Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa w fè lè w ap pran desizyon?

Ki sa w fè lè w ap pran desizyon?

“Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye.” — EFEZYEN 5:17.

KANTIK: 69, 57

1. Site kèk lwa Bondye bay, epi esplike ki avantaj nou jwenn lè n obeyi yo.

JEWOVA ban nou yon seri lwa nan Bib la ki di byen klè ki sa li vle nou fè. Pa egzanp, li di nou pa dwe fè imoralite seksyèl, adore zidòl, vòlè epi bwè pou n sou (1 Korentyen 6:9, 10). Epi, Pitit Jewova a, anpalan de Jezi, te bay disip li yo lòd byen klè sa a: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. Epi gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” (Matye 28:19, 20). Tout sa Jewova ak Jezi mande nou fè se pou byen nou. Lwa Jewova yo anseye nou pou n pran swen tèt nou ak fanmi nou e yo ede n viv an sante e ak kè kontan. Sa k pi enpòtan an, lè n obeyi lòd Jewova, menm lòd pou n preche a, sa fè l plezi e li beni nou.

2, 3. a) Poukisa Bib la pa ban nou yon pakèt règ pou tout sitiyasyon nan lavi a? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Anmenmtan an tou, Bib la pa ban nou yon seri règ sou chak sitiyasyon nou ka rankontre nan lavi a. Pa egzanp, nou pa gen yon enstriksyon byen klè nan Bib la sou kalite rad nou dwe mete. Sa montre jan Jewova gen sajès. Menmsi avèk letan mòd ap plede chanje e moun toupatou sou tè a met divès kalite rad, Bib la pa janm pase mòd. Mete sou sa, Bib la pa gen yon pakèt règ ki fè konnen ki kalite travay pou n fè, oubyen ki kalite divètisman pou n pran oswa ki sa n dwe fè pou n ret an bon sante. Jewova kite chak moun oubyen chak chèf fanmi pran desizyon nan domèn sa yo.

3 Lè n dwe pran yon desizyon ki enpòtan anpil, k ap gen efè sou lavi nou e pa gen okenn lwa nan Bib la sou sa, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske Jewova enterese nan desizyon m ap pran an? Èske l ap dakò ak nenpòt desizyon m pran depi desizyon m nan pa kont yon lwa nan Bib la? Ki jan m ka fè sèten l ap kontan ak desizyon m pran an?’

DESIZYON NOU PRAN GEN EFÈ SOU NOU MENM AK LÒT MOUN

4, 5. Ki efè desizyon nou pran yo kapab genyen sou nou e sou lòt moun?

4 Gen moun ki panse yo ka fè sa yo vle. Men, nou vle fè sa k fè Jewova plezi. Se sa k fè, anvan n pran yon desizyon, nou bezwen reflechi sou sa Bib la di, epi obeyi sa l di a. Pa egzanp, Bib la di nou ki sa Jewova panse sou fason pou moun itilize san e nou obeyi sa Bib la di (Jenèz 9:4; Travay 15:28, 29). Nou ka priye Jewova pou n mande l ede n pran desizyon k ap fè l plezi.

5 Desizyon nou yo gen efè sou nou. Yon bon desizyon kapab ede n vin pi pwòch Jewova. Yon move desizyon ka kraze relasyon nou avè l. Desizyon nou yo kapab gen efè sou lòt moun tou. Nou pa vle fè anyen ki ka fè frè nou yo fache oubyen ki ka febli lafwa yo. Nou pa vle lakòz frè yo gen pwoblèm antre yo nan kongregasyon an. Se sa k fè l enpòtan pou n pran bon desizyon. — Li Women 14:19; Galat 6:7.

6. Ki sa k dwe gide n nan desizyon n ap pran yo?

6 Lè Bib la pa di egzakteman ki sa n dwe fè, ki jan n ka rive pran bon desizyon? Olye n fè sa nou vle, nou dwe reflechi seryezman sou sitiyasyon nou, epi pran desizyon k ap fè Jewova plezi. Lè sa a, n ap gen asirans l ap ede n jwenn bon rezilta. — Li Sòm 37:5.

KI SA JEWOVA VLE M FÈ?

7. Lè pa gen yon lwa nan Bib la ki pale de yon sitiyasyon, ki jan n ka konnen sa Jewova t ap vle n fè?

7 Men, ki jan n ap fè konn sa k ap fè Jewova plezi? Men sa Efezyen 5:17 di nou: “Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye.” Lè pa gen yon lwa byen klè nan Bib la pou sitiyasyon n ap viv la, nou dwe chèche konprann sa Jewova vle nou fè. Ki jan n ka fè sa? Nou bezwen priye l, epi kite lespri sen l gide nou.

8. Ki jan Jezi te rive konprann sa Jewova te vle l fè? Bay yon egzanp.

8 Jezi te toujou chèche konprann ki sa Jewova vle l fè. Pa egzanp, pandan de fwa, te gen foul moun ki te grangou, Jezi te priye, epi l te fè yon mirak pou l ba yo manje (Matye 14:17-20; 15:34-37). Men, lè Jezi te grangou nan dezè a e Dyab la te vle l fè wòch tounen pen, Jezi te refize fè sa. (Li Matye 4:2-4.) Li te byen konn Papa l, li te konnen Jewova pa t ap vle l itilize lespri sen pou l satisfè bezwen pèsonèl li. Li te gen konfyans Papa l t ap gide l e l t ap ba l manje lè l bezwen manje.

