Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen te kontan aprann konnen Jewova e mwen te kontan ede lòt moun konnen l

Mwen te kontan aprann konnen Jewova e mwen te kontan ede lòt moun konnen l

PANDAN m t ap grandi nan vil Easton, Pennsilvani, Ozetazini, sa k te pi enpòtan pou mwen se te al nan inivèsite paske m te vle vin yon moun enpòtan. Mwen te renmen aprann e mwen te fò nan matematik ak syans. An 1956, te gen yon òganizasyon dwa moun ki te ban m 25 dola, paske pami tout etidyan nwa yo se mwen ki te fè pi gwo nòt. Annapre, objektif mwen te vin chanje. Sa k te fè sa?

FASON MWEN TE APRANN KONNEN JEWOVA

Nan kòmansman ane 1940 yo, paran m yo te etidye Labib ak Temwen Jewova. Etid la te kanpe, men, manman m te kontinye aksepte Toudegad ak Reveye n! An 1950 gen yon kongrè entènasyonal ki te fèt nan vil Nouyòk, e fanmi m te asiste l.

Yon ti tan annapre, frè Lawrence Jeffries te kòmanse vizite nou. Li te eseye ede m konn laverite. Okòmansman, mwen pa t dakò avè l lefètke Temwen Jewova yo pa mele nan politik e lefètke yo pa antre nan lame. Mwen te di l si tout moun Ozetazini ta refize al nan lagè, ènmi te ka vini e yo pran kontwòl tout peyi a. Avèk pasyans frè Jeffries te rezone avè m e li te di m: “Sa w panse Jewova Dye t ap fè si tout moun Ozetazini t ap sèvi l, epi ènmi ta vin atake yo?” Sa l te di yo ak lòt bagay ankò te ede m wè fason m te panse a pa t bon. Sa te fè m anvi konn plis bagay sou Bib la.

Jou batèm mwen.

Mwen te pase plizyè èdtan ap li ansyen Toudegad ak Reveye n! manman m te met nan lofis la. Rive yon lè, mwen te vin rann mwen kont sa m t ap aprann yo se laverite, donk, mwen te aksepte frè Jeffries etidye Labib avè m. Mwen te kòmanse asiste reyinyon yo regilyèman. Mwen te renmen sa m t ap aprann yo e m te vin yon pwoklamatè bon nouvèl la. Objektif mwen te vin chanje lè m te konprann “gran jou Jewova a [te] toupre rive”. (Sof. 1:14.) Mwen pa t vle al nan inivèsite ankò, okontrè, mwen te vle ede lòt moun aprann verite ki nan Bib la.

Mwen te fin lekòl 13 jen 1956, e twa jou annapre, mwen te batize nan yon asanble sikonskripsyon. Mwen pa t janm imajine tout benediksyon m t apral jwenn paske m te chwazi itilize lavi m pou m aprann konn Jewova e pou m ede lòt moun konnen l.

MWEN TE APRANN KONN JEWOVA E M TE EDE LÒT MOUN KONNEN L LÈ M TE PYONYE

Sis mwa apre batèm mwen, mwen te vin pyonye pèmanan. Nan Ministè Wayòm desanm 1956 (anglè), te gen yon atik ki gen tit “Èske w ka al sèvi kote ki gen anpil bezwen?” Envitasyon sa a te pou mwen tou. Mwen te vle al ede kote ki pa t gen anpil moun k ap preche bon nouvèl la. — Mat. 24:14.

Mwen t al viv nan vil Edgefield, nan Kawolin disid. Te gen sèlman kat pwoklamatè nan kongregasyon an. Se mwen menm ki te vin fè senkyèm nan. Nou te konn fè reyinyon lakay yon frè, nan pyès devan an. Mwen te konn fè 100 èdtan ap preche chak mwa. Mwen te okipe anpil paske se mwen menm ki te konn òganize travay predikasyon an, e m te konn gen patisipasyon nan reyinyon yo. Yon bagay ki enteresan sèke tank mwen te travay nan kongregasyon an, se tank mwen te aprann konn Jewova.

