Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 5

Nou bezwen “byen sèvi ak tan nou”

Nou bezwen “byen sèvi ak tan nou”

“Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — EFE. 5:15, 16.

KANTIK 8 Jewova se refij nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan nou kapab pase tan ak Jewova?

 NOU renmen pase tan ak moun ki gen anpil enpòtans pou nou. Yon mari ak madanm ki gen kè kontan nan maryaj yo vrèman renmen pase tan youn ak lòt. Jèn yo renmen pase tan ak bon zanmi yo. E nou tout renmen pase tan ak frè n ak sè n yo. Men, sa k pi enpòtan an, nou renmen pase tan ak Bondye nou an. Nou kapab fè sa lè nou priye l, lè nou li Pawòl li a, e lè nou medite sou objektif li ak sou bèl kalite li genyen yo. Vrèmanvre, tan nou pase ak Jewova a enpòtan anpil! — Sòm 139:17.

2. Ki difikilte nou jwenn?

2 Byenke nou renmen pase tan ak Jewova, sa pa toujou fasil. Nou gen anpil aktivite pou nou fè, e sa kapab fè l difisil pou nou rezève tan pou nou adore Jewova. Travay nou, responsablite nou gen nan fanmi nou ak lòt aktivite nou gen pou n fè kapab tèlman pran tan nou, nou ka santi n twò okipe pou n priye, pou n etidye oswa pou n medite.

3. Ki lòt bagay ki ka pran tan nou?

3 Gen yon lòt bagay ki ka pran tan nou. Si n pa fè atansyon, nou ka kite aktivite ki pa gen anyen mal nan yo vòlè tan nou ta ka itilize pou n vin pi pwòch ak Jewova. Pa egzanp, ann pale konsènan detant. Li bon pou n pran yon ti detant tanzantan. Menmsi detant nou chwazi yo pa gen anyen ki mal, si nou pase twòp tan ladan yo, nou pap jwenn ase tan pou n adore Jewova. Nou bezwen kite detant nan plas li. — Pwo. 25:27; 1 Tim. 4:8.

4. Sou ki sa nou pral pale kounye a?

4 Nan atik sa a, nou pral wè rezon ki fè nou bezwen met bagay ki pi enpòtan yo an premye nan lavi nou. Nou pral pale tou konsènan fason nou kapab pi byen sèvi ak tan n ap pase ak Jewova a ak jan nou kapab byen pwofite fason nou chwazi sèvi ak tan sa a.

PRAN BON DESIZYON, MET BAGAY KI PI ENPÒTAN YO AN PREMYE

5. Lè yon jèn reflechi sou konsèy ki nan Efezyen 5:15-17 la, ki jan sa kapab ede l chwazi pi bèl vi a?

5 Chwazi pi bèl vi a. Byen souvan, jèn yo konn ap panse ak pi bon fason pou yo mennen lavi yo. Yon bò, pwofesè yo ak moun nan fanmi yo ki pap sèvi Jewova ka ankouraje yo pou yo fè gwo etid yon fason pou yo kapab jwenn yon bon travay epi fè anpil kòb nan monn nan. Se sèten, yon objektif konsa t ap pran yon bon pati nan tan yo. Yon lòt bò, paran jèn sa yo ak zanmi yo gen nan kongregasyon an gendwa ap ankouraje yo pou yo itilize lavi yo nan sèvis Jewova. Ki sa ki kapab ede yon jèn ki renmen Jewova pou l pran pi bon desizyon an? Yon bagay k ap ede l se lè l li Efezyen 5:15-17 epi l medite sou vèsè sa yo. (Li vèsè yo.) Apre yon jèn fin li vèsè sa yo, li ka mande tèt li: ‘Ki sa ki “volonte Jewova”? Ki desizyon k ap fè l plezi? Ki sa k ap ede m pi byen sèvi ak tan m?’ Sonje “jou yo makawon” e sistèm sa a Satan ap dirije a pral fini talè konsa. Donk, nou t ap montre nou gen sajès si nou ta sèvi ak lavi nou yon fason k ap fè Jewova plezi.

