Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk konsèy sou fason pou n fè rechèch

Kèk konsèy sou fason pou n fè rechèch

Aktivite pou timoun

Paran yo gen gwo responsablite pou yo aprann pitit yo konnen Jewova (Efe. 6:4). Pou ede paran yo, òganizasyon Jewova a pibliye anpil atik, videyo ak chante. Ki jan w ka sèvi avè yo pou w fòme pitit ou?

  • Chèche sa ki disponib. Sou jw.org ak nan JW Library® ou kapab jwenn kèk videyo ak atik pou timoun ak jèn a. Pou w jwenn yo sou jw.org, tape “Timoun” oswa “Jèn” nan kare pou fè rechèch la.

  • Chwazi sa ki apwopriye. Sa yo pibliye nan seksyon “Timoun” nan kapab ede w chwazi aktivite ki apwopriye pou pitit ou.

  • Pran tan pou w pale sou bagay sa yo ak pitit ou. Pa sèvi ak videyo nou yo oswa paj yo ka telechaje pou yo ekri yo jis pou pitit ou ka gen yon bagay l ap fè. Okontrè, pale sou bagay sa yo ak pitit ou, epi ede l pou l chèche vin zanmi Jewova.

a JW.ORG an fransè gen tout atik yo pibliye pou jèn yo, sa gen ladan l videyo ak paj yo ka telechaje pou yo ekri, alòske kounye a, JW Library an fransè gen tout videyo yo, men, li gen sèlman kèk paj yo ka telechaje pou yo ekri.