Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 41

Leson nou ka aprann nan de lèt Pyè te ekri yo

Leson nou ka aprann nan de lèt Pyè te ekri yo

“Mwen toujou vle fè nou sonje bagay sa yo.” — 2 PYÈ 1:12.

KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a

SA NOU PRAL WÈ a

1. Yon ti tan anvan apot Pyè mouri, ki sa Jewova te pouse l fè?

 APOT Pyè te konnen li pa t lwen mouri. Pandan plizyè dizèn ane li te fè ap sèvi Bondye fidèlman, li te mache avèk Jezi, li te ouvri nouvo tèritwa pou travay predikasyon an e li te sèvi antanke manm kolèj santral. Men, sèvis Pyè potko fini. Ozanviwon ane 62 rive ane 64 epòk nou an, Jewova te pouse l ekri de lèt: 1 Pyè ak 2 Pyè, de liv ki nan Bib la. Li te gen espwa lèt sa yo t ap ede kretyen yo apre l fin mouri. —  2 Pyè 1:​12-15.

2. Poukisa lèt Pyè te ekri yo te vin egzakteman nan bon moman?

2 Pyè te ekri lèt Bondye te pouse l ekri yo nan yon epòk kote kwayan parèy li yo te jwenn “divès eprèv”. (1 Pyè 1:6.) Te gen yon seri mesye ki te mechan ki t ap eseye vini ak fo ansèyman ak konduit ki pa pwòp nan kongregasyon an (2 Pyè 2:​1, 2, 14). Kretyen ki t ap viv Jerizalèm yo pa t ap pran tan pou yo wè “lafen tout bagay” rive, lè lame women an t apral detwi vil sa a ak tanp li an (1 Pyè 4:7). Pa gen dout, lèt Pyè te ekri yo te ede kretyen yo wè sa yo t ap kapab fè pou yo andire eprèv yo jwenn e pou yo prepare yo pou lòt eprèv yo t apral jwenn pi devan. b

3. Poukisa nou bezwen egzamine lèt Bondye te pouse Pyè ekri yo?

3 Byenke se pou kretyen nan premye syèk la Pyè te ekri lèt li yo, Jewova te fè met lèt sa yo nan Pawòl Li a. Donk, pawòl ki nan lèt sa yo kapab itil nou jodi a (Wom. 15:4). N ap viv nan yon monn kote anpil moun gen konduit ki pa pwòp, epitou n ap fè fas ak eprèv ki ka fè l difisil pou n sèvi Jewova. Mete sou sa, talè konsa pral gen yon tribilasyon k ap pi rèd lontan pase tribilasyon ki te detwi sistèm juif la. Nou jwenn kèk rapèl ki enpòtan anpil nan de lèt Pyè te ekri yo. Y ap ede n pou n kontinye tann jou Jewova a, pou n sispann pè moun e pou n gen anpil lanmou youn pou lòt. Rapèl sa yo kapab ede ansyen yo tou pou yo wè fason yo kapab rive pran swen twoupo a.

KONTINYE TANN

4. Selon 2 Pyè 3:​3, 4, ki sa k ta ka fè lafwa nou febli?

4 Nou rankontre anpil moun ki pa kwè nan pwofesi ki nan Bib la. Gen opozan ki ka pase n nan rizib paske gen plizyè ane depi n ap di lafen an ap vini. Gen moun ki fè konnen lafen an pap janm vini. (Li 2 Pyè 3:​3, 4.) Si pandan n ap preche nou ta tande yon moun di sa, oubyen yon kòlèg travay nou oswa yon moun nan fanmi nou ta di yon bagay konsa, sa kapab gen move efè sou lafwa nou. Pyè te esplike ki sa ki kapab ede n.

5. Ki sa k ap ede nou tann lafen an avèk pasyans? (2 Pyè 3:​8, 9).

5 Gen moun ki ka panse Jewova pran twòp tan pou l detwi monn mechan sa a. Pawòl Pyè yo kapab ede n, paske yo fè n sonje fason Jewova wè tan pa menm ditou ak fason lèzòm wè tan. (Li 2 Pyè 3:​8, 9.) Pou Jewova, mil an se tankou yon jou. Jewova gen pasyans. Li pa ta renmen okenn moun detwi. Sepandan, lè jou l la rive, monn sa a ap detwi. Se pa ti privilèj nou genyen pou n sèvi ak tan ki rete a pou n bay moun tout nasyon temwayaj!