6. Ki chwa Mari te fè, e poukisa se te yon bon chwa?

6 Met bagay ki pi enpòtan yo an premye. Pafwa, pi byen sèvi ak tan nou mande pou n chwazi ant de aktivite ki pa gen anyen mal ladan yo. Istwa moun byen konnen lè Jezi t al vizite Mari ak Mat lakay yo a montre sa. Pa gen dout, Mat, yon moun ki te renmen akeyi moun, te vrèman kontan resevwa Jezi lakay li, e li t ap prepare anpil manje pou li. Pandan tan sa a, Mari, sè Mat la, te pwofite vizit sa a pou l chita toupre Seyè a pou l koute sa l t ap anseye yo. Se sèten, pa t gen anyen mal nan sa Mat t ap fè a, men, Mari li menm te “chwazi pi bon pati a”. (Lik 10:38-42, nòt.) Rive yon lè, li posib pou Mari te bliye ki manje yo te manje nan okazyon sa a, men, nou mèt sèten li pa t janm bliye sa l te aprann nan men Jezi. Menm jan Mari te bay ti tan li te pase ak Jezi a anpil valè, nou bay tan n ap pase ak Jewova a anpil valè. Ki sa k ap ede nou pi byen sèvi ak tan sa a?

BYEN SÈVI AK TAN W AP PASE AK JEWOVA A

7. Poukisa li enpòtan anpil pou n rezève tan pou n priye, pou n etidye e pou n medite?

7 Nou bezwen konprann lè n priye, lè n etidye ak lè n medite, sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Lè n ap priye, se pale n ap pale ak Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou anpil (Sòm 5:7). Lè nou etidye Bib la, nou vin gen “konesans sou Bondye”, Sila a ki gen plis sajès la (Pwo. 2:1-5). Lè n ap medite, n ap panse ak bèl pèsonalite Jewova genyen an, ak bèl kalite l yo, e sa fè nou sonje bèl bagay li vle fè pou nou e pou tout limanite. Èske w ka reflechi pou w wè ki pi bon fason pou w sèvi ak tan w? Sepandan, ki sa k ap ede n pi byen pwofite tan nou genyen an ki deja pa anpil?

Èske w ka jwenn yon kote ki trankil pou w fè etid pèsonèl ou? (Gade paragraf 8-9.)

8. Ki leson nou kapab aprann nan fason Jezi te sèvi ak tan l lè l te nan dezè a?

8 Si sa posib, chèche jwenn yon kote ki pa gen bri. Ann pran egzanp Jezi. Anvan l te kòmanse sèvis li sou tè a, li te pase 40 jou nan dezè a (Lik 4:1, 2). Pandan Jezi te nan zòn sa a ki te byen trankil, li te kapab priye Jewova e li te kapab medite sou sa Papa l te vle l fè. Pa gen dout, lefètke Jezi te fè sa, sa te prepare l pou eprèv li t apral jwenn pi devan. Ki sa w ka aprann nan egzanp Jezi? Si w ap viv nan yon fanmi ki gen anpil moun, li ka pa toujou posib pou w jwenn yon ti kote byen trankil lakay ou. Nan ka sa a, ou ka oblije sot anndan kay la pou w chèche yon kote ki pa gen bri. Se sa Julie fè lè l bezwen tan pou l priye Jewova. Li menm ak mari l ap viv nan peyi Lafrans nan yon ti apatman e li difisil pou l jwenn yon ti tan poukont li san pa gen anyen ki deranje l. Men sa Julie di: “Se sa k fè m al mache sou plas la chak jou. Lè m la, m kapab ret poukont mwen, mwen kapab konsantre m pou m pale ak Jewova.”

9. Aktout Jezi te okipe anpil, ki jan l te montre li bay relasyon l ak Jewova anpil valè?

9 Jezi te gen anpil aktivite pou l fè. Pandan sèvis li sou tè a, te gen gwo foul moun ki te konn ap suiv li tout kote l ale, e yo tout te vle pale avè l. Yon lè, “tout vil la te rasanble devan pòt kay la” pou yo te wè l. Aktout sa, Jezi te toujou rezève tan pou l priye Jewova. Byen bonè nan maten, li te konn al nan yon “zòn ki izole” pou l te kapab jwenn tan pou l priye Papa l pandan l poukont li. — Mak 1:32-35.

10-11. Selon Matye 26:40, 41, ki bon konsèy Jezi te bay disip li yo nan jaden Jetsemane, men, ki sa k te rive?

10 Nan dènye nuit Jezi te fè ap viv sou tè a, nan fen sèvis li, yon lòt fwa ankò, li te chèche yon kote trankil pou l te ka medite e pou l te ka priye. Li te jwenn yon bon kote pou l te fè sa nan jaden Jetsemane (Mat. 26:36). Nan okazyon sa a, Jezi te bay disip li yo kèk bon konsèy sou lapriyè.

