9; 61:11). Se sa k fè pi gwo pwogram ansèyman ki potko janm fèt nan tout listwa lèzòm pral bezwen fèt lè sa a. (Li Ezayi 11:9, 10.) Poukisa? Paske, moun ki enjis k ap resisite yo pral bezwen aprann konnen Jezi Kris, Wayòm nan, ranson an, ak enpòtans non Jewova ak dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an genyen. Menm moun ki jis yo pral bezwen aprann sa Jewova te anseye pèp li a tikras pa tikras konsènan objektif li pou tè a. Kèk nan moun fidèl sa yo te gentan mouri lontan anvan Jewova te fin fè ekri Bib la. Ni moun ki enjis yo ni moun ki jis yo pral gen anpil bagay pou yo aprann.

3 Nan atik sa a, nou pral egzamine kesyon ki vin annapre yo: Ki jan gwo pwogram ansèyman sa a pral fèt? Ki jan fason moun yo pral reyaji anrapò ak pwogram sa a pral fè swa Bondye ekri non yo nèt nan liv lavi a oswa li pa ekri non yo nèt? Repons kesyon sa yo enpòtan pou nou jodi a. Jan nou pral wè sa, gen kèk pwofesi estrawòdinè nan liv Dànyèl la ak nan liv Revelasyon an k ap ede nou byen konprann ki sa k pral rive lè moun ki mouri yo resisite. Toudabò, ann egzamine yon seri evènman estrawòdinè Bib la te anonse nan pwofesi ki nan Dànyèl 12:1, 2.

“MOUN K AP DÒMI ANBA TÈ AP LEVE”

4-5. Ki sa Dànyèl 12:1 fè konnen konsènan tan lafen an?

4 Li Dànyèl 12:1. Liv Dànyèl la fè konnen gen yon seri evènman estrawòdinè ki pral rive youn apre lòt nan tan lafen an. Pa egzanp, Dànyèl 12:1 fè konnen Mikayèl, anpalan de Jezi Kris, ap “aji pou byen pèp” Bondye a. Pati sa a nan pwofesi a te kòmanse reyalize an 1914 lè Jezi te vin Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la.

5 Sepandan, yo te fè Dànyèl konnen tou Jezi t ap “leve kanpe” nan “yon tan kote ap gen anpil malè, yon tan ki pa t janm egziste anvan sa, depi lè te vin gen yon nasyon rive jis nan tan sa a”. “Tan kote ap gen anpil malè” a se “gwo tribilasyon” Matye 24:21 anonse a. Jezi leve kanpe, oswa l ap aji pou l defann pèp Bondye a, lè tan kote ap gen anpil malè a rive nan bout li, sa vle di nan Amagedon. Liv Revelasyon an pale konsènan moun sa yo antanke yon “gwo foul moun” “ki soti anba gwo tribilasyon an”. — Rev. 7:9, 14.

6. Ki sa k ap rive apre gwo foul moun nan fin pase gwo tribilasyon an vivan? Esplike. (Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad sa a ki gen rapò ak rezirèksyon moun ki pral viv sou tè a.)

6 Li Dànyèl 12:2. Ki sa k ap rive apre gwo foul moun nan fin chape nan tan kote ap gen anpil malè a? Pwofesi sa a pap pale konsènan yon rezirèksyon senbolik, kote sèvitè Bondye yo t ap gen pou yo resisite nan yon sans senbolik nan dènye jou yo, jan nou te konprann sa anvan c. Okontrè, pawòl sa yo gen rapò ak rezirèksyon moun ki mouri ki gen pou resisite nan monn nouvo a. Sa k fè nou ka di sa? Mo “pousyè” yo itilize nan Jòb 17:16 la vle di menm bagay ak mo “Tonm” nan. Sa montre Dànyèl 12:2 ap pale konsènan yon rezirèksyon ki pral fèt toutbon apre dènye jou yo fini e apre lagè Amagedon.

7. a) Nan ki sans gen moun k ap resisite pou yo “gen lavi ki pap janm fini an”? b) Sa k fè se pral “yon pi bon rezirèksyon”?

7 Dànyèl 12:2 fè konnen gen moun k ap resisite pou yo “gen lavi ki pap janm fini an”. Ki sans pawòl sa yo genyen? Sa vle di, moun ki resisite e ki aprann konnen Jewova ak Jezi, oswa ki kontinye aprann konnen yo e ki obeyi yo pandan 1 000 an yo, ap jwenn lavi ki pap janm fini an finalman (Jan 17:3). Se pral “yon pi bon rezirèksyon” pase rezirèksyon ki te fèt nan tan lontan kote se kèk moun ki te resisite (Ebre 11:35). Sa k fè sa? Piske moun sa yo te enpafè, yo te mouri ankò.

