Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 1

“Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon”

“Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon”

MEN TÈKS POU ANE 2022 A: “Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon.” — SÒM 34:10.

KANTIK 4 “Jewova se Bèje mwen”

SA NOU PRAL WÈ *

David pa t santi l te “manke anyen ki bon”, menm lè l te nan pwoblèm. (Gade paragraf 1-3.) *

1. Nan ki sitiyasyon difisil David te twouve l?

 DAVID te nan kouri pou l te ka sove lavi l. Sayil, wa peyi Izrayèl la, ki te gen anpil pouvwa, te deside touye l. Lè David te bezwen manje pou l manje, li te pase nan vil Nòb, e l te mande pou yo ba l senk pen (1 Sam. 21:1, 3). Annapre, li menm ak mesye l yo t al pran refij nan yon gwòt (1 Sam. 22:1). Ki jan David te fè twouve l nan sitiyasyon sa a?

2. Nan ki sans Sayil te met tèt li nan gwo pwoblèm? (1 Samyèl 23:16, 17).

2 Sayil te vrèman jalou poutèt David te gen anpil moun ki renmen l e poutèt li te pot anpil viktwa. Sayil te konnen tou, lefètke l te dezobeyi Jewova, Jewova t ap retire l kòm wa peyi Izrayèl, e se David Jewova te chwazi pou bay twòn nan. (Li 1 Samyèl 23:16, 17.) Lefètke Sayil te toujou wa peyi Izrayèl, li te gen yon gwo lame ak anpil moun ki t ap soutni l. Se sa k fè David te oblije al nan mawon pou l te ka sove lavi l. Èske Sayil te vrèman panse li t ap ka anpeche Bondye reyalize objektif li gen pou David la (Eza. 55:11)? Labib pa di anyen sou sa, men, gen yon bagay nou kapab sèten: Sayil te met tèt li nan gwo pwoblèm. Moun k ap lite ak Bondye toujou pèdi!

3. Ki jan David te reyaji malgre sitiyasyon l t ap viv la?

3 David pa t gen anbisyon. Se pa t li ki te chwazi pou l vin wa peyi Izrayèl. Se Jewova ki te chwazi l pou l vin wa (1 Sam. 16:1, 12, 13). Sayil te rayi David anpil. Men, David pa t akize Jewova poutèt li te an danje. Epitou, li pa t plenyen poutèt li pa t gen ase manje, e poutèt li te oblije al kache nan yon gwòt. Okontrè, petèt se pandan David te kache nan gwòt sa a li te konpoze bèl chante louwanj ki gen pawòl ki nan vèsè atik la baze sou li a ki di: “Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon.” — Sòm 34:10.

4. Ki kesyon nou pral egzamine, e poukisa kesyon sa yo enpòtan?

4 Jodi a, anpil sèvitè Jewova konn pa gen ase manje pou yo manje ak lòt bagay yo bezwen pou yo viv *. Sa rive sitou pandan pandemi sa a. E bagay yo ap vin pi difisil toujou tank n ap pwoche pi pre “gwo tribilasyon” an (Mat. 24:21). Toutpandan n ap panse ak sa, annou reponn kat kesyon: Nan ki sans David pa t “manke anyen ki bon”? Poukisa nou dwe aprann kontante nou ak sa n genyen? Poukisa nou kapab gen konfyans Jewova ap pran swen nou? E ki jan nou kapab prepare n depi kounye a pou lavni?

“MWEN PAP MANKE ANYEN”

5-6. Ki jan Sòm 23:1-6 ede nou konprann sa David te vle di lè l te di sèvitè Bondye yo pa t ap “manke anyen ki bon”?

5 Lè David te di sèvitè Jewova yo pa t ap “manke anyen ki bon”, ki sa l te vle di? Nou jwenn yon ekspresyon menm jan an nan Sòm 23 ki kapab ede n konprann sa David te vle di. (Li Sòm 23:1-6.) Men ki jan David te kòmanse sòm sa a: “Jewova se Bèje m. Mwen pap manke anyen.” Nan rès sòm nan, David te pale de yon seri bagay ki vrèman gen anpil valè, anpalan de pakèt benediksyon Jewova te ba li paske l te aksepte L kòm Bèje l. Jewova te gide David “nan chemen ladwati”, e li pa t janm sispann soutni l nan bon tan kou nan move tan. David te rekonèt li pa t apral viv san pwoblèm “kote ki gen anpil zèb” Jewova te mete l la. Pafwa, li te ka dekouraje, kòmsi l t ap mache “nan vale fènwa pwès la”, e li t ap gen ènmi. Men, piske Jewova se Bèje l, li pa t ap “pè anyen”.

