Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 37

Konte sou Jewova, menm jan Samson te fè sa

Konte sou Jewova, menm jan Samson te fè sa

“Jewova, Seyè ki Souvren an, tanpri sonje m. Tanpri, ban mwen fòs.” — JIJ 16:28.

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Poukisa l bon pou n etidye istwa lavi Samson?

 LÈ W tande non Samson, ki sa k vin nan lespri w? Sandout sa fè w panse ak yon moun ki te gen yon fòs estrawòdinè. E se vre. Men, Samson te pran yon move desizyon ki te fè l soufri anpil. Aktout sa, Jewova te konsantre sou tout sa Samson te fè ki te montre li fidèl avè L, e l te fè met egzanp sa a nan Bib la pou byen nou.

2 Jewova te itilize Samson pou l reyalize yon seri bèl bagay pou ede pèp Li te chwazi a, anpalan de pèp Izrayèl la. Plizyè syèk apre lanmò Samson, Jewova te fè apot Pòl site non Samson pami yon seri mesye ki te gen yon lafwa estrawòdinè (Ebre 11:​32-34). Egzanp Samson kapab ankouraje nou. Li te konte sou Jewova, menm nan sitiyasyon difisil. Ann wè ki jan egzanp li ka ankouraje nou, epitou ann wè lòt leson nou ka aprann nan egzanp li ki ka itil nou.

SAMSON TE MET KONFYANS LI NAN JEWOVA

3. Ki travay Samson te gen pou l fè?

3 Nan epòk Samson te fèt la, moun Filisti yo t ap domine sou nasyon Izrayèl la e yo t ap toupizi yo (Jij 13:1). Izrayelit yo te soufri anpil anba men moun Filisti yo ki te vrèman mechan. Jewova te chwazi Samson pou l “pran latèt pou l sove pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo”. (Jij 13:5.) Misyon sa a pa t fasil menm! Pou Samson te rive fè travay sa a ki te difisil, li t ap bezwen konte sou Jewova.

Samson te fè Jewova konfyans e l te aprann adapte l. Li te sèvi ak sa l te jwenn pou l fè volonte Bondye. (Gade paragraf 4-5.)

4. Ki jan Jewova te ede Samson soti anba men moun Filisti yo? (Jij 15:​14-16).

4 Ann pran yon egzanp ki montre jan Samson te met konfyans li nan Jewova ak jan l te konte sou Li pou L ede l. Yon lè, yon gwoup sòlda moun Filisti te vini pou met men sou Samson nan Leyi, petèt ki te nan Jida. Kòm mesye Jida yo te pè, yo te deside lage Samson bay ènmi an. Pwòp moun nan pèp Samson te mare l byen mare ak de kòd tounèf mennen bay moun Filisti yo (Jij 15:​9-13). Men, ‘lespri Jewova te bay Samson fòs’ e li te libere tèt li anba kòd yo. Apre sa, li te “jwenn zo machwè yon bourik ki tou fre”, li te pran l, e li te touye 1000 gason ki te moun Filisti avè l! — Li Jij 15:​14-16.

5. Lefètke Samson te sèvi ak zo machwè yon bourik, ki jan sa montre li te fè Jewova konfyans?

5 Poukisa Samson te itilize zo machwè yon bourik? Se pa vrèman yon bagay moun konn itilize kòm zam. Pa gen dout, Samson te konnen Jewova t ap ede l pot laviktwa sou moun Filisti yo ak kèlkeswa zam li te genyen an. Vrèmanvre, mesye fidèl sa a te sèvi ak sa l te jwenn pou l te fè volonte Jewova. Sa klè, Samson te pot laviktwa sou tout moun sa yo paske l te konte sou Jewova.

6. Lè n ap fè travay nou nan sèvis Jewova a, ki leson nou ka aprann nan istwa Samson?

6 Nou menm tou, Jewova kapab ban n fòs pou n fè kèlkeswa travay li ban nou fè, menmsi travay la ta parèt twòp pou nou. Bondye kapab ede n yon fason nou pa t ap atann. Ou mèt gen konfyans, menm jan Jewova te bay Samson fòs, L ap ede w pou w fè volonte L depi w konte sou Li. — Pwo. 16:3.

