Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kongrè distri nan Nyzhnya Apsha, nan peyi Ikrèn, nan ane 2012.

Yon gwo rekòt!

Yon gwo rekòt!

JEZI te fè konnen disip li yo t ap gen pou yo fè yon gwo rekòt nan tan lafen an (Mat. 9:37; 24:14). Ann wè ki jan pawòl li te di yo te reyalize yon fason espesyal nan zòn Transkapati, nan peyi Ikrèn. Nan zòn sa a, nan sèlman twa vil ki toupre youn lòt, gen 50 kongregasyon ak plis pase 5 400 pwoklamatè *. Sa vle di, sou chak 4 moun ki gen nan twa vil sa yo, gen youn nan yo ki Temwen Jewova!

Ki jan travay predikasyon an ye nan tèritwa a? Men sa yon frè nan zòn nan ki rele Vasile fè konnen: “Isit la, moun yo gen respè pou Bib la, yo bay jistis anpil valè, yo gen relasyon solid ak moun nan fanmi yo e youn eseye ede lòt ak tout kè yo.” Men sa l ajoute: “Yo pa toujou dakò ak kwayans nou yo. Men, lè w ap montre yo yon bagay nan Bib la, y ap pran san yo pou yo koute.”

Nòmalman, frè ak sè nou yo jwenn kèk difikilte nou pa abitye jwenn lè y ap preche nan yon zòn kote gen tout pwoklamatè sa yo pou yon tikras moun. Pa egzanp, gen yon kongregasyon ki gen 134 pwoklamatè, men, se sèlman 50 kay prive ki gen nan tèritwa pa l la! Ki jan pwoklamatè yo adapte yo ak sitiyasyon sa a?

Gen anpil frè ak sè ki ofri tèt yo pou y al preche nan zòn ki gen anpil bezwen. Men sa yon frè aje ki gen 90 an e ki rele Ionash fè konnen: “Nan tèritwa kongregasyon nou an, gen yon pwoklamatè pou chak 2 kay. M konn preche nan vilaj la, men, sa pa gen twò lontan, pandan sante m t ap bese, m te fè yon vwayaj sou yon distans anviwon 160 kilomèt pou m al preche nan lang ongwa nan yon tèritwa yo pa preche souvan.” Pwoklamatè yo dwe fè anpil sakrifis pou y al bay èd yo nan lòt tèritwa. Men sa Ionash di: “Pou m ka pran tren, m leve a katrè dimaten e m ret preche jiska sizè diswa lè tren an ap tounen. M konn fè sa de oswa twa fwa pa semèn.” Èske l te santi sa vo lapenn pou l fè efò sa yo? Men sa l di: “M jwenn anpil jwa nan fòm sèvis sa a. M te kontan ede yon fanmi ki abite nan yon zòn izole aprann laverite.”

Nou konprann se pa tout moun nan kongregasyon ki nan zòn sa a ki ka vwayaje sou yon distans ki long. Men yo tout, san wete pwoklamatè ki granmoun yo, fè gwo efò pou yo byen preche tout tèritwa kongregasyon yo a. Kòm rezilta, an 2017, asistans Memoryal pou twa ti vil sa yo te prèske 2 fwa kantite pwoklamatè yo, oswa mwatye kantite moun k ap viv nan zòn sa a. Sa klè, kèlkeswa kote n ap sèvi a, toujou gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. — 1 Kor. 15:58.

^ § 2 Non vil yo se: Hlybokyy Potik, Serednye Vodyane ak Nyzhnya Apsha.