BYOGRAFI
Yon vi ki bay satisfaksyon nan sèvis Jewova
NAN ane 1951, mwen te fèk rive Wouyin, yon ti vil nan pwovens Kebèk nan peyi Kanada. Yo te ban m yon adrès e m t al frape pòt kay la. Marcel Filteau a, yon misyonè ki te diplome nan Lekòl Galaad, te vin nan pòt la. Li te gen 23 an e li te wo, mwen te gen 16 an e l te pi wo pase m. Mwen te montre l lèt yo te nome m pyonye a. Li te li l, li te gade m, epi l te di: “Èske manman w konnen w la a?”
MWEN TE LEVE NAN YON FANMI SE PA NOU TOUT KI T AP SÈVI JEWOVA
Mwen fèt an 1934. Paran m yo se te moun peyi Lasuis ki te vin viv Timins, yon vil nan Ontaryo, nan peyi Kanada, yon kote ki te gen min. Ozanviwon ane 1939, manman m te kòmanse li Toudegad e l te kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo. Li te konn mennen m avè l ansanm ak sis frè m ak sè m yo. Sa pa t pran tan pou l te vin Temwen Jewova.
Papa m pa t kontan desizyon l te pran an. Men, manman m te renmen laverite e l te pran detèminasyon pou l te ret fidèl ak Jewova. Li te fè sa aktout yo te entèdi aktivite Temwen Jewova yo nan kòmansman ane 1940 yo nan peyi Kanada. Li te toujou aji avèk jantiyès e avèk respè ak papa m malgre li te konn di l vye pawòl. Bèl egzanp li te bay te ede mwen menm ak frè m ak sè m yo aksepte laverite tou. Erezman, rive yon lè, papa m te vin chanje atitid e l te kòmanse aji pi byen ak fanmi an.
MWEN TE KÒMANSE SÈVIS APLENTAN
Nan sezon ete ane 1950, mwen te asiste yon asanble mwen pa janm bliye nan vil Nouyòk. Mwen te vrèman anvi fè plis nan sèvis Jewova a apre m te fin rankontre frè ak sè ki sot toupatou nan monn nan e apre m te fin koute bèl entèvyou yo te fè ak elèv ki te diplome nan Lekòl Galaad yo! Mwen te vin pi detèmine pou m antre nan sèvis aplentan. Kou m te tounen lakay, mwen te ranpli yon fich pou m vin pyonye pèmanan. Biwo filyal peyi Kanada a te ekri m e yo te fè m konnen mwen dwe batize anvan. Mwen te fè sa 1ye oktòb 1950. Yon mwa annapre, mwen te vin pyonye pèmanan e yo te voye m nan premye tèritwa m, nan Kapouskasing. Vil sa a te nan yon distans plizyè kilomèt parapò ak kote m t ap viv lè sa a.
Nan sezon prentan ane 1951, biwo filyal la te mande Temwen ki pale fransè yo pou yo wè si yo ta ka ale nan pwovens Kebèk, kote ki pale fransè. Te gen anpil bezwen nan zòn sa a. Mwen te konn pale ni fransè ni anglè, donk, mwen te dakò, e yo te voye m Wouyin. Mwen pa t konn pèsonn nan zòn nan. Tout sa m te genyen se te yon adrès, jan m te di sa pi wo a. Men tout bagay te byen pase. Mwen menm ak Marcel te vin bon zanmi. Mwen te kontan sèvi nan Kebèk pandan katran, e m te vin pyonye espesyal.
LEKÒL GALAAD AK BAGAY M T AP TANN KI PA T RIVE LÈ M T AP TANN YO A
Pandan m te Kebèk, mwen te kontan anpil lè m te resevwa envitasyon pou m t al nan 26yèm klas Lekòl Galaad nan South Lansing, Nouyòk. Mwen te diplome nan jou ki te 12 fevriye nan ane 1956, e yo te voye m nan peyi ki rele Gana b kounye a, ann Afrik delwès. Anvan m te ale, mwen te oblije retounen nan peyi Kanada jiskaske dokiman m te bezwen pou m vwayaje yo te pare, e m te panse sa t ap pran kèk semèn sèlman.