7. Ki egzanp ki montre jan l enpòtan pou n chèche direksyon Jewova?

7 Anpil frè ak sè k ap travay nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè montre yo gen konfyans nan Jewova. Sa gen kèk tan, se sitou frè nou yo ki te konn fè plan pifò Sal Wayòm yo ak lòt lokal nou yo e ki te konn konstwi yo. Men, piske te vin gen plis moun k ap batize, òganizasyon Jewova a te bezwen fè kèk chanjman. Frè ki alatèt yo te chèche direksyon Jewova e yo te eseye nouvo metòd. Pa egzanp, yo te achte yon seri lokal e yo te repare yo. Men sa Robert ki te travay nan plizyè pwojè konstriksyon toupatou sou tè a nan dènye ane sa yo di: “Okòmansman, li pa t fasil pou kèk moun te aksepte nouvo metòd sa yo.” Apre sa, li di: “Yo pa t menm ditou ak sa nou te abitye fè depi plizyè ane. Men, frè yo te dispoze adapte yo, e sa te vin parèt klè Jewova beni chanjman sa yo.” Se jis yon egzanp ki montre fason Jewova ap gide pèp li a pou fè volonte l. Detanzantan, li bon pou nou tout mande tèt nou: ‘Èske m chèche direksyon Jewova e m dispoze adapte m nan sèvis m ap ba li a?’

SAMSON TE PWOFITE DISPOZISYON JEWOVA PRAN

8. Ki sa Samson te fè yon lè pandan l te swaf anpil?

8 Petèt ou te li lòt egzanp kote Samson te fè yon seri bagay estrawòdinè. Li te goumen ak yon lyon ak men l, e annapre li te touye 30 gason ki te moun Filisti nan vil Achkelon (Jij 14:​5, 6, 19). Samson te konnen li pa t ap janm ka fè aksyon sa yo si Jewova pa t ede l. Gen yon lè, sa te parèt klè lè l te vin swaf anpil apre l te fin touye 1000 moun Filisti. Ki sa l te fè? Olye l te konte sou tèt li pou l jwenn dlo pou l bwè, li te mande Jewova ede l. —  Jij 15:18.

9. Ki jan Jewova te reponn priyè Samson te fè pou l mande l èd? (Jij 15:19).

9 Jewova te reponn Samson lè l te mande l èd, Li te fè yon mirak e yon sous dlo te vin parèt. Lè Samson te bwè dlo a, “li [te] repran fòs”. (Li Jij 15:19.) Sanble sous dlo sa a te toujou la plizyè ane annapre lè Bondye te fè pwofèt Samyèl ekri liv Jij la. Izrayelit ki te wè dlo sa a k ap koule te ka sonje moun k ap adore Jewova ki fidèl yo kapab konte sou li pou l ede yo nan moman yo bezwen sa.

Lè Samson te fin bwè dlo Jewova te ba l la, li te jwenn fòs. Nou menm tou, nou bezwen aksepte dispozisyon Jewova pran pou ede n ret fidèl avè l. (Gade paragraf 10. )

10. Ki sa nou dwe fè pou n jwenn èd Jewova? (Gade foto a tou.)

10 Nou menm tou, nou bezwen chèche èd Jewova kèlkeswa talan oswa kapasite nou genyen oubyen sa n reyalize nan sèvis li. Nou bezwen aksepte avèk imilite se sèlman lè n konte sou Jewova n ap kapab fè sa l mande n fè. Menm jan Samson te vin gen fòs lè l te bwè dlo Jewova te ba l la, nou menm tou, n ap ka ret fidèl ak Jewova lè n pwofite tout dispozisyon l pran pou ede n. —  Mat. 11:28.