6 Donk, kounye a, nou gen repons kesyon nou te poze a ki di: Nan ki sans David pa t “manke anyen ki bon”? Li te gen tout sa l te bezwen pou l te rete pwòch ak Jewova. Li pa t bezwen gen anpil byen pou l te gen kè kontan. David te kontante l ak sa Jewova te ba li. Sa k te pi enpòtan pou li se te benediksyon ak pwoteksyon li te jwenn nan men Bondye l la.

7. Selon Lik 21:20-24, ki sitiyasyon ki te difisil anpil pou kretyen nan premye syèk la ki t ap viv nan Jide yo?

7 Pawòl David te di yo fè n wè jan l enpòtan pou n pa bay bagay materyèl twòp valè. Pa gen anyen ki mal pou nou jwi kèlkeswa bagay materyèl nou genyen. Men, nou pa ta dwe konsidere yo kòm bagay ki pi enpòtan nan lavi nou. Se te yon verite enpòtan kretyen nan premye syèk ki t ap viv nan Jide yo te vin konprann. (Li Lik 21:20-24.) Jezi te avèti yo gen yon lè k ap rive kote “lame [t ap] monte kan toutotou” vil Jerizalèm. Lè sa te rive, yo te bezwen “kouri al nan mòn”. Lefètke yo t ap kite vil la, yo t ap sove lavi yo, men, yo t ap kite anpil bagay dèyè. Men sa Toudegad te di sa gen kèk ane: “Yo te kite jaden ak kay. Yo pa t menm gentan pran sa yo te gen nan kay yo. Piske yo te gen konfyans Jewova t ap pwoteje yo e li t ap ede yo, yo te met adorasyon yo t ap ba li a anvan tout lòt bagay ki te ka parèt enpòtan.”

8. Ki leson enpòtan nou kapab aprann nan sa k te rive kretyen nan premye syèk la ki t ap viv nan Jide yo?

8 Ki leson enpòtan nou kapab aprann nan sa k te rive kretyen nan premye syèk la ki t ap viv nan Jide yo? Toudegad nou te pale de li pi wo a te di: “Nou ka jwenn yon seri eprèv pi devan ki pral montre fason n wè bagay materyèl. Èske se yo menm ki pi enpòtan pou nou? Oubyen, èske sa k pi enpòtan pou nou se lefètke Bondye pral sove nou paske nou fidèl avè l? An reyalite, kouri pa nou an ka mande pou n fè fas ak eprèv e pou n fè sakrifis. N ap bezwen prepare nou pou n fè kèlkeswa sa ki nesesè, menm jan ak kretyen premye syèk yo ki te kouri kite Jide. *

9. Ki ankourajman w jwenn nan konsèy apot Pòl te bay Ebre yo?

9 Èske w ka imajine jan sa te difisil pou kretyen sa yo te kite prèske tout sa yo te genyen epi rekòmanse lavi yo? Yo te bezwen gen lafwa pou yo te konte sou Jewova pou ede yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Men, gen yon bagay ki te kapab ede yo. Senkan anvan Women yo te ansèkle Jerizalèm, apot Pòl te bay Ebre yo kèk konsèy ki t ap itil yo anpil. Men sa l te di: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen. Paske, li di: ‘Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.’ Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?’” ​(Ebre 13:5, 6). Pa gen dout, moun ki te koute konsèy Pòl yo anvan Women yo te vin atake te twouve l pi fasil pou yo aprann viv yon fason ki pi senp kote yo t ale a. Yo te gen asirans Jewova t ap fè yo jwenn sa yo te bezwen pou yo viv. Pawòl Pòl yo ban nou asirans tou Jewova ap fè n jwenn sa n bezwen pou n viv.

“N AP KONTANTE NOU AK BAGAY SA YO”

10. Ki “sekrè” Pòl te fè nou konnen?

10 Pòl te bay Timote yon konsèy menm jan an, e konsèy sa a valab pou nou tou jodi a. Men sa Pòl te ekri: “Se sa k fè, si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” ​(1 Tim. 6:8). Èske sa vle di nou pa ka pran plezi manje yon bon ti manje, nou pa ka gen yon bèl kote pou n rete, oswa achte rad tanzantan? Se pa sa Pòl te vle di. Pòl te vle di nou bezwen kontante nou ak kèlkeswa sa nou genyen (Flp. 4:12). Se sa ki te “sekrè” Pòl la. Bagay ki gen plis valè nou genyen se relasyon nou gen ak Bondye nou an, se pa okenn bagay materyèl. — Aba. 3:17, 18.

