Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Demontre lanmou nan fason w rezoud pwoblèm ak lòt moun

Demontre lanmou nan fason w rezoud pwoblèm ak lòt moun

“Kontinye gen lapè nan mitan nou.” — MAK 9:50.

KANTIK: 39, 77

1, 2. Ki konfli yo pale de yo nan liv Jenèz la, e poukisa istwa sa yo dwe enterese nou?

ÈSKE W pa janm pran tan pou w reflechi ak pasaj nan Bib la ki pale de pwoblèm moun te konn gen youn ak lòt? Nan sèlman kèk nan premye chapit ki nan liv Jenèz la, nou aprann Kayen te touye Abèl (Jenèz 4:3-8); Lamèk te touye yon jèn gason poutèt li te frape l (Jenèz 4:23); gadò bèt Abraram yo te nan gwo diskisyon ak gadò bèt Lòt yo (Jenèz 13:5-7); Aga te santi l siperyè Sara, Sara te vin an kòlè kont Abraram (Jenèz 16:3-6); Izmayèl te nan kont ak tout moun e tout moun te nan kont avè l. — Jenèz 16:12.

2 Pou ki sa Bondye te fè ekri istwa sa yo nan Bib la? Se paske nou kapab aprann nan egzanp moun enpafè sa yo ki te gen bonjan pwoblèm. Nou menm tou nou enpafè, e lè n rankontre menm pwoblèm sa yo nan lavi nou, nou ka imite bon egzanp nou jwenn nan Bib la e n ka evite move egzanp yo (Women 15:4). Sa kapab ede n aprann ki jan n pou n viv anpè ak lòt moun.

3. Ki sa n pral aprann nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral aprann rezon ki fè n bezwen rezoud pwoblèm oswa mezantant nou gen youn ak lòt e fason nou ka fè sa. Anplis de sa, nou pral aprann kèk prensip biblik ki ka ede n rezoud pwoblèm yo, epi kontinye gen bon relasyon ak Jewova ansanm ak lòt moun.

REZON KI FÈ SÈVITÈ BONDYE YO DWE REZOUD PWOBLÈM YO GEN AK LÒT MOUN

4. Ki rezònman ki fin gaye toupatou nan monn nan, e ki sa sa lakòz?

4 Satan se prensipal moun ki lakòz moun divize e yo gen tout pwoblèm sa yo antre yo. Ki sa k fè n di sa? Nan jaden Edenn nan, Satan te fè konnen chak moun ka deside sa ki byen ak sa ki mal poukont yo san èd Bondye e yo dwe fè sa (Jenèz 3:1-5). Sepandan, lè n ap gade monn nan jodi a, nou ka wè se sèlman pwoblèm yon konpòtman konsa lakòz. Gen anpil moun ki santi yo gen dwa pou yo deside sa ki byen ak sa ki mal poukont yo. Yo gen ògèy, yo egoyis, y ap fè konpetisyon, e si desizyon yo pran yo blese lòt moun, sa pa di yo anyen. Konpòtman sa yo lakòz moun gen pwoblèm youn ak lòt. Bib la fè n sonje si n gen tandans fè kòlè fasil, n ap toujou nan kont ak lòt moun e sa ap fè n peche anpil. — Pwovèb 29:22.

5. Ki jan Jezi te anseye moun yo pou yo regle mezantant?

5 Lè Jezi te bay Diskou sou mòn nan, li te anseye disip li yo pou yo fè lapè e pou yo evite gen kont ak lòt moun, menmsi sa ta sanble pa nan enterè yo pou yo fè sa. Pa egzanp, li te di yo yo dwe gen tanperaman dou, yo dwe fè lapè ak lòt moun, yo dwe voye santiman tankou kòlè jete, yo dwe rezoud pwoblèm yo gen ak lòt moun byen vit e yo dwe renmen ènmi yo. — Matye 5:5, 9, 22, 25, 44.