11. Ki jan n ka konte sou Jewova pou l ede n? Bay yon egzanp.

11 Ann pran egzanp Aleksey, yon frè nou nan peyi Larisi ki te andire gwo pèsekisyon. Ki sa k te ede l rete djanm nan sitiyasyon ki te difisil anpil? Li menm ak madanm li te gen bon abitid pou yo etidye Bib la e pou yo fè adorasyon an fanmi. Men sa l di: “Mwen te fè efò pou m toujou fè etid pèsonèl mwen e pou m li Labib chak jou. Chak maten, mwen menm ak madanm mwen fè tèks pou jounen an epi nou priye Jewova ansanm.” Ki sa n ka aprann nan egzanp sa a? Olye n konte sou tèt nou, nou ta dwe konte sou Jewova. Ki jan n kapab fè sa? Lè n toujou fè yon seri bagay k ap fòtifye lafwa nou, pa egzanp lè n gen bon abitid pou n fè etid pèsonèl nou ak lòt aktivite nan sèvis Jewova a. Jewova li menm pap manke pa beni efò nou fè pou n sèvi l. Bondye te bay Samson fòs, e se sèten Li kapab ban nou fòs.

SAMSON PA T SISPANN FÈ VOLONTE JEWOVA

12. Ki move desizyon Samson te pran, e nan ki sans desizyon sa a pa t menm ak eksperyans li te fè anvan yo?

12 Samson te enpafè menm jan avè n, se sa k fè li te konn pran move desizyon pafwa. Gen yon desizyon li te pran ki te lage l nan gwo pwoblèm, paske li pa t panse ak travay Bondye te ba l fè a. Apre Samson te fin sèvi kòm jij pandan yon tan, “li [te] vin damou yon fi ki rele Dalila ki t ap viv nan Vale Sorèk”. (Jij 16:4.) Anvan sa, Samson te fiyanse ak yon fi ki te moun Filisti. Men, “se Jewova ki te pouse l pran desizyon sa a. Se yon mwayen Li t ap chèche pou L tire revanj sou moun Filisti yo”. Annapre, Samson t al lakay yon pwostitye nan Gaza, yon vil nan peyi Filisti. Lè sa a, Bondye te bay Samson fòs pou l pran pòtay vil la al met yon lòt kote, sa ki te fè vil la vin san pwoteksyon (Jij 14:​1-4; 16:​1-3). Petèt Dalila te yon Izrayelit, donk, sanble se pa t menm sitiyasyon an.

13. Ki jan Dalila te fè Samson tonbe nan pwoblèm?

13 Dalila te aksepte yon bon kou kòb nan men moun Filisti yo pou l te ka lage Samson nan men yo. Èske se paske Samson te fè Dalila twòp konfyans, li te kite lanmou l gen pou li a fè l egare, ki fè l pa t rive wè sa Dalila te vle fè a? Kèlkeswa rezon an, Dalila te kole nan kò Samson pou l te di l ki kote l jwenn fòs li genyen an. Finalman, Samson te di l tout bagay. Malerezman, Samson te met tèt li nan yon sitiyasyon ki te lakòz li pèdi fòs li te genyen an e ki te fè l pèdi favè Jewova pandan yon tan. — Jij 16:​16-20.

14. Lefètke Samson te fè Dalila konfyans, ki sa k te rive l?

14 Piske Samson te fè Dalila konfyans olye l te fè Jewova konfyans, li te soufri anpil. Moun peyi Filisti yo te met men sou Samson e yo te pete je l. Yo te mete l nan prizon nan Gaza, kote l te imilye moun nan zòn nan anvan sa, e l te vin yon esklav k ap vire wòch moulen pou l kraze manje angren. Annapre, moun Filisti yo te imilye l lè yo te rasanble pou yo te fè yon fèt. Yo te ofri Dagon, fo dye yo a, yon gwo sakrifis, kòmsi se Dagon ki te lage Samson nan men yo. Yo te voye chèche Samson nan prizon an pou vin amize yo nan fèt la pou yo te ka “bat plezi sou li”. — Jij 16:​21-25.

Jewova te bay Samson fòs pou l egzekite jijman L sou moun Filisti yo. (Gade paragraf 15.)

15. Ki jan Samson te montre li konte sou Jewova ankò? (Jij 16:​28-30). (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

15 Samson te fè yon gwo erè, men li te kontinye sèvi Jewova. Li te chèche yon okazyon pou l te fè travay Bondye te ba l fè a, sa vle di pou l konbat moun Filisti yo. (Li Jij 16:​28-30.) Samson te sipliye Jewova, li te di l: “Kite m tire revanj sou moun Filisti yo.” Vrè Dye a te reponn priyè Samson e l te reba l fòs estrawòdinè l te genyen an. Konsa, Samson te touye plis moun Filisti nan okazyon sa a pase tout sa l te touye anvan yo.