Izrayelit yo pa t “manke anyen” pandan 40 an yo te fè nan dezè a. Èske nou kapab kontante nou ak sa nou genyen kounye a? (Gade paragraf 11.) *

11. Anrapò ak aprann kontante nou, ki leson nou aprann nan pawòl Moyiz te di Izrayelit yo?

11 Sa nou panse nou bezwen gendwa se pa sa Jewova konnen nou bezwen. Ann wè ki sa Moyiz te di Izrayelit yo apre yo te fin pase 40 an nan dezè a: “Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa n ap fè. Li veye sou nou pandan n ap mache nan gwo dezè sa a. Pandan 40 an sa yo, Jewova, Bondye nou an, te avèk nounou pa t janm manke anyen.” ​(Det. 2:7). Pandan 40 an sa yo, Jewova te bay Izrayelit yo lamàn pou yo manje. Rad yo te genyen depi lè yo te kite peyi Ejip pa t janm fini (Det. 8:3, 4). Byenke gen kèk Izrayelit ki te gendwa panse sa yo te genyen yo pa t ase, Moyiz te fè yo sonje yo te gen tout sa yo te bezwen. Jewova ap kontan si nou aprann kontante nou ak sa nou genyen. Li vle nou aprann apresye sa l ban nou ki pi senp lan, li vle nou wè yo tankou yon benediksyon e pou n di l mèsi pou sa.

NOU BEZWEN GEN KONFYANS JEWOVA AP PRAN SWEN NOU

12. Ki sa k montre David te met konfyans li nan Jewova, se pa sou pwòp tèt pa l li te konte?

12 David te konnen Jewova fidèl e Li gen anpil sousi pou moun ki renmen L. Menm lè lavi l te an danje lè l t ap konpoze Sòm 34 la, lafwa li te gen nan Jewova te pèmèt li wè “zanj Jewova a” ki t ap “pwoteje” l (Sòm 34:7). Petèt David t ap konpare zanj Jewova a ak yon sòlda ki pare pou l batay e ki toujou ap veye ènmi an. Byenke David te yon sòlda vanyan e Jewova te pwomèt li li t ap vin wa, David pa t konte sou kapasite l genyen pou l tire wòch ak flonn oswa pou l sèvi ak epe pou l konbat ènmi an (1 Sam. 16:13; 24:12). David te met konfyans li nan Bondye, e li te gen asirans zanj Jewova a t ap ‘sove moun ki gen lakrentif pou Li yo’. Nòmalman, jodi a, nou pa atann pou Jewova fè mirak pou l pwoteje nou. Men, nou konnen Jewova ap bay tout moun ki met konfyans yo nan li lavi ki pap janm fini an, menmsi yo ta mouri.

Pandan gwo tribilasyon an, lame Gòg ki soti nan peyi Magòg ka eseye vin atake nou lakay nou. Men, nou kapab jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Jezi ak zanj li yo ap wè sa k ap pase a e y ap defann nou. (Gade paragraf  13.)

13. Lè Gòg ki soti nan peyi Magòg atake nou, poukisa nou pral parèt tankou pitimi san gadò, men, pou ki rezon nou pap bezwen pè? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

13 Talè konsa, n ap gen pou n montre jis nan ki pwen nou gen konfyans Jewova kapab pwoteje n. Lè Gòg ki soti nan peyi Magòg, sa vle di yon gwoup nasyon k ap met tèt yo ansanm, atake pèp Bondye a, lavi nou pral parèt an danje. N ap bezwen gen konviksyon Jewova kapab sove nou, e li pral fè sa. Pou nasyon yo, n ap sanble ak mouton ki pa ka defann tèt yo e ki pa gen pèsonn pou pwoteje yo (Eze. 38:10-12). Nou pap gen zam, e nou pap nan goumen. Nasyon yo pral wè yo ka atake nou byen fasil. Yo pap wè sa nou menm nou wè grasa lafwa nou: yon pakèt zanj ki kanpe toutotou pèp Bondye a, yo tou pare pou defann nou. Ki jan yo ta ka fè wè yo? Yo pa gen lafwa nan Bondye. Se pa ti sezi yo pral sezi lè lame nan syèl la vin defann nou! — Rev. 19:11, 14, 15.