9, 10. Ki sa k ap ede n pran bon desizyon? Bay yon egzanp.

9 Menm jan ak Jezi, nou kapab pran bon desizyon si n konte sou Jewova pou l gide nou. Men sa Bib la di: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w. Pinga w konte sou sajès ou genyen, gen lakrentif pou Jewova e vire do bay sa ki mal.” (Pwovèb 3:5-7). Lè n etidye Bib la e n aprann konn ki jan Jewova panse, n ap rive konprann ki sa l vle n fè nan nenpòt sitiyasyon. Plis nou aprann konnen fason Jewova panse, se plis l ap pi fasil pou n pran desizyon k ap fè l plezi. Konsa, n ap vin gen “yon kè ki [pi] dispoze fè sa Bondye di”. — Ezekyèl 11:19, nòt.

10 Imajine yon madan marye k al achte e ki wè yon bèl pè soulye. Men, yo chè anpil. Menmsi mari l pa ansanm avè l, li konnen sa l t ap panse si l ta depanse tout lajan sa a. Ki jan l fè konnen? Li gen yon bon ti tan depi l marye ak mari l, li konnen fason l vle yo depanse lajan yo. Menm jan an tou, lè n aprann konn fason Jewova panse ak sa l te fè nan tan lontan, n ap rive konn ki sa l vle nou fè nan divès sitiyasyon.

KI JAN W KA RIVE KONNEN SA JEWOVA PANSE?

11. Ki kesyon nou kapab poze tèt nou lè n ap li Labib oubyen lè n ap etidye Labib? (Gade kare ki gen tit: “ Lè w ap etidye Bib la, mande tèt ou.”)

11 Ki jan w ka rive konnen sa Jewova panse? Bagay ki pi enpòtan nou kapab fè se li Labib epi etidye Labib regilyèman. Pandan n ap fè sa, nou kapab mande tèt nou: ‘Ki sa sa aprann mwen sou Jewova? Poukisa li te aji konsa?’ Epi, menm jan ak David, nou bezwen mande Jewova pou l ede n pi byen konnen l. Men sa David te ekri: “Fè m konnen wout ou yo, o Jewova. Montre m chemen w yo. Fè m mache nan verite w yo epi anseye m, paske ou se Bondye delivrans mwen. Se nan ou mwen met espwa m tout lajounen.” (Sòm 25:4, 5). Lè n aprann yon bagay sou Jewova, nou kapab reflechi pou n wè nan ki sitiyasyon nou kapab itilize enfòmasyon sa a. Èske n kapab itilize l nan fanmi nou, nan travay nou, nan lekòl nou, oswa nan travay predikasyon an? Lè n reflechi ak kèk sitiyasyon byen presi, l ap pi fasil pou n konprann ki jan Jewova t ap vle n itilize enfòmasyon sa a.

Pou n rive konnen sa Jewova panse, nou dwe li Labib epi etidye l regilyèman.

12. Ki jan piblikasyon nou yo ak reyinyon nou yo kapab ede n konn sa Jewova panse sou yon pakèt bagay?

12 Yon lòt fason nou ka rive konn panse Jewova se lè n byen koute sa òganizasyon l lan ap anseye nou nan Bib la. Pa egzanp, lè n gen pou n pran yon desizyon, Index des publications des Témoins de Jéhovah a ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la kapab ede n rive konn sa Jewova panse. Nou kapab jwenn anpil byenfè nan reyinyon nou yo lè n pran tan pou n koute, pou n fè kòmantè e n medite sou sa nou sot aprann yo. Sa ap ede n pou n aprann panse menm jan ak Jewova. Konsa, n ap kapab pran desizyon k ap fè l plezi e l ap beni desizyon nou yo.

MEDITE SOU SA JEWOVA PANSE ANVAN W PRAN YON DESIZYON

13. Bay yon egzanp ki montre ki jan n ka pran yon bon desizyon lè n chèche konn panse Jewova.

13 Ann wè yon egzanp k ap montre n ki jan nou kapab pran bon desizyon lè n chèche konn ki sa Jewova panse. Petèt ou ta renmen pran sèvis pyonye. Ou fè kèk chanjman nan lavi w k ap ede w pase plis tan nan travay predikasyon an. Men, ou pa fin konnen si w ap vrèman kontan dèske w gen mwens lajan oubyen w posede mwens bagay. Se vre Bib la pa di yon moun dwe pyonye pou l sèvi Jewova. Nou te kapab kontinye sèvi l fidèlman antanke pwoklamatè. Men, yon lòt bò, Jezi te di Jewova beni moun ki fè sakrifis pou Wayòm nan. (Li Lik 18:29, 30.) Mete sou sa, Bib la di Jewova kontan lè n fè tout sa n kapab pou n fè louwanj pou li e li vle nou sèvi l ak kè kontan (Sòm 119:108; 2 Korentyen 9:7). Lè n priye sou bagay sa yo e n medite sou yo, n ap rive pran yon bon desizyon nan sitiyasyon nou ye a, e Jewova ap beni desizyon nou pran an.

