Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Entwodiksyon

Monn n ap viv ladan l lan sanble debòde ak lahèn. Kit se sou fòm diskriminasyon, pwovokasyon, pawòl betiz oswa jouman, rayisman parèt sou yon pakèt fòm nou pa ka konte ki fè moun soufri. Èske nou ka pote laviktwa sou lahèn? Atik ki nan nimewo sa a montre ki jan nou ka kase chenn lahèn nan grasa ansèyman ki nan Bib la. Yo fè konnen tou pwomès Bondye fè pou l elimine lahèn pou toutan.