Finalman, mwen te pase sèt mwa nan Towonto ap tann dokiman sa yo. Pandan tan sa a, fanmi Cripps te kontan akeyi m lakay yo, e m te vin fè konesans ak Sheila, pitit fi yo a. Nou te tonbe damou. Lè m t apral mande l maryaj, mwen te resevwa viza a. Mwen menm ak Sheila te priye sou sa, e n te deside mwen dwe al nan tèritwa yo te voye m nan. Men, nou te antann nou pou n te kontinye ekri youn lòt pou n wè si nou t ap ka marye apre sa. Se pa t yon desizyon ki te fasil, men annapre, nou te vin rann nou kont se te bon desizyon an.
Apre m te fin fè yon mwa ap vwayaje nan tren, nan bato ki pot machandiz ak nan avyon, m te rive nan vil Akra nan peyi Gana. Yo te nome m siveyan distri. Mwen te gen pou m vwayaje toupatou nan peyi Gana san wete nan peyi Kotdivwa ak nan peyi Togo. Pifò fwa, mwen te konn vwayaje poukont
mwen nan yon djip filyal la te genyen. Mwen te renmen moman sa a anpil!Nan wikenn, mwen te konn bay diskou nan asanble sikonskripsyon. Nou pa t gen Sal asanble. Donk, frè yo te konn sèvi ak banbou ak fèy palmis pou yo te fè yon tonèl pou n te ka jwenn lonbray anba solèy cho a. Piske pa t gen frijidè nan kafeterya a, nou te konn gen bèt tou vivan e n te konn touye yo lè n te bezwen fè manje pou moun ki vin nan asanble yo.
Te konn gen bagay ki te konn rive nan asanble sa yo ki te konn fè nou ri. Yon lè pandan Herb Jennings c, yon misyonè menm jan avè m, t ap bay yon diskou, te gen yon bèf ki te chape sot nan kafeterya a. Li t ap kouri ant estrad la ak moun ki nan asistans lan. Herb te kanpe diskou a e sanble bèt la pa t konn sa pou l fè. Men, te gen kat frè vanyan ki te kenbe l e yo te mennen l nan kafeterya a. Tout moun nan asistans lan te bat bravo.
Nan jou ki pa t gen asanble yo, mwen te konn pase fim nou te genyen an ki te gen tit La Société du Monde Nouveau en action nan bouk ki te toupre yo. Pou m te rive fè sa, mwen te konn pwojte fim nan sou yon dra blan ki te mare ant de poto oswa de pyebwa. Moun nan bouk yo te renmen l! Pou anpil nan yo, se premye fwa yo te wè yon fim. Yo te bat gwo bravo lè yo te wè pati ki gen moun k ap batize a. Fim sa a te vrèman ede moun ki te wè l yo rann yo kont nou se yon òganizasyon ki ini toupatou nan monn nan.
Apre m te fin pase anviwon dezan ann Afrik, mwen te kontan asiste kongrè entènasyonal ki te fèt nan vil Nouyòk nan ane 1958. Se pa ti kontan m te kontan wè Sheila ki te soti Kebèk kote li t ap sèvi kòm pyonye espesyal. Nou te konn ekri youn lòt, men kounye a, nou te la ansanm. Mwen te mande l pou l marye avè m, e li te aksepte. Mwen te ekri frè Knorr d pou m mande l si Sheila te ka asiste Lekòl Galaad e pou l vin jwenn mwen ann Afrik. Li te dakò. Finalman, Sheila te rive nan peyi Gana. Nou te marye nan vil Akra, nan jou ki te 3 oktòb 1959. Nou te santi Jewova te vrèman beni nou lefètke nou te ba l premye plas nan lavi nou.
