Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 4

Rezon ki fè nou asiste Memoryal la

Rezon ki fè nou asiste Memoryal la

“Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — LIK 22:19.

KANTIK 20 Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki lè nou plis sonje yon moun pa nou ki mouri? b) Ki sa Jezi te fè nan nuit anvan l te mouri a?

 KÈLKESWA kantite tan nou genyen depi nou gen moun pa nou ki mouri, nou toujou sonje yo. E nou sonje yo pi plis toujou chak fwa dat yo te mouri a rive.

2 Chak ane, nou met ansanm ak plizyè milyon moun ki reyini toupatou sou tè a pou n selebre anivèsè lanmò yon moun nou renmen anpil, anpalan de Jezi Kris (1 Pyè 1:8). Nou reyini ansanm pou n montre nou sonje moun ki te bay lavi l pou nou kòm ranson an pou l te ka delivre nou anba peche ak lanmò (Mat. 20:28). Anfèt, Jezi te vle disip li yo sonje lanmò l. Nan nuit anvan l te mouri a, li te fè yon soupe espesyal, e men lòd li te bay: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. *” — Lik 22:19.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Pami moun ki asiste Memoryal lanmò Kris la gen yon ti gwoup moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl. Men, plizyè milyon moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a asiste evènman sa a tou. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan rezon ki fè toule de gwoup moun sa yo kontan asiste Memoryal la chak ane. Nou pral wè tou ki jan sa bon pou nou lefètke nou asiste Memoryal la. Toudabò, ann wè kèk rezon ki fè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo asiste Memoryal la.

REZON KI FÈ MOUN BONDYE CHWAZI POU AL NAN SYÈL YO ASISTE L

4. Poukisa moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pran nan pen an ak nan diven an nan Memoryal la?

4 Chak ane, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kontan pran nan pen an ak nan diven an nan Memoryal la. Sa k fè yo gen dwa manje nan pen an epi bwè nan diven an? Pou nou reponn kesyon sa a, ann wè sa k te pase nan dènye nuit Jezi te fè sou tè a anvan l mouri. Apre manje Pak la, Jezi te tabli sa yo vin rele Soupe Seyè a. Li te pase pen an ak diven an bay 11 apot fidèl li yo, e li te di yo manje epi bwè. Jezi te pale avè yo konsènan de alyans: nouvo alyans lan ak alyans pou Wayòm nan * (Lik 22:19, 20, 28-30). Alyans sa yo te bay apot sa yo ak yon ti kantite moun posiblite pou yo vin wa e pou yo vin prèt nan syèl la (Rev. 5:10; 14:1). Se sèlman rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki sou tè a toujou *, ki nan de alyans sa yo, ki ka pran nan pen an ak nan diven an nan Memoryal la.

5. Ki sa kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo konnen sou esperans yo genyen an?

5 Yon lòt rezon ki fè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kontan asiste Memoryal la se paske lè yo asiste Memoryal la sa ba yo okazyon pou yo reflechi sou esperans yo genyen an. Jewova ba yo yon esperans estrawòdinè: yo gen posiblite pou y al viv nan syèl kote yo pap ka mouri e kò yo pap ka dekonpoze, yo pral dirije ansanm ak Jezi Kris ki nan glwa li e ak lòt moun ki fè pati 144 000 yo, e anplis de sa, y ap gen posiblite pou yo wè Jewova Dye (1 Kor. 15:51-53; 1 Jan 3:2)! Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo konnen yo chwazi yo pou y al jwi privilèj sa yo nan syèl la. Men, pou y al nan syèl, yo dwe rete fidèl jiskaske yo mouri (2 Tim. 4:7, 8). Kretyen sa yo kontan anpil lè y ap reflechi ak esperans yo genyen pou y al viv nan syèl la (Tit 2:13). E “lòt mouton” yo menm (Jan 10:16)? Pou ki rezon konsa yo asiste Memoryal la?