Mwen te etidye Labib ak yon dam ki te gen yon ponp finèb nan vil Johnston, yon vil ki pa t twò lwen. Li te ban m yon ti travay ki pa t pran twòp tan m ki te byen itil mwen e li te kite n fè reyinyon nan yon ti lokal li te genyen.

Frè Jolly Jeffries, pitit frè ki te etidye avè m nan, te kite Bwouklin, Nouyòk, e l te vin patnè m antanke pyonye. Nou te viv nan yon ti konntenè yon frè te prete nou.

Travay pa t peye byen nan zòn sid la. Nou te konn touche de oswa twa dola pa jou. Yon lè, mwen te fèk fin itilize tout ti monnen mwen te genyen pou m achte kèk bagay pou m manje nan yon boutik. Lè m te soti, gen yon mesye ki te pwoche kote m e ki te mande m: “Èske w bezwen travay? M ap peye w yon dola lè.” Pandan twa jou, li te ban m netwaye yon kote yo t ap fè konstriksyon. Sa te parèt klè Jewova t ap ede m rete Edgefield. Mwen te menm al asiste kongrè entènasyonal ki te fèt nan vil Nouyòk an 1958.

Jou maryaj nou.

Dezyèm jou kongrè a, gen yon bagay espesyal ki te rive. Mwen te rankontre Ruby Wadlington, li te pyonye pèmanan nan vil Galatin, nan Tenisi. Kòm nou toule de te vle vin misyonè, nou te asiste reyinyon yo te fè nan kongrè a pou moun ki ta renmen al Lekòl Galaad. Annapre, nou te kòmanse ekri youn lòt. Epi, yo te envite m al bay yon diskou piblik nan vil Galatin. M te tou pwofite okazyon sa a pou m mande l marye avè m. Annapre, mwen t al nan menm kongregasyon ak Ruby, e nou te marye an 1959.

MWEN TE APRANN KONN JEWOVA E M TE EDE LÒT MOUN KONNEN L NAN KONGREGASYON AN

Lè m te gen 23 an, yo te nome m sèvitè kongregasyon nan vil Galatin (kounye a nou di kowòdonatè gwoup ansyen). Nou te premye kongregasyon frè Charles Thompson te vizite antanke siveyan sikonskripsyon. Li te gen anpil eksperyans. Epoutan, li te mande m opinyon m sou sa frè yo te bezwen e ki jan lòt siveyan sikonskripsyon yo te ede kongregasyon yo nan sans sa a. Yon bagay mwen te aprann nan men l sèke li bon pou m poze kesyon epi chèche konn tout detay anvan m pran yon desizyon.

An me 1964, Yo te envite m pou m al asiste Lekòl ministè Wayòm nan South Lansing, nan Nouyòk, ki te dire yon mwa. Frè yo ki t ap anseye nan lekòl la, te fè m vin pi anvi aprann konn Jewova e pou m vin pi pwòch avè l.

MWEN TE APRANN KONN JEWOVA E M TE EDE LÒT MOUN KONNEN L LÈ M TE SIVEYAN SIKONSKRIPSYON E LÈ M TE SIVEYAN DISTRI

An janvye 1965, yo te envite mwen menm ak Ruby pou n al nan sèvis sikonskripsyon an. Sikonskripsyon yo te voye nou an te gwo anpil, li te soti depi Nòksvil, nan Tenesi, li te prèske rive Richmon, nan Vijini. Li te gen ladan l tou yon seri kongregasyon nan Kawolin dinò, Kenntèki ak Vijini delwès. Mwen te vizite kongregasyon ki te gen moun nwa sèlman paske nan epòk sa a nan sid Etazini, lalwa pa t pèmèt nwa reyini ansanm ak blan. Frè n yo pa t gen gwo mwayen e nou te aprann pataje sa nou te genyen ak moun ki nan bezwen. Yon frè ki te gen lontan depi l siveyan sikonskripsyon te aprann mwen yon leson ki enpòtan anpil. Li te di m: “Aji tankou yon frè. Lè w rive nan yon kongregasyon, pa aji tankou yon patwon. W ap ka ede yo si yo santi w se frè yo.”