NOU TE SÈVI ANSANM NAN PEYI KAMEWOUN
An 1961, yo te voye n al sèvi nan peyi Kamewoun. Lefètke yo te mande m èd mwen pou yo tabli yon nouvo biwo filyal, mwen te okipe anpil. Etandone mwen te fèk vin sèvitè filyal, mwen te gen anpil bagay pou m aprann. Epi, an 1965 nou te aprann Sheila ansent. Mwen rekonèt li te difisil pou nou te imajine nou t ap vin paran. Men, pandan nou te kontan anpil pou nouvo responsablite nou te vin genyen an e nou t ap planifye pou nou retounen Kanada, nou te fè yon eksperyans ki te terib anpil.
Sheila te fè foskouch. Doktè a te fè n konnen pitit nou an se te yon tigason. Sa gen plis pase 50 an depi sa te rive, men nou pa t janm bliye sa. Malgre nou te tris anpil akoz sa k te rive a, nou te rete nan asiyasyon nou nou te renmen anpil.
Souvan, frè nan peyi Kamewoun yo te konn jwenn pèsekisyon akoz yo pa t nan politik. Sitiyasyon an te rèd anpil lè te gen eleksyon prezidan. Sa nou te plis pè a te rive nan dat 13 me 1970, lè gouvènman an te entèdi Temwen Jewova yo nan peyi a. Gouvènman an te sezi bèl biwo filyal nou te genyen an ki te tounèf e nou te gen sèlman senk mwa depi n t al abite ladan l. Nan yon semèn, yo te met tout misyonè yo deyò nan peyi a, san wete mwen menm ak Sheila. Li te difisil pou n kite frè ak sè yo paske nou te gen anpil sousi pou yo e nou t ap enkyete pou sa k te ka rive pi devan.
Nou te pase sis mwa ki te vin annapre yo nan filyal peyi Lafrans. Pandan n te la, nou te kontinye fè tout sa n kapab pou n te ede frè n ak sè n yo nan peyi Kamewoun. Nan mwa desanm menm ane sa a, yo te voye n al sèvi nan filyal peyi Nijerya, ki te kòmanse sipèvize travay la nan peyi Kamewoun. Frè ak sè nan peyi Nijerya yo te byen resevwa nou, e nou te kontan sèvi bò kote yo pandan plizyè ane.
YON DESIZYON KI TE DIFISIL
Nan ane 1973, nou te oblije pran yon desizyon ki te difisil anpil. Sheila te gen gwo pwoblèm sante. Pandan n t ap asiste yon kongrè nan Nouyòk, li te tonbe kriye epi l te di m: “Mwen jis pa kapab kontinye! Mwen santi m faya e m malad twò souvan.” Li te fè plis pase 14 an ap sèvi ann Afrik delwès ansanm avè m. Mwen te fyè anpil pou sèvis fidèl li te bay la, men, nou te bezwen fè kèk chanjman. Apre nou te fin pale sou sitiyasyon nou e nou te priye anpil sou sa, nou te deside retounen Kanada, kote Sheila t ap kapab jwenn pi bon swen sante. Desizyon ki te pi difisil e ki te pi rèd pou n te pran se te kite sèvis misyonè nou an ak sèvis aplentan.
Lè m te rive nan peyi Kanada, mwen te gen yon zanmi m mwen te konnen lontan ki te konn vann machin nan yon vil nan nò Towonto ki te ban m travay. Nou te lwe yon apatman, nou te achte mèb nan pèpè e nou te kapab fè aktivite nou san nou pa t gen dèt. Nou te vle mennen yon vi senp toutpandan nou te gen espwa yon jou nou t ap kapab retounen nan sèvis aplentan. Nou te sezi wè
espwa sa a te reyalize pi vit pase sa nou te panse.Mwen te kòmanse travay kòm volontè chak samdi sou chantye konstriksyon yon nouvo Sal asanble nan Nòval nan zòn Ontaryo. Rive yon lè, yo te mande m pou m vin siveyan Sal asanble a. Sante Sheila t ap amelyore e nou te santi li t ap ka adapte l ak travay sa a. Donk, nou t al abite nan apatman Sal asanble a an jen 1974. Se pa ti kontan nou te kontan retounen nan sèvis aplentan!