6. Ki jan nou kapab ‘toujou kenbe jou Jewova a nan lespri nou’? (2 Pyè 3:​11, 12).

6 Pyè ankouraje nou pou n “kenbe [jou Jewova a] nan lespri nou”. (Li 2 Pyè 3:​11, 12.) Ki jan nou kapab fè sa? L ap bon pou n medite chak jou, si posib, sou jan lavi a pral bèl nan monn nouvo a. Imajine ou menm k ap respire yon lè ki vrèman pwòp, k ap manje manje ki bon pou sante w, k ap akeyi moun pa w ki te mouri ki resisite e k ap anseye moun ki te viv sa gen plizyè syèk fason pwofesi ki nan Bib la reyalize. Meditasyon konsa ap ede w pou w kontinye ret tann e pou w gen asirans lafen an toupre rive. Piske nou ‘konnen davans’ sa k pral rive alavni, nou pap kite ansèyman moun ki pa kwè jou Jewova a toupre rive “pote nou ale”. —  2 Pyè 3:17.

SISPANN PÈ MOUN

7. Lè n pè moun, ki efè sa ka gen sou nou?

7 Piske nou konnen jou Jewova a ap rive talè konsa, nou ta renmen fè tout sa n kapab pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Sepandan, pafwa nou ka renka pou n pale. Sa k fè sa? Paske sa moun panse oswa sa moun fè kapab fè nou pè pandan yon ti tan. Se sa k te rive Pyè. Nan nuit yo t ap jije Jezi a, Pyè te pè di li se youn nan disip Jezi yo, e l te menm nye l plizyè fwa. Li te di li pa konnen l (Mat. 26:​69-75). Sepandan, annapre, menm apot sa a te rive di avèk konviksyon: “Pa pè sa k fè yo pè a, e pa kite sa boulvèse nou.” (1 Pyè 3:14). Pawòl Pyè yo ban nou asirans nou kapab sispann pè moun.

8. Ki sa k ka ede n sispann pè moun? (1 Pyè 3: 15).

8 Ki sa k ka ede nou sispann pè moun? Men sa Pyè di nou: “Se pou nou rekonèt nan kè nou Kris se Seyè e li sen.” (Li 1 Pyè 3:15.) Sa mande pou n medite sou otorite ak pisans Kris Jezi ki Seyè nou e ki Wa nou genyen. Si w santi w panike oswa w pè lè w jwenn okazyon pou w pataje bon nouvèl la ak lòt moun, panse ak Wa nou an. Imajine li menm k ap dirije nan syèl la e gen yon pakèt zanj toutotou l. Sonje li resevwa “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a” e l ap “avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan”. (Mat. 28:​18-20.) Pyè ankouraje n pou n “toujou pare” pou n defann lafwa nou. Èske w ta renmen preche moun nan travay ou, nan lekòl ou oswa lòt kote? Reflechi alavans pou w konnen ki lè w ta kapab fè sa, epi prepare sa w pral di. Priye Jewova pou l ba w kouraj, toutpandan w gen konfyans l ap ede w pou w sispann pè moun. — Tra. 4:29.

“SE POU NOU GEN ANPIL LANMOU”

Pyè pa t fache lè Pòl te korije l. De lèt Pyè te ekri yo aprann nou pou n demontre lanmou pou frè n ak sè n yo. (Gade paragraf 9.)

9. Ki jan Pyè pa t montre l gen lanmou yon lè? (Gade foto a tou.)

9 Pyè te aprann fason pou l demontre lanmou. Li te la, lè Jezi te di: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt.” (Jan 13:34). Aktout sa, Pyè te vin pran nan presyon annapre, e l te refize manje ak frè ak sè ki moun lòt nasyon. Apot Pòl te rele sa Pyè te fè a yon “jwèt” oswa ipokrizi (Gal. 2:​11-14). Pyè te aksepte koreksyon an e l te aprann yon leson. Nan toule de lèt li te ekri yo, li te montre nonsèlman nou dwe gen lanmou pou frè n ak sè n yo, men tou, nou dwe montre sa.