Pandan nou t ap vizite yon ti kongregasyon, Ruby te kòmanse yon etid ak yon jèn dam ki te gen yon pitit fi ki te gen ennan. Lè moun nan kongregasyon an pa t kapab fè etid la, Ruby te konn fè l pa mwayen lèt. Pwochen fwa nou t ap vizite kongregasyon an, dam nan te vin nan chak reyinyon. Gen de sè pyonye espesyal ki te vin nan kongregasyon an e yo te kontinye etid la. E yon ti tan annapre, dam nan te batize. Anviwon 30 an annapre an 1995, nan Betèl Patèsonn, gen yon jèn sè ki te vin pale ak Ruby. Se te pitit fi dam Ruby te etidye avè l la. Pitit fi a ak mari l se te elèv nan 100yèm klas Lekòl Galaad.

Dezyèm sikonskripsyon nou te vin ladan l lan te nan mitan Florid. Apeprè nan menm epòk sa a, nou te bezwen yon machin, e n te jwenn youn pou yon bon pri. Sepandan, nan premye semèn nan, ponp dlo a te vin anpàn. Nou pa t gen kòb pou n te repare l. Mwen te rele yon frè mwen te konnen ki te ka ede nou. Li te fè youn nan bòs ki t ap travay avè l yo ranje machin nan. E li pa t pran senkòb nan men nou pou reparasyon an. Li te annik di: “Ou pa dwe m.” Li te menm fè n kado yon ti kòb! Se te yon bèl egzanp ki montre kòman Jewova pran swen sèvitè l yo. Sa te fè n sonje pou n donan ak lòt moun.

Chak fwa n te vizite yon kongregasyon, nou te konn rete lakay frè yo. Konsa, nou te vin gen anpil bon zanmi. Yon jou, mwen te kòmanse tape yon rapò sou yon kongregasyon, e m te kite l nan machin a tape m nan. Lè m te retounen nan aswè, mwen te aprann ti gason twazan fanmi kote n te ye a te genyen an te “ede” m fini rapò a. Mwen te fè plizyè ane ap fawouche l sou sa.

An 1971, mwen te resevwa yon lèt pou m t al sèvi kòm siveyan distri nan vil Nouyòk. Nou te sezi anpil! Lè sa a, mwen te gen 34 an sèlman. Mwen te premye siveyan distri nwa frè yo te genyen, e yo te ban m yon bèl akèy.

Antanke siveyan distri, chak wikenn, mwen te kontan anseye sou Jewova nan yon asanble sikonskripsyon. Anpil nan siveyan sikonskripsyon yo te gen plis eksperyans pase m. Youn nan yo te fè diskou batèm mwen. E te gen yon lòt, frè Theodore Jaracz, ki te vin manm Kolèj santral annapre. Te gen anpil lòt frè ki gen eksperyans tou ki t ap sèvi nan Betèl Bwouklin. Mwen te gen anpil rekonesans dèske siveyan sikonskripsyon yo ak Betelit yo te mete m alèz. Mwen te ka wè frè sa yo te yon seri bèje ki gen lanmou, ki te konte sou Pawòl Bondye a e ki t ap soutni òganizasyon an fidèlman. Imilite yo te genyen te fè l fasil pou m sèvi antanke siveyan distri.

