Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”

“Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”

“Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — MATYE 28:19, 20.

KANTIK: 141, 97

1, 2. Ki kesyon nou ka poze anrapò ak pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 24:14 la?

JEZI te fè konnen nan dènye jou yo, tout moun t ap gen pou yo tande bon nouvèl konsènan Wayòm nan (Matye 24:14). Antanke Temwen Jewova, se toupatou nan monn nan yo rekonèt nou pou travay predikasyon nou an. Gen kèk moun ki renmen mesaj n ap preche a e gen lòt ki pa renmen l. Sepandan, menm pami moun ki pa renmen mesaj nou an, genyen ki respekte nou pou travay n ap fè a. Nou rekonèt se nou menm k ap fè travay Jezi te di ki t apral fèt la. Èske n gen rezon pou n di sa? Ki jan n ka rive sèten travay predikasyon nou an se travay Jezi te di ki t apral fèt la?

2 Gen anpil gwoup relijye ki fè konnen y ap preche mesaj Jezi a. Men, predikasyon yo a gen yon limit, li rete sèlman nan diskou yo bay nan legliz, nan televizyon, sou Entènèt oubyen yo ka sèlman di lòt moun kòman yo te aprann konnen Jezi. Gen lòt moun ki santi lè yo ede moun ki nan bezwen oswa yo fè kèk zèv charite tankou travay antanke doktè, enfimyè ak anseyan, se fason pa yo pou yo preche. Men, èske se bagay sa yo ki travay predikasyon Jezi t ap pale a?

3. Selon Matye 28:19, 20, ki kat bagay moun k ap suiv Jezi yo dwe fè?

3 Èske Jezi te vle pou disip li yo ret tann moun yo vin jwenn yo? Non! Apre Jezi te fin resisite, men sa l te di plizyè santèn moun ki t ap suiv li: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Matye 28:19, 20). Donk, antanke disip Jezi, nou bezwen fè kat bagay. Nonsèlman, nou dwe fè disip, batize yo epi anseye yo, toudabò, nou dwe ale kot moun yo. Men sa yon biblis fè konnen: “‘Ale’ se travay chak moun ki kwè, kit yo dwe mache nan lari, kit yo dwe janbe lanmè.” — Matye 10:7; Lik 10:3.

4. Pou yon moun vin “pechè moun”, ki sa sa mande?

4 Ki sa Jezi te atann nan men disip li yo? Èske l te vle yo preche jan yo vle oubyen l te vle pou yo òganize yo antanke gwoup? Etandone l t ap enposib pou yon sèl moun rive preche nan “tout nasyon”, disip Jezi yo t ap bezwen òganize yo antanke gwoup. Se sa menm Jezi te vle di lè l te envite disip li yo pou yo vin tounen “pechè moun” nan. (Li Matye 4:18-22.) Jezi pa t ap pale de yon pechè pwason ki voye liy li ansanm ak zen l nan dlo epi k ap tann pou pwason yo vin pran ladan l. Olye de sa, lapèch Jezi t ap pale a te gen rapò ak lè moun ap sèvi ak yon filè. Kalite lapèch sa a mande pou moun travay di, pou yo òganize e pou gen anpil moun k ap travay ansanm. — Lik 5:1-11.

5. Ki kesyon nou bezwen jwenn repons pou yo, e poukisa?

5 Pou n rive konnen ki moun k ap preche bon nouvèl la jodi a, nou bezwen jwenn repons pou kat kesyon:

  • Ki mesaj moun k ap suiv Jezi yo dwe preche?

  • Ki rezon k dwe pouse yo preche?

  • Ki metòd yo dwe itilize?

  • Ki kantite travay yo dwe fè, e pandan konbyen tan yo dwe kontinye fè l?

Repons kesyon sa yo ap ede n idantifye moun k ap fè travay sa a, yon travay k ap sove lavi moun, e l ap fè n vin plis anvi kontinye preche. — 1 Timote 4:16.