REZON KI FÈ LÒT MOUTON YO ASISTE L

6. Poukisa lòt mouton yo asiste Memoryal la chak ane?

6 Lòt mouton yo asiste Memoryal la, men, yo pa pran nan pen an ak nan diven an. Nan ane 1938, se premye fwa moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a te jwenn envitasyon pou yo asiste Memoryal la. Men sa Toudegad 1ye mas 1938 (anglè) fè konnen: “L ap toutafè nòmal pou [lòt mouton] yo la nan reyinyon sa a, e pou yo wè jan sa fèt. [...] Se ta dwe yon moman k ap fè kè yo kontan tou, e se yon moman k ap fè kè yo kontan.” Menm jan ak moun yo envite nan yon maryaj ki kontan asiste seremoni an, lòt mouton yo kontan asiste Memoryal la.

7. Poukisa lòt mouton yo toujou anvi tande diskou Memoryal la?

7 Lòt mouton yo reflechi sou esperans yo genyen an tou. Yo toujou anvi tande diskou Memoryal la, paske diskou a pale anpil sou sa Kris ak 144 000 moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral fè pou moun ki fidèl yo pandan Rèy mil an an. Moun ki pral dirije nan syèl la pral suiv direksyon Jezi Kris, Wa yo a, pou yo patisipe nan fè tè a vin yon paradi e pou ede moun ki obeyisan yo vin pafè. Se pa ti kontan plizyè milyon moun ki pa manje nan pen an e ki pa bwè nan diven an nan Memoryal la kontan lè y ap imajine jan pwofesi ki nan Bib la pral reyalize, tankou pwofesi nou jwenn nan Ezayi 35:5, 6; 65:21-23; ak nan Revelasyon 21:3, 4! Lè y ap imajine yo menm ki nan monn nouvo a ansanm ak moun yo renmen yo, sa fè esperans yo genyen pou lavni an vin pi solid e yo vin gen plis detèminasyon toujou pou yo pa janm sispann sèvi Jewova. — Mat. 24:13; Gal. 6:9.

8. Bay yon lòt rezon ki fè lòt mouton yo asiste Memoryal la.

8 Ann wè yon lòt rezon ki fè lòt mouton yo asiste Memoryal la. Yo vle montre moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo yo renmen yo e y ap soutni yo. Pawòl Bondye a te gentan fè konnen t ap gen yon relasyon sere ant moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Nan ki sans? Ann wè kèk egzanp ki montre sa.

9. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Zakari 8:23 a montre fason lòt mouton yo konsidere moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo?

9 Li Zakari 8:23. Pwofesi sa a byen esplike fason lòt mouton yo konsidere frè ak sè yo ki gen esperans pou al nan syèl. Ekspresyon “yon Juif” la ak mo “nou” an fè referans ak menm gwoup moun nan, anpalan de rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo (Wom. 2:28, 29). “Dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale a” reprezante lòt mouton yo. Yo ‘kenbe moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo byen di’, sa vle di yo atache avèk yo fidèlman, lè yo patisipe nan vrè adorasyon an ansanm avèk yo. Donk, nòmalman, nan sware Memoryal la lòt mouton yo montre yo gen yon relasyon sere ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo lè yo asiste Memoryal la ansanm avèk yo.

10. Ki sa Jewova te fè pou l te reyalize pwofesi nou jwenn nan Ezekyèl 37:15-19, 24, 25 lan?

10 Li Ezekyèl 37:15-19, 24, 25. Jewova te reyalize pwofesi sa a lè l fè moun li chwazi pou al nan syèl yo ak lòt mouton yo gen yon tèt ansanm ki pa ka kraze. Pwofesi sa a pale konsènan de bout bwa. Moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl yo tankou bout bwa ki “pou Jida” a (anpalan de tribi kote yo chwazi wa Izrayèl yo), e moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a tankou bout bwa “Efrayim nan” *. Jewova t ap met de gwoup sa yo ansanm pou yo ka vin “yon sèl bout bwa”. Sa vle di yo t ap travay nan tèt ansanm anba direksyon Kris Jezi, sèl Wa yo genyen an. Chak ane, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak lòt mouton yo asiste Memoryal la, yo pa de gwoup separe, men yo se “yon sèl twoupo” anba direksyon “yon sèl bèje”. — Jan 10:16.

