Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk pwomès ki pral reyalize

Kèk pwomès ki pral reyalize

Yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a sou tout tè a, jan Jezi te anonse sa (Matye 24:14). Liv Dànyèl la fè n konnen wayòm sa a se yon gouvènman Bondye tabli. Nan chapit 2 liv Dànyèl la, nou jwenn yon pwofesi ki pale konsènan yon seri pisans oswa gouvènman ki t ap gen pou pase youn apre lòt, soti nan Babilòn tan lontan an pou rive jis nan epòk nou an. Men sa nou li nan vèsè 44 la konsènan sa k gen pou rive alavni:

“Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp. L ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan.”

Pwofesi sa a ak plizyè lòt pwofesi ankò fè konnen Wayòm Bondye a pral ranplase gouvènman lèzòm yo e l ap fè gen lòd ak sekirite sou tè a. Ki jan lavi a pral ye lè Wayòm Bondye a pral dirije? Ann wè kèk bèl pwomès ki pral vin yon reyalite talè konsa.

  • PAP GEN LAGÈ ANKÒ

    Sòm 46:9: “[Bondye] fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a. Li kase banza a e li fè lans lan fè plizyè moso. Li boule charyo pou fè lagè yo nan dife.”

    Imajine ki jan monn nan t ap ye si moun yo te pran entèlijans ak lajan yo envesti nan fè zam jodi a epi yo sèvi avè yo yon fason k ap itil moun olye yo sèvi avè yo pou touye moun! Pwomès sa a pral vin yon reyalite lè Wayòm Bondye a pral dirije.

  • TOUT MALADI PRAL FINI

    Ezayi 33:24: “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’”

    Imajine yon monn kote okenn moun pap gen pwoblèm kè, pwoblèm kansè, malarya oswa kèlkeswa maladi a! Yon monn kote nou pap bezwen lopital ak medikaman! Ebyen, gen yon lè k ap rive kote tout moun nèt pral gen yon sante ki pafè.

  • PRAL GEN MANJE AGOGO

    Sòm 72:16: “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.”

    Tè a pral pwodui ase manje pou tout moun, e tout moun nèt ap jwenn manje. Grangou ak malnitrisyon pral fini.

  • PAP GEN LAPENN, SOUFRANS AK LANMÒ ANKÒ

    Revelasyon 21:4: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.”

    Sa vle di n ap vin pafè e nou pral viv pou toutan sou tè a nan yon paradi! Se sa Jewova, Kreyatè nou an ki renmen nou pwomèt nou.

“L AP FÈ SA M VOYE L FÈ A”

Èske w panse pwomès sa yo twò bèl pou yo ta reyalize yon jou? Se vre pifò moun t ap kontan jwi kalite vi Bib la pwomèt la, men, pou divès rezon, anpil moun twouve l difisil pou yo aksepte ide viv pou toutan an. Nou ka konprann sa paske pa gen okenn moun ki te deja viv konsa ki ka di nou ki jan sa ye.

Lèzòm tèlman gen lontan depi yo esklav peche ak lanmò e depi yo nan lapenn, y ap soufri e y ap fè fas ak tout kalite pwoblèm, sa vin fè anpil moun konprann li toutafè nòmal pou n ap viv jan n ye a. Men, se pa t konsa Jewova, Bondye ki kreye nou an, te fè nou pou nou viv!

Pou Bondye ede nou konprann jis nan ki pwen tout sa l di ap reyalize, men ki asirans li bay: “Li pap retounen vin jwenn mwen san l pa bay rezilta. Men, san mank, l ap fè sa ki fè m plezi, e wè pa wè, l ap fè sa m voye l fè a.” — Ezayi 55:11.

Nan Bib la, yo dekri Jewova kòm Bondye ki “pa ka bay manti” a (Tit 1:2). Etandone li fè nou pwomès bèl bagay sa yo gen pou yo reyalize, li t ap saj pou n reflechi sou kesyon sa yo: Èske se toutbon lèzòm ap gen pou yo viv sou tè a nan Paradi Bondye pwomèt la? Ki sa n dwe fè pou n ka la lè pwomès sa yo ap reyalize? Nan lòt atik yo, w ap jwenn bonjan repons pou kesyon sa yo.