Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 38

Nou menm jèn, ki jan nou ta renmen lavi n ye?

Nou menm jèn, ki jan nou ta renmen lavi n ye?

“Bon jijman ou vin genyen ap pwoteje w.” — PWO. 2:11.

KANTIK 135 “Pitit mwen, montre w saj”

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki difikilte Jewowas, Ozyas ak Jozyas te jwenn?

 IMAJINE ou vin wa pèp Bondye a pandan w timoun oswa pandan w nan adolesans ou! Ki jan w t ap sèvi ak pouvwa ak otorite w t ap genyen an? Bib la pale konsènan plizyè jèn ki te vin wa peyi Jida. Pa egzanp, Jewowas te gen sèlman 7 an, Ozyas li menm te gen 16 an, e Jozyas te gen 8 an lè yo te vin wa. Eseye imajine jan sa dwe te difisil pou yo. Malgre sa, yo tout te jwenn èd yo te bezwen pou yo te fè fas ak difikilte yo te jwenn e pou yo te fè bèl aksyon.

2. Poukisa l bon pou n etidye egzanp Jewowas, Ozyas ak Jozyas?

2 Se vre nou pa wa oswa rèn, men, nou ka aprann bonjan leson nan istwa Bib la rapòte sou twa moun sa yo. Yo te pran bon desizyon, men yo te pran move desizyon tou. Pandan n ap egzamine egzanp yo, nou pral wè poukisa n bezwen chwazi fè bon zanmi, poukisa n bezwen kontinye gen imilite e poukisa n bezwen kontinye chèche Jewova.

CHWAZI FÈ BON ZANMI

Jodi a, li posib pou w suiv egzanp Jewowas lè w koute konsèy bon zanmi w ba ou. (Gade paragraf 3, 7.) c

3. Ki jan wa Jewowas te aji lè gran prèt Jewoyada t ap ba l fòmasyon?

3 Suiv egzanp Jewowas lè l te pran desizyon ki gen sajès. Lè wa Jewowas te timoun, li te pran yon desizyon ki gen sajès. Piske l pa t gen papa, li te fè sa gran prèt Jewoyada ki te fidèl te di l fè. Prèt sa a te bay Jewowas fòmasyon kòmsi se te pwòp pitit gason l. Jewowas te montre l gen sajès lè l te deside pran latèt nan adorasyon ki pwòp la e lè l te chwazi sèvi Jewova. Jewowas te menm pran dispozisyon pou fè repare tanp Jewova a. — 2 Kwo. 24:​1, 2, 4, 13, 14.

4. Ki byenfè n jwenn lè n renmen kòmandman Jewova yo e nou obeyi yo? (Pwovèb 2:​1, 10-12).

4 Si paran w oswa yon lòt moun ap aprann ou renmen Jewova epi viv ann amoni ak prensip li yo, yo ba w yon kado ki gen anpil valè. (Li Pwovèb 2:​1, 10-12.) Paran w ka ba w fòmasyon plizyè fason. Ann wè ki jan papa yon sè ki rele Katya te ede l pran bon desizyon. Chak jou, pandan papa l t ap mennen l lekòl, li te konn fè tèks pou jounen an avè l. Men sa Katya di: “Ti pale sa yo te ede m jere pwoblèm m te konn jwenn pandan jounen an.” Ki sa w ka fè si fòmasyon paran w ap ba w ki baze sou Bib la sanble fè w gen mwens libète? Ki sa k ka ede w aksepte konsèy yo ba w yo? Gen yon sè ki rele Anastasia ki sonje paran l te konn pran tan pou esplike l poukisa yo ba l yon seri règ pou l suiv. Men sa l di: “Sa te ede m wè yo pa t ban m règ sa yo pou retire sou libète m, men yo te ban mwen yo pou pwoteje m paske yo renmen m.”

5. Ki efè fason w aji ap gen sou paran w ak Jewova? (Pwovèb 22:6; 23:​15, 24, 25).

5 Paran w ap kontan lè w koute konsèy yo ba w ki baze sou Bib la. Sa k pi enpòtan an, w ap fè kè Bondye kontan e w ap zanmi l nètale. (Li Pwovèb 22:6; 23:​15, 24, 25.) Èske sa pa ba w bonjan rezon pou w suiv egzanp Jewowas lè l te jèn?