11. Ki jan “mouton” yo pale de yo nan Matye 25:31-36, 40 lan plis montre yo soutni frè Kris yo?

11 Li Matye 25:31-36, 40. “Mouton” yo pale de yo nan parabòl sa a reprezante moun ki jis k ap viv nan tan lafen an ki gen esperans pou yo viv sou tè a, anpalan de lòt mouton yo. Yo soutni rès frè Kris yo fidèlman, sitou lè yo ede yo nan yon gwo responsablite yo genyen, anpalan de travay preche ak fè disip k ap fèt toupatou sou tè a. — Mat. 24:14; 28:19, 20.

12-13. Bay kèk lòt fason lòt mouton yo montre yo soutni frè Kris yo.

12 Chak ane, plizyè semèn anvan Memoryal la, lòt mouton yo montre yo soutni frè Kris yo lè yo patisipe ak tout kè yo nan yon kanpay ki fèt toupatou sou tè a pou envite moun ki enterese yo nan Memoryal la. (Gade kare ki gen tit “ Èske w ap fè planifikasyon pou epòk Memoryal la?”) Epitou, yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou Memoryal la kapab fèt nan chak kongregasyon sou tè a, menmsi pa gen moun k ap pran nan pen an ak nan diven an nan pifò kongregasyon. Lòt mouton yo vrèman kontan soutni frè Kris yo fason sa yo. Mouton sa yo konnen Jezi konsidere sa yo fè pou frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl tankou se pou li menm yo te fè l. — Mat. 25:37-40.

13 Ki lòt rezon ankò ki fè nou tout asiste Memoryal la kèlkeswa esperans nou genyen?

REZON KI FÈ NOU TOUT ASISTE L

14. Ki jan Jewova ak Jezi montre yo renmen nou anpil?

14 Nou gen rekonesans pou lanmou Jewova ak Jezi montre yo gen pou nou. Gen plizyè fason Jewova montre li renmen nou, men gen youn nan fason yo ki montre sa pi plis toujou. Bondye nou an montre jis nan ki pwen li renmen nou lefètke li te voye Pitit Gason li renmen anpil la soufri epi mouri pou nou (Jan 3:16). Nou konnen Jezi montre li renmen nou anpil tou lefètke l te aksepte bay lavi l pou nou (Jan 15:13). Pou jan Jewova ak Jezi montre yo renmen nou, nou pap janm ka remèt yo sa. Men, nou kapab montre yo nou gen rekonesans nan fason nou viv chak jou (Kol. 3:15). Nou asiste Memoryal la pou n ka reflechi sou lanmou yo gen pou nou e pou n montre nou renmen yo.

15. Poukisa moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak lòt mouton yo gen anpil rekonesans pou ranson an ki se yon kado?

15 Nou gen anpil rekonesans pou ranson an, kado Bondye ban nou an (Mat. 20:28). Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo gen anpil rekonesans pou ranson an paske se grasa li yo vin gen bèl esperans sa a. Piske yo gen lafwa nan sakrifis Kris la, Jewova fè konnen yo jis e li adopte yo kòm pitit li (Wom. 5:1; 8:15-17, 23). Lòt mouton yo gen anpil rekonesans pou ranson an tou. Piske yo gen lafwa nan sakrifis Kris la, Bondye konsidere yo kòm moun ki pwòp, yo kapab ba l yon sèvis sakre e yo gen espwa pou yo “soti anba gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:13-15.) Youn nan fason moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak lòt mouton yo montre yo gen rekonesans pou ranson an se lè yo asiste Memoryal la chak ane.

16. Bay yon lòt rezon ki fè nou asiste Memoryal la.

16 Yon lòt rezon ki fè nou asiste Memoryal la se paske nou vle obeyi Jezi. Kèlkeswa esperans nou genyen, nou chak vle obeyi lòd Jezi te bay jou swa li te tabli Memoryal la lè l te di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — 1 Kor. 11:23, 24.