6, 7. a) Poukisa l enpòtan pou n regle mezantant yo byen rapid? b) Ki kesyon tout sèvitè Jewova yo dwe poze tèt yo?

6 Jodi a, nou adore Jewova lè n priye l, lè n al preche e lè n al nan reyinyon. Si n pa fè lapè ak frè ak sè n yo, Jewova pap aksepte adorasyon n ap ba li a (Mak 11:25). Pou n ka zanmi Jewova, nou dwe padone erè lòt moun. — Li Lik 11:4; Efezyen 4:32.

Èske w padone frè w yo byen rapid?

7 Jewova atann li pou tout sèvitè l yo renmen padone e pou yo gen lapè nan mitan yo. Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m padone frè m yo byen rapid? Èske m renmen pase tan avèk yo?’ Si w rann ou kont ou dwe aprann padone plis toujou, priye Jewova pou w mande l ede w fè amelyorasyon. Papa nou ki nan syèl la ap tande priyè sensè sa yo e l ap reponn yo. — 1 Jan 5:14, 15.

ÈSKE W KA PASE SOU SA YO FÈ W LA?

8, 9. Ki sa n dwe fè si yon moun ta blese nou?

8 Nou tout nou enpafè, se sa k fè, nou mèt atann nou pou moun di nou oswa fè nou bagay ki ka blese nou (Eklezyas 7:20; Matye 18:7). Ki jan w ap reyaji? Nou ka aprann yon leson enpòtan nan eksperyans ki vin apre a: Nan yon rasanbleman, gen yon sè ki te salye de frè. Men, gen youn nan frè yo ki pa t renmen fason sè a te salye l la. Lè de frè yo te vin poukont yo, frè ki te santi l blese a te kòmanse plenyen kont sè a. Sepandan, lòt frè a te fè l sonje sè a gen 40 an depi l ap sèvi Jewova fidèlman malgre l jwenn anpil pwoblèm. Li te sèten sè a pa t vle blese lòt frè a. Ki jan premye frè a te reyaji? Li te di: “Ou gen rezon.” Apre sa, li te chwazi bliye sa k te pase a.

9 Ki sa eksperyans sa a aprann nou? Lè yon moun blese nou, nou ka chwazi fason n ap reyaji. Yon moun ki gen lanmou ap padone lòt moun. (Li Pwovèb 10:12; 1 Pyè 4:8.) Se yon bagay ki bèl nan je Jewova lè n “padone bagay mal yo fè” nou (Pwovèb 19:11; Eklezyas 7:9). Donk, pwochèn fwa yon moun di w oswa l fè w yon bagay ki blese w, mande tèt ou: ‘Èske m ka pase sou sa l fè m nan? Èske m vrèman bezwen kontinye panse ak sa?’

10. a) Ki premye reyaksyon yon sè te genyen lè lòt moun kritike l? b) Ki vèsè ki te ede sè sa a kontinye viv anpè?

10 Lè lòt moun di move bagay sou nou, li ka difisil pou n pase sou sa yo di a. Ann wè sa k te rive yon sè pyonye n ap bay non Lisi. Gen kèk moun nan kongregasyon an ki pa t byen pale sou fason l preche ak fason l sèvi ak tan l. Li te santi l blese anpil e l t al chèche konsèy nan men kèk frè ki gen matirite. Ki jan sa te pase? Li di yo te sèvi ak Bib la pou yo ede l sispann panse twòp ak move lide lòt moun gen sou li e pou l kòmanse panse plis ak Jewova. Li te jwenn ankourajman lè l te li Matye 6:1-4. (Li vèsè yo.) Vèsè sa yo te fè l sonje sa k pi enpòtan an se fè kè Jewova kontan. Konsa, li te chwazi bliye move pawòl yo te di sou li yo. Kounye a, menmsi lòt moun di move pawòl sou fason l preche, li kontan paske l konnen l ap eseye fè tout sa l kapab pou l fè kè Jewova kontan.

