Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn: Kenbe fèm kont Dyab la

Jèn: Kenbe fèm kont Dyab la

“Abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la.” — EFE. 6:11.

KANTIK: 79, 140

1, 2. a) Ki sa k fè jèn kretyen yo ap genyen batay y ap mennen kont fòs espirityèl ki mechan yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa n pral egzamine?

APOT Pòl te konpare lavi nou antanke kretyen ak lavi yon sòlda ki nan yon konba fizik. Nòmalman, gè nou ladan l lan se yon gè espirityèl, li pa literal. Malgre sa, ènmi nou yo egziste toutbon. Antanke gèrye, Satan ak demon yo fò anpil e yo chaje eksperyans. Lè n fèk gade, posiblite pou n pot laviktwa a sanble piti anpil. Sanble se sitou jèn kretyen yo ki parèt pi fasil pou yo pran nan pyèj. Ki jan yo ka espere pot laviktwa sou fòs espirityèl mechan yo ki gen plis pouvwa pase moun? Anfèt, jèn yo ka genyen, e y ap genyen! Poukisa? Se paske yo “kontinye pran pisans nan Seyè a”. Men, yo fè plis pase pwoche bò kote Bondye pou yo jwenn pisans. Yo gen ekipman sou yo pou yo batay. Menm jan ak sòlda ki byen antrene, yo “abiye [yo] ak tout ekipman konba Bondye bay la”. — Li Efezyen 6:10-12.

2 Lè Pòl t ap bay egzanp li an, petèt li t ap panse ak ekipman konba sòlda women yo te konn mete a (Tra. 28:16). Ann egzamine rezon ki fè egzanp sa a apwopriye. Toutpandan n ap fè sa, note sa kèk jèn di konsènan difikilte ak byenfè yo jwenn lè yo met chak pati ki nan ekipman konba espirityèl la sou yo.

Èske ekipman konba w la konplè?

‘LAVERITE TANKOU YON SENTIWON’

3, 4. Nan ki sans verite ki nan Bib la tankou sentiwon sòlda women yo te konn mete a?

3 Li Efezyen 6:14. Yon sòlda women te konn met yon sentiwon ki fèt ak yon seri plak metal nan ren l pou l pwoteje senti l. Sentiwon sa a te fèt yon fason pou ede sòlda a sipòte pwa ekipman ki te sou li a. Anplis de sa, gen kèk sentiwon ki te gen yon seri ti fant solid kote sòlda a te ka met yon epe ak yon ponya. Lè yon sòlda te gen sentiwon l mare byen di nan senti l, avèk asirans, li te ka kanpe djanm lè l ap batay.

4 Menm jan an tou, verite nou aprann nan Pawòl Bondye a pwoteje n kont danje fo ansèyman yo lakòz nan domèn espirityèl (Jan 8:31, 32; 1 Jan 4:1). Epitou, plis nou renmen verite Bondye bay la, se plis l ap pi fasil pou n met “pwotèj pwatrin” nan sou nou, sètadi pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis (Sòm 111:7, 8; 1 Jan 5:3). Anplis de sa, lè n byen konprann verite ki nan Pawòl Bondye a, avèk asirans, nou ka kanpe byen djanm kont moun ki opoze avè n yo pou n defann laverite. — 1 Pyè 3:15.

5. Poukisa n dwe di laverite?

5 Lè verite ki nan Bib la byen mare nan senti n tankou yon sentiwon, sa ap pouse n viv ann amoni avè l e pou n toujou di laverite. Poukisa n ap evite bay manti? Paske manti se youn nan zam ki pi efikas Satan itilize. Manti pa nan enterè ni moun ki bay li a ni moun ki kwè l la (Jan 8:44). Kidonk, aktout nou enpafè, nou fè tout sa n kapab pou n evite bay manti (Efe. 4:25). Men, sa ka difisil anpil. Men sa Abigail ki gen 18 an fè konnen: “Sanble sa ka pa toujou vo lapenn pou w di laverite sitou lè yon manti ka retire w nan yon sitiyasyon ki difisil.” Nan ka sa a, poukisa Abigail toujou fè efò pou l di laverite? Men sa l di: “Lè m di laverite, mwen gen yon konsyans klè devan Jewova. Epi, paran m yo ak zanmi m yo konnen yo ka fè m konfyans.” Men sa Victoria ki gen 23 an di: “Lè w di laverite epi w defann kwayans ou, sa ka fè w jwenn brimad. Men, ou toujou jwenn anpil gwo byenfè: Ou vin gen plis asirans, ou santi w pi pwòch Jewova e moun ki renmen w yo vin gen respè pou ou.” Li klè, sa vo lapenn pou n toujou “mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon”.

