Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa Bondye pa reponn tout priyè?

Poukisa Bondye pa reponn tout priyè?

Jewova Dye, Papa nou ki nan syèl la, vle koute priyè sensè nou yo e li pran plezi fè sa. Men, gen bagay ki ka fè Bondye pa reponn priyè nou yo. Ki bagay sa yo, epi ki sa n ta dwe sonje lè n ap priye? Men kèk prensip nan Bib la ki ka ede n.

“Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” — Matye 6:7.

Jewova pa vle nou plede repete priyè nou aprann pa kè oswa priyè nou li nan liv. Olye de sa, li vle nou di l sa ki soti nan kè nou. Imajine jan w t ap santi w si w gen yon zanmi w ki toujou ap repete menm bagay yo chak jou. Bon zanmi yo alèz pou yo pale e yo sensè. Lè nou priye Papa nou ki nan syèl la nan pwòp mo pa nou, sa montre nou wè l tankou Zanmi nou.

“Lè nou mande, nou pa resevwa, paske n ap mande nan move entansyon.” — Jak 4:3.

Anfèt, nou pa atann pou Bondye koute priyè nou si n ap mande bagay nou konnen li pa vle nou fè oswa li pa vle nou genyen. Pa egzanp, èske Jewova ap reponn priyè yon moun ki jwe aza fè pou mande l chans pou l ka genyen, alòske Jewova di byen klè pou nou evite tanta e pou nou pa kwè nan bagay ki pa reyèl, tankou chans (Ezayi 65:11; Lik 12:15)? Li pa lojik pou nou atann Jewova ap reponn kalite priyè sa yo! Pou Bondye ka koute nou lè nou priye l, nou dwe asire n sa n ap mande a ann amoni ak sa li di nou nan Bib la.

“Yon moun ki refize obeyi lalwa, menm lapriyè l fè bay degoutans.” — Pwovèb 28:9.

Nan tan yo t ap ekri Bib la, Bondye pa t reponn moun ki te dezobeyi lwa l yo ki jis (Ezayi 1:15, 16). Bondye pa chanje (Malachi 3:6). Si nou vle Jewova reponn priyè nou yo, nou dwe fè tout sa n kapab pou nou viv ann amoni ak lwa l yo. Bon, e si nou te konn fè move bagay lontan? Èske sa vle di Jewova pap janm koute nou? Non, se pa sa! Bondye ap kontan padone nou si nou regrèt bagay mal nou te fè e n fè sa n kapab pou n fè l plezi. — Travay 3:19.