Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Laverite sou Wayòm Bondye a

Laverite sou Wayòm Bondye a

Jezi te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Matye 6:9, 10). Ki sa Wayòm Bondye a ye? Ki objektif li? E poukisa nou dwe priye pou li?

Jezi se Wa nan Wayòm Bondye a.

Lik 1:31-33: “Ou dwe rele l Jezi. L ap vin yon moun enpòtan, y ap rele l Pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Jewova Dye ap ba li twòn David, papa l. Li va dirije tout kay Jakòb la antanke wa pou toutan, e Wayòm li an pap janm fini.”

Se konsènan Wayòm nan Jezi te plis preche.

Matye 9:35: “Jezi pase nan tout vil ak nan tout bouk, li anseye nan sinagòg ki nan zòn sa yo, li preche bon nouvèl Wayòm nan e li geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.”

Jezi te bay disip li yo yon siy pou ede yo konnen lè Wayòm nan ap vini.

Matye 24:7: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.”

Jodi a, disip Jezi yo ap preche konsènan Wayòm nan sou tout kò tè a.

Matye 24:14: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.”