16. Ki sa nou ka aprann nan erè Samson te fè a?

16 Byenke Samson te soufri anpil akoz erè l te fè a, li pa t sispann chèche fè volonte Jewova. Menmsi n fè yon erè e nou bezwen pou yo disipline nou oswa nou pèdi yon privilèj, nou pa dwe sispann sèvi Jewova. Nou bezwen sonje Jewova dispoze padone nou (Sòm 103:​8-10). Malgre erè nou fè yo, Jewova kapab kontinye itilize n, menm jan li te kontinye itilize Samson.

Sandout Samson te santi l tris akoz erè l te fè a, men, li pa t sispann fè volonte Jewova. Nou menm tou, nou dwe fè menm jan an. (Gade paragraf 17-18.)

17-18. Ki sa k ankouraje w nan istwa Michael la? (Gade foto a tou.)

17 Ann pran egzanp yon jèn frè ki rele Michael. Li te okipe anpil nan sèvis Jewova a, li te sèvitè ministeryèl e l te pyonye pèmanan. Malerezman, li te fè yon erè e sa te fè l pèdi privilèj li te genyen nan kongregasyon an. Men sa l di: “Anvan sa, mwen te okipe anpil nan sèvis Jewova a. Epi, bridsoukou, mwen te santi se kòmsi tout bagay fini. M pa t janm met nan tèt mwen Jewova t ap abandone m, men, mwen t ap mande tèt mwen si m t ap janm vin gen menm relasyon m te gen avè l la ankò oswa si m t ap janm ka sèvi l nan kongregasyon an jan m te konn fè sa anvan.”

18 Erezman, Michael pa t sispann sèvi Jewova. Men sa l di ankò: “Mwen te fè anpil efò pou m vin pi pwòch ak Jewova, se poutèt sa mwen te konn priye l chak jou pou m di l sa k nan kè m. Epitou, mwen te konn etidye e m te konn medite.” Rive yon lè, Michael te rejwenn privilèj li te gen nan kongregasyon an. Kounye a, l ap sèvi kòm ansyen e l se pyonye pèmanan. Li di: “Èd ak ankourajman m te jwenn, sitou nan men ansyen yo, te ede m wè Jewova toujou renmen m. Mwen gen posiblite sèvi nan kongregasyon an ankò ak yon konsyans ki pwòp. Eksperyans sa a montre m Jewova ap padone nenpòt moun ki repanti toutbon.” Nou kapab gen konfyans Jewova ap itilize n e l ap beni nou tou menmsi nou te fè erè, depi n fè tout sa n kapab pou n korije fason n aji e depi n kontinye konte sou li. — Sòm 86:5; Pwo. 28:13.

19. Ki jan egzanp Samson ba w fòs?

19 Nan atik sa a, nou te egzamine kèk nan evènman estrawòdinè ki te pase nan lavi Samson. Li pa t pafè. Men, li pa t sispann fè efò pou l sèvi Jewova menm apre erè li te fè anrapò ak Dalila a. E Jewova pa t abandone l. Yon lòt fwa ankò, Bondye te itilize Samson yon fason ki estrawòdinè. Jewova te toujou wè l kòm yon moun ki te gen yon gwo lafwa. Li te fè met non l nan lis moun fidèl nou jwenn nan Ebre chapit 11 lan. Se pa ti ankourajan sa ankourajan dèske n konnen n ap sèvi Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou ki toujou pare pou l ban nou fòs, sitou lè n nan pwoblèm! Donk, menm jan ak Samson, ann sipliye Jewova, ann di l: “Tanpri sonje m. Tanpri, ban mwen fòs.” — Jij 16:28.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

a Samson: Anpil moun konn non sa a nan Bib la, menm moun ki pa gen anpil konesans sou Bib la. Yo sèvi ak istwa Samson nan pyès teyat, nan chante ak nan fim. Sepandan, istwa lavi l pa jis yon istwa ki enteresan. Gen anpil bagay nou ka aprann nan istwa mesye sa a ki te gen anpil lafwa.