Laverite tankou yon sentiwon. (Gade paragraf 3-5.)

“PWOTÈJ PWATRIN JISTIS LA”

6, 7. Poukisa yo konpare jistis ak yon pwotèj pwatrin?

6 Youn nan kalite pwotèj pwatrin sòlda women yo te konn met sou yo nan premye syèk la te fèt ak yon seri plak an fè ki te kole youn ak lòt nan sans orizontal. Yo te koube plak sa yo pou yo ka byen chita sou pwatrin sòlda a e yo te konn mare yo ansanm ak yon seri kòdon an kui pa mwayen yon seri kwòk ak bouk ki fèt an metal. Rès pati anlè kò sòlda a te kouvri ak plis plak fè ki te mare ak kòdon an kui. Kalite ekipman sa a te yon ti jan jennen sòlda a nan kèk mouvman, e sa te mande pou l toujou ap tcheke pou l wè si plak an fè yo byen tache nan plas yo. Men, ekipman an te pwoteje sòlda a pou yon epe oswa pwent yon flèch pa pèse kè l oswa lòt pati enpòtan nan kò l.

7 Ala yon egzanp apwopriye ki montre fason prensip Jewova yo ki dwat ka pwoteje kè senbolik nou an (Pwo. 4:23)! Menm jan yon sòlda pap boukante yon pwotèj pwatrin ki fèt an fè pou youn ki fèt ak yon metal ki pa twò solid, konsa tou, nou pa ta dwe janm boukante prensip Jewova bay sou sa ki dwat yo pou prensip ki parèt dwat nan je nou. Fason n wè bagay yo pa bon menm pou ede n jwenn pwoteksyon nou bezwen an (Pwo. 3:5, 6). Olye de sa, se chak jou nou tcheke pou n wè si ‘plak an fè’ Jewova ban nou yo fikse byen solid sou kè nou.

8. Poukisa sa vo lapenn pou n ret atache ak prensip Jewova yo?

8 Èske pafwa w konn santi prensip Jewova yo ki dwat parèt twò lou pou ou oswa yo retire sou libète w? Men sa Daniel ki gen 21 an fè konnen: “Pwofesè yo ak lòt etidyan parèy mwen yo te konn bat plezi sou do m paske m ap suiv prensip ki nan Bib la. Pandan kèk tan, m te pèdi konfyans nan tèt mwen e m te santi m dekouraje.” Ki jan l te vin santi l annapre? Men sa l di: “Finalman, m te wè byenfè yon moun jwenn lè l viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Gen kèk nan swadizan zanmi m yo ki te kòmanse pran dwòg, gen lòt ki te kite lekòl. Sa te tris pou m wè jan lavi yo mal pase. Jewova vrèman pwoteje nou.” Men sa Madison ki gen 15 an di: “Se yon lit m ap mennen pou m ret atache ak prensip Jewova yo e pou m pa lage kò m nan fè yon seri bagay jèn parèy mwen yo panse ki amizan.” Ki sa k ede l fè fas ak sa? Men sa l di: “M fè tèt mwen sonje mwen pote non Jewova epi tantasyon sa a se jis yon fason Satan itilize pou l atake m. Lè m pot laviktwa sou yon eprèv, m santi m pi byen.”

Pwotèj pwatrin jistis la. (Gade paragraf 6-8.)

“METE BAGAY NAN PYE NOU POU NOU PARE POU NOU ANONSE BON NOUVÈL LAPÈ A”

9-11. a) Ki bòt senbolik kretyen yo gen nan pye yo? b) Ki sa k ka ede n vin pi alèz lè n ap preche bon nouvèl la?

9 Li Efezyen 6:15. Yon sòlda women ki pa t gen bòt li nan pye l pa t pare pou l al nan lagè. Bòt li a ki te sanble ak yon sandal te fèt ak twa branch an kui ki trese ansanm, sa ki te fè pye l rete byen djanm. Bòt la te fèt yon fason ki te pèmèt li dire anpil tan e l te konfòtab.