8. Nan ki sans gen lòt moun k ap resisite “ki pral jwenn lawont ak dezonè pou toutan”?

8 Men, se pa tout moun k ap resisite k ap dakò pou Jewova anseye yo. Pwofesi Dànyèl la fè konnen gen moun k ap resisite “ki pral jwenn lawont ak dezonè pou toutan”. Piske yo pral montre yo rebèl, non yo pap ekri nan liv lavi a e yo pap jwenn lavi ki pap janm fini an. Okontrè, yo pral resevwa “dezonè pou toutan”, sa vle di yo pral detwi. Donk, Dànyèl 12:2 ap pale konsènan sa k pral rive tout moun k ap resisite yo alafen, selon sa yo fè apre yo fin resisite d (Rev. 20:12). Gen nan yo k ap gen lavi ki pap janm fini an, e gen lòt ki pap genyen l.

“EDE ANPIL MOUN VIN FÈ SA KI DWAT”

9-10. Ki lòt bagay ki pral fèt apre gwo tribilasyon an, e kiyès ki “pral klere tankou syèl la”?

9 Li Dànyèl 12:3. Ki lòt bagay ki pral fèt apre “tan kote ap gen anpil malè” a fin rive? Ni Dànyèl 12:2, ni vèsè 3 a gen rapò ak yon bagay k ap fèt apre gwo tribilasyon an.

10 Kiyès ki “pral klere tankou syèl la”? Pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 13:43 a ban nou yon ide sou sa. Men sa l di: “Nan epòk sa a, moun ki jis yo pral briye menm jan ak solèy la nan Wayòm Papa yo a.” Nan kontèks pawòl sa yo, Jezi t ap pale konsènan “pitit Wayòm nan”, frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl, ki pral dirije ansanm avè l nan Wayòm nan ki nan syèl la (Mat. 13:38). Donk, Dànyèl 12:3 dwe ap pale konsènan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo e konsènan travay yo pral fè pandan Rèy mil an an.

Tout 144 000 moun yo pral travay ansanm ak Jezi Kris pou yo dirije travay ansèyman ki pral fèt pandan 1 000 an yo. (Gade paragraf 11.)

11-12. Ki travay 144 000 moun yo pral fè pandan 1 000 an yo?

11 Ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral ede “anpil moun vin fè sa ki dwat”? Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral travay ansanm ak Jezi Kris pou dirije pwogram ansèyman ki pral fèt sou tè a pandan 1 000 an yo. Nonsèlman 144 000 moun yo pral dirije antanke wa, men, yo pral sèvi antanke prèt tou (Rev. 1:6; 5:10; 20:6). Konsa, yo pral ede nan travay ki pral fèt pou “geri nasyon yo”, sa vle di, yo pral ede lèzòm vin pafè tikras pa tikras (Rev. 22:1, 2; Eze. 47:12). Se pa ti kontan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral kontan!

12 Kiyès k ap pami “anpil moun” yo pral ede fè sa ki dwat yo? Pami moun sa yo, ap gen moun k ap resisite yo, epitou, ap gen moun k ap pase Amagedon vivan yo ansanm ak timoun ki ka fèt nan monn nouvo a. Nan fen 1 000 an yo, tout moun k ap viv sou tè a ap vin pafè. Donk, ki lè non yo pral ekri nèt nan liv lavi a, tankou se ak lank, olye se ak kreyon?

DÈNYE EPRÈV LA

13-14. Ki sa tout moun k ap vin pafè sou tè a ap bezwen montre anvan yo jwenn lavi ki pap janm fini an?

13 Nou dwe sonje se pa paske yon moun pafè ki fè l ap gen lavi ki pap janm fini an kanmenm. Sonje Adan ak Èv. Yo te pafè, men, pou Jewova Dye te ka ba yo lavi ki pap janm fini an, yo te bezwen obeyi l anvan. Malerezman, yo pa t obeyi Jewova. — Wom. 5:12.

14 Ki jan moun ki sou tè a pral ye nan fen 1 000 an yo? Yo tout ap vin pafè. Èske tout moun pafè sa yo pral aksepte Jewova dirije yo nèt pou toutan? Oswa èske gen nan yo ki pral aji menm jan ak Adan ak Èv, yo menm ki pa t ret fidèl, byenke yo te pafè? Kesyon sa yo pral bezwen jwenn repons. Ki jan?

15-16. a) Ki lè tout moun pral jwenn posiblite pou yo montre yo fidèl ak Jewova? b) Ki jan eprèv sa a pral fini?

15 Yo pral fèmen Satan pou 1 000 an. Pandan tan sa a, li pap ka twonpe okenn moun. Sepandan, nan fen 1 000 an yo, y ap lage Satan. Lè sa a, li pral chèche twonpe lèzòm ki vin pafè. Pandan eprèv sa a, tout moun ki pafè sou tè a pral gen posiblite pou yo montre aklè si y ap respekte non Bondye e si y ap soutni dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an (Rev. 20:7-10). Fason yo chak pral reyaji lè Satan pral chèche twonpe yo pral montre si Bondye dwe ekri non yo nèt nan liv lavi a.

16 Gen moun, nou pa konn ki kantite y ap ye, ki pral aji menm jan ak Adan ak Èv, yo pap aksepte Jewova dirije yo. Ki sa k pral rive moun sa yo? Revelasyon 20:15 di nou: “Moun yo pa t jwenn non yo ekri nan liv lavi a, yo lage yo nan letan dife a.” Vrèmanvre, rebèl sa yo pral detwi pou toutan. Men, pifò moun ki vin pafè ap ret fidèl pandan dènye eprèv la. Lè sa a, non yo pral ekri nèt nan liv lavi a.