ANN PREPARE N DEPI KOUNYE A POU LAVNI

14. Ki sa n ka fè depi kounye a pou n prepare n pou lavni?

14 Ki sa n ka fè depi kounye a pou n prepare n pou lavni? Toudabò nou pa dwe bay bagay materyèl yo twòp enpòtans. Paske, nou rann nou kont, yon jou, n ap oblije abandone sa n genyen. Epitou, nou bezwen kontante n ak sa n genyen, e nou ta dwe kontan anpil lefètke nou gen bon relasyon ak Jewova. Plis nou aprann konnen Bondye nou an, se plis n ap gen konfyans nan kapasite li genyen pou l pwoteje n lè Gòg ki soti nan peyi Magòg pral atake n.

15. Ki eksperyans David te fè lè l te jèn ki te ba l asirans Jewova pa t ap janm fè l wont?

15 Ann wè yon lòt bagay ki te ede David e ki kapab ede n prepare n pou eprèv nou pral jwenn yo. Men sa David te di: “Goute e n a wè jan Jewova bon. Byennere moun ki pran refij nan li.” ​(Sòm 34:8). Pawòl sa yo montre rezon ki fè David te konnen li kapab konte sou Jewova. Byen souvan, David te konn fè sa vre, e Bondye l la pa t janm fè l wont. Lè David te jèn, li t al batay ak Golyat, jeyan ki te soti nan peyi Filisti a. E men sa l te di sòlda sa a ki te gen anpil fòs: “Jodi a menm, Jewova ap lage w nan men m.” ​(1 Sam. 17:46). Apre sa, David te vin sèvitè wa Sayil ki te eseye touye l plizyè fwa. Men, “Jewova te avèk” David (1 Sam. 18:12). Piske David te wè jan Jewova te ede l anvan sa, li te konnen li kapab konte sou Jewova nan eprèv sa yo.

16. Ki jan nou kapab “goute” jan Jewova bon?

16 Plis nou konte sou Jewova depi kounye a pou l ban nou direksyon, se plis n ap gen konfyans nan kapasite l genyen pou l sove nou alavni. Nou bezwen gen lafwa e nou dwe dispoze konte sou Jewova pou n al mande patwon nou konje pou n ka asiste yon asanble oswa yon kongrè, oubyen pou n mande chanje orè travay nou pou n ka asiste tout reyinyon yo e pou n pase plis tan nan travay predikasyon an. Ann sipoze patwon nou pa dakò ak sa nou mande l la e nou ta pèdi travay nou. Èske n gen lafwa Jewova pap janm kite nou oswa li pap janm abandone nou e l ap toujou ban nou sa n bezwen pou n viv (Ebre 13:5)? Anpil moun nan sèvis aplentan kapab di jan yo te wè Jewova ede yo nan moman yo te plis bezwen sa. Jewova fidèl.

17. Ki sa tèks pou ane 2022 a di, e poukisa l byen tonbe?

17 Piske Jewova avè n, nou pa gen rezon pou n pè sa k gen pou rive pi devan. Bondye nou an pap janm abandone nou, depi nou kontinye bay Wayòm li an premye plas nan lavi nou. Pou Kolèj santral la ede nou sonje jan sa enpòtan pou n prepare n depi kounye a pou eprèv nou pral jwenn pi devan e pou n gen konfyans Jewova pap janm abandone nou, li chwazi Sòm 34:10 kòm tèks pou ane 2022 a. Men sa vèsè a di: “Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon.”

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

^ Tèks pou ane 2022 a soti nan Sòm 34:10 ki di: “Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon.” Anpil nan sèvitè fidèl Jewova yo pa gen gwo mwayen. Ki jan nou fè di yo pa “manke anyen ki bon”? Lè nou konprann sans vèsè sa a, ki jan sa kapab ede n prepare n pou tan difisil k ap vini yo?

^ Gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad 15 septanm 2014.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Menm lè David te kache nan yon gwòt paske l t ap kouri pou wa Sayil, li te gen rekonesans pou sa Jewova te ba li.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, Jewova te pran swen yo, li te ba yo lamàn pou yo manje e l te fè rad sou yo pa janm fini.