6. Konsèy ki moun Jewowas te kòmanse koute, e ki rezilta sa te bay? (2 Kwonik 24:​17, 18).

6 Leson w ka aprann nan move desizyon Jewowas te pran. Apre lanmò Jewoyada, Jewowas te chwazi fè move zanmi. (Li 2 Kwonik 24:​17, 18.) Li te deside koute prens Jida yo ki pa t renmen Jewova. Sandout w ap dakò Jewowas pa t dwe fè zanmi ak moun sa yo, paske yo t ap fè sa ki mal (Pwo. 1:10). Okontrè, li te koute swadizan zanmi sa yo. Anfèt, lè Zakari, kouzen Jewowas, t ap eseye ede l, Jewowas te fè touye l (2 Kwo. 24:​20, 21; Mat. 23:35). Sa l te fè a te terib anpil e se te yon bagay moun sòt. Jewowas te byen kòmanse, men malerezman, li te vin yon aposta e l te vin yon asasen. Finalman, pwòp sèvitè l yo te touye l (2 Kwo. 24:​22-25). Lavi l t ap yon lòt jan nèt si l te kontinye koute Jewova ak moun ki renmen L yo. Ki leson w ka aprann nan egzanp sa a?

7. Ki moun ou ta dwe chwazi kòm zanmi? (Gade foto a tou.)

7 Youn nan leson nou ka aprann nan move desizyon Jewowas te pran sèke nou bezwen chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou nou, zanmi ki renmen Jewova e ki vle fè kè l kontan. Nou pa oblije fè zanmi ak moun ki gen menm laj avè n sèlman. Sonje Jewowas te pi jèn lontan pase Jewoyada, zanmi l lan. Men kesyon w ka poze tèt ou konsènan moun ou chwazi kòm zanmi w: ‘Èske yo ede m gen plis lafwa nan Jewova? Èske yo ankouraje m viv ann amoni ak prensip Bondye yo? Èske yo konn pale konsènan Jewova e konsènan verite l yo ki gen anpil valè? Èske yo montre yo gen respè pou prensip Bondye yo? Èske yo annik di m sa m ta renmen tande oswa èske yo gen kouraj pou yo korije m si m pral nan yon move chemen?’ (Pwo. 27:​5, 6, 17). Franchman, si zanmi w yo pa renmen Jewova, ou pa bezwen yo kòm zanmi. Men, si yo renmen Jewova, kontinye ret zanmi yo, y ap toujou ede w. —  Pwo. 13:20.

8. Si n itilize rezo sosyal, ak ki sa n ta dwe reflechi?

8 Rezo sosyal yo kapab yon bon mwayen pou w ret an kontak ak fanmi w ak zanmi w. Sepandan, anpil moun sèvi ak mwayen kominikasyon sa a pou fè wè, pou poste foto ak videyo sou sa yo achte oswa sa yo fè. Si w itilize rezo sosyal yo, mande tèt ou: ‘Èske entansyon m se fè wè? Èske objektif mwen se ankouraje lòt moun oswa fè lwanj pou tèt mwen? Èske m kite moun k ap itilize rezo sosyal yo enfliyanse fason m panse, fason m pale ak fason m aji nan move sans?’ Men konsèy frè Nathan Knorr ki te sèvi kòm manm Kolèj santral la te bay: “Pa chèche fè moun plezi. Si w ap chèche fè moun plezi, ou pap fè pèsonn plezi. Fè Jewova plezi, e w ap fè tout moun ki renmen Jewova plezi.”

NOU BEZWEN KONTINYE GEN IMILITE

9. Ki sa Jewova te ede Ozyas fè? (2 Kwonik 26:​1-5).

9 Suiv egzanp Ozyas lè l te pran bon desizyon. Lè wa Ozyas te timoun, li te gen imilite. Li te aprann “gen lakrentif pou vrè Dye a”. Li te viv 68 an, e pandan pifò nan ane sa yo, Jewova te beni l. (Li 2 Kwonik 26:​1-5.) Ozyas te pot laviktwa sou anpil nasyon ènmi e l te pran dispozisyon pou vil Jerizalèm te byen pwoteje (2 Kwo. 26:​6-15). Se sèten Ozyas te kontan pou tout sa Bondye te ede l fè. — Ekl. 3:​12, 13.

10. Ki sa k te rive Ozyas?

10 Leson w ka aprann nan move desizyon Ozyas te pran. Wa Ozyas te abitye bay lòt moun lòd. Èske sa te fè l panse li te ka fè sa l vle? Yon jou, Ozyas te antre nan tanp Jewova a, e avèk awogans, li te vle boule lansan sou lotèl la, yon bagay wa yo pa t gen dwa fè (2 Kwo. 26:​16-18). Gran prèt Azarya te eseye fè l konprann li pa gen dwa fè sa, men, Ozyas te vin fache anpil. Malerezman, Ozyas te pèdi repitasyon l te genyen devan Jewova a antanke moun ki fidèl, e Jewova te pini l, li te lage lèp sou li (2 Kwo. 26:​19-21). Lavi Ozyas pa t ap pase konsa si l te kontinye gen imilite.