FASON NOU TOUT BENEFISYE LÈ NOU ASISTE MEMORYAL LA

17. Ki jan Memoryal la ede nou vin pi pwòch ak Jewova?

17 Nou vin pi pwòch Jewova (Jak 4:8). Jan nou te aprann sa, Memoryal la ban nou yon okazyon pou nou reflechi sou esperans Jewova ban nou an e pou n medite sou kokennchenn lanmou li demontre pou nou (Jer. 29:11; 1 Jan 4:8-10). Lè nou reflechi sou esperans nou genyen pou lavni an, yon esperans ki sèten, e nou reflechi sou lanmou san fay Bondye gen pou nou, nou vin pi renmen Jewova e relasyon nou gen avè l la vin pi solid. — Wom. 8:38, 39.

18. Lè nou medite sou egzanp Jezi te bay, ki sa sa ankouraje n fè?

18 Sa ankouraje n suiv egzanp Jezi (1 Pyè 2:21). Kèk jou anvan Memoryal la, nou reflechi sou plizyè istwa nan Bib la ki pale konsènan dènye semèn Jezi te pase sou tè a, sou lanmò l ak rezirèksyon l. Apre sa, nan sware Memoryal la, diskou a fè n sonje lanmou Jezi gen pou nou (Efe. 5:2; 1 Jan 3:16). Lè nou li istwa sou egzanp Jezi antanke moun ki te bay lavi l kòm sakrifis e nou medite sou sa, nou santi n gen obligasyon pou n “kontinye mache jan Jezi te mache a”. — 1 Jan 2:6.

19. Ki jan nou ka rete nan lanmou Bondye?

19 Nou vin pi detèmine toujou pou n rete nan lanmou Bondye (Jid 20, 21). Nou rete nan lanmou Bondye lè n fè tout sa n kapab pou n obeyi l, pou n fè non l vin sen e pou n fè kè l kontan (Pwo. 27:11; Mat. 6:9; 1 Jan 5:3). Lè nou asiste Memoryal la, sa fè nou vin pi detèmine pou fason n ap viv chak jou montre nou di Jewova: ‘Mwen vle rete nan lanmou w pou toutan!’

20. Ki bonjan rezon nou genyen pou nou asiste Memoryal la?

20 Kit nou gen esperans pou nou viv pou toutan nan syèl la oswa sou tè a, nou gen bonjan rezon pou n asiste Memoryal la. Chak ane, lè nou reyini nan dat sa a, nou sonje lanmò yon moun nou renmen: Jezi Kris. Sa k pi enpòtan an, nou sonje pi bèl fason Jewova te montre l renmen nou se lè l te bay Pitit Gason l lan kòm yon ranson. Ane sa a, Memoryal la ap fèt vandredi 15 avril 2022, nan aswè. Nou renmen Jewova ak Pitit Gason l lan, se sa k fè, jou anivèsè lanmò Jezi, pa gen anyen ki ta ka pi enpòtan pou nou pase asiste Memoryal la.

KANTIK 16 Louwe Ja pou Pitit Gason l lan

^ Kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl oswa pou n viv nan yon paradi sou tè a, nou kontan asiste Memoryal la chak ane. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan bonjan rezon nou jwenn nan Bib la ki fè nou asiste Memoryal la ak jan sa bon pou nou lè nou fè sa.

^ Men ki sa lòt tradiksyon Labib mete pou pawòl sa yo: “Toujou fè sa pou nou sonje mwen” (Bib Kreyòl La), epi: “Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen” (Bib la).

^ Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou nouvo alyans lan ak alyans pou Wayòm nan, gade atik ki gen tit “N ap tounen ‘yon wayòm prèt’” ki parèt nan Toudegad 15 oktòb 2014, paj 15-17.

^ PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Ekspresyon rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo fè referans ak rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki vivan sou tè a toujou.

^ Pou n jwenn plis enfòmasyon sou pwofesi ki nan Ezekyèl chapit 37 la ki pale konsènan de bout bwa yo, gade liv Jewova retabli vrè adorasyon an!, paj 130-135, paragraf 3-17.