11 Ann wè sa k te rive. Lè yo te rive nan jaden Jetsemane, li te ta anpil e petèt li te gentan depase minui. Jezi te mande apot li yo pou yo “kontinye veye”, e apre sa, li t al priye (Mat. 26:37-39). Men, pandan Jezi t ap priye, dòmi te pran apot yo. Lè Jezi te vin jwenn yo ap dòmi, yon lòt fwa ankò, li te ankouraje yo pou yo “kontinye veye” e pou yo “kontinye priye”. (Li Matye 26:40, 41.) Jezi te rann li kont yo te anba anpil strès e yo te fatige. Li te gen pitye pou yo, e li te rekonèt “chè a fèb”. Aktout sa, pandan de fwa ankò Jezi t al priye, e lè l te retounen, li te jwenn disip li yo ki t ap dòmi olye yo t ap priye. — Mat. 26:42-45.

Èske w ka rezève tan pou w priye lè w pa twò fatige? (Gade paragraf 12.)

12. Ki sa n ka fè si pafwa nou santi n twò strese oswa n twò fatige pou n priye?

12 Chwazi bon moman an. Pafwa, nou ka santi nou twò strese oswa nou twò fatige pou n priye. Si sa deja rive w, konnen gen plizyè lòt moun ki konn santi yo konsa tou. Ki sa w ka fè? Gen kèk moun ki te gen abitid priye Jewova byen ta nan aswè ki twouve l pi bon pou yo priye l yon tikras pi bonè lè yo mwens fatige. Gen lòt moun ki rann yo kont yo pi konsantre lè yo chwazi yon pozisyon pou yo priye. Pa egzanp, lè yo chita oswa lè yo met ajenou. Men, ki sa w ka fè si w santi w twò strese oswa twò dekouraje pou w priye? Di Jewova jan w santi w. Ou mèt gen asirans Papa nou an ki gen mizèrikòd ap konprann ou. — Sòm 139:4.

Èske w ka evite reponn mesaj ak imel lè w nan reyinyon? (Gade paragraf 13-14.)

13. Ki jan aparèy elektwonik yo ka fè n distrè lè n ap pase tan ak Jewova?

13 Pa kite anyen fè w distrè lè w ap etidye. Se pa lapriyè sèlman ki kapab ede n ranfòse relasyon nou ak Jewova. Lè nou etidye Pawòl Bondye a e lè nou asiste reyinyon yo, sa kapab ede nou tou pou n vin pi pwòch ak Bondye. Èske gen yon bagay ou kapab fè pou w pi byen pwofite moman w pase ap etidye ak lè w ap asiste reyinyon yo? Mande tèt ou: ‘Ki sa k anpeche m konsantre lè m nan reyinyon oswa lè m ap fè efò pou m etidye?’ Èske se resevwa apèl, imel oswa mesaj sou telefòn mwen oswa sou lòt aparèy elektwonik? Jodi a, plizyè milya moun gen aparèy sa yo ki itil anpil. Gen kèk moun k ap fè rechèch ki di lè n ap eseye konsantre, depi n gen yon telefòn toupre nou, sa kapab fè n distrè. Men sa yon pwofesè sikoloji di: “Ou pa konsantre sou sa w ap fè a. Lespri w yon lòt kote.” Souvan, anvan asanble yo ak kongrè yo kòmanse, yo konn mande nou pou n met aparèy elektwonik nou yo sou yon mòd ki pap deranje lòt moun. Èske nou pa ta kapab fè menm bagay la tou lè n poukont nou pou aparèy nou yo pa deranje nou e pou yo pa pran tan n ap pase ak Jewova a?

14. Selon Filipyen 4:6, 7, ki jan Jewova ap ede nou ret konsantre?

14 Mande Jewova pou l ede w ret konsantre. Lè w remake w ap panse ak lòt bagay lè w ap fè etid pèsonèl oswa lè w nan reyinyon, mande Jewova pou l ede w. Si w gen enkyetid oswa tètchaje, li ka pa fasil pou w sispann panse ak sa k ap enkyete w la e pou w ret konsantre sou Pawòl Bondye a, men, li enpòtan anpil pou w fè sa. Priye Jewova pou l ba w lapè k ap pwoteje nonsèlman kè w, men “lespri” w tou. — Li Filipyen 4:6, 7.

NOU JWENN ANPIL BYENFÈ LÈ NOU PASE TAN AK JEWOVA

15. Bay youn nan byenfè w ap jwenn lè w pase tan ak Jewova.

15 Si w pran tan pou w pale ak Jewova, pou w koute l, e pou w panse ak li, sa ap bon pou ou anpil. Nan ki sans? Premyèman, w ap pran pi bon desizyon. Men asirans Bib la ban nou: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” ​(Pwo. 13:20). Kidonk, pandan w ap pase tan ak Jewova, Sila a ki gen plis sajès la, w ap vin gen plis sajès. W ap pi byen konprann ki jan pou w fè l plezi e ki jan w ka evite pran yon seri desizyon k ap fè l lapenn.