Olye nou vante tèt nou pou sa n reyalize, nou ta dwe bay Jewova glwa pou sa n rive fè. (Gade paragraf 11.) d

11. Ki sa k ka montre si nou gen imilite? (Gade foto a tou.)

11 Lè Ozyas te vin gen anpil pouvwa, li te bliye tout bon bagay Jewova te fè pou li. Ki leson nou aprann? Li bon pou n sonje se Jewova ki ban nou benediksyon ak privilèj nou genyen yo. Olye nou vante tèt nou pou sa n reyalize, nou bezwen bay Jewova glwa pou tout sa n fè b (1 Kor. 4:7). Nou dwe aksepte avèk imilite nou pa pafè e nou bezwen disiplin. Men sa yon frè ki nan swasantèn li te ekri: “Mwen te aprann pou m pa bay tèt mwen twòp enpòtans. Lè m resevwa disiplin pou vye erè m konn fè pafwa, mwen fè efò pou m amelyore e pou m kontinye bay Jewova sa m genyen ki pi bon an.” An reyalite, lè n gen lakrentif pou Jewova e n fè efò pou n kontinye gen imilite, n ap gen kè kontan toutbon nan lavi nou. — Pwo. 22:4.

KONTINYE CHÈCHE VIN PI PWÒCH AK JEWOVA

12. Ki jan Jozyas te chèche Jewova lè l te timoun? (2 Kwonik 34:​1-3).

12 Suiv egzanp Jozyas lè l te pran bon desizyon. Jozyas te nan adolesans li lè l te kòmanse chèche Jewova. Li te vle aprann konnen Jewova epi fè volonte L. Sepandan, lavi a pa t fasil pou jèn wa sa a. Li te bezwen met kouraj sou li pou l soutni vrè adorasyon an lè fo adorasyon an te fin gaye nèt. E li te fè sa vre! Anvan Jozyas te gen 20 an, li te kòmanse elimine fo adorasyon an nan mitan pèp la. — Li 2 Kwonik 34:​1-3.

13. Ki sa vwe Jewova lavi w vle di pou ou?

13 Menmsi w jèn anpil, ou ka chwazi suiv egzanp Jozyas lè w chèche Jewova e lè w aprann renmen kalite l yo. Lè w fè sa, sa ap pouse w vwe Jewova lavi w. Lè w vwe Jewova lavi w, ki efè sa ap gen sou lavi w? Luc te batize lè l te gen 14 an. E jou l te vwe Jewova lavi l la, li te di: “Apati jodi a, m ap bay sèvis Jewova premye plas nan lavi m e m ap fè efò pou m fè kè l kontan.” (Mak 12:30). Se pa ti benediksyon w ap jwenn si w vle fè menm bagay la tou!

14. Ki jan kèk jèn montre y ap suiv egzanp wa Jozyas?

14 Ki difikilte ou ka jwenn antanke yon jèn k ap sèvi Jewova? Johan, ki te batize lè l te gen 12 an, fè konnen kamarad lekòl li te eseye fè presyon sou li pou l fimen sigarèt elektwonik. Johan jwenn fòs pou l reziste anba presyon sa a lè l sonje si l ta fimen sigarèt elektwonik sa t ap gen move efè sou sante l e sou relasyon l ak Jewova. Rachel ki te batize lè l te gen 14 an esplike sa k ede l fè fas ak difikilte l jwenn nan lekòl li. Men sa l di: “Mwen chèche wè rapò ki genyen ant sa m wè yo ak Bib la e ak Jewova. Pa egzanp, lè m ap suiv yon kou istwa, sa ka fè m sonje yon istwa oswa yon pwofesi nan Bib la, oswa lè m ap pale ak yon moun nan lekòl la, sa ka fè m panse ak yon vèsè m ka pataje avè l.” Pwoblèm ou jwenn yo ka pa menm ak pwoblèm wa Jozyas te jwenn, men, ou kapab gen sajès e w kapab fidèl menm jan avè l. Lefètke w jwenn eprèv pandan w jèn, sa ap prepare w pou w fè fas ak lòt difikilte ou kapab jwenn nan ane k ap vini yo.

15. Ki sa k te ede Jozyas sèvi Jewova fidèlman? (2 Kwonik 34:​14, 18-21).

15 Lè wa Jozyas te vin gran, li te kòmanse fè reparasyon nan tanp lan. Pandan travay sa a t ap fèt, yo te “jwenn liv ki gen Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz yo”. Lè wa a te tande pawòl yo t ap li nan liv la, sa te pouse l pran detèminasyon pou l obeyi sa ki ekri ladan l yo. (Li 2 Kwonik 34:​14, 18-21.) Èske w ta renmen li Bib la chak jou? Si w deja ap fè efò nan sans sa a, èske w renmen fè sa? Èske w note yon seri vèsè ki ta ka ede w pèsonèlman? Luc nou te pale de li pi wo a konn ekri kèk bagay li twouve ki enteresan nan yon kanè nòt. Si w ta fè sa tou, èske sa pa t ap ede w sonje kèk vèsè oswa leson w aprann nan yo? Plis ou aprann konn Bib la e plis ou renmen l, se plis w ap vle sèvi Jewova. E menm jan ak wa Jozyas, w ap anvi aji ann amoni ak Pawòl Bondye a.