KI MESAJ NOU DWE PRECHE?

6. Poukisa w ka gen konfyans se Temwen Jewova yo k ap preche mesaj ki kòrèk la?

6 Li Lik 4:43. Jezi te preche “bon nouvèl Wayòm” nan e l vle pou disip li yo fè menm jan an. Ki gwoup moun k ap fè tout moun tande mesaj sa a? Se sèlman Temwen Jewova yo! Menm kèk moun ki pa vle wè nou dakò ak sa. Pa egzanp, tande ki sa yon prèt misyonè ki te viv nan plizyè peyi te di yon Temwen Jewova. Nan chak peyi prèt la te ye, li te mande Temwen Jewova yo ki mesaj y ap preche. Men sa prèt la te di: “Yo tout tèlman sòt, yo bay menm repons lan: ‘Bon nouvèl Wayòm nan.’” Sa klè, kòmantè prèt la bay prèv nou pa sòt, men pito, nou ini antanke vrè kretyen (1 Korentyen 1:10). Anplis de sa, Wayòm Bondye a se sijè prensipal Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Peryodik sa a disponib nan 254 lang, e an mwayèn, yo enprime prèske 59 000 000 ladan l chak mwa, se sa k fè l se peryodik yo plis pibliye nan monn nan!

Se sèl Temwen Jewova yo k ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a.

7. Ki jan n fè konnen chèf legliz lakretyente yo pap preche mesaj ki kòrèk la?

7 Chèf Legliz lakretyente yo pa preche konsènan Wayòm Bondye a. Menmsi yo konn pale de Wayòm Bondye a, anpil nan yo di Wayòm nan se yon santiman ki nan kè moun (Lik 17:21). Yo pa fè moun yo konnen Wayòm nan se yon gouvènman ki nan syèl la e se Jezi k ap dirije l. Olye de sa, an jeneral, yo pale de Jezi nan epòk Nwèl oswa fèt Pak. Yo pa fè moun yo konnen Wayòm nan pral rezoud pwoblèm tout moun epi, talè konsa, li pral retire tout mechanste sou tè a (Revelasyon 19:11-21). Sa klè, chèf legliz lakretyente yo pa konn sa Jezi pral fè antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Epi, piske yo pa konprann mesaj Jezi a, yo pa konprann rezon ki fè yo ta dwe preche.

KI REZON K DWE POUSE N PRECHE?

8. Nan ki move objektif yon moun pa dwe preche?

8 Disip Jezi yo pa dwe preche nan objektif pou yo fè lajan oubyen pou yo bati gwo bilding. Men sa Jezi te di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” (Matye 10:8). Kidonk, travay predikasyon an pa dwe yon biznis (2 Korentyen 2:17, nòt). Disip Jezi yo pa dwe mande moun peye yo pou travay predikasyon y ap fè a. (Li Travay 20:33-35.) Byenke enstriksyon Jezi yo byen klè, pifò legliz pase tout tan yo ap ranmase lajan pou yo peye depans legliz yo e pou yo peye moun ki responsab legliz yo ak lòt anplwaye ankò. Kòm rezilta, anpil responsab legliz ki di se kretyen yo ye vin rich anpil. — Revelasyon 17:4, 5.

Travay predikasyon an pa dwe yon biznis.

