Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske travay yo fè nan jèn ki nan kò moun fè n jwenn sekrè pou moun viv pi lontan?

Y ap chèche viv pi lontan

Y ap chèche viv pi lontan

“Mwen wè Bondye bay lèzòm travay pou yo fè yon fason pou yo ka toujou gen yon bagay y ap fè. Li byen fè tout bagay bèl nan lè yo. Li menm met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo.” — Eklezyas 3:10, 11.

SA GEN lontan depi wa Salomon te di pawòl sa yo ki gen anpil sajès, e yo byen dekri sa tout moun anvi. Etandone lavi a kout e nou pa ka evite lanmò, pandan tout syèk ki pase yo lèzòm pa sispann montre yo toujou swaf viv pi lontan. Depi byen lontan, gen anpil istwa ak lejann sou rechèch lèzòm te fè pou pèmèt yo viv pi lontan.

Ann pran egzanp Gilgamèch, yon wa ki te nan yon rejyon ki te rele Simè. Gen anpil lejann oswa istwa moun envante ki pale de wa sa a. Youn nan yo se istwa moun konnen sou non powèm Gilgamèch la ki fè konnen wa a te fè yon vwayaj ki chaje ak danje pou l te ka konnen ki sa l ka fè pou l chape anba lanmò. Men, li pa t rive jwenn sa l t ap chèche a.

Yon alchimis nan epòk Mwayennaj la ki nan laboratwa l.

Nan katriyèm syèk anvan epòk nou an, gen yon alchimis nan peyi Lachin ki te eseye prepare yon likid, swadizan yon pòsyon majik moun yo te panse ki t ap pèmèt yo viv pou toutan. Pòsyon sa a te fèt ak yon ti kantite mèki e yon ti kantite asenik. Yo panse pòsyon sa a te touye anpil anperè chinwa. Ann Ewòp, nan epòk Mwayennaj la, gen kèk alchimis ki te kwè etandone lò se yon metal ki pa ka detwi, li t ap ka fè moun viv pi lontan. Se sa k fè yo te eseye fè l vin yon jan pou moun ka vale l epi dijere l.

Jodi a, kèk moun ki etidye byoloji ak jèn ki nan kò moun ap chèche konnen ki sa k fè lèzòm vyeyi. Menm jan ak epòk alchimis la t ap eseye prepare “medikaman lavi a”, efò syantifik sa yo ap fè montre moun yo toujou gen bonjan espwa y ap jwenn yon fason pou yo pa vyeyi e pou yo pa mouri ankò. Men, ki rezilta rechèch sa yo bay?

BONDYE “MET LIDE POU LÈZÒM VIV POU TOUTAN NAN KÈ YO”. — EKLEZYAS 3:10, 11.

JODI A, Y AP CHÈCHE SA KI LAKÒZ VYEYÈS

Syantifik ki etidye selil ki nan kò moun bay plis pase 300 teyori pou esplike rezon ki fè moun vyeyi epi mouri. Nan dènye ane ki pase yo, moun ki etidye byoloji e ki espesyalis nan kesyon molekil yo reyisi fè selil moun ak selil bèt yo viv pi lontan. Se sa k fè, kèk moun ki rich anpil te deside bay syantifik sa yo kòb yon fason pou yo jwenn rezon ki fè nou mouri. Ki rezilta syantifik yo jwenn?

Yo chèche fè moun viv pi lontan. Gen kèk syantifik ki kwè prensipal rezon ki fè moun vyeyi se akoz sa k rive telomè yo, ki se pwent chak kwomozòm nou yo. Lè selil nou yo ap divize, se telomè yo ki pwoteje enfòmasyon nan jèn ki ladan yo. Men chak fwa selil yo divize, telomè yo vin pi kout. E alafen, selil yo sispann divize epi nou kòmanse vyeyi.

Elizabeth Blackburn, ki te resevwa pri Nobèl pou travay li fè nan domèn lasyans nan ane 2009, te travay ak ekip li a e yo te rive idantifye yon sibstans ki ralanti pwosesis ki lakòz telomè yo vin pi kout la, konsa, selil yo pran plis tan pou yo vyeyi. Sepandan, selon rapò yo bay, yo montre yo admèt telomè yo pa “yon bagay majik k ap fè moun viv pi lontan, lèzòm ap kontinye viv kantite tan yo abitye viv la”.

Repwograme selil moun se yon lòt fason yo eseye kanpe efè vyeyisman. Lè selil nou yo kòmanse twò granmoun pou yo kontinye repwodui, yo ka voye move siyal bay selil ki la pou pwoteje nou yo ki pa lwen yo, sa ki vin lakòz kò nou anfle, nou gen doulè toutan ak lòt maladi. Sa pa gen twò lontan, syantifik nan peyi Lafrans te repwograme kèk selil yo te pran nan kò granmoun, e kèk nan granmoun sa yo te gen plis pase 100 an. Pwofesè Jean-Marc Lemaître, ki alatèt ekip ki t ap fè travay sa a, te fè konnen travay yo fè a pwouve “pwosesis pou moun sispann vyeyi a” chita nan selil yo.

ÈSKE LASYANS KA FÈ NOU VIV PI LONTAN?

Anpil syantifik fè konnen, menmsi gen anpil tretman pou pèmèt moun pa vyeyi, lèzòm pap rive viv pi lontan pase kantite tan yo abitye viv la. Anfèt, kantite tan yon moun ka espere viv ogmante tikras pa tikras depi 19yèm syèk epòk nou an. Se sitou paske gen pi bon kondisyon ijyèn, gen teknik ki pi efikas pou konbat kèk maladi ki lakòz enfeksyon e gen medikaman ak vaksen ki konbat mikwòb. Epitou, gen kèk syantifik ki travay sou jèn nan kò moun ki kwè kantite tan nou viv la se kantite tan yon moun dwe viv nòmalman.

Sa gen anviwon 3 500 an, Moyiz, yon moun ki te patisipe nan ekri Bib la, te di: “Kantite tan nou viv se 70 an. Si nou gen anpil fòs, nou ka viv 80 an. Men, sa nou jwenn pandan ane sa yo, se pwoblèm ak tristès. Ane sa yo pase byen vit, e nou vole n ale.” (Sòm 90:10). Malgre tout efò lèzòm fè pou fè moun viv pi lontan, an jeneral, kantite tan nou viv la rete jan Moyiz te dekri l la.

Yon lòt bò, gen kèk tòti ki ka viv plis pase 150 an e gen pyebwa tankou sèd ki ka viv plizyè milye ane. Lè n konpare kantite tan n ka viv ak kantite tan bèt sa yo ak pyebwa sa yo viv, sa fè n mande tèt nou: ‘Èske pa gen anyen ankò apre 70 oubyen 80 an moun rive viv la?’