16. Lè nou pase tan ak Jewova, ki jan sa ede nou vin yon pi bon anseyan?

16 Dezyèmman, w ap vin yon pi bon anseyan. Lè n ap etidye Labib ak yon moun, youn nan objektif ki pi enpòtan nou genyen, se ede l vin pwòch ak Jewova. Plis nou pale ak Papa nou ki nan syèl la, se plis n ap renmen l e n ap vin pi kalifye pou n aprann etidyan an renmen l. Jezi bay yon bèl egzanp nan sans sa a. Li te tèlman pale an byen de Papa l, sa te fè disip fidèl li yo vin renmen Jewova tou. — Jan 17:25, 26.

17. Sa k fè lè n priye ak lè n etidye, sa fè lafwa n vin pi djanm?

17 Twazyèmman, lafwa w ap vin pi djanm. Reflechi ak sa k rive lè w mande Bondye pou l gide w, pou l konsole w oswa pou l ede w. Chak fwa Jewova reponn priyè sa yo, ou vin gen plis lafwa nan li (1 Jan 5:15). Ki lòt bagay ki kapab fè lafwa w vin pi djanm? Se lè w fè etid pèsonèl. Sonje sa: “Yon moun gen lafwa apre l fin tande Pawòl la.” ​(Wom. 10:17). Men, pou lafwa n vin pi djanm, nou pa dwe annik aprann sèlman. Ki sa nou bezwen fè ankò?

18. Bay yon egzanp ki montre poukisa nou bezwen medite.

18 Nou bezwen medite sou sa n ap aprann yo. Reflechi sou eksperyans moun ki te ekri Sòm 77 la te fè. Li t ap enkyete l paske li te santi li menm ak lòt Izrayelit yo te pèdi favè Jewova. Sa te tèlman ap boulvèse l, li pa t menm ka dòmi nan nuit (Vèsè 2-8). Ki sa l te fè? Men sa l te di Jewova: “M ap medite sou tout aksyon w yo, m ap reflechi sou fason w boule ak nou.” ​(Vèsè 12). Nòmalman, moun ki te ekri sòm nan te byen konnen sa Jewova te fè pou pèp Li a nan tan lontan. Men, mesye sa a, ki t ap enkyete l, t ap mande tèt li: “Èske se bliye Bondye bliye fè nou favè, oubyen èske se fache li fache ki fè li pa demontre mizèrikòd pou nou ankò?” ​(Vèsè 9). Moun ki te ekri sòm nan te medite sou aksyon Jewova te fè yo e sou jan Jewova te deja montre l gen mizèrikòd ak konpasyon (Vèsè 11). Ki rezilta sa te bay? Moun ki te ekri sòm nan te vin gen konviksyon Jewova pa t ap abandone pèp Li a (Vèsè 15). Menm jan an tou, tank w ap medite sou sa Jewova te deja fè pou pèp li a ak sou sa l fè pou ou pèsonèlman, lafwa w ap vin pi djanm.

19. Ki lòt byenfè n ap jwenn lè n pase tan ak Jewova?

19 Katriyèmman, e se sa k pi enpòtan, w ap vin pi renmen Jewova. Plis pase nenpòt lòt kalite, lanmou ap pouse w obeyi Jewova, l ap pouse w fè sakrifis pou w fè l plezi e l ap pouse w andire kèlkeswa eprèv ou jwenn (Mat. 22:37-39; 1 Kor. 13:4, 7; 1 Jan 5:3). Pa gen anyen ki ta ka gen plis valè pase vin gen yon relasyon sere ak Jewova epi vin bon zanmi l! — Sòm 63:1-8.

20. Ki sa w pral fè pou w jwenn tan pou w priye, pou w etidye e pou w medite?

20 Nou bezwen sonje lè n priye, lè n etidye ak lè n medite, sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Menm jan ak Jezi, chèche jwenn yon kote ki trankil pou w pase tan ak Jewova. Evite bagay ki ka deranje w san nesesite. Mande Jewova pou l ede w ret konsantre lè w ap patisipe nan aktivite ki gen rapò ak adorasyon w ap ba li a. Si w byen sèvi ak tan w depi kounye a, Jewova ap ba w lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans nan monn nouvo a. — Mak 4:24.

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

^ Jewova se pi bon Zanmi nou. Nou bay amitye nou gen avè l la anpil valè, e nou vle aprann konnen l pi byen. Sa pran tan pou n vin konn yon moun. Se menm bagay la tou si nou ta renmen kontinye gen yon relasyon ak Jewova. Piske jodi a, nou gen anpil aktivite pou nou fè, ki jan n ka kreye tan pou n vin pwòch ak Papa nou ki nan syèl la, e ki jan sa ap bon pou nou lè nou fè sa?