PANDAN “TAN LAFEN AN”

17. Ki sa yo te fè Dànyèl konnen ki t ap gen pou rive nan epòk nou an? (Dànyèl 12:4, 8-10).

17 Se pa ti kontan nou kontan lè n ap panse ak evènman sa yo ki gen pou rive! Sepandan, gen yon zanj ki te bay Dànyèl yon seri enfòmasyon enpòtan tou konsènan epòk nou an, anpalan de “tan lafen an”. (Li Dànyèl 12:4, 8-10; 2 Tim. 3:1-5.) Men sa zanj lan te di Dànyèl: “Vrè konesans lan ap vin anpil.” Vrèmanvre, pèp Bondye a t ap vin pi byen konprann pwofesi ki nan liv sa a. Zanj lan te fè konnen tou, pandan epòk sa a, “moun ki mechan yo [t ap] kontinye fè sa ki mal, e yo youn [pa t ap] konprann”.

18. Ki sa k pral rive mechan yo talè konsa?

18 Jodi a, ta sanble mechan yo pa resevwa pinisyon pou fason y ap aji (Mal. 3:14, 15). Men, talè konsa, Jezi pral jije moun ki tankou kabrit yo e l ap separe yo ak moun ki tankou mouton yo (Mat. 25:31-33). Mechan sa yo pap chape nan gwo tribilasyon an, ni yo pap resisite pou yo viv nan monn nouvo a. Non yo pap nan “yon liv devan [Bondye] pou l sonje yo”, sètadi liv Malachi 3:16 pale de li a.

19. Ki sa nou dwe fè kounye a, e poukisa? (Malachi 3:16-18).

19 Kounye a se moman pou n montre nou pa fè pati mechan yo. (Li Malachi 3:16-18.) Jewova ap rasanble moun li konsidere kòm “yon byen espesyal”, sa vle di, moun ki gen anpil valè pou li. Se sèten, nou ta renmen pami moun sa yo.

Se pa ti bèl sa pral bèl pou n wè Dànyèl, ak moun pa nou yo, ak anpil lòt moun ankò k ap “leve kanpe” pou yo jwenn pòsyon pa yo nan monn nouvo a! (Gade paragraf 20.)

20. Ki dènye pwomès Bondye te fè Dànyèl, e poukisa w anvi wè pwomès sa a reyalize?

20 Vrèmanvre, n ap viv nan yon epòk ki estrawòdinè. Men, gen bagay ki pi estrawòdinè toujou ki pral rive talè konsa. Talè konsa, nou pral wè lè tout mechanste pral fini. Apre sa, nou pral wè pwomès Bondye te fè Dànyèl la k ap reyalize. Men sa l te di l: “Ou pral leve kanpe pou w jwenn pòsyon pa w la nan fen jou yo.” ​(Dàn. 12:13). Èske w anvi wè lè Dànyèl ansanm ak moun pa w yo pral “leve kanpe” ankò? Si w ta renmen sa, fè tout sa w kapab depi kounye a pou w fidèl, konsa w ap kapab gen asirans non w ap ret ekri nan liv lavi Jewova a.

KANTIK 80 “Goute e n a wè jan Jewova bon”

a Nan atik sa a, gen yon ajisteman sou fason nou te konprann gwo pwogram ansèyman Dànyèl 12:2, 3 pale de li a. Nou pral egzamine ki lè sa pral fèt e kiyès k ap patisipe ladan l. Nou pral wè tou ki jan pwogram ansèyman sa a pral prepare moun sou tè a pou dènye eprèv la nan fen Rèy mil an Kris la.

b Petèt, moun ki te mouri fidèl pandan dènye jou yo ap resisite anvan, e petèt apre sa, moun ki te mouri anvan moun sa yo ap resisite, e sa ka kontinye fèt jenerasyon apre jenerasyon. Si se konsa sa ap fèt, chak jenerasyon pral gen posiblite pou yo akeyi moun yo te konnen. Kèlkeswa jan sa pral fèt, Ekriti yo fè konnen, anrapò ak rezirèksyon ki pral fèt nan syèl la, “chak moun” ap resisite “nan pozisyon pa l”, e nou ka konprann rezirèksyon ki pral fèt sou tè a ap fèt nan lòd tou. — 1 Kor. 14:33; 15:23.

c Sa a se yon ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann kèk enfòmasyon ki nan chapit 17 liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel! la ak nan Toudegad 1ye jiyè 1987, paj 21-25 (fransè).

d Sepandan, ekspresyon “moun ki jis” ak “moun ki enjis” nou jwenn nan Travay 24:15 lan ansanm ak ekspresyon “moun ki te fè bon bagay” ak “moun ki te pratike sa ki mal” nou jwenn nan Jan 5:29 la gen rapò ak konduit moun ki resisite yo te genyen anvan yo te mouri.