9. Ki sa Temwen Jewova yo fè ki montre rezon ki fè y ap patisipe nan travay predikasyon an kòrèk?

9 Èske Temwen Jewova yo fè lakòlèt nan Sal Wayòm yo oubyen lè y ap fè kongrè? Non! Se grasa ofrann volontè y ap soutni travay y ap fè a (2 Korentyen 9:7). Aktout sa, nan ane ki sot pase a, Temwen Jewova yo te pase prèske de milya èdtan ap preche bon nouvèl la e yo te kondui plis pase nèf milyon etid biblik chak mwa. Yo pa peye yo pou yo preche, men, yo kontan itilize lajan yo pou yo fè travay sa a. Men sa yon moun k ap fè rechèch te di sou travay Temwen Jewova yo: “Objektif yo se preche moun epi anseye yo.” Epitou, li te fè konnen Temwen Jewova yo pa gen yon gwoup moun responsab pou yo peye. Bon, si n pa preche pou lajan, ki sa k pouse n preche? Nou fè travay sa a ak kè kontan paske nou renmen Jewova e nou renmen moun. Atitid sa a reyalize yon pwofesi ki nan Sòm 110:3. (Li vèsè a.)

KI METÒD NOU DWE ITILIZE?

Nou preche kèlkeswa kote nou jwenn moun. (Gade paragraf 10.)

10. Ki metòd Jezi ak disip li yo te itilize pou yo preche?

10 Ki metòd Jezi ak disip li yo te itilize pou yo fè travay predikasyon an? Yo t al tout kote yo te ka jwenn moun. Pa egzanp, yo te preche nan lari ak nan mache. Yo te chèche jwenn moun yo lakay yo (Matye 10:11; Lik 8:1; Travay 5:42; 20:20). Travay predikasyon kay an kay la se youn nan fason yo te rive pale ak tout kalite moun.

11, 12. Ki diferans ki genyen ant metòd Temwen Jewova yo itilize pou yo preche bon nouvèl la ak metòd legliz lakretyente yo itilize yo?

11 Èske Legliz ki di y ap suiv Kris yo ap preche bon nouvèl la jan Jezi te konn fè a? An jeneral, responsab legliz y ap peye yo annik bay fidèl yo yon sèmon. Responsab sa yo pap chèche fè nouvo disip, yo sèlman bezwen kenbe fidèl legliz la deja genyen yo. Pafwa, yo konn eseye ankouraje fidèl yo al preche. Pa egzanp, nan ane 2001, nan yon lèt pap Jan Pòl II te ekri, li te di manm legliz yo dwe preche levanjil la e yo dwe chofe menm jan ak apot Pòl ki te di: “Malè pou mwen si m pa t anonse bon nouvèl la!” Epi, pap la te di se pa sèlman yon ti gwoup moun yo fòme pou sa ki ta dwe fè travay predikasyon an, men se tout moun legliz. Sepandan, pa gen anpil moun ki te suiv konsèy sa a.

12 E Temwen Jewova yo? Yo se sèl moun k ap fè konnen Jezi ap dirije antanke Wa depi 1914. Yo obeyi Jezi e yo bay travay predikasyon an priyorite nan lavi yo (Mak 13:10). Selon yon liv referans (Pillars of Faith — American Congregations and Their Partners), travay predikasyon an enpòtan anpil pou Temwen Jewova yo. Epi, liv la fè konnen, lè yo jwenn moun ki grangou, ki poukont yo e ki malad, yo eseye ede yo, men yo pa janm bliye objektif prensipal yo se preche lafen monn sa a toupre epi anseye moun yo ki sa pou yo fè pou yo sove. Temwen Jewova yo kontinye preche mesaj sa a e yo kontinye suiv menm metòd Jezi ak disip li yo te genyen an.

KI KANTITE TRAVAY KI DWE FÈ, E KONBYEN TAN LI DWE DIRE?

13. Ki kantite travay moun k ap suiv Jezi yo t ap gen pou yo fè?

13 Jezi te di moun k ap suiv li yo dwe preche bon nouvèl la e yo dwe anseye moun “sou tout tè a”. Li te ba yo lòd pou yo fè disip “pami moun tout nasyon”. (Matye 24:14; 28:19, 20.) Sa vle di yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la sou tout tè a.