10. Ki sa k ede n demontre “yon afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo”? (1 Pyè 1:22).

10 Pyè di nou dwe gen “yon afeksyon ki san ipokrizi” pou frè n ak sè n yo. (Li 1 Pyè 1:22.) N ap vin gen kalite afeksyon sa a lè nou “obeyi laverite”. Verite sa a gen ladan l ansèyman ki fè konnen: “Bondye pa gen patipri.” (Tra. 10:​34, 35). Nou pa kapab obeyi kòmandman Jezi te bay pou youn renmen lòt la si se kèk moun sèlman nou montre nou renmen nan kongregasyon an, men, nou pa montre nou renmen lòt yo. Se vre, menm jan ak Jezi, nou ka santi n pi pwòch ak kèk moun pase kèk lòt (Jan 13:23; 20:2). Men, Pyè fè n sonje nou dwe fè efò pou n gen “afeksyon” pou tout frè n ak sè n yo, paske yo tankou yon fanmi pou nou. —  1 Pyè 2:17.

11. Ki sa sa vle di pou nou renmen lòt moun “anpil ak tout kè nou”?

11 Pyè ankouraje n pou “youn renmen lòt anpil ak tout kè nou”. Nan kontèks sa a, renmen “anpil” vle di renmen yon moun menmsi sa difisil. Pa egzanp, ki sa n ap fè si yon frè ta fè n yon bagay ki fè n fache oswa ki fè nou mal? Nou ka gen tandans rann li mal pou mal olye n montre nou renmen l. Sepandan, Jezi te aprann Pyè yon konpòtman konsa pa fè Bondye plezi (Jan 18:​10, 11). Men sa Pyè te ekri: “Pa rann mal pou mal, pa joure moun poutèt yo joure nou. Men okontrè, se pou nou pale avèk konsiderasyon.” (1 Pyè 3:9). Lè w gen anpil lanmou, w ap aji avèk bonte e avèk konsiderasyon, menm ak moun petèt ki te fè w yon bagay ki fè w mal.

12. a) Lè n gen anpil lanmou, ki lòt bagay sa ap pouse nou fè? b) Ki sa w vle fè anpil efò pou w fè, jan sa parèt nan videyo ki gen tit Kontinye gen tèt ansanm paske sa gen anpil valè?

12 Nan premye lèt Pyè te ekri a, li te itilize ekspresyon “anpil lanmou”. Kalite lanmou sa a pa sèlman kouvri kèk peche, men li kouvri “yon pakèt peche”. (1 Pyè 4:8.) Petèt Pyè te sonje leson Jezi te aprann li kèk ane anvan sa anrapò ak padon. Lè sa a, sanble Pyè te kwè li se yon moun ki renmen padone lè l te fè konnen li te ka padone yon frè l “jiska sèt fwa”. Men, Jezi te aprann li pou l padone “jiska 77 fwa”, e li aprann nou sa tou, sa vle di pou n padone san rete (Mat. 18:​21, 22). Si w twouve l difisil pou w aplike konsèy sa a, pa dekouraje. Tout moun k ap sèvi Jewova yo pa pafè, e pafwa yo te twouve l difisil pou yo padone. Sa k enpòtan pou ou kounye a, se fè tout sa ki nesesè pou w padone frè w la e pou w fè lapè avè l. c

NOU MENM ANSYEN, PRAN SWEN TWOUPO A

13. Ki sa k ka fè l difisil pou ansyen yo pran swen frè ak sè yo?

13 Se sèten Pyè pa t janm bliye sa Jezi te di l apre l fin resisite. Li te di l: “Pran swen ti mouton m yo.” (Jan 21:16). Si w se yon ansyen, ou konnen enstriksyon sa yo konsène w tou. Sepandan, li ka difisil pou yon ansyen jwenn tan pou l fè travay enpòtan sa a. Toudabò, ansyen yo dwe pran swen fanmi yo nan domèn materyèl, nan domèn afektif, ak nan domèn espirityèl. Epitou, yo pran latèt nan travay predikasyon an e yo prepare reyinyon, asanble, ak kongrè e yo patisipe ladan yo. Gen ladan yo ki manm Komite lyezon ospitalye oswa ki aksepte travay ansanm ak Biwo lokal pou plan ak konstriksyon. Ansyen yo se moun ki okipe anpil!

Ansyen yo ki gen lanmou fè tout sa yo kapab pou yo pran swen twoupo Bondye a, menm lè yo okipe anpil. (Gade paragraf 14-15.)