10 Bòt sòlda women yo te konn mete a te pèmèt yo al nan lagè, alòske soulye senbolik kretyen yo mete a ede yo preche yon mesaj lapè (Eza. 52:7; Wom. 10:15). Malgre sa, nou bezwen met kouraj sou nou pou n pale lè n jwenn okazyon. Men sa Bo ki gen 20 an fè konnen: “M te pè bay kamarad lekòl mwen yo temwayaj. M panse m te yon ti jan jennen. Lè m ap reflechi ak sa, m pa wè rezon ki fè m te santi m konsa. Kounye a, m kontan bay jèn parèy mwen yo temwayaj.”

11 Gen anpil jèn ki rann yo kont lè yo byen prepare pou yo preche bon nouvèl la, yo santi yo pi alèz pou yo fè sa. Ki sa w ka fè pou w prepare w? Men sa Julia ki gen 16 an di: “M toujou gen piblikasyon nan valiz lekòl mwen, epi m koute kamarad lekòl mwen yo lè y ap bay opinyon yo ak lè y ap di nan ki sa yo kwè. Konsa, m ka reflechi pou m konn sa k ka ede yo. Lè m prepare, m ka pale ak yo sitou sou sijè k ap ede yo.” Men sa Makenzie ki gen 23 an fè konnen: “Si w janti e w konn koute byen, w ap gen yon ide sou pwoblèm jèn parèy ou yo ap rankontre. Mwen asire m mwen li tout sijè ki pou jèn yo. Konsa, m ka atire atansyon jèn parèy mwen yo sou yon bagay nan Bib la oswa sou sit jw.org la k ap ede yo.” Jan jèn sa yo fè konn sa, plis ou prepare w pou w preche, se plis “bòt” ou a ap byen tache nan pye w.

Bagay nan pye nou ki fè n pare. (Gade paragraf 9-11.)

“GWO BOUKLIYE LAFWA A”

12, 13. Pale sou kèk nan “flèch” Satan “ap voye tou limen sou nou”.

12 Li Efezyen 6:16. “Gwo boukliye” sòlda women yo te konn pote a te gen fòm rektang e l te bare sòlda a sot nan zepòl rive nan jenou. Boukliye a te pwoteje l pou epe ak flèch pa pèse l.

13 Kèk nan “flèch” Satan “ap voye tou limen sou nou” yo kapab se manti l ap simaye sou Jewova lè l fè konnen Jewova pa sousye l de nou epi l pa renmen nou. Ida, yon jèn fi ki gen 19 an ap goumen ak santiman kòmkwa l pa vo anyen. Men sa l di: “Pafwa, m konn santi Jewova pa bò kote m epi l pa vle vin Zanmi m.” Ki fason l rive fè fas ak atak sa a? Men sa Ida di: “Reyinyon yo se yon gwo boustè pou lafwa m. M te konn annik ret chita epi m pa janm fè kòmantè paske m te panse pèsonn pap anvi tande sa m gen pou m di. Men, kounye a, m prepare reyinyon yo e m eseye fè de oswa twa kòmantè. Sa difisil, men, m santi m pi byen lè m fè sa. Epitou, frè ak sè yo ankouraje m anpil. M toujou sot nan reyinyon avèk santiman Jewova renmen m.”

14. Sou ki verite eksperyans Ida a atire atansyon nou?

14 Eksperyans Ida a atire atansyon nou sou yon verite enpòtan: Boukliye sòlda yo te genyen an te gen yon wotè ak yon lajè ki fiks, men, boukliye lafwa nou an kapab vin pi piti oswa pi gwo. Sa depann de nou (Mat. 14:31; 2 Tes. 1:3). Se pa ti enpòtan l enpòtan pou n fè lafwa n vin pi solid!

Gwo boukliye lafwa a. (Gade paragraf 12-14.)

“KAS DELIVRANS LAN”

15, 16. Nan ki sans esperans menm jan ak yon kas?

15 Li Efezyen 6:17. Kas sòlda women yo te konn mete a te fèt yon fason ki anpeche sòlda a pran kou nan tèt, nan kou ak nan figi. Gen kèk kas ki te gen yon lans ki te pèmèt sòlda a pote l nan men.

16 Menm jan yon kas pwoteje sèvo yon sòlda, konsa tou, “esperans delivrans” nou an pwoteje lespri nou ak kapasite nou genyen pou n reflechi a (1 Tes. 5:8; Pwo. 3:21). Esperans fè n ret konsantre sou pwomès Bondye yo e l ede n wè pwoblèm yo yon fason ki pozitif (Sòm 27:1, 14; Tra. 24:15). Men, si n vle pou “kas” nou an itil nou, nou dwe mete l nan tèt nou e n pa dwe kenbe l nan men nou.