MWEN TE RETOUNEN NAN SÈVIS SIKONSKRIPSYON AN

An 1974, Kolèj santral la te voye yon lòt gwoup siveyan sikonskripsyon nan travay distri a, e m te rekòmanse sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ankò, fwa sa a se te nan Kawolin disid. Erezman lè sa a, kongregasyon yo ak sikonskripsyon yo te ka gen ni blan ni nwa ladan yo, sa ki te fè frè yo kontan.

Nan fen ane 1976, yo te voye m nan yon sikonskripsyon ki nan Jòji, ant Atlanta ak Kolonmbous. Mwen byen sonje lè m te fè diskou antèman senk timoun nwa yon moun te boule kay yo. Manman an te entène lopital paske l te blese. Te gen yon pakèt Temwen Jewova, nwa kou blan, ki pa t sispann vin lopital la pou konsole paran yo. Mwen te wè jan frè ak sè yo te gen yon lanmou ki estrawòdinè. Lè sèvitè Bondye yo demontre konpasyon youn pou lòt konsa, sa kapab ede yo andire sitiyasyon ki pi difisil yo.

MWEN TE APRANN KONNEN JEWOVA E M TE EDE LÒT MOUN KONNEN L NAN BETÈL

An 1977, yo te mande n vin nan Betèl Bwouklin pou kèk mwa pou n ede nan yon pwojè. Lè pwojè a te prèske fini, gen de manm Kolèj santral ki te reyini avè m e yo te mande m si Ruby avè m ta renmen ret sèvi nan Betèl. Nou te aksepte envitasyon an.

Mwen te fè 24 an ap travay nan Depatman sèvis, kote byen souvan, frè yo konn trete yon seri pwoblèm ki delika e ki konplike. Tank ane ap pase, Kolèj santral la bay yon seri enstriksyon ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Enstriksyon sa yo sèvi kòm baz pou reponn yon seri kesyon, men tou, yo sèvi kòm baz pou fòme siveyan sikonskripsyon yo, ansyen yo ak pyonye yo. Fòmasyon sa a ede anpil frè vin gen plis matirite antanke kretyen, sa ki ede òganizasyon an vin pi djanm.

Soti 1995 rive 2018, mwen te vizite divès biwo filyal antanke reprezantan syèj mondyal la, anvan sa, yo te rele frè sa yo siveyan zòn. Mwen te konn reyini ak Komite filyal yo, Betelit yo ak misyonè yo pou m ankouraje yo e pou m ede yo ak nenpòt pwoblèm yo te genyen. Yon lòt bò, mwen menm ak Ruby te toujou jwenn ankourajman nan eksperyans yo te pataje avèk nou. Pa egzanp, nou te vizite peyi Wannda nan ane 2000. Sa te vrèman touche n lè n te tande jan frè ak sè yo ak fanmi Betèl la te viv jenosid ki te fèt an 1994 la. Anpil ladan yo te pèdi moun pa yo. Malgre sa frè sa yo te andire, yo te montre yo gen lafwa, esperans ak kèk kontan.

Pou 50yèm anivèsè maryaj nou.

Kounye a, nou nan 80 an yo. Pandan dènye 20 ane sa yo, m ap sèvi nan Komite filyal Etazini an. Mwen pa t janm al nan inivèsite, men mwen resevwa pi gwo fòmasyon an nan men Jewova ak nan òganizasyon l lan. Sa te pèmèt mwen anseye lòt moun verite ki nan Bib la ki kapab ede yo pou toutan (2 Kor. 3:5; 2 Tim. 2:2). Mwen wè jan mesaj ki nan Bib la ede moun yo amelyore lavi yo epi ede yo vin gen yon bon relasyon ak Kreyatè yo a (Jak 4:8). Lè mwen menm ak Ruby kapab, nou kontinye ankouraje lòt moun pou yo bay privilèj yo genyen pou yo aprann konnen Jewova e pou yo anseye lòt moun verite ki nan Bib la anpil valè. Sa se pi gwo privilèj yon sèvitè Jewova te ka genyen!