14. Ki sa k ka pouse ansyen yo pou yo pran swen twoupo a? (1 Pyè 5:​1-4).

14 Pyè te ankouraje ansyen parèy li yo pou yo “pran swen twoupo Bondye a”. (Li 1 Pyè 5:​1-4.) Si w se yon ansyen, nou konnen w renmen frè w ak sè w yo e w vle pran swen yo. Sepandan, pafwa w ka santi w tèlman okipe oswa w ka santi w tèlman fatige, ou pa ka fè travay sa a. Ki sa w ka fè? Di Jewova tout sa k ap trakase w. Men sa Pyè te ekri: “Si yon moun ap sèvi, se pou l sèvi antanke moun ki depann de fòs Bondye bay.” (1 Pyè 4:11). Frè w ak sè w yo kapab gen yon seri pwoblèm ki pa ka fin rezoud nan sistèm sa a. Men sonje, Jezi Kris, “bèje an chèf la”, kapab ede yo pi byen pase w. Li kapab fè sa ni kounye a ni nan monn nouvo a. Bondye mande ansyen yo pou yo jis renmen frè ak sè yo, pou yo pran swen yo e pou yo tounen “egzanp pou twoupo a”.

15. Ki jan yon ansyen pran swen twoupo a? (Gade foto a tou.)

15 William, ki gen lontan depi l ansyen, konprann jan sa enpòtan pou l pran swen twoupo a. Lè pandemi COVID-19 la te kòmanse, li menm ak lòt ansyen yo te fè gwo efò pou yo kontakte chak moun ki nan gwoup pa yo chak semèn. Li esplike pou ki rezon. Men sa l di: “Anpil nan frè ak sè yo te lakay yo poukont yo e li te ka fasil pou yo te kòmanse panse yon fason ki negatif.” Lè yon frè oswa yon sè gen yon pwoblèm, William pran san l pou l koute l e pou l chèche konnen sa l bezwen ak sa k ap trakase l. Apre sa, li chèche jwenn kèk piblikasyon oswa videyo sou sit Entènèt nou an li ka itilize pou ede frè a oswa sè a. Men sa l di: “Nou bezwen pran swen frè ak sè yo kounye a plis pase nenpòt lòt lè. Nou fè anpil efò pou n ede lòt moun aprann konnen Jewova. Nou bezwen fè menm efò a pou n pran swen twoupo a, pou n ede mouton Jewova yo rete nan laverite.”

KITE JEWOVA FIN FÒME W

16. Ki fason nou ka aplike leson nou aprann nan lèt Pyè te ekri yo?

16 Nou sot wè sèlman kèk leson nan de lèt Bondye te pouse Pyè ekri yo. Petèt, ou wè yon bagay ou ta renmen amelyore. Pa egzanp, èske w ta renmen medite pi souvan sou benediksyon w pral jwenn nan monn nouvo a? Èske w chèche gen objektif pou w preche nan travay ou, nan lekòl ou oswa kèk lòt kote ankò? Èske w wè fason w ka montre w renmen frè w ak sè w yo pi plis toujou? Nou menm ansyen, èske n pran detèminasyon pou n pran swen twoupo Jewova a san fòse e ak tout kè nou? Lè w egzamine tèt ou yon fason ki onèt, sa ka fè w wè ou gen yon seri feblès, men, pa dekouraje. “Seyè a bon”, e l ap ede w pou w amelyore (1 Pyè 2:3). Men asirans Pyè ban nou: “Bondye [...] ap fin fòme nou li menm, l ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid.” —  1 Pyè 5:10.

17. Si n kontinye ret fidèl e n kite Jewova fòme nou, ki sa n ap jwenn?

17 Yon lè, Pyè te santi li pa t merite pou l ansanm ak Pitit Bondye a (Lik 5:8). Men, lefètke Jewova ak Jezi te ede Pyè avèk lanmou, li te kapab kontinye suiv Kris fidèlman. Konsa, Pyè te vin kalifye pou l antre “nan Wayòm Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris, yon Wayòm k ap la pou toutan”. (2 Pyè 1:11.) Ala yon bèl rekonpans! Si n kontinye ret fidèl menm jan ak Pyè e n kite Jewova ban nou fòmasyon, nou menm tou n ap resevwa lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans. N ap “jwenn rezilta lafwa nou”, sa vle di “delivrans nou”. —  1 Pyè 1:9.

KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

a Nan atik sa a, nou pral wè ki jan leson nou aprann nan lèt Pyè te ekri yo kapab ede n andire eprèv. Epitou, l ap ede ansyen yo wè fason yo kapab fè travay yo antanke bèje.

b Sanble kretyen ki t ap viv nan Palestin yo te resevwa toule de lèt Pyè yo anvan premye atak ki te fèt sou Jerizalèm nan, nan ane 66 epòk nou an.

c Gade videyo ki gen tit Kontinye gen tèt ansanm paske sa gen anpil valè ki sou jw.org.