14, 15. Ki prèv ki montre se Temwen Jewova yo k ap reyalize pwofesi Jezi te bay konsènan kokennchenn travay ki ta dwe fèt la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

14 Se sèl Temwen Jewova yo ki reyalize pwofesi konsènan predikasyon bon nouvèl la sou tout tè a. Poukisa nou di sa? Ozetazini, gen anviwon 600 000 manm klèje lakretyente, alòske gen anviwon 1 200 000 Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la nan peyi sa a. Sou tout kò tè a, gen anviwon 400 000 prèt katolik, men gen plis pase 8 milyon Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la nan 240 peyi. Li klè, Temwen Jewova yo ap preche bon nouvèl la toupatou sou tè a, sa ki fè moun onore Jewova e yo fè louwanj pou li! — Sòm 34:1; 51:15.

15 Antanke Temwen Jewova, objektif nou se preche plis moun posib bon nouvèl la anvan lafen an rive. Pou n rive fè travay sa a, nou tradui epi n pibliye plizyè milyon liv, peryodik, feyè ak envitasyon pou Memoryal ak kongrè nan plis pase 700 lang. Nou bay moun yo piblikasyon sa yo gratis. Sèlman ane ki sot pase a, nou te pibliye anviwon 4,5 milya piblikasyon ki baze sou Bib la. Epitou, nou pibliye plis pase 200 milyon Labib — Tradiksyon monn nouvo a nan plis pase 130 lang. Sou sit Entènèt ofisyèl nou an n ap jwenn enfòmasyon ki disponib nan plis pase 750 lang. Se sèl Temwen Jewova yo k ap fè yon gwo travay konsa.

16. Ki jan n fè konnen Temwen Jewova yo gen lespri sen Bondye?

16 Konbyen tan travay predikasyon an t ap dire? Jezi te di yo ta dwe preche bon nouvèl la jiskaske lafen an rive. Antanke Temwen Jewova, nou rive andire nan travay predikasyon an sèlman grasa lespri sen Jewova (Travay 1:8; 1 Pyè 4:14). Gen kèk moun legliz ki kapab di yo “gen lespri sen”. Men èske yo ka fè travay Temwen Jewova yo ap fè nan dènye jou sa yo? Gen kèk gwoup moun ki eseye preche menm jan ak fason n ap preche a, men yo pa kapab. Gen lòt menm ki dispoze preche, men pandan yon tan. Epitou, genyen ki ka preche kay an kay, men yo pap preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan. Kidonk, yo pa kapab fè travay Jezi te kòmanse a.

KI MOUN JODI A K AP PRECHE BON NOUVÈL LA TOUTBONVRE?

17, 18. a) Ki sa k fè n gen asirans se Temwen Jewova yo k ap preche bon nouvèl Wayòm nan jodi a? b) Ki sa k fè n kapab kontinye fè travay sa a?

17 Ebyen, ki moun k ap preche bon nouvèl Wayòm nan jodi a? Se sèlman Temwen Jewova yo! Ki jan n fè konn sa? Paske se nou menm k ap preche mesaj ki kòrèk la, anpalan de bon nouvèl Wayòm nan. N al chèche moun yo lè n al preche, kidonk, nou itilize bon metòd la. Nou preche pou rezon ki kòrèk la, sa vle di, paske nou renmen Jewova e nou renmen moun. Travay predikasyon nou an rive touche pi plis moun paske nou preche moun tout nasyon e ki pale tout kalite lang. Epi, n ap kontinye preche bon nouvèl la jiskaske lafen an rive!

18 Se yon bagay ki vrèman enteresan pou n wè tout travay pèp Jewova a ap fè pou yo preche bon nouvèl la nan dènye jou sa yo. Men, ki jan n fè rive akonpli tout travay sa a? Men ki esplikasyon apot Pòl te bay sou sa: “Se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.” (Filipyen 2:13). Se pou Jewova kontinye ban nou fòs nou bezwen yon fason pou n fè tout sa n kapab pou n kontinye preche bon nouvèl la! — 2 Timote 4:5.