17, 18. a) Ki fason Satan ka twonpe n pou l fè n retire kas nou an? b) Ki jan n ka montre nou pa kite Satan twonpe nou?

17 Ki fason Satan ka fè n retire kas nou an? Ann wè ki jan l te aji ak Jezi. Se sèten Satan te konnen Jezi te gen espwa l ap dirije limanite yon lè. Men, Jezi te gen pou l ret tann jiskaske lè Jewova fikse pou sa a rive. Epitou, anvan sa rive, li t ap gen pou l soufri e pou l mouri. Se sa k fè Satan te ofri Jezi posiblite pou l jwenn sa l te espere a pi vit. Satan te fè konnen si Jezi annik fè yon jès pou l adore l, li t ap ka jwenn tout bagay sa yo menm kote a (Lik 4:5-7). Menm jan an tou, Satan konnen Jewova ap fè n jwenn byenfè nan domèn materyèl nan sistèm ki gen pou vini an. Men, nou oblije ret tann, e n ka andire anpil difikilte anvan sa. Se sa k fè Satan ofri n posiblite ki atiran pou n jwi kalite lavi sa a depi kounye a. Li vle pou n chèche jwenn avantaj materyèl anvan, pou n chèche gen tout bagay sa yo depi kounye a. Satan ap ankouraje n bay Wayòm nan dezyèm plas nan lavi nou. — Mat. 6:31-33.

18 Menm jan ak anpil jèn kretyen, Kiana, ki gen 20 an, pa kite Satan twonpe l ak manti sa a. Men sa l di: “M konnen se Wayòm Bondye a ki sèl espwa pou rezoud tout pwoblèm nou yo.” Ki efè esperans solid sa a genyen sou fason l panse ak fason l aji kounye a? Men sa l ajoute: “Espwa m gen nan Paradi a ede m voye objektif pwofàn yo byen lwen. M pa eseye pwofite talan m genyen yo, ni chèche jwenn pwomosyon nan yon djòb. Olye de sa, m bay tout tan m ak fòs mwen pou m atenn objektif espirityèl.”

Kas delivrans lan. (Gade paragraf 15-18.)

“EPE LESPRI A”, SÈTADI PAWÒL BONDYE A

19, 20. Ki jan n ka chèche vin pi maton nan fason n sèvi ak Pawòl Bondye a?

19 Nan epòk Pòl te ekri lèt li a, epe sòlda women yo te konn genyen an te mezire 50 santimèt longè e l te fèt pou yo fè konba ak men. Youn nan rezon ki fè sòlda women yo te fò anpil nan fason yo sèvi ak epe yo, se paske yo te konn antrene ak yo chak jou.

20 Pòl te konpare Pawòl Bondye a ak yon epe Jewova ban nou. Men, nou dwe aprann ki jan pou n byen sèvi avè l lè n ap defann kwayans nou oswa pou n fè chanjman nan fason n panse (2 Kor. 10:4, 5; 2 Tim. 2:15). Ki jan n ka vin pi maton nan fason n sèvi avè l? Men sa Sebastian ki gen 21 an di: “Mwen kopye yon vèsè nan chak chapit mwen li nan Bib la. Mwen fè yon lis ak vèsè m pi renmen yo. Konsa, sa fè m santi m pi byen konprann fason Jewova panse.” Men sa Daniel, nou te pale de li pi wo a, di: “Lè m ap fè lekti Labib, m chwazi vèsè m panse k ap ede moun mwen rankontre nan travay predikasyon an. Selon sa m remake, moun yo pi byen reyaji lè yo wè w renmen Bib la anpil e w ap fè tout sa w kapab pou w ede yo.”

Epe lespri a. (Gade paragraf 19-20.)

21. Poukisa n pa dwe pè Satan ak demon yo?

21 Menm jan jèn nou pale de yo nan atik sa a montre sa, nou pa bezwen pè Satan ak demon yo. Se vre yo gen anpil pisans, men, yo pa gen plis pisans pase Jewova. Epitou, yo ka mouri. Talè konsa, pandan Rèy mil an Kris la, yo pral fèmen yo yon kote yo pap ka fè anyen ditou, epi, apre sa, y ap detwi yo (Rev. 20:1-3, 7-10). Nou konn ènmi nou an, nou konn taktik li yo e n konn entansyon l. Grasa èd Jewova, nou kapab kenbe fèm kont li!