Erezman, sante Sheila te kontinye amelyore. Dezan annapre, nou te kapab aksepte al nan sèvis sikonskripsyon. Sikonskripsyon an te nan Manitoba, yon pwovens nan peyi Kanada ki fè frèt anpil nan sezon ivè. Sepandan, frè ak sè yo te vrèman renmen nou. Nou te aprann se pa kote n ap sèvi a ki vrèman enpòtan. Sa ki enpòtan, se kontinye sèvi Jewova kèlkeswa kote nou ye.
MWEN TE APRANN YON LESON ENPÒTAN
Apre nou te fin pase plizyè ane nan sèvis sikonskripsyon, yo te envite nou vin sèvi nan Betèl Kanada an 1978. Sa pa t pran tan pou m te aprann yon leson enpòtan, men ki te rèd anpil. Yo te ban m fè yon diskou an fransè ki te dire inèdtan edmi nan yon reyinyon espesyal ki t ap fèt Monreyal. Malerezman, diskou m t ap bay la pa t vrèman kapte atansyon frè ak sè yo, e te gen yon frè nan Depatman sèvis ki te ban m konsèy sou sa. Franchman, lè sa a m te dwe rann mwen kont mwen pa t yon gwo oratè, e m konn sa jis kounye a. Men, mwen pa t vrèman aksepte konsèy la. Sanble tanperaman nou pa t ale. Mwen te santi l renmen kritike paske l pa t di m mwen fè anyen ki bon. Mwen te fè erè lefètke m te mal wè konsèy la akoz fason yo te ban mwen l lan e akoz moun ki te ban mwen l lan.
Kèk jou annapre, te gen yon manm Komite filyal la ki te vin pale avè m sou sa. Mwen te rekonèt mwen te mal reyaji lè yo te ban m konsèy la e m te fè konnen mwen regrèt sa. Annapre, mwen t al pale ak frè ki te ban m konsèy la. Li te aksepte padone m. Eksperyans sa a te aprann mwen jan l enpòtan pou m gen imilite, e m pap janm bliye sa (Pwo. 16:18). M te priye Jewova plizyè fwa sou sa e m pran detèminasyon pou m pa janm mal reyaji ankò lè yo ban m konsèy.
Kounye a, mwen gen plis pase 40 an nan Betèl Kanada, e depi 1985, mwen gen privilèj pou m sèvi nan Komite filyal la. An fevriye 2021, Sheila, madanm mwen mwen te renmen anpil, mouri. Anplis sa pa fasil pou mwen lefètke m pèdi madanm mwen, mwen gen pwoblèm sante tou. Men, mwen tèlman okipe nan sèvis Jewova a, e mwen tèlman gen kè kontan, mwen pa menm wè lè jou yo pase (Ekl. 5:20). Menm lè m jwenn kèk difikilte nan lavi m, kè kontan mwen jwenn yo pi plis lontan. Lefètke m bay Jewova premye plas nan lavi m e m kontan pase 70 an nan sèvis aplentan, mwen vrèman satisfè. M ap priye pou jèn frè n ak sè n yo kontinye bay Jewova premye plas nan lavi yo, paske mwen gen konviksyon y ap gen anpil kè kontan ak satisfaksyon nan lavi yo tou, yon bagay ki posib sèlman lè n ap sèvi Jewova.
a Gade byografi Marcel Filteau ki gen tit “Jéhovah est mon refuge et ma force” ki parèt nan Toudegad 1ye fevriye 2000 (fransè).
b Rive jis ane 1957, rejyon ann Afrik sa a te yon koloni peyi Grann Bretay ki te rele Kotdelò.
c Gade byografi Herbert Jennings ki gen tit “Vous ne savez pas ce que votre vie sera demain” ki parèt nan Toudegad 1ye desanm 2000 (fransè).
d Se Nathan Knorr ki te alatèt travay n ap fè a nan epòk sa a.