Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Li gen sousi pou nou”

“Li gen sousi pou nou”

Menmsi gen lòt moun ki gendwa abandone w, gen yon Moun ki pap janm lage w. Ki moun sa a?

Men sa wa David ki t ap viv nan tan lontan te di: “Menmsi papa m ak manman m ta abandone m, Jewova li menm t ap ranmase m.” — Sòm 27:10.

Jewova se “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”. — 2 Korentyen 1:3, 4.

“Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou jis nan ki pwen Bondye vle ede w, gade leson 8 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an. Se Temwen Jewova ki pibliye l. Li sou sit www.pr418.com/ht a.