LÈ W PA KA PASE SOU SA YO FÈ W LA

11, 12. a) Ki jan yon kretyen dwe reyaji si l panse yon frè l “gen yon bagay avè” l? b) Ki sa n ka aprann nan fason Abraram te regle yon mezantant? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

11 “Nou tout nou bite tanzantan.” (Jak 3:2). Ann sipoze yon frè oubyen yon sè te santi l blese akoz yon bagay ou te di oubyen w te fè. Ki sa w dwe fè? Jezi te di si “w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an”. (Matye 5:23, 24.) Kidonk, se pou w al pale ak frè w la. Lè w ap fè sa, objektif ou se ta dwe fè lapè avè l. Ou dwe rekonèt fot ou fè a e pa eseye blame frè w la. Sa k pi enpòtan an se fè lapè ak frè w la.

Objektif nou se ta dwe fè lapè ak frè n yo.

12 Bib la montre ki jan sèvitè Bondye yo ka kontinye viv anpè lè yo gen pwoblèm antre yo. Pa egzanp, Abraram ak neve l la, Lòt, te gen anpil bèt, epi gadò bèt yo te kòmanse nan kont youn ak lòt paske pa t gen ase espas pou yo tout la. Etandone Abraram te vle fè lapè, li te kite Lòt chwazi pi bon kote nan peyi a (Jenèz 13:1, 2, 5-9). Ala yon bèl egzanp Abraram kite pou nou! Piske Abraram te renmen bay, èske l te pèdi sa l te bay yo nèt? Non. Tousuit apre sa, Jewova te pwomèt Abraram l ap beni l e l ap ba l plis pase sa l te pèdi yo (Jenèz 13:14-17). Ki leson nou aprann? Menmsi nou pèdi kèk bagay, Jewova ap beni nou lè n demontre lanmou nan fason n regle mezantant. [1] — Gade nòt la.

13. Ki jan yon siveyan te reyaji lè yo te pale mal avè l, e ki sa n ka aprann nan egzanp li?

13 Ann konsidere yon egzanp nan epòk nou an. Gen yon nouvo siveyan yon depatman nan yon kongrè ki te rele yon frè pou l mande frè a si l kapab travay nan depatman an. Frè a te di siveyan an yon pakèt move pawòl epi l fèmen telefòn nan paske l te toujou fache ak siveyan ki te responsab depatman sa a anvan sa. Nouvo siveyan an pa t kite sa fè l fache, men, li pa t ka fèmen je l sou sa k te pase a. Apre inèdtan, li rele frè a ankò e l pwopoze l pou yo rankontre. Semèn ki te vin apre a, frè yo te rankontre nan Sal Wayòm nan e apre yo te fin priye Jewova, yo te fè inèdtan ap pale. Frè a te esplike sa k te pase ak premye siveyan an. Avèk jantiyès, nouvo siveyan an te koute l e l te pale avè l sou kèk vèsè ki ka ede l. Kòm rezilta, frè yo te fè lapè e yo te travay ansanm nan kongrè a. Frè a te rekonesan dèske siveyan an te pale avè l avèk dousè e ak jantiyès.

ÈSKE W TA DWE AL KOT ANSYEN YO?

14, 15. a) Ki lè nou dwe aplike konsèy nou jwenn nan Matye 18:15-17 la? b) Site twa etap Jezi te bay yo, e di nan ki objektif nou ta dwe suiv etap sa yo.

