Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Entwodiksyon

ÈSKE LABIB KA TOUJOU ITIL NOU JODI A?

Jodi a gen anpil pwogrè ki fèt nan domèn teknoloji e sa fè nou jwenn anpil enfòmasyon. Donk, èske w panse sa fè Bib la pa alamòd e li pa itil? Men sa Bib la di:

“Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil.” — 2 Timote 3:16.

Toudegad sa a egzamine kèk pwen ki montre Bib la kapab gide nou nan tout aspè nan lavi nou.