14. Ki jan w ka rive konnen si yon stil rad fè Jewova plezi?

14 Men yon lòt egzanp: Imajine ou renmen yon stil rad, men w konnen gen kèk moun nan kongregasyon an k ap choke si w mete stil rad sa a. Bib la pa di anyen sou stil rad sa a. Bon, ki jan w ka rive konnen sa Jewova panse? Men sa Bib la di nou: “Medam yo dwe fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk. Yo dwe fè sa yon fason ki senp e avèk bonsans. Yo pa dwe fè sa ak yon seri stil cheve trese, oswa ak lò, oubyen ak pèl, oswa ak rad ki koute chè anpil, men, y ap fè sa jan medam ki di yo gen atachman pou Bondye yo dwe fè sa. Yo dwe fè bon aksyon, e se sa k ap fè yo bèl.” (1 Timote 2:9, 10). Byennantandi, tout sèvitè Jewova yo, menm gason yo, kapab aprann nan pawòl sa yo. Bonsans ap ede n panse ak ki jan lòt moun kapab santi yo lè yo wè rad nou chwazi mete. Epi, piske nou renmen frè ak sè n yo, nou evite fè yo fache oswa blese santiman yo (1 Korentyen 10:23, 24; Filipyen 3:17). Si n chèche konn sa Bib la di ak fason Jewova panse, n ap kapab pran desizyon k ap fè l plezi.

15, 16. a) Ki jan Jewova ap santi l si n kontinye ap panse ak bagay ki gen rapò ak imoralite seksyèl? b) Lè n ap chwazi ki kalite divètisman nou vle pran, ki jan n ka rive konnen ki sa k fè Jewova plezi? c) Ki jan pou n pran gwo desizyon?

15 Bib la aprann nou lè moun fè sa ki mal oubyen y ap reflechi ak sa ki mal, sa fè Jewova lapenn anpil e sa fè l tris. (Li Jenèz 6:5, 6.) Li klè Jewova pa vle pou n ap reve je klè sou bagay ki gen rapò ak imoralite seksyèl. Anfèt, si n ret ap panse ak bagay sa yo, nou ka menm vin ap fè bagay sa yo. Olye de sa, Jewova vle n panse ak bagay ki bon, bagay ki pwòp. Disip Jak te di sajès Jewova “se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè, ki rezonab, ki dispoze obeyi, ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi, ki pa nan patipri e ki pa ipokrit”. (Jak 3:17.) Se sa k fè Bib la anseye nou nou dwe evite nenpòt ki divètisman ki ka fè n ap reflechi oswa vin anvi fè sa k pa pwòp ak sa ki mal. Epi, si n byen konprann sa Jewova renmen ak sa l rayi, l ap pi fasil pou n konnen ki liv pou n li, ki fim pou n gade oswa ki jwèt pou n jwe. Nou pap bezwen ap mande lòt moun ki sa pou n fè.

16 Lè n gen yon desizyon pou n pran, byen souvan nou konn gen plizyè opsyon devan nou e nenpòt ladan yo t ap fè Jewova plezi. Men, lè n dwe pran yon desizyon ki enpòtan anpil, li ta bon pou n mande yon ansyen oubyen yon lòt moun ki gen eksperyans kèk konsèy (Tit 2:3-5; Jak 5:13-15). Byennantandi, nou pa dwe mande moun pran desizyon nan plas nou. Okontrè, nou bezwen byen reflechi ak sa nou te aprann nan Bib la, epi pran pwòp desizyon nou (Ebre 5:14). Men sa apot Pòl te di: “Chak moun ap pote pwòp responsablite pa l.” — Galat 6:5, nòt.

17. Ki byenfè n ap jwenn lè n pran desizyon ki fè Jewova plezi?

17 Lè n pran desizyon ki fè Jewova plezi, n ap vin pi pwòch avè l e n ap gen favè l ak benediksyon l (Jak 4:8). Epi, lafwa nou nan Jewova ap vin pi solid. Kidonk, ann medite sou sa n aprann nan Bib la pou n ka rive konprann fason Jewova panse. Byennantandi, n ap toujou gen yon nouvo bagay pou n aprann sou Jewova (Jòb 26:14). Men, si n travay di pou n aprann konnen l depi kounye a, n ap vin gen sajès e n ap ka pran bon desizyon (Pwovèb 2:1-5). Lide lèzòm ak plan yo genyen konn chanje, men Jewova pa janm chanje. Men sa salmis la te di: “Desizyon Jewova yo ap dire pou toutan, panse ki nan kè l yo ap la jenerasyon apre jenerasyon.” (Sòm 33:11). Li klè, nou ka rive pran pi bon desizyon lè n aprann panse menm jan ak Jewova, epi nou fè sa ki fè l plezi.