16. Sa k fè Jozyas te fè yon gwo erè, e ki leson nou aprann nan sa?

16 Leson w ka aprann nan move desizyon Jozyas te pran. Lè Jozyas te gen anviwon 39 an, li te fè yon erè ki te lakòz li pèdi lavi l. Li te fè tèt li konfyans olye l te mande Jewova konsèy (2 Kwo. 35:​20-25). Gen yon leson nou ka aprann nan sa. Kèlkeswa laj nou oswa kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap aprann konnen sa Bib la di, nou dwe kontinye chèche Jewova. Sa gen ladan l priye Jewova chak jou pou n mande l konsèy, etidye Pawòl li a regilyèman, epi toujou koute konsèy frè ak sè ki gen matirite yo ban nou. Lè n fè sa, n ap gen mwens posiblite fè erè ki grav e l ap pi fasil pou n gen kè kontan. — Jak 1:25.

NOU MENM JÈN, NOU KAPAB GEN KÈ KONTAN NAN LAVI NOU

17. Ki leson enpòtan nou ka aprann nan istwa twa wa Jida yo?

17 Gen anpil bèl bagay nou ka fè pandan n jèn. Istwa Jewowas, Ozyas ak Jozyas montre jèn yo ka pran bon desizyon e yo kapab viv yon fason ki fè Jewova plezi. Men, jan nou te wè sa, sa pa toujou vle di n ap jwenn yon bon rezilta. Sepandan, nou ka imite bon bagay wa sa yo te fè epi evite erè yo te fè yo. Lè sa a, n ap kapab espere gen kè kontan nan lavi nou.

Lè David te timoun li te pwoche bò kote Jewova. Li te fè kè Bondye kontan e l te gen kè kontan nan lavi l. (Gade paragraf 18.)

18. Ki egzanp nan Bib la ki montre ou kapab gen kè kontan nan lavi w? (Gade foto a tou.)

18 Nan Bib la, nou jwenn istwa lòt jèn ki te pwoche bò kote Jewova, ki te jwenn favè l, e ki te gen kè kontan nan lavi yo. David se te youn nan yo. Lè l te timoun li te chwazi adore Bondye e annapre li te vin yon wa ki fidèl. Se vre, pafwa David te fè erè, men, Bondye te wè l kòm yon moun ki fidèl (1 Wa 3:6; 9:​4, 5; 14:8). Lè w etidye istwa lavi David, egzanp li ap ankouraje w sèvi Jewova fidèlman. Oubyen, nan etid w ap fè, ou ka aprann pi byen konnen Mak oswa Timote. W ap wè yo t ap sèvi Jewova depi lè yo te timoun, e yo te vin gen yon bèl repitasyon devan Bondye. Yo te gen anpil kè kontan nan lavi yo.

19. Ki jan lavi w kapab ye?

19 Fason w ap itilize lavi w kounye a ka gen efè sou fason lavi w ap ye alavni. Si w met konfyans ou nan Jewova e w pa konte sou pwòp entèlijans ou, L ap ede w pran bon desizyon (Pwo. 20:24). Ou kapab gen kè kontan ak satisfaksyon nan lavi w. Sonje Jewova bay sa w fè pou li anpil enpòtans. Ki pi bon fason ou kapab itilize lavi w pase lè w itilize l pou w sèvi Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou?

KANTIK 144 Fikse je n sou pri a!

a Nou menm jèn, Jewova konnen li ka difisil pafwa pou n fè sa ki dwat e pou n ret zanmi l. Ki jan w ka pran desizyon ki gen sajès k ap fè Papa w ki nan syèl la plezi? Nou pral pale sou egzanp twa tigason ki te vin wa nan peyi Jida. Gade pou w wè sa w ka aprann nan desizyon yo te pran.

b Gade kare ki gen tit “Evite vante tèt ou toutpandan w ap chèche montre w gen imilite” nan atik ki gen tit “Ki enpòtans sa genyen pou w popilè sou Entènèt?” ki sou jw.org.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki gen matirite k ap bay yon sè ki pi jèn konsèy ki gen sajès.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap fè yon entèvyou nan yon asanble, li konte sou Jewova e li ba L tout glwa a.