14 De kretyen kapab rezoud pifò pwoblèm yo gen antre yo an prive e yo dwe fè sa. Sepandan, pafwa, sa konn pa posib. Selon Matye 18:15-17, gen kèk sitiyasyon ki ka mande pou lòt moun ede yo. (Li vèsè yo.) “Peche” Jezi pale de li nan vèsè a pa yon senp dezakò ant de kretyen. Ki jan n fè konn sa? Se paske Jezi te di si moun ki peche a pa vle repanti apre l fin pale ak frè l la, ak temwen yo ansanm ak frè ki responsab yo, yo ta dwe konsidere l “menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo, menm jan ak yon pèseptè”. Jodi a, pawòl sa yo vle di yo ta dwe eskominye l. “Peche” y ap pale nan vèsè sa yo kapab bagay tankou fwod oswa tripotay, men, yo pap pale la a de peche tankou adiltè, relasyon seksyèl ant de moun ki gen menm sèks, apostazi oswa idolatri. Se ansyen yo ki dwe trete kalite peche sa yo.

Li ka nesesè pou w pale plizyè fwa ak frè w la pou w ka rive fè lapè avè l. (Gade paragraf 15.)

15 Lè Jezi t ap bay konsèy sa a, objektif li se te montre n kòman pou n ede yon frè paske n renmen l (Matye 18:12-14). Ki jan n ka suiv konsèy sa a? 1) Nou ta dwe eseye fè lapè ak frè nou an san nou pa foure lòt moun nan koze a. Nou ka bezwen pale avè l plizyè fwa. Men, ki sa n ta dwe fè si poko gen lapè antre nou? 2) Nou dwe al pale ak frè nou an ansanm ak yon lòt moun ki okouran de sitiyasyon an oswa ki ka wè si gen yon bagay mal ki te fèt. Si pwoblèm nan vin rezoud, w ap “fè frè w la tounen nan bon chemen”. Sepandan, se sèlman apre w fin pale ak frè w la plizyè fwa e w pa rive fè lapè avè l, ou ta dwe 3) fè ansyen yo konn pwoblèm nan.

16. Ki sa k fè l pratik pou n suiv konsèy Jezi a e sa k fè sa montre nou gen lanmou?

16 Nan pifò ka, li pa nesesè pou n suiv toule twa etap nou jwenn nan Matye 18:15-17 la. Sa ankourajan pou n konn sa. Sa k fè n di sa? Paske nan pifò ka, moun ki peche a konn rekonèt erè l fè a epi l rezoud pwoblèm nan, konsa, yo konn pa oblije eskominye l. Lè sa a, moun ki te blese a dwe padone frè l la pou ka gen lapè antre yo. Donk, konsèy Jezi a montre byen klè nou pa oblije al kot ansyen yo twò bonè. Se sèlman apre n fin suiv de premye etap yo e gen bonjan prèv ki montre frè a te fè yon bagay mal vre, nou ta dwe al kot ansyen yo.

17. Ki benediksyon n ap jwenn lè n ‘chèche fè lapè’ youn ak lòt?

17 Toutotan nou enpafè, n ap kontinye blese lòt moun. Men sa disip Jak te ekri: “Si yon moun pa bite nan pawòl li, li se yon moun pafè ki kapab bride tout kò l tou.” (Jak 3:2). Pou n rive rezoud pwoblèm nou gen youn ak lòt yo, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n ‘chèche lapè epi fè tout sa n kapab pou n jwenn li’. (Sòm 34:14.) Lè n kontinye fè lapè ak lòt moun, n ap vin bon zanmi frè ak sè n yo e sa ap fè n kontinye viv nan tèt ansanm (Sòm 133:1-3). Sa k pi enpòtan an, n ap vin gen yon relasyon sere ak Jewova, “Bondye ki bay lapè a”. (Women 15:33.) N ap jwenn tout benediksyon sa yo lè n demontre lanmou nan fason nou rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun.

^ [1] (paragraf 12) Pami lòt moun ki te rezoud pwoblèm yo te gen ak lòt moun nan lapè, te gen Jakòb, nan fason l te aji ak Ezaou (Jenèz 27:41-45; 33:1-11); Jozèf, nan fason l te boule ak frè l yo (Jenèz 45:1-15); ak Jedeyon, nan fason l te boule ak mesye Efrayim yo (Jij 8:1-3). Petèt ou ka reflechi ak kèk lòt